Se Sèlman Lè Lòm Fè Eksperyans Rafinman Li Ka Posede Vrè Lanmou

Nou tout nan mitan eprèv ak rafinman. Ki jan nou ta dwe renmen Bondye pandan rafinman? Lè moun fin fè eksperyans rafinman, yo kapab ofri vrè louwanj bay Bondye, epi nan mitan rafinman, yo kapab wè yo manke anpil bagay. Plis ou pase nan rafinman se plis ou kapab rebele kont lachè a; plis moun pase nan rafinman, se plis lanmou yo bay Bondye. Se sa nou ta dwe konprann. Poukisa moun dwe pase nan rafinman? Ki efè sa vize reyalize? Ki siyifikasyon travay Bondye fè pou rafine lòm? Si ou vrèman ap chèche Bondye, lè ou fin fè eksperyans rafinman nan yon sèten pwen, ou pral santi ke li trè bon, epi se pi gwo nesesite a. Ki jan lòm ta dwe renmen Bondye pandan rafinman? Lè li sèvi ak rezolisyon pou renmen Bondye pou aksepte rafinman Li: Pandan rafinman, ou toumante anndan ou, tankou si yo t ap tòde yon kouto nan kè ou, epoutan ou dispoze satisfè Bondye lè ou sèvi ak kè ou ki renmen Bondye, epi ou pa dispoze pran swen lachè a. Se sa yo vle di lè yo pale de pratike lanmou pou Bondye. Ou santi doulè anndan ou, epi soufrans ou rive nan yon sèten pwen, epoutan ou toujou dispoze vini devan Bondye epi priye, pou di: “Bondye! Mwen pa ka kite Ou. Malgre gen fènwa anndan mwen, mwen dispoze satisfè Ou; Ou konnen kè mwen, epi mwen swete Ou travay plis lanmou Ou nan mwen.” Sa se pratik pandan rafinman. Si ou sèvi ak yon kè ki renmen Bondye kòm fondasyon, rafinman ka fè ou vin pi pwòch Bondye epi fè ou vin pi entim avèk Bondye. Piske ou kwè nan Bondye, ou dwe remèt kè ou bay Bondye. Si ou ofri epi depoze kè ou devan Bondye, enben pandan rafinman, ou p ap janm nye Bondye, ni kite Bondye. Nan fason sa a, relasyon ou avèk Bondye ap vin pi pwòch toujou epi pi nòmal toujou, epi kominyon ou avèk Bondye ap vin pi souvan toujou. Si ou toujou pratike nan fason sa a, enben ou pral pase plis tan nan limyè Bondye ak plis tan anba direksyon pawòl Li yo. Ap gen plis chanjman toujou nan dispozisyon ou, epi konesans ou ap ogmante chak jou. Lè jou a rive kote eprèv Bondye yo vini sou ou toudenkou, non sèlman ou pral kapab kanpe bò kote Bondye, men w ap kapab rann temwayaj pou Bondye tou. Nan moman sa a, ou pral tankou Jòb, ak tankou Pyè. Lè ou fin rann temwayaj pou Bondye, sa pral vle di ou se yon moun ki vrèman renmen Li, yon moun ki pral kontan bay lavi l pou Li, epi ou se temwen Bondye, ak yon moun Bondye renmen. Lanmou ki te fè eksperyans rafinman an fò, li pa frajil. Kèlkeswa lè oswa fason Bondye soumèt ou anba eprèv Li yo, ou kapab pa okipe pwòp lavi ou, abandone tout bagay pou Bondye avèk kè kontan, epi andire tout bagay pou Bondye avèk kè kontan—konsa lanmou ou ap pi, epi lafwa ou ap gen reyalite. Se sèlman lè sa a ou pral yon moun Bondye renmen toutbon, epi yon moun Bondye fin rann pafè toutbon.

Si moun tonbe anba enfliyans Satan, enben yo pa gen lanmou pou Bondye nan yo, epi vizyon yo, lanmou yo ak rezolisyon yo te genyen anvan an disparèt. Moun yo te konn santi yo te dwe soufri pou Bondye, men jodi a yo panse fè sa se yon wont, epi yo pa manke plenyen. Sa a se travay Satan, yon siy ki montre yo tonbe anba pouvwa Satan. Si ou rankontre eta sa a, ou dwe priye imedyatman, epi chanje sa pi vit ou kapab—sa ap ba ou pwoteksyon lè Satan atake. Se pandan rafinman anmè a lòm ka pi fasil tonbe anba enfliyans Satan, kidonk ki jan ou ta dwe renmen Bondye pandan yon rafinman konsa? Ou ta dwe rele sou rezolisyon ou, mete kè ou devan Bondye epi konsakre dènye tan ou genyen anpou Li. Kèlkeswa jan Bondye rafine ou, ou ta dwe kapab mete laverite an pratik pou satisfè entansyon Bondye yo epi ou ta dwe pran pran inisyativ pou chèche Bondye epi chèche kominyon. Nan moman konsa, plis ou pasif, li pi fasil pou ou vin negatif epi li pi fasil pou ou fè bak. Lè ou bezwen sèvi nan fonksyon ou, menmsi ou pa sèvi ladan l byen, ou fè tout sa ou kapab, epi ou fè sa sèlman ak kè ou ki renmen Bondye; kèlkeswa sa lòt moun di—kit yo di ou fè byen, oswa yo di ou fè mal—an jeneral, entansyon ou yo kòrèk, epi ou pa panse ou jis, paske se pou Bondye ou aji. Lè lòt moun mal konprann ou, ou kapab priye Bondye epi di: “Bondye! Mwen pa mande pou lòt moun montre m tolerans oswa trete m byen, ni pou yo konprann mwen oswa apwouve mwen. Mwen sèlman mande pou mwen kapab renmen Ou nan kè mwen, pou mwen kapab alèz nan kè mwen, epi pou konsyans mwen ka klè. Mwen pa mande pou lòt moun fè lwanj mwen, oswa konsidere m anpil; mwen sèlman chèche satisfè Ou nan kè mwen. Mwen sèvi nan fonksyon mwen nan fè tout sa mwen kapab. Menmsi mwen sòt, mwen gen ti kalib epi mwen avèg, mwen konnen Ou adorab, epi mwen dispoze konsakre tout sa mwen genyen ba Ou.” Kou ou priye nan fason sa a, kè ou ki renmen Bondye parèt, epi ou santi ou pi alèz nan kè ou. Se sa pratike lanmou pou Bondye siyifi. Pandan ou ap fè eksperyans, ou pral echwe de fwa epi reyisi yon fwa, oswa sinon echwe senk fwa epi reyisi de fwa, epi pandan ou ap fè eksperyans konsa, se sèlman nan mitan echèk ou pral kapab wè jan Bondye merite pou moun renmen L epi dekouvri sa ki manke anndan ou. Lè ou rankontre yon sitiyasyon menm jan an ankò, ou ta dwe pran prekosyon, kontwole ritm ou, epi entansifye priyè ou yo, epi piti piti ou pral kapab ranpòte viktwa nan kalite sitiyasyon sa a. Se sa sa vle di pou priyè ou yo bay rezilta. Se sèlman lè ou wè ou reyisi fwa sa a, ke ou santi ou satisfè anndan ou, epi kou ou priye ou kapab santi Bondye, epi prezans Sentespri a pa kite ou, enben se la ou pral konnen kijan Bondye travay sou ou. Si ou pratike nan fason sa a, ou pral gen yon chemen w ap swiv nan eksperyans ou. Si ou pa mete laverite an pratik, enben ou pral san prezans Sentespri a nan ou. Men si ou mete laverite an pratik lè ou rankontre difikilte, konsa, menmsi ou soufri anndan ou, Sentespri a ap avèk ou apre sa, ou pral kapab santi prezans Bondye lè ou priye, ou pral gen fòs pou mete pawòl Bondye yo an pratik, epi pandan kominyon avèk frè ak sè ou yo p ap gen anyen k ap peze sou konsyans ou epi ou pral santi ou anpè, epi nan fason sa a, ou pral kapab mete nan limyè sa ou te fè. Kèlkeswa sa lòt moun di, si relasyon ou avèk Bondye rete nòmal, ou pa kite lòt moun kontrenn ou, epi ou kapab depase tout bagay, sa endike pratik ou fè ak pawòl Bondye yo te efikas.

Plis Bondye rafine lòm, se plis kè li kapab renmen Bondye. Soufrans ki nan kè li itil pou lavi li; li fè li kapab rete an silans devan Bondye, gen yon relasyon ki pi pwòch Bondye, epi kapab wè lanmou Bondye ki san mezi ak gwo sali Li a pi byen. Pyè te fè eksperyans rafinman dè santèn de fwa, epi Jòb te sibi plizyè eprèv. Si nou vle Bondye rann nou pafè, nou menm tou nou dwe sibi rafinman dè santèn de fwa—nou dwe pase nan pwosesis sa a epi konte sou etap sa a—se sèlman lè sa a n ap kapab satisfè entansyon Bondye yo epi Bondye ap rann nou pafè. Rafinman se pi bon mwayen Bondye sèvi pou rann lòm pafè; se sèlman atravè rafinman ak eprèv anmè kè lòm kapab devlope vrè lanmou pou Bondye. San soufrans, lòm pa gen vrè lanmou pou Bondye; si li pa sibi eprèv anndan li, si li pa sibi vrè rafinman, enben kè li ap toujou pwonmennen deyò. Lè ou fin rafine nan yon sèten pwen, ou pral wè pwòp feblès ak difikilte ou yo, ou pral wè ou manke anpil bagay epi ou pa p kapab simonte anpil difikilte ou rankontre, epi ou pral wè ou te rebele anpil. Se sèlman pandan eprèv yo lòm kapab vrèman konnen vrè eta li; eprèv yo gen plis kapasite pou rann lòm pafè.

Pandan lavi li, Pyè te fè eksperyans rafinman dè santèn de fwa epi li te pase nan anpil eksperyans douloure ki te fòme li. Rafinman sa a te vin fondasyon lanmou siprèm li pou Bondye, ak eksperyans ki te vin pi enpotan nan tout lavi li. Lefètke li te kapab posede yon lanmou siprèm pou Bondye te, nan yon sans, akoz rezolisyon li pou renmen Bondye; sepandan, pi enpòtan toujou, se te akoz rafinman ak soufrans li te sibi. Soufrans sa a te vin gid li sou chemen renmen Bondye a, ak bagay ki te pi memorab pou li. Si moun pa sibi doulè rafinman lè y ap renmen Bondye, enben lanmou yo plen ak enpite ak pwòp preferans yo; lanmou konsa plen ak lide Satan, epi fondamantalman, li pa kapab satisfè entansyon Bondye yo. Gen rezolisyon pou renmen Bondye pa menm bagay ak renmen Bondye toutbon. Menm si tout sa yo panse nan kè yo se pou renmen ak satisfè Bondye—sa sanble li pa gen okenn lide imen ladan l, e li sanble se pou Bondye sèlman—lè yo pote yon pratik konsa pou renmen Bondye devan Li, li pa kapab resevwa apwobasyon oswa benediksyon Bondye. Menm si moun ta konprann tout verite yo nèt epi rive konnen yo, sa pa ta ka di se yon siy renmen Bondye, li pa ta ka di moun sa yo gen reyalite renmen Bondye. Malgre moun yo te konprann anpil verite san yo pa sibi rafinman, yo pa kapab mete verite sa yo an pratik; se sèlman pandan rafinman moun kapab konprann vrè siyifikasyon verite sa yo, se sèlman lè sa a moun kapab vrèman apresye sans ki gen ladan l yo. Nan moman sa a, lè yo mete verite sa yo an pratik, yo kapab fè sa avèk presizyon, epi ann akò ak entansyon Bondye yo; nan pratik yo nan moman sa a, pwòp lide yo diminye, koripsyon yo diminye, epi santiman imen yo diminye. Se sèlman nan moman sa a pratik yo se yon vrè manifestasyon lanmou pou Bondye. Efè verite lanmou pou Bondye pa reyalize atravè konesans nanbouch oswa volonte mantal, epi li pa kapab reyalize nonplis lè yo konprann verite sa a senpleman. Li mande pou moun peye yon pri, pou yo sibi anpil doulè pandan rafinman, epi se sèlman lè sa a lanmou yo ap vin pi epi annakò ak entansyon Bondye yo. Nan egzijans Li pou lòm renmen Li, Bondye pa mande pou lòm renmen Li avèk pasyon oswa pwòp volonte li, men pou lòm sèvi Li avèk lwayote ak laverite. Se sèlman kalite lanmou sa a ki vrè lanmou. Men lòm ap viv nan mitan koripsyon, epi konsa li pa kapab sèvi Bondye avèk laverite ak lwayote. Swa li twò pasyone pou Bondye, swa li twò frèt e endiferan; swa li “renmen” Bondye nan yon degre ekstrèm, swa li rayi Li nan yon degre ekstrèm. Moun ki ap viv nan mitan koripsyon toujou ap viv ant de ekstrèm sa yo, yo toujou ap viv selon pwòp volonte yo pandan yo kwè yo gen rezon. Malgre Mwen te mansyone sa a plizyè fwa deja, moun yo pa kapab pran sa oserye, yo pa kapab fin konprann enpòtans li byen, epi konsa yo ap viv nan mitan yon lafwa kote yo twonpe tèt yo, nan ilizyon yon lanmou pou Bondye ki chita sou pwòp volonte yo. Pandan tout listwa, tank limanite devlope epi epòk yo ap pase, egzijans Bondye fè pou lòm vin pi wo toujou, epi Li mande gradyèlman pou lòm san rezèv anvè Li. Men konesans lòm genyen sou Bondye vin pi plis flou e vag, epi lanmou li pou Bondye vin, an menm tan, enpi pi plis toujou. Eta lòm ak tout sa li fè vin pa ann akò ak entansyon Bondye yo gradyèlman, paske Satan kòwonpi lòm pi plis toujou. Sa mande pou Bondye fè plis travay, ak pi gwo travay, pou sove lòm. Lòm ap vin pi egzijan nan demann li fè Bondye, epi lanmou li pou Bondye kontinye ap diminye. Moun yo ap viv nan rebelyon, san laverite, y ap viv lavi ki san limanite; non sèlman yo pa gen menm yon ti kras lanmou pou Bondye, men yo chaje ak rebelyon ak opozisyon. Malgre yo panse yo deja gen lanmou ki pi gwo a pou Bondye, yo pa t ap kapab gen plis tolerans anvè Li, Bondye pa kwè sa konsa. Sa pafètman klè pou Li jan lanmou lòm genyen pou Li tache, epi Li pa janm chanje opinyon Li sou lòm poutèt fo zèl lòm nan, ni Li pa janm “rann” lòm byen pou byen akoz devouman lòm.. Kontrèman ak lòm, Bondye gen disènman: Li konnen kiyès ki vrèman renmen Li ak kiyès ki pa renmen Li, epi olye pou Li kite chalè emosyon anvayi Li jouk Li pèdi tèt Li akoz enpilsyon pasajè lòm yo, Li trete lòm selon sibstans ak konpòtman lòm. Apre tou, Bondye se Bondye, epi Li gen diyite Li ak detèminasyon Li; apre tou, lòm se lòm, epi lanmou lòm genyen an, lè li pa ann akò ak laverite, pap fè tèt Bondye vire. Okontrè, Li trete tout sa lòm fè yon fason ki apwopriye.

Anfas eta lòm ak atitid lòm anvè Bondye, Bondye fè yon nouvo travay, ki pèmèt lòm posede alafwa konesans sou Li ak soumisyon anvè Li, alafwa lanmou ak temwayaj; kidonk, lòm dwe fè eksperyans rafinman Bondye ap fè sou li a, ansanm ak jijman Li e netwayaj Li. Si Bondye pa t fè sa, lòm pa t ap janm konnen Bondye epi li pa t ap janm kapab renmen Li toutbon epi rann temwayaj pou Li. Rafinman Bondye fè sou lòm nan pa fèt sèlman pou gen efè nan yon sèl bò, men pou yon efè ki gen plizyè aspè.. Se konsa Bondye fè travay rafinman an sou moun ki dispoze chèche laverite, pou Bondye fè rezolisyon ak lanmou yo vin pafè. Pou moun ki dispoze chèche laverite epi ki anvi Bondye, pa gen anyen ki gen plis sans, oswa ki bay plis èd,, pase yon rafinman konsa. Dispozisyon Bondye pa tèlman fasil pou lòm konprann oswa rive konprann. Piske Bondye, finalman, se Bondye, li enposib pou Bondye gen menm dispozisyon ak lòm finalman, konsa li pa fasil pou lòm konprann dispozisyon Li. Lòm pa gen verite a nan li natirèlman epi moun Satan kòwonpi yo pa fasil pou konprann li; lòm pa gen laverite, ni rezolisyon pou mete laverite an pratik, epi si li pa soufri epi li pa sibi rafinman oswa jijman, enben rezolisyon li pap janm rive bay rezilta. Pou tout moun, rafinman se yon bagay ki gen anpil soufrans, epi li trè difisil pou aksepte—epoutan se pandan rafinman Bondye fè dispozisyon ki dwat Li yo parèt devan lòm, epi Li fè moun konnen egzijans Li yo, epi Li bay plis eklèsisman ak yon netwayaj ki pi pratik.. Atravè konparezon ant reyalite yo ak laverite, lòm vin gen yon pi gwo konesans sou tèt li ak sou laverite, epi yon pi gwo konpreyansyon sou entansyon Bondye yo, konsa sa pèmèt lòm gen yon lanmou ki pi vrè ak pi pwòp pou Bondye. Se sa ki objektif Bondye yo lè Li ap fè travay rafinman an. Tout travay Bondye fè sou lòm gen pwòp objektif ak siyifikasyon pa li; Bondye pa fè travay ki san sans, ni Li pa fè travay ki san benefis pou lòm. Rafinman pa vle di retire lòm nan prezans Bondye, ni li pa vle di detwi l nan lanfè. Okontrè, sa vle di chanje dispozisyon lòm pandan rafinman an, chanje entansyon li yo, ansyen opinyon li yo, chanje lanmou li pou Bondye, epi chanje tout fason li viv. Rafinman se yon tès pratik pou lòm, ak yon fòm fòmasyon pratik, epi se sèlman pandan rafinman an lanmou li kapab sèvi fonksyon li genyen an natirèlman.

Anvan: Se Sèlman lè Ou Pase Anba Doulè Zeprèv W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Apre: Amelyorasyon Kalib Moun Fèt pou Yo ka Resevwa Sali Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger