Tout Bagay Akonpli Grasa Pawòl Bondye

Bondye pwononse pawòl Li yo epi Li fè travay Li selon diferan epòk, epi nan diferan epòk, Li pwononse pawòl ki diferan. Bondye pa respekte okenn règleman, ni Li pa repete menm travay la, ni Li pa gen nostalji pou bagay ki te pase yo; Li se yon Bondye ki toujou nouvo epi ki pa janm ansyen, epi Li pwononse pawòl tou nèf chak jou. Ou ta dwe respekte sa ki dwe respekte jodi a; sa a se responsablite ak devwa lòm. Li esansyèl pou pratik la santre sou limyè ak pawòl Bondye yo nan epòk prezan an. Bondye pa respekte okenn règleman, epi Li kapab pale apati plizyè pwennvi diferan pou Li revele sajès Li ak tout pouvwa Li. Kit Li pale apati pwennvi Lespri a, kit pwennvi lòm, kit pwennvi yon twazyèm pati, sa pa gen enpòtans—Bondye ap toujou Bondye, epi ou pa kapab di Li pa Bondye poutèt pwennvi lòm Li itilize pou Li pale a. Gen moun ki devlope konsepsyon akoz diferan pwennvi Bondye itilize pou Li pale yo. Moun sa yo pa gen okenn konesans sou Bondye ni sou travay Li. Si Bondye te toujou pale apati yon sèl pwennvi, èske lòm pa t ap trase limit pou Bondye? Èske Bondye ta kapab pèmèt lòm aji konsa? Kèlkeswa pwennvi Bondye itilize pou Li pale a, Li gen objektif pou sa. Si Bondye te toujou pale apati pwennvi Lespri a, èske ou t ap kapab antre an kontak avè L? Konsa, pafwa Li pale apati pwennvi yon twazyèm pati pou Li fè pwovizyon pou ou epi gide ou pou antre nan reyalite a. Tout sa Bondye fè apwopriye. Nan yon mo, se Bondye ki fè tout bagay, epi ou pa ta dwe gen dout sou sa. Li se Bondye, e konsa kèlkeswa pwennvi Li itilize pou Li pale a, Li ap toujou Bondye. Sa a se yon verite ki pa ka janm chanje. Kèlkeswa jan Li travay, Li toujou Bondye, epi esans Li p ap chanje! Pyè te renmen Bondye anpil epi li te yon moun ki te konfòme ak entansyon Bondye yo, men Bondye pa t temwaye li se Seyè a oswa Kris, paske esans yon èt se sa li ye, epi li pa ka janm chanje. Nan travay Li, Bondye pa respekte okenn règleman, men Li itilize diferan metòd pou Li rann travay Li a efikas epi pou Li apwofondi konesans lòm genyen sou Li. Objektif ki dèyè chak metòd travay Li, se pou ede lòm konnen Li epi pou Li rann lòm pafè. Kèlkeswa metòd travay Li itilize, yo chak la pou edifye lòm epi rann lòm pafè. Byenke youn nan metòd travay Li yo gendwa te dire trè lontan, se nan bi pou fòje lafwa lòm genyen nan Li. Konsa, pa ta dwe gen okenn dout nan kè nou. Sa yo se tout etap travay Bondye a, epi nou dwe soumèt devan yo.

Sa y ap pale jodi a se antre nan reyalite a—se pa monte nan syèl la, oswa egzèse pouvwa kòm wa; tout sa y ap pale se pouswit pou antre nan reyalite a. Pa gen okenn pouswit ki pi pratik pase sa, epi pale de egzèse pouvwa kòm wa pa reyalis. Lòm gen anpil kiryozite, epi li mezire travay Bondye jodi a selon konsepsyon relijye li yo. Malgre lòm fin fè eksperyans tèlman anpil metòd travay Bondye, li toujou pa konnen travay Bondye a, li toujou ap chèche siy ak mèvèy, epi li toujou ap gade pou li wè si pawòl Bondye yo akonpli. Èske se pa yon avègleman total? Si pawòl Bondye yo pa t akonpli, èske ou t ap toujou kwè Li se Bondye? Jodi a, gen anpil moun konsa nan legliz la k ap tann pou yo kontanple siy ak mèvèy. Yo di si pawòl Bondye yo akonpli, alò Li se Bondye; si pawòl Bondye yo pa akonpli, alò Li pa Bondye. Alò, èske ou kwè nan Bondye paske pawòl Li yo akonpli, oswa paske Li se Bondye Li menm? Pwennvi lòm sou kwayans nan Bondye dwe korije! Lè ou wè pawòl Bondye yo pa akonpli, ou kouri ale—ki kalite kwayan sa a ye? Lè ou kwè nan Bondye, ou dwe kite Bondye òkestre tout bagay jan Li vle epi ou dwe soumèt devan tout travay Bondye a. Bondye te tèlman pwononse anpil pawòl nan Ansyen Testaman an—kiyès ladan yo ou te wè akonpli ak pwòp je ou? Èske ou kapab di Jewova pa vrè Bondye a paske ou pa t wè sa? Menmsi anpil pawòl gendwa te akonpli, lòm pa kapab wè sa klè paske lòm pa gen laverite epi li pa konprann anyen. Kèk moun vle kouri ale lè yo santi pawòl Bondye yo pa akonpli. Eseye sa. Gade pou wè si ou kapab kouri ale. Menmsi ou kouri ale, w ap toujou retounen. Bondye kontwole ou ak pawòl Li a, epi si ou kite legliz la ansanm ak pawòl Bondye a, ou p ap gen okenn mwayen pou ou kontinye viv. Si ou pa kwè sa, eseye sa ou menm—èske ou panse ou kapab annik ale? Lespri Bondye a kontwole ou. Ou pa kapab ale. Sa a se yon dekrè administratif Bondye! Si kèk moun vle eseye, yo mèt fè l! Ou di moun sa a pa Bondye, donk ofanse Li epi gade pou wè sa L ap fè. Li posib pou lachè ou pa mouri epi w ap toujou kapab bay tèt ou manje ak rad, men mantalman sa ap ensipòtab; w ap santi ou anba estrès ak doulè; pa gen anyen k ap bay plis soufrans atwòs pase sa. Lòm pa kapab sipòte touman mantal ak destriksyon an—petèt ou kapab andire soufrans lachè, men ou pa kapab andire estrès mantal ak touman ki dire anpil tan an ditou. Jodi a, gen moun ki vin negatif paske yo poko kapab wè okenn siy ak mèvèy, epoutan pa gen pèsonn ki oze kouri ale kèlkeswa jan yo vin negatif, paske Bondye kontwole lòm avèk pawòl Li a. Malgre pa gen okenn reyalite ki parèt aklè, pèsonn toujou pa kapab sove ale. Èske sa yo pa aksyon Bondye? Jodi a, Bondye vini sou latè pou Li fè pwovizyon lavi pou lòm. Li pa, jan moun imajine a, toujou ap adousi ou avèk siy ak mèvèy pou Li kapab asire gen yon relasyon lapè ant Bondye ak lòm. Tout moun ki pa konsantre sou lavi a, men ki okontrè konsantre sou fè Bondye montre siy ak mèvèy, yo se Farizyen! Epi se te Farizyen yo ki te kloure Jezi sou kwa a. Si ou mezire Bondye selon pwòp pwennvi ou sou kwayans nan Bondye, kote ou kwè nan Bondye si pawòl Li yo akonpli, epi ou doute e ou menm blasfeme Bondye si yo pa akonpli, alò èske ou pa kloure Li sou kwa a? Moun konsa pa okipe travay yo dwe fè a, epi yo konvwate konfò!

Youn nan aspè nan pi gwo difikilte lòm ap fè fas ak li a, sèke li pa konnen travay Bondye a. Byenke atitid lòm se pa yon atitid ki nye, men yon atitid ki gen dout. Lòm pa nye, men li pa rekonèt sa nèt nonplis. Si moun yo gen yon konesans apwofondi sou travay Bondye a, yo p ap kouri ale. Lòt aspè a, sèke lòm pa konnen aspè pratik la. Jodi a, se ak pawòl Bondye a chak moun antre an kontak; pou M onèt, pa panse w ap kapab wè siy ak mèvèy alavni. M ap di ou sa aklè: Nan etap prezan an, tout sa ou kapab wè se pawòl Bondye yo, epi byenke pa gen okenn reyalite, lavi Bondye kapab toujou fòme anndan lòm. Se travay sa a ki travay prensipal Wayòm Milenè a, epi si ou pa kapab konprann travay sa a, alò w ap vin fèb epi w ap tonbe; w ap desann nan mitan eprèv yo epi, nan ka ki pi grav yo, Satan ap pran ou kòm prizonye. Bondye vini sou latè sitou pou Li pwononse pawòl Li yo; sa ou an kontak avè L la se pawòl Bondye a, sa ou li a se pawòl Bondye a, sa ou tande a se pawòl Bondye a, sa ou respekte a se pawòl Bondye a, sa ou fè eksperyans li a se pawòl Bondye a, epi nan lefètke Li enkane fwa sa a, Bondye sitou itilize pawòl la pou Li rann lòm pafè. Li pa montre okenn siy ak mèvèy, epi sitou Li pa fè travay Jezi te fè nan tan lontan an. Byenke Yo se Bondye epi Yo toulede se lachè, ministè Yo pa menm. Lè Jezi te vini, Li te fè yon pati nan travay Bondye a tou epi Li te pwononse kèk pawòl—men ki travay prensipal Li te akonpli? Sa Li te sitou akonpli a se te travay krisifiksyon an. Li te pran resanblans lachè peche a pou Li te kapab konplete travay krisifiksyon an epi rachte tout limanite, epi Li te sèvi kòm ofrann pou peche pou tout peche limanite yo. Sa a se travay prensipal Li te akonpli a. Alafen, Li te montre sila k te vini apre yo chemen kwa a. Lè Jezi te vini, se te sitou pou konplete travay redanmsyon an. Li te rachte tout limanite, epi Li te pote levanjil wayòm syèl la bay lòm, e anplis, Li te ouvri chemen ki mennen nan wayòm syèl la. Se konsa, tout moun ki te vini apre yo te di: «Nou ta dwe mache nan chemen kwa a, epi sakrifye tèt nou pou kwa a.» Se vre, nan kòmansman, Jezi te fè kèk lòt travay tou epi Li te pwononse kèk pawòl pou Li te fè lòm repanti epi konfese peche li yo. Men, ministè Li a te toujou krisifiksyon an, epi twazan edmi Li te pase ap preche chemen an, se te pou prepare krisifiksyon ki te vini apre a. Plizyè fwa Jezi te priye yo, se te poutèt krisifiksyon an tou. Lavi imen nòmal Li te mennen an ansanm ak tranntwazan edmi Li te viv sou latè yo, se te sitou nan bi pou Li te konplete travay krisifiksyon an; se te pou ba Li fòs pou Li te kapab pote travay sa a sou zepòl Li. Konsa, Bondye te konfye travay krisifiksyon an ba Li. Ki travay Bondye enkane a ap akonpli jodi a? Jodi a, Bondye vin enkane sitou pou Li konplete travay «Pawòl la ki parèt nan lachè» a. Li itilize pawòl la pou Li rann lòm pafè, epi Li fè lòm aksepte pou pawòl la taye l e pou l rafine l. Nan pawòl Li yo, Li fè ou jwenn pwovizyon epi jwenn lavi, epi Li fè ou wè travay Li ansanm ak zèv Li yo. Bondye itilize pawòl la pou Li chatye ou epi rafine ou, e konsa, menmsi ou soufri, se poutèt pawòl Bondye a tou. Jodi a, Bondye pa travay avèk reyalite, men avèk pawòl. Se sèlman apre pawòl Li a fin tonbe sou ou, Sentespri a kapab travay anndan ou epi fè ou soufri oswa goute dousè. Se sèlman pawòl Bondye a ki kapab fè ou antre nan reyalite a, epi se sèlman pawòl Bondye a ki kapab rann ou pafè. Se poutèt sa, omwen, ou dwe konprann sa: Travay Bondye fè pandan dènye jou yo, se sitou itilize pawòl Li a pou Li rann chak moun pafè epi pou Li gide lòm. Tout travay Li fè yo fèt atravè pawòl la; Li pa itilize reyalite pou Li chatye ou. Gen de lè kèk moun reziste Bondye. Bondye pa mete ou nan yon gwo malèz, lachè ou pa sibi okenn chatiman, ni li pa soufri okenn doulè—men kou pawòl Li a tonbe sou ou, epi li rafine ou, sa vin ensipòtab pou ou. Èske se pa sa? Nan epòk moun k ap rann sèvis yo, Bondye te di pou yo jete lòm nan gwo twou san fon an. Èske lòm te vrèman ateri nan gwo twou san fon an? Se senpleman lè Bondye te itilize pawòl yo pou rafine lòm, lòm te antre nan gwo twou san fon an. Se poutèt sa, pandan dènye jou yo, lè Bondye vin enkane, Li sitou itilize pawòl la pou Li akonpli tout bagay epi fè tout bagay parèt aklè. Se sèlman nan pawòl Li yo ou kapab wè sa Li ye; se sèlman nan pawòl Li yo ou kapab wè Li se Bondye Li menm. Lè Bondye enkane a vini sou latè, Li pa fè okenn lòt travay pase pwononse pawòl yo—konsa pa gen okenn bezwen reyalite; pawòl yo sèlman sifi. Sa se paske Li sitou vini pou Li fè travay sa a, pou Li pèmèt lòm kontanple gwo pouvwa Li ansanm ak sipremasi Li nan pawòl Li yo, pou Li pèmèt lòm wè imilite Li ansanm ak karaktè kache Li nan pawòl Li yo, epi pou Li pèmèt lòm konnen Li nan tout sa Li ye nan pawòl Li yo. Tout sa Li genyen ansanm ak tout sa Li ye twouve yo nan pawòl Li yo. Sajès Li ak karaktè mèveye Li twouve yo nan pawòl Li yo. Nan sa a, ou kapab wè pakèt metòd Bondye itilize pou Li pwononse pawòl Li yo. Bondye travay pandan tèlman lontan, epi Li te sitou ap fè pwovizyon pou lòm, ekspoze li, oswa taye li. Bondye pa modi yon moun konsa konsa, epi menm lè Li fè sa, se atravè pawòl la Li modi yo. Se poutèt sa, nan epòk Bondye enkane sa a, pa atann pou ou wè Bondye geri moun malad epi chase demon ankò, epi sispann chèche siy tout tan—yo pa itil anyen! Siy sa yo pa kapab rann lòm pafè! Pou M pale aklè: Jodi a, Bondye pratik Li menm ki nan lachè a pa aji; Li sèlman pale. Sa a se laverite! Li itilize pawòl yo pou Li rann ou pafè, epi Li itilize pawòl yo pou Li nouri ou epi wouze ou. Li itilize pawòl yo tou pou Li travay, epi Li itilize pawòl yo pou ranplase reyalite yo epi pou Li fè ou konnen aspè pratik Li. Si ou wè fason sa a nan travay Bondye a klè, alò ou p ap tèlman riske vin negatif. Olye pou nou konsantre sou bagay ki negatif yo, nou ta dwe konsantre sèlman sou sa ki pozitif la—sa vle di, kit pawòl Bondye yo akonpli, kit yo pa akonpli, kit gen reyalite ki parèt aklè, kit pa genyen, Bondye fè lòm jwenn lavi nan pawòl Li yo, epi sa a se pi gwo siy ki genyen pami tout siy yo; e sitou, se yon reyalite pèsonn pa kapab diskite. Sa a se pi bon prèv ou kapab itilize pou ou konnen Bondye, epi se yon siy ki pi gran pase siy yo menm. Se sèlman pawòl sa yo ki kapab rann lòm pafè.

Kou Epòk Wayòm nan te kòmanse, Bondye te kòmanse pwononse pawòl Li yo. Alavni, pawòl sa yo ap akonpli tikras pa tikras, epi nan moman sa a, lavi lòm ap gentan rive nan matirite. Bondye itilize pawòl la pou Li ekspoze dispozisyon kowonpi lòm yo; sa pi pratik, e sa pi nesesè. Li pa itilize anyen lòt pase pawòl la pou Li fè travay Li nan bi pou Li rann lafwa lòm pafè, paske jodi a se Epòk Pawòl la, epi li mande pou lòm gen lafwa, detèminasyon ak koperasyon. Travay Bondye enkane nan dènye jou yo se itilize pawòl Li a pou Li sèvi lòm epi pou Li fè pwovizyon pou li. Se sèlman apre Bondye enkane a fin pwononse pawòl Li yo, yo ap kòmanse akonpli. Pandan Li ap pale, pawòl Li yo pa akonpli, paske lè Li nan etap lachè a, pawòl Li yo pa kapab akonpli. Sa se yon fason pou lòm kapab wè Bondye se lachè epi Li pa Lespri; pou lòm kapab kontanple aspè pratik Bondye ak pwòp je li. Jou travay Li fin konplete a, lè Li fin pwononse tout pawòl Li te dwe pwononse sou latè yo, pawòl Li yo ap kòmanse akonpli. Kounye a se pa epòk akonplisman pawòl Bondye yo, paske Li poko fin pwononse pawòl Li yo. Konsa, lè ou wè Bondye ap toujou pwononse pawòl Li yo sou latè, pa tann akonplisman pawòl Li yo; lè Bondye sispann pwononse pawòl Li yo, epi lè travay Li sou latè fin konplete, se lè sa a pawòl Li yo ap kòmanse akonpli. Nan pawòl Li pwononse sou latè yo, genyen, yon bò, pwovizyon lavi a, epi yon lòt bò, gen pwofesi—pwofesi sou bagay ki gen pou vini yo, sou bagay ki pral fèt yo, ak sou bagay ki poko akonpli yo. Te gen pwofesi tou nan pawòl Jezi yo. Yon bò, Li te bay lavi, epi yon lòt bò, Li te pwononse pwofesi. Jodi a, yo pa pale de pawòl ak reyalite yo k ap rive an menm tan paske gen yon twò gwo diferans ant sa je lòm kapab wè ak reyalite Bondye reyalize yo. Sèl sa yo kapab di, se kou travay Bondye a fin konplete, pawòl Li yo ap akonpli, epi reyalite yo ap vini apre pawòl yo. Pandan dènye jou yo, Bondye enkane a vini sou latè pou Li akonpli ministè pawòl la, epi lè Li ap akonpli ministè pawòl la, Li sèlman pwononse pawòl, epi Li pa okipe okenn lòt zafè. Kou travay Bondye a chanje, pawòl Li yo ap kòmanse akonpli. Jodi a, yo itilize pawòl yo dabò pou rann ou pafè; lè Li jwenn glwa nan tout linivè a, travay Li ap fin konplete—Li ap fin pwononse tout pawòl Li te dwe pwononse yo, epi tout pawòl yo ap tounen reyalite. Bondye vini sou latè pandan dènye jou yo pou Li akonpli ministè pawòl la yon fason pou lòm kapab konnen Li, epi pou lòm kapab wè sa Li ye, ansanm ak sajès Li ak tout zèv mèveye Li yo, nan pawòl Li a. Pandan Epòk Wayòm nan, Bondye sitou itilize pawòl la pou Li konkeri tout moun. Alavni, pawòl Li a ap tonbe tou sou chak relijyon, sektè, nasyon ak denominasyon. Bondye itilize pawòl la pou Li konkeri, pou Li fè tout moun wè pawòl Li a gen otorite ak pisans—e konsa jodi a, nou fè fas ak pawòl Bondye a sèlman.

Pawòl Bondye pwononse nan epòk sa a diferan ak pawòl Li te pwononse pandan Epòk Lalwa a, epi yo diferan tou ak pawòl Li te pwononse pandan Epòk Lagras la. Yo pa t fè travay pawòl la nan Epòk Lagras la; se sèlman krisifiksyon Bondye pou rachte tout limanite yo te mansyone. Bib la sèlman fè referans ak rezon ki fè yo te dwe kloure Jezi sou kwa a, soufrans Li te sibi pandan tout krisifiksyon an, epi ki jan lòm ta dwe sibi krisifiksyon pou Bondye. Pandan epòk sa a, tout travay Bondye te fè a te santre sou krisifiksyon an. Pandan Epòk Wayòm nan, Bondye enkane a pwononse pawòl pou Li konkeri tout moun ki kwè nan Li yo. Sa a se « Pawòl la ki parèt nan lachè »; Bondye vini pandan dènye jou yo pou Li fè travay sa a, epi pou Li akonpli vrè siyifikasyon Pawòl la ki parèt nan lachè a. Li sèlman pwononse pawòl, epi se raman gen reyalite ki parèt. Sa a se esans menm Pawòl la ki parèt nan lachè a, epi lè Bondye enkane a pwononse pawòl Li yo, sa a se aparisyon Pawòl la nan lachè, epi li se Pawòl la k ap vini nan lachè. « Okòmansman te gen Chemen an, epi Chemen an te avèk Bondye, epi Chemen an te Bondye, epi Pawòl la te tounen moun. » Sa a (travay aparisyon Pawòl la nan lachè a) se travay Bondye ap akonpli nan dènye jou yo, epi li se dènye chapit nan tout plan jesyon Li a, e konsa Bondye oblije vini sou latè epi fè pawòl Li yo parèt aklè nan lachè. Sa k ap fèt jodi a, sa k ap fèt alavni, sa Bondye ap akonpli, destinasyon final lòm, kiyès k ap sove, kiyès k ap peri, eksetera—tout travay sa a ki ta dwe reyalize nan fen an fin deklare aklè nèt, epi tout sa se nan bi pou akonpli vrè siyifikasyon Pawòl la ki parèt nan lachè a. Dekrè administratif ak konstitisyon ki te pibliye anvan yo, kiyès k ap peri, kiyès k ap antre nan repo—tout pawòl sa yo dwe akonpli. Sa a se travay Bondye enkane a sitou akonpli pandan dènye jou yo, yon fason pou moun yo kapab konprann ki kote plas moun Bondye predestine yo ye epi ki kote plas moun Bondye pa predestine yo ye, ki jan yo pral klase pèp Li a ansanm ak pitit gason Li yo, sa k ap rive Izrayèl, sa k ap rive Lejip—alavni, chak pawòl sa yo ap akonpli. Vitès travay Bondye a ap akselere. Bondye itilize pawòl la kòm mwayen pou Li fè lòm konnen sa ki dwe fèt nan chak epòk, sa Bondye enkane nan dènye jou yo dwe fè, ansanm ak ministè Li ki dwe akonpli a, epi tout pawòl sa yo se nan bi pou akonpli vrè siyifikasyon Pawòl la ki parèt nan lachè a.

Mwen te di sa anvan: « Tout moun ki konsantre sou wè siy ak mèvèy, y ap abandone yo; se pa yo menm y ap rann pafè. » Mwen tèlman pwononse anpil pawòl, epoutan lòm pa gen yon ti kras konesans sou travay sa a, epi lè yo rive nan pwen sa a, moun toujou ap mande siy ak mèvèy. Èske kwayans ou nan Bondye se pa anyen plis pase chèche siy ak mèvèy, oswa èske se pou ou kapab jwenn lavi? Jezi te pwononse anpil pawòl tou, epi gen kèk ladan yo ki poko akonpli jiska prezan. Èske ou kapab di Jezi pa Bondye? Bondye te temwaye Li se Kris epi Li se Pitit gason byenneme Bondye a. Èske ou kapab nye sa? Jodi a, Bondye pwononse pawòl sèlman, epi si ou pa konnen sa byen, ou p ap kapab rete fèm. Èske ou kwè nan Li paske Li se Bondye, oswa ou kwè nan Li dapre si pawòl Li yo akonpli oswa si yo pa akonpli? Èske ou kwè nan siy ak mèvèy, oswa ou kwè nan Bondye? Jodi a, Li pa montre siy ak mèvèy—èske L se Bondye vre? Si pawòl Li pwononse yo pa akonpli, èske L se Bondye vre? Èske esans Bondye depann de si pawòl Li pwononse yo akonpli oswa si yo pa akonpli? Poukisa gen kèk moun ki toujou ap tann akonplisman pawòl Bondye yo anvan yo kwè nan Li? Èske sa pa vle di yo pa konnen Li? Tout moun ki gen konsepsyon konsa, se moun k ap nye Bondye. Yo itilize konsepsyon pou yo mezire Bondye; si pawòl Bondye yo akonpli, yo kwè nan Li, epi si yo pa akonpli, yo pa kwè nan Li; epi yo toujou ap chèche kontanple siy ak mèvèy. Èske moun sa yo pa Farizyen tan modèn yo? Kapasite ou pou rete fèm depann de si ou konnen Bondye pratik la oswa si ou pa konnen L—sa esansyèl! Plis gen reyalite pawòl Bondye a anndan ou, se plis konesans ou sou aspè pratik Bondye a ap grandi, epi se plis w ap kapab rete fèm nan mitan eprèv yo. Plis ou konsantre sou wè siy ak mèvèy, se mwens w ap kapab rete fèm, epi w ap tonbe nan mitan eprèv yo. Siy ak mèvèy yo se pa fondasyon an; se sèlman aspè pratik Bondye a ki lavi. Kèk moun pa konnen efè travay Bondye a gen pou pwodui yo. Y ap pase jounen yo nan konfizyon san yo pa chèche jwenn konesans sou travay Bondye a. Bi pouswit yo se toujou pou fè Bondye akonpli dezi yo sèlman, epi se lè sa a sèlman y ap serye nan kwayans yo. Yo di y ap chèche jwenn lavi a si pawòl Bondye yo akonpli, men si pawòl Li yo pa akonpli, pa gen okenn posiblite pou yo chèche jwenn lavi a. Moun yo panse kwayans nan Bondye se chèche kontanple siy ak mèvèy epi chèche monte nan syèl ansanm ak nan twazyèm syèl la. Pa gen pèsonn nan yo ki di kwayans yo nan Bondye se pouswit pou antre nan reyalite a, pouswit lavi a, ak pouswit pou Bondye genyen yo. Ki valè ki genyen nan yon kalite pouswit konsa? Moun ki pa chèche gen konesans sou Bondye epi ki pa chèche satisfè Bondye, yo se pa moun ki kwè nan Bondye; se moun k ap blasfeme Bondye yo ye!

Kounye a, èske nou konprann kisa kwayans nan Bondye ye? Èske kwayans nan Bondye vle di kontanple siy ak mèvèy? Èske sa vle di ale nan syèl la? Kwè nan Bondye se pa yon senp zafè ditou. Yo ta dwe elimine fason relijye moun genyen pou yo kwè yo; chèche gerizon pou moun malad ak chase demon, konsantre sou siy ak mèvèy, konvwate pou gen plis gras Bondye, lapè ak lajwa, chèche avni ak konfò lachè—sa yo se fason relijye pou kwè, epi kalite fason pou kwè konsa se yon kalite lafwa ki imajinè. Kisa kwayans pratik nan Bondye ye jodi a? Se aksepte pawòl Bondye kòm reyalite lavi ou, konnen Bondye apati pawòl Li, e konsa rive gen yon vrè lanmou pou Li. Pou M pi klè: Kwayans nan Bondye se pou ou kapab soumèt devan Bondye, renmen Bondye, epi akonpli devwa yon kreyati Bondye ta dwe akonpli. Sa a se bi kwayans nan Bondye. Ou dwe rive konnen bèlte Bondye, nan ki pwen Bondye merite krentif, epi jan travay Bondye fè sou kreyati Li yo se sali yo ak pèfeksyon yo—sa yo se bagay fondamantal ki nesesè pou kwayans ou nan Bondye. Kwayans nan Bondye se sitou chanjman kote ou kite yon lavi nan lachè pou ou mennen yon lavi kote ou renmen Bondye, epi ou kite lavi kote ou t ap viv nan koripsyon an pou ou viv nan lavi pawòl Bondye yo; se soti anba anpriz Satan epi viv anba swen ak pwoteksyon Bondye; se pou ou kapab soumèt devan Bondye olye ou soumèt devan lachè, pou Bondye kapab genyen tout kè ou epi rann ou pafè, epi pou ou kapab libere anba dispozisyon satanik kowonpi yo. Kwayans nan Bondye se sitou pou gwo pouvwa ak glwa Bondye kapab parèt aklè nan ou, pou ou kapab swiv volonte Bondye, pou plan Bondye kapab akonpli, epi pou ou kapab rann temwayaj pou Bondye devan Satan. Kwayans nan Bondye pa ta dwe vire toutotou dezi pou kontanple siy ak mèvèy, ni li pa ta dwe pou pwòp lachè ou. Li ta dwe santre sou chèche konnen Bondye, kapab soumèt devan Bondye epi, menm jan ak Pyè, soumèt devan Li jiska lanmò. Objektif prensipal la, se pou atenn sa. Yon moun manje ak bwè pawòl Bondye a tou nan bi pou li konnen Bondye epi pou li satisfè Li. Manje ak bwè pawòl Bondye a ap fè ou gen pi gwo konesans sou Bondye, epi se apre sa sèlman ou kapab soumèt devan Li. Se sèlman avèk konesans sou Bondye ou kapab renmen Li, epi se sa sèlman ki ta dwe objektif lòm nan kwayans li nan Bondye. Si, nan kwayans ou nan Bondye, ou toujou vle wè siy ak mèvèy, alò pwennvi sa a sou kwayans nan Bondye a pa bon. Kwayans nan Bondye, se sitou pou aksepte pawòl Bondye yo kòm reyalite lavi yon moun. Lè moun yo mete pawòl ki soti nan bouch Bondye yo an pratik epi pawòl sa yo vin reyalite nan yo, Bondye atenn bi Li. Lè lòm kwè nan Bondye, li ta dwe chèche pou Bondye rann li pafè, pou li kapab soumèt devan Bondye, epi pou li atenn soumisyon total devan Bondye. Si ou kapab soumèt devan Bondye san ou pa plenyen, si ou montre konsiderasyon pou entansyon Bondye yo, epi ou atenn nivo espirityèl Pyè a, kote ou posede estil Pyè Bondye te pale de li a, alò se lè sa a w ap fin reyisi nan kwayans ou nan Bondye, epi sa ap vle di Bondye genyen ou.

Bondye fè travay Li nan tout linivè a. Tout moun ki kwè nan Li yo dwe aksepte pawòl Li a, epi manje ak bwè pawòl Li yo; Bondye pa kapab genyen pèsonn paske moun nan wè siy ak mèvèy Li montre yo. Atravè epòk ak jenerasyon yo, Bondye te toujou itilize pawòl la pou Li rann lòm pafè. Konsa, nou pa ta dwe konsantre tout atansyon nou sou siy ak mèvèy, men nou ta dwe chèche pou Bondye rann nou pafè. Nan Epòk Lalwa Ansyen Testaman an, Bondye te pwononse kèk pawòl, epi nan Epòk Lagras la, Jezi tou te pwononse anpil pawòl. Apre Jezi te fin pwononse anpil pawòl, apot ak disip ki te vini apre yo te dirije moun yo pou yo mete an pratik selon kòmandman Jezi te bay yo, epi yo te fè eksperyans bagay yo selon pawòl Jezi te pwononse yo ansanm ak prensip Li te transmèt yo. Nan dènye jou yo, Bondye sitou itilize pawòl la pou Li rann lòm pafè. Li pa itilize siy ak mèvèy pou Li fòse lòm vin gen konviksyon; sa pa kapab revele gwo pouvwa Bondye a. Si Bondye te sèlman montre siy ak mèvèy, sa pa t ap kapab revele aspè pratik Bondye a, epi sa pa t ap kapab rann lòm pafè. Bondye pa rann lòm pafè avèk siy ak mèvèy, men Li itilize pawòl la pou Li wouze lòm epi pran swen l tankou yon bèje, epi apre sa lòm kapab soumèt totalman devan Bondye e vin gen konesans sou Bondye. Sa a se bi travay Li fè a ansanm ak pawòl Li pwononse yo. Bondye pa itilize metòd montre siy ak mèvèy la pou Li rann lòm pafè—Li itilize pawòl yo, epi Li itilize anpil metòd travay pou Li rann lòm pafè. Kit se rafinman an, taye a, oswa pwovizyon ki fèt pa mwayen pawòl yo, Bondye pale apati plizyè pwennvi diferan pou Li rann lòm pafè, epi pou Li pèmèt lòm vin gen plis konesans sou travay, sajès ansanm ak karaktè mèveye Bondye. Lè lòm vin konplè nan moman kote Bondye ap mete fen nan epòk la nan dènye jou yo, se lè sa a l ap kalifye pou l kontanple siy ak mèvèy yo. Lè ou vin konnen Bondye epi ou kapab soumèt devan Bondye kèlkeswa sa Li fè, ou p ap gen okenn konsepsyon sou Li ankò lè ou wè siy ak mèvèy yo. Kounye a, ou kowonpi epi ou pa kapab atenn soumisyon total devan Bondye—èske ou panse ou kalifye pou ou wè siy ak mèvèy? Lè Bondye montre siy ak mèvèy, se lè Bondye ap pini lòm, epi tou se lè epòk la ap chanje, epi, sitou, lè epòk la ap fini. Lè travay Bondye a ap fèt yon fason nòmal, Li pa montre okenn siy ak mèvèy. Montre siy ak mèvèy trè fasil pou Li, men sa se pa prensip travay Bondye a, ni li pa bi jesyon Bondye pou lòm. Si lòm te wè siy ak mèvèy, epi kò espirityèl Bondye a te parèt devan lòm tou, èske tout moun pa t ap «kwè nan» Bondye? Mwen te di sa anvan, Bondye t ap genyen yon gwoup moun ki pote laviktwa nan Lès, moun ki pote laviktwa ki t ap soti nan gwo tribilasyon an. Kisa pawòl sa yo vle di? Yo vle di moun Bondye genyen sa yo gen yon vrè soumisyon sèlman apre yo fin pase anba jijman, chatiman, taye ansanm ak tout kalite rafinman. Kwayans moun sa yo pa imajinè, men li pratik. Yo pa wè okenn siy ak mèvèy, ni okenn mirak; yo pa kapab pwononse gwo pawòl ak doktrin ki elve, oswa eksprime lide pwofon; okontrè, yo gen reyalite a, pawòl Bondye yo, ansanm ak yon vrè konesans pratik sou Bondye. Èske yon gwoup konsa pa pi kapab revele gwo pouvwa Bondye a? Travay Bondye pandan dènye jou yo se yon travay pratik. Pandan epòk Jezi a, Li pa t vini pou Li rann lòm pafè, men se te pou rachte limanite, e konsa Li te fè kèk mirak pou moun yo te ka swiv Li. Paske Li te sitou vini pou Li konplete travay krisifiksyon an, epi montre siy pa t fè pati travay ministè Li a. Siy ak mèvèy konsa, se te travay Li te fè nan bi pou Li rann travay Li a efikas; se te yon travay siplemantè, epi yo pa t reprezante travay ki pou tout epòk la nèt. Pandan Epòk Lalwa Ansyen Testaman an, Bondye te montre kèk siy ak mèvèy tou—men travay Bondye ap fè jodi a se yon travay pratik, epi asireman Li pa t ap montre siy ak mèvèy kounye a. Si Li te montre siy ak mèvèy, sa t ap lakòz dezòd nan travay pratik Li a, epi Li pa t ap kapab fè okenn lòt travay ankò. Si Bondye te di se pou itilize pawòl la pou rann lòm pafè, men tou Li te montre siy ak mèvèy, èske sa t ap kapab revele si lòm vrèman kwè nan Li oswa si li pa kwè nan Li? Se poutèt sa, Bondye pa fè bagay konsa. Gen twòp bagay ki gen rapò ak relijyon anndan lòm; Bondye vini pandan dènye jou yo pou Li elimine tout konsepsyon relijye ak bagay sinatirèl ki anndan lòm yo, pou Li fè lòm konnen aspè pratik Bondye a, epi pou Li retire imaj yon dye imajinè ki pa reyalis, yon dye nou kapab di ki pa egziste ditou menm. E konsa, kounye a sèl bagay ki presye a se pou ou gen yon konesans sou aspè pratik la! Laverite pase tout bagay. Ki kantite verite ou posede jodi a? Èske tout sa ki montre siy ak mèvèy se Bondye? Move lespri yo kapab montre siy ak mèvèy tou; èske yo tout se Bondye? Nan kwayans li nan Bondye, sa lòm ap chèche, se laverite, epi sa l ap pouswiv, se lavi a, olye de siy ak mèvèy. Sa a ta dwe objektif tout moun ki kwè nan Bondye yo.

Anvan: Sila yo Ki Obeyi Bondye Avèk yon Kè ki Pwòp Se Sèten Bondye Pral Genyen yo

Apre: Se Sèlman lè Ou Pase Anba Doulè Zeprèv W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger