Se Sèlman lè Ou Pase Anba Doulè Zeprèv W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Nan ki dimansyon ou renmen Bondye jodi a? Epitou konbyen bagay ou konnen sou tout sa Bondye te fè nan ou yo? Sa yo se leson ou dwe aprann. Lè Bondye rive sou latè, tout travay Li te fè sou lòm epi tout sa Li te pèmèt lòm wè se yon fason pou lòm rive renmen Li epi rive konnen Li tout bon vre. Lòm sa a kapab soufri pou Bondye e li te ka rive lwen konsa, nan yon fason, se akoz lanmou Bondye, nan yon lòt fason, se akoz sali Bondye a; Plis toujou, se akoz jijman ansanm ak travay chatiman ke Bondye te fè sou lòm lan. Si ou san jijman, chatiman ansanm ak zeprèv Bondye yo, epi si Bondye pa fè nou soufri, lè sa a, nan tout onètete nou pa vrèman renmen Bondye. Plis travay Bondye fè sou lòm nan gwo, plis soufrans lòm nan gwo, se plis sa montre jan travay Bondye a gen anpil sans, e se plis kè lòm kapab vrèman renmen Bondye. Ki jan yo rive aprann leson renmen Bondye? San difikilte ak rafinman, san doulè zeprèv—e si, anplis de sa, tout sa Bondye te bay lòm yo se te gras, bonté, ak mizèrikòd—èske ou ta kapab rive nan yon pwen kote ou vrèman renmen Bondye? Sou yon bò, se pandan zeprèv Bondye yo ke lòm rive konnen mank li yo epi li rive wè ke li ensiyifyan, meprizab epi enferyè, ke li pagen anyen e li pa anyen; yon lòt bò, Bondye prepare kèk sikonstans pandan zeprèv yo pou lòm ki rann lòm plis anmezi pou li esperimante bote Bondye a. Malgre doulè a anpil, e pafwa ensipòtab—li menm rive nan nivo chagren ki pi rèd la—akoz lòm eksperimante l, li wè kijan travay Bondye fè sou li a bèl, e se sèlman sou fondasyon sa a yon lanmou veritab pou Bondye pran nesans nan lòm. Jodi a, lòm wè ke avèk gras, lanmou ansanm ak mizèrikòd Bondye pou kont yo, li pa kapab vrèman konnen tèt li, alevwa pou li rive kapab konnen esans lòm. Se sèlman atravè rafinman ansanm ak jijman Bondye, epi se pandan pwosesis rafinman an li menm, ke lòm ka konnen feblès li yo epi li ka konnen ke li pa gen anyen. Kidonk, lanmou lòm pou Bondye fonde sou baz rafinman ansanm ak jijman Bondye. Si se sèlman gras Bondye ou jwi, paske ou gen yon lavi fanmi ki anpè oswa benediksyon materyèl, sa pa vle di ou jwenn Bondye, ni sa pa vle di ou reyisi nan lafwa ou nan Bondye. Bondye deja akonpli yon etap nan travay gras la nan lachè, e li te vrèman bay lòm benediksyon materyèl; men sèlman gras, bonte ak mizèrikòd pa ka pèfeksyone lòm. Nan eksperyans lòm, li goute kèk nan lanmou Bondye e li wè bonte ak mizèrikòd Bondye; poutan, apre li fin fè eksperyans sa yo pandan kèk tan, li wè ke gras Bondye, ansanm ak bonte Li ak mizèrikòd Li, pa kapab pèfeksyone lòm, pa kapab devwale sa ki kòwonpi anndan lòm, epi pa kapab debarase lòm de nati kòwonpi li, ni pèfeksyone lanmou ak lafwa li. Travay gras Bondye a se te travay pandan yon epòk epi lòm pa kapab konte sou jwisans gras Bondye a yon fason pou li ka konnen Bondye.

Pa ki mwayen Bondye te rive akonpli pèfeksyon lòm nan? Li te akonpli pa mwayen dispozisyon jis Li a. Dispozisyon Bondye konpoze prensipalman avèk jistis, kòlè, majeste, jijman ansanm ak malediksyon, epi Li pèfeksyone lòm prensipalman pa mwayen jijman Li an. Gen kèk moun ki pa konprann epi k ap mande poukisa Bondye ka rann lòm pafè atravè jijman ak malediksyon sèlman. Yo di: “Si Bondye ta dwe modi lòm, èske lòm pa t ap mouri? Si Bondye ta dwe jije lòm, èske lòm pa t ap kondane? Nan ka sa a, kijan yo ka rann li pafè?” Sa yo se pawòl moun ki pa konnen travay Bondye a. Sa Bondye modi se rebelyon lòm, e sa Li jije se peche lòm. Malgre Li pale avèk severite e san Li pa epanye santiman lòm ditou, epi Li devwale tout sa ki anndan lòm, Li devwale atravè kèk pawòl sevè sa ki sibstansyèl anndan lòm. Atravè yon jijman konsa, Li bay lòm yon konesans pwofon sou sibstans lachè a, e sa rann lòm soumèt devan Bondye. Lachè lòm soti nan peche ak nan Satan; li rebèl e li se objè chatiman Bondye. Konsa, pou pèmèt lòm konnen tèt li, pawòl jijman Bondye yo dwe vini sou li, epi li dwe pase anba tout kalite rafinman; se sèlman lè sa a travay Bondye a ka efikas.

Daprè pawòl ke Bondye pwononse yo, nou ka wè Li deja kondane lachè lòm lan. Èske pawòl sa yo, nan ka sa a, pa pawòl malediksyon? Pawòl Bondye di yo devwale vrè koulè lòm, e se atravè devwalman sa a yo jije li. Lè li wè li pa kapab akonpli entansyon Bondye yo, li santi lapenn ak remò anndan li, li santi li gen yon gwo dèt anvè Bondye, e li pa ka rive akonpli entansyon Bondye yo. Gen moman kote Sentespri a disipline ou anndan w, e disiplin sa a soti nan jijman Bondye; gen moman kote Bondye repwoche ou epi Li kache figi Li devan ou, kote Li pa okipe ou epi Li pa travay nan ou, Li chatye ou an silans pou Li ka rafine ou. Travay Bondye fè sou lòm se prensipalman pou revele dispozisyon jis Li a. Ki temwayaj lòm finalman pote pou Bondye? Lòm pote temwayaj ke Bondye se Bondye ki jis la, ke dispozisyon Li se jistis, kòlè, chatiman, ak jijman; lòm pote temwayaj sou dispozisyon jis Bondye a. Bondye itilize jijman Li an pou rann lòm pafè, li te renmen lòm epi li te sove lòm—men ki kantite nan lanmou Li a ke li kenbe? Gen jijman, majeste, kòlè ansanm ak malediksyon. Byenke Bondye te modi lòm nan tan pase yo, Li pa t konplètman jete lòm nan labim, men Li te itilize mwayen sa a pou Li rafine lafwa lòm; Li pa t kwense lòm nan yon pozisyon ki ka lakòz li pèdi lavi l, men Li te aji yon fason pou rann lòm pafè. Sibstans lachè a se sa ki soti nan Satan—Bondye te di li jan li ye a egzakteman—men aksyon Bondye te akonpli yo pa t akonpli selon pawòl Li yo. Li modi w yon fason pou ka renmen Li, epi pou w ka konnen sibtans lachè a; Li chatye w yon fason pou reveye w, pou pèmèt ou konnen mank ki nan ou yo epi pou ou konnen jan lòm deprave ak jan li pa diy. Kidonk, malediksyon Bondye yo, jijman li an, majeste ansanm ak kòlè li—yo tout la yon fason pou rann lòm pafè. Tout sa Bondye fè jodi a ansanm ak dispozisyon jis ke Li sèvi ak nou pou revele a—yo tout la pou rann lòm pafè. Se konsa lanmou Bondye an ye.

Nan nosyon tradisyonèl lòm yo, li kwè ke lanmou Bondye se gras Li, mizerikòd Li ansanm ak konpasyon Li pou feblès lòm. Byenke bagay sa yo se lanmou Bondye yo ye tou, yo pa twò inilateral e yo pa mwayen prensipal ke Bondye itilize pou Li rann lòm pafè. Gen kèk moun ki kòmanse kwè nan Bondye akoz maladi. Maladi sa a se gras Bondye pou ou; san li, ou pa t ap kwè nan Bondye epi si ou pa t kwè nan Bondye, nan ka sa a ou pa t ap ka rive kote ou ye la a—kidonk menm gras sa a se lanmou Bondye. Nan moman kwayans nan Jezi a, lòm te fè anpil bagay ki pa t fè Bondye plezi paske yo pa t konprann verite a, men Bondye gen mizerikòd ak bonte, epi Li te mennen lòm jis kote li ye la a, epi byenke lòm pa konprann anyen, Bondye toujou pèmèt lòm pou swiv Li epi, anplis de sa, Li te dirije lòm jis jounen jodi a. Èske sa se pa lanmou Bondye? Sa ki manifeste nan dispozisyon Bondye se lanmou Bondye—sa se yon verite absoli! Lè konstriksyon legliz la te rive nan bout li, Bondye te fè etap nan travay moun k ap fè sèvis yo epi li te jete lòm nan twou san fon an. Tout pawòl ki te pale nan epòk moun k ap fè sèvis yo se te malediksyon: malediksyon lachè w la, malediksyon dispozisyon satanik kòwonpi w la, ak malediksyon bagay ki bò kote w yo ki pa satisfè entansyon Bondye yo. Sa Bondye te eksprime nan etap sa a nan travay Li a se te majeste, epi yon ti tan apre sa, Li te akonpli etap travay chatiman an, epi se lè sa a eprèv lanmò a te vini. Nan travay sa a, lòm te wè kòlè, majeste, jijman ak chatiman Bondye, men li te wè tou gras Bondye, bonte Li ak mizèrikòd Li. Tout sa Bondye te fè, ansanm ak dispozisyon Li te manifeste a, se te lanmou Bondye pou lòm, epi tout sa Bondye te fè te rive satisfè bezwen lòm. Li te fè li yon fason pou rann lòm pafè epi Li te pran swen lòm selon nivo devlopman li. Si Bondye pa t fè sa, lòm t ap rete enkapab pou l prezante li devan Bondye epi li pa t ap genyen okenn mwayen pou li konnen vrè vizaj Bondye. Depi lè lòm te kòmanse kwè nan Bondye jiska jounen jodi a, Bondye te gradyèlman pran swen lòm an fonksyon nivo devlopman lòm, yon fason pou lòm te ka gradyèlman, anndan li, vin konnen Bondye. Se sèlman lè li rive nan moman jodi a ke lòm reyalize nan ki pwen jijman Bondye a mèveye. Etap nan travay moun k ap fè sèvis yo te premye ensidans nan travay malediksyon an soti nan tan kreyasyon an jiska jounen jodi a. Bondye te madichonnen lòm pou yo jete l nan twou san fon an. Si Bondye pa t fè sa, jodi a lòm te ka pa gen yon vrè konesans sou Bondye; se te sèlman atravè malediksyon Bondye a ke lòm rankontre dispozisyon Li ofisyèlman. Yo te revele lòm atravè zeprèv moun k ap fè sèvis yo. Li te wè ke lwayote li te manke, ke nivo devlopman li te twò ba, ke li pa t kapab satisfè entansyon Bondye, epi ke se sèlman nan bouch li li te di li dwe toujou satisfè Bondye. Malgre Bondye te modi lòm nan etap travay moun k ap fè sèvis yo, lè nou reflechi sou sa kounye a, etap sa a nan travay Bondye a se te yon bèl bagay: li te vin yon gwo pwen chanjman pou lòm, epi sa te lakòz yon gwo chanjman nan dispozisyon lavi li. Anvan epòk moun k ap fè sèvis yo, lòm pa t konprann anyen sou pouswit lavi a, sa sa vle di kwè nan Bondye, oswa sajès ki genyen nan travay Bondye a, ni li pa t konprann ke Bondye kapab pase lòm anba eprèv nan travay Li a. Depi epòk moun k ap fè sèvis yo rive jouk jounen jodi a, lòm wè jan travay Bondye a estrawòdinè, li twouve li san mezi, epi li wè li pa kapab imajine, avèk lespri li, fason Bondye travay. Li wè tou jan nivo devlopman li ba, e li wè gen twòp bagay nan li ki an rebelyon. Lè Bondye te modi lòm, se te pou Li reyalize yon rezilta, e Li pa t pran lavi l. Malgre Li te modi lòm, Li te fè sa ak pawòl; pa t gen anyen ki te rive lòm vre, paske sa Bondye te modi se te rebelyon lòm, se konsa tou pawòl malediksyon Li yo te pale pou rann lòm pafè. Ke Bondye jije lòm oswa modi li, toulede rann lòm lan pafè: toulede fèt yon fason pou rann sa ki enpi anndan lòm pafè. Pa mwayen sa a, lòm vin rafine epi sa ki manke anndan lòm vin pafè atravè pawòl Li yo ansanm ak travay Li a. Chak etap nan travay Bondye a—keseswa pawòl di oubyen yon jijman oswa yon chatiman—yo vin rann lòm pafè epi li absoliman apwopriye. Pandan tout epòk ak jenerasyon ki pase yo, Bondye pa t janm fè yon travay konsa; jodi a, Li ap travay nan nou e Li rann nou apresye sajès Li. Malgre nou te soufri kèk doulè anndan nou, kè nou toujou santi yo byen chita e anpè; lefètke nou kapab jwi etap sa a nan travay Bondye a se yon gwo benediksyon pou nou. Kèlkeswa sa nou kapab jwenn alavni, nou wè tout travay Bondye ap fè nan nou jodi a se lanmou. Si lòm pa fè eksperyans jijman ak rafinman Bondye, li sèlman ap fè bagay yo nan aparans epi li sèlman ap demontre zèl li pou moun wè, pandan ke karaktè li pa janm chanje, èske nou ta ka di Bondye rive genyen lòm nan ka sa a? Jodi a, malgre toujou gen anpil bagay nan lòm ki awogan, dispozisyon lòm pi estab pase jan l te ye anvan. Netwayaj Bondye fè nan ou a se pou L ka sove w, epi menmsi ou ka santi kèk doulè nan moman an, lè jou pou dispozisyon w chanje a rive, w ap gade dèyè epi w ap wè jan travay Bondye a saj, epi se lè sa a w ap kapab vrèman konprann entansyon Bondye. Jodi a, gen kèk moun ki di yo konprann entansyon Bondye, men sa pa twò reyalis. Yo ap pale bagay ki pa vre. Se paske, kounye a, yo poko rive konprann si entansyon Bondye se sove lòm oswa modi lòm. Petèt ou pa ka wè sa aklè kounye a, men lè moman an rive, w ap wè jou kote Bondye pral jwenn glwa a rive, epi w ap wè jan sa gen anpil sans pou renmen Bondye—paske sa pèmèt ou konnen lavi lèzòm, epi li pèmèt lachè ou viv nan yon monn kote ou renmen Bondye, pandan lespri ou jwenn libète, lavi ou chaje ak lajwa, epi ou toujou ap pwoche bò kote Bondye epi w ap konte sou Li—se lè sa a w ap vrèman konnen gwo valè travay Bondye ap fè kounye a genyen.

Jodi a, pifò moun pa gen konesans sa a. Yo kwè soufrans pa gen okenn valè, e yo kwè monn lan rejte yo, lavi lakay yo chaje ak pwoblèm, Bondye pa jwenn yo fè Li plezi, epi avni yo pa klè. Gen kèk moun ki menm vle mouri lè soufrans yo rive nan yon sèten nivo. Sa a pa vrè lanmou pou Bondye; moun konsa lach, yo pa gen pèseverans, yo pa gen kouraj, epi yo enkonpetan! Bondye anvi pou lòm renmen Li, men plis lòm renmen Li, se plis soufrans lòm ap sibi; e plis lòm renmen Li, se plis eprèv lòm ap pase. Si ou renmen Li, alò tout kalite soufrans ap tonbe sou ou—epi si ou pa renmen Li, petèt tout bagay ap mache byen pou ou epi tout bagay ap anpè toutotou ou. Lè ou renmen Bondye, w ap toujou santi gen anpil bagay bò kote ou ki sanble enposib pou simonte. Epi paske nivo devlopman ou twò ba, ou pral sibi rafinman, epi ou p ap kapab satisfè Bondye—w ap toujou santi entansyon Bondye yo twò wo, yo depase kapasite lòm pou atenn yo. Se poutèt tout bagay sa yo ou pral sibi rafinman—paske gen anpil feblès nan ou, epi nan anpil aspè, ou pa kapab satisfè entansyon Bondye yo; se anndan w rafinman an pral fèt. Men, nou dwe byen konprann ke se sèlman atravè rafinman pirifikasyon ka fèt. Se konsa, pandan dènye jou sa yo, nou dwe rann temwayaj pou Bondye. Kèlkeswa jan soufrans ou gwo, ou dwe kontinye mache jouk nan fen an, e menm nan dènye souf ou, ou dwe rete fidèl ak Bondye epi soumèt ou devan aranjman Bondye fè yo; se sèlman sa ki vrèman vle di renmen Bondye, e se sèlman sa ki yon temwayaj ki fò e ki sonnen byen fò. Lè Satan tante ou, ou ta dwe di: “Kè mwen se pou Bondye, e Bondye deja genyen mwen.” Mwen pa kapab satisfè ou—mwen dwe satisfè Bondye jan sa dwe fèt. Plis ou satisfè Bondye, se plis Bondye ap beni ou, epi se plis dezi ou genyen pou renmen Bondye ap vin pi fò; w ap gen lafwa ak detèminasyon tou, epi w ap santi yon lavi ki pase nan renmen Bondye se lavi ki gen plis valè ak plis sans. Nou ka di, kou ou renmen Bondye, ou pap gen lapenn. Malgre gen moman kote lachè ou fèb epi ou fè fas ak anpil difikilte reyèl, si pandan moman sa yo ou vrèman konte sou Bondye, w ap jwenn konsolasyon, w ap santi w anpè, epi w ap jwenn sipò nan lespri ou. Nan fason sa a, w ap kapab simonte anpil sitiyasyon, epi ou p ap plenyen kont Bondye poutèt soufrans ou andire yo. Okontrè, w ap vle chante kantik, danse epi priye, rasanble ansanm epi antre kominyon ak lòt moun, epi panse ak Bondye; w ap santi ke tout moun, evènman ak bagay ki antoure ou yo, Bondye ranje yo yon fason ki apwopriye. Si ou pa renmen Bondye, tout sa ou gade p ap fè ou plezi, epi pa gen anyen k ap fè je ou plezi; ou p ap jwenn soulajman epi w ap santi w oprese anndan lespri ou, epi w ap toujou plenyen kont Bondye, epi w ap toujou santi soufrans ou andire a twò gwo, e yo fè w twòp enjistis. Si ou pa chèche lajwa pou lajwa sèlman, men pou satisfè Bondye epi pou Satan pa ka akize ou, alò yon pouswit konsa ap ba ou yon gwo motivasyon pou renmen Bondye. Lè ou kapab pratike tout sa Bondye di, epi tout sa ou fè kapab satisfè Bondye, yo rele sa posede reyalite. Chèche satisfè Bondye, se sèvi ak kè ou ki renmen Bondye pou mete pawòl Li yo an pratik. Kèlkeswa lè a, ou toujou gen yon kè ki renmen Bondye anndan ou, menm lè lòt moun pa gen fòs, epi nan fon kè ou, ou anvi Bondye epi ou panse ak Li. Sa a se vrè nivo devlopman. Grandè nivo devlopman ou depann de kantite lanmou ou gen nan kè w pou Bondye, li depann de si ou kapab rete fèm lè ou sibi eprèv, de si ou vin fèb lè kèk sitiyasyon rive sou ou, epi de si ou kapab kenbe pozisyon ou lè frè ak sè ou yo rejte ou; sa k ap montre ki jan lanmou ou gen nan kè w pou Bondye a vrèman ye, se jan w ye lè bagay sa yo rive sou ou. Nou ka wè atravè anpil nan travay Bondye yo ke Bondye vrèman renmen lòm anpil. Se jis ke je espirityèl lòm nan poko louvri nèt, epi li pa kapab wè klèman anpil nan travay Bondye ak entansyon Li yo, ni anpil nan bagay ki bèl nan Bondye; vrè lanmou lòm nan pou Bondye twò piti. Ou kwè nan Bondye pandan tout tan sa a, epi jodi a Bondye koupe tout mwayen pou ou chape. An verite, ou pa gen okenn lòt chwa ke pran bon chemen an, epi se jijman sevè ak gwo delivrans Bondye a k ap mennen ou sou bon chemen sa a. Se sèlman apre lòm fin fè eksperyans difikilte ak rafinman li ap rive konnen jan Bondye bèl. Apre tout eksperyans lòm fè jouk jounen jodi a, nou ka di ke lòm rive konnen yon pati nan bote Bondye, men sa toujou pa sifi, paske lòm manke anpil bagay. Lòm dwe fè plis eksperyans nan travay estrawòdinè Bondye a, epi li dwe fè plis eksperyans nan rafinman difisil Bondye mete sou pye pou li a. Se sèlman lè sa a dispozisyon lavi lòm nan ap kapab chanje.

Anvan: Bondye Rann Pafè Sila Yo ki Ann Akò ak Volonte Li

Apre: Travay Simaye Levanjil la se Travay pou Sove Lòm Li Ye Tou

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger