Se Sèlman Renmen Bondye Ki Se Kwè nan Bondye Toutbon

Jodi a, pandan n ap chèche renmen epi konnen Bondye, yon bò nou dwe andire soufrans ak rafinman, epi lòt bò a, nou dwe peye yon pri. Pa gen okenn leson ki pi pwofon pase leson renmen Bondye a, epi yo ka di leson moun aprann pandan tout vi yo nan lafwa se renmen Bondye. Sa vle di, si ou kwè nan Bondye, ou dwe renmen Li. Si ou sèlman kwè nan Bondye men ou pa renmen Li epi ou pa rive atenn konesans sou Bondye, epi ou pa janm renmen Bondye ak yon vrè lanmou ki soti nan fon kè ou, lè sa a kwayans ou nan Bondye a se anven; si, nan kwayans ou nan Bondye a, ou pa renmen Bondye, lè sa a w ap viv anven, epi tout lavi ou se lavi ki pi ba nan tout lavi yo. Si, pandan tout lavi ou, ou pa janm renmen ni satisfè Bondye, lè sa a ki sans sa genyen pou ou viv? Epi ki sans kwayans ou nan Bondye a genyen? Èske se pa yon gaspiyaj efò? Sa vle di, si moun dwe kwè nan Bondye epi renmen L, lè sa a yo dwe peye yon pri. Olye yo chèche aji yon sèten fason sou deyò, yo ta dwe chèche gen yon vrè klèvwayans nan fon kè yo. Si ou kapab chante epi danse avèk anpil enèji, men ou pa kapab mete laverite an pratik, èske yo ka di ou renmen Bondye? Renmen Bondye mande pou ou chèche entansyon Bondye yo nan tout bagay, epi pou ou fouye byen fon nan kè ou lè nenpòt bagay rive ou, pou ou eseye kapte entansyon Bondye yo epi wè sa yo ye nan zafè sa yo, kisa Bondye mande ou pou ou atenn, epi ki jan ou ta dwe montre konsiderasyon pou entansyon Li yo. Pa egzanp: Yon bagay rive ki mande pou ou soufri, nan moman sa a ou ta dwe konprann kisa entansyon Bondye a ye epi ki jan ou ta dwe montre konsiderasyon pou entansyon Li a. Ou pa dwe satisfè pwòp tèt ou: Toudabò renonse ak tèt ou. Pa gen anyen ki pi meprizab pase lachè. Ou dwe chèche satisfè Bondye, epi ou dwe akonpli devwa ou. Lè w gen panse sa yo, Bondye ap eklere ou espesyalman sou zafè sa a, epi kè ou ap jwenn rekonfò tou. Kit li gwo kit li piti, lè yon bagay rive ou, ou dwe toudabò renonse ak tèt ou epi konsidere lachè kòm bagay ki pi ba pase tout lòt bagay. Plis ou satisfè lachè, se plis l ap pran pye; si ou satisfè l fwa sa a, pwochen fwa l ap mande plis. Ofiramezi sa kontinye, ou vin renmen lachè pi plis toujou. Lachè toujou gen dezi ekstravagan; li toujou mande pou ou satisfè li epi pou ou fè li plezi anndan, kit se nan sa ou manje, nan sa ou mete, oswa lè ou fè kòlè, oswa lè ou dòlote feblès ou yo ak parès ou yo… Plis ou satisfè lachè, se plis dezi li yo ap grandi epi lachè ap vin lage kò l nan plis plezi, jiskaske sa rive nan yon pwen kote lachè ou gen konsepsyon ki pi pwofon toujou, li rebele kont Bondye, li leve tèt li wo, epi li vin gen dout sou travay Bondye a. Plis ou satisfè lachè, se plis feblès lachè a ap grandi; w ap toujou santi pa gen pèsonn ki montre konsiderasyon pou feblès ou yo, w ap toujou kwè Bondye ale twò lwen, epi w ap di, « Kijan Bondye ta ka sevè konsa? Poukisa Li p ap bay moun yo yon ti souf? » Lè moun yo satisfè lachè epi yo ba li twòp valè, yo detwi pwòp tèt yo. Si ou vrèman renmen Bondye epi ou pa satisfè lachè, lè sa a w ap wè tout sa Bondye fè tèlman kòrèk e tèlman bon, epi Li gen rezon madichonnen rebelyon ou epi jije enjistis ou. Ap gen moman kote Bondye korije epi disipline ou epi Li kreye yon anviwònman pou fòje ou, pou fòse ou vin devan Li—epi w ap toujou santi sa Bondye ap fè a mèveye. Konsa, w ap santi kòmsi pa gen anpil doulè, epi Bondye tèlman bèl. Si ou dòlote feblès lachè a epi ou di Bondye ale twò lwen, lè sa a w ap santi ou toujou nan doulè epi ou toujou nan lapenn, epi w ap santi tout travay Bondye a pa klè pou ou, kòmsi Bondye pa gen konpasyon pou feblès moun ditou epi Li pa konnen difikilte moun. E konsa w ap toujou santi ou mizerab epi ou poukò ou, kòmsi ou te sibi yon gwo enjistis, epi nan moman sa a w ap kòmanse plenyen. Plis ou dòlote feblès lachè a konsa, se plis w ap santi Bondye ale twò lwen, jiskaske sa vin tèlman grav ke ou nye travay Bondye a, ou kòmanse opoze ak Bondye, epi ou vin plen ak rebelyon. Konsa, ou dwe rebele kont lachè, epi pa dòlote l: « Mari (madanm) mwen, pitit mwen yo, avni mwen, maryaj mwen, fanmi mwen—okenn nan yo pa enpòtan! Nan kè mwen, se Bondye sèlman ki genyen, epi mwen dwe fè tout sa mwen kapab pou mwen satisfè Bondye epi pa satisfè lachè. » Ou dwe gen detèminasyon sa a. Si ou toujou gen kalite detèminasyon sa a, chak fwa ou mete laverite an pratik epi ou renonse ak pwòp tèt ou, w ap kapab fè sa avèk sèlman yon ti efò. Yo di yon lè te gen yon kiltivatè ki te wè yon sèpan ki te rèd frèt sou wout la. Kiltivatè a te ranmase l epi li te kenbe l sou pwatrin li, epi apre sèpan an te reprann fòs, li te mòde kiltivatè a jouk li touye l. Lachè lòm tankou sèpan an: Sibstans li se pou l nwi lavi lòm. Lè lachè ou jwenn tout sa l vle nèt, ou pèdi lavi ou. Lachè se pou Satan. Toujou gen dezi ekstravagan anndan l; li toujou ap panse ak pwòp tèt li, epi li toujou anvi jwenn konfò epi li vle lage kò l nan lavi fasil, san l pa bay tèt li pwoblèm oswa san l pa santi okenn ijans, ap lage kò l nan parès. Si ou satisfè l rive nan yon sèten nivo, alafen l ap devore ou. Sa vle di, si ou satisfè l fwa sa a, l ap mande ou pou satisfè l ankò pwochen fwa a. Li toujou gen dezi ekstravagan ak nouvo egzijans, epi l pwofite lefèt ke ou dòlote lachè a pou l fè ou ba l plis valè toujou epi viv nan konfò li yo—epi si ou pa janm ka venk li, alafen w ap detwi pwòp tèt ou. Si w ap kapab genyen lavi devan Bondye oswa non, ansanm ak rezilta final w ap jwenn nan, depann de fason ou mete rebelyon kont lachè a an pratik. Bondye te sove ou epi Li te chwazi ou e Li te predestine ou, epoutan si jodi a ou pa vle satisfè Li, ou pa vle mete laverite an pratik, epi ou pa vle rebele kont pwòp lachè ou avèk yon vrè kè ki renmen Bondye, alafen w ap detwi tèt ou, epi konsa w ap andire yon soufrans ki ekstrèm. Si ou toujou dòlote lachè, ofiramezi Satan ap vale ou, l ap kite ou san lavi epi san Lespri a pa touche ou, jiskaske jou a rive kote anndan ou nan fènwa nèt. Lè w ap viv nan fènwa, Satan ap gentan fè ou prizonye, ou p ap gen Bondye nan kè ou ankò, epi nan moman sa a w ap nye egzistans Bondye epi w ap kite Li. Konsa, si moun yo swete renmen Bondye, yo dwe peye pri doulè a epi soufri. Yo pa bezwen gen zèl sou deyò epi andire soufrans sou deyò, tankou fè plis lekti epi kouri pasipala plis; olye de sa, yo ta dwe renonse ak bagay ki anndan yo: panse ekstravagan yo, enterè pèsonèl yo, ak pwòp plan, konsepsyon ak entansyon pa yo. Sa a se entansyon Bondye.

Fason Bondye taye dispozisyon moun yo sou deyò se yon pati nan travay Li tou; taye imanite anòmal moun yo jan li parèt sou deyò, pa egzanp, oswa fason y ap viv ak abitid yo, mès yo ak koutim yo, ansanm ak pratik yo sou deyò ak zèl yo. Men, lè Li mande pou moun mete laverite an pratik epi chanje dispozisyon yo, sa Li taye sitou se entansyon ak konsepsyon ki anndan yo. Taye sèlman dispozisyon ou sou deyò pa difisil; se tankou mande ou pou ou pa manje bagay ou renmen yo, e sa fasil. Sepandan, kanta konsepsyon ki anndan ou yo, li pa fasil pou ou renonse ak yo. Sa mande pou moun rebele kont lachè, peye yon pri, epi soufri devan Bondye. Se konsa sa ye sitou pou entansyon moun yo. Depi lè moun te kòmanse kwè nan Bondye, yo genyen anpil move entansyon anndan yo. Lè ou p ap mete laverite an pratik, ou santi tout entansyon ou yo kòrèk, men lè yon bagay rive ou, w ap wè gen anpil move entansyon anndan ou. Konsa, lè Bondye pèfeksyone moun, Li fè yo rann yo kont gen anpil konsepsyon anndan yo k ap anpeche yo konnen Bondye. Lè ou rekonèt entansyon ou yo pa bon, si ou kapab evite pratike selon konsepsyon ou yo ak entansyon ou yo, epi ou kapab rann temwayaj pou Bondye epi rete fèm nan pozisyon ou nan tout sa k rive ou, sa pwouve ou te rebele kont lachè. Lè ou rebele kont lachè, ap gen yon batay anndan ou san mank. Satan ap eseye fè ou swiv li, l ap eseye fè ou swiv konsepsyon lachè yo epi pwoteje enterè lachè yo—men pawòl Bondye yo ap eklere ou epi klere ou anndan, epi nan moman sa a sa depann de ou si w ap swiv Bondye oswa Satan. Lè Bondye mande moun pou yo mete laverite an pratik, se sitou pou taye bagay ki anndan yo, epi taye panse yo ak konsepsyon yo ki pa ann akò ak entansyon Bondye yo—Sentespri a touche yo nan kè yo epi Li eklere yo e Li klere yo. Konsa, dèyè chak bagay ki rive gen yon batay: Chak fwa moun mete laverite an pratik, oswa yo pratike renmen Bondye, gen yon gwo batay, epi menm si tout bagay sanble anfòm pou lachè yo, nan fon kè yo an reyalite, gen yon batay lavi ak lanmò k ap dewoule—epi se sèlman apre batay entans sa a, apre anpil refleksyon, yo ka konnen si se viktwa oswa defèt. Moun pa konnen si pou yo ri oswa si pou yo kriye. Paske anpil nan entansyon ki anndan moun yo pa bon, oubyen paske yon gwo pati nan travay Bondye a pa kadre ak konsepsyon yo, lè moun mete laverite an pratik, gen yon gwo batay k ap dewoule an kachèt. Lè yo fin mete laverite sa a an pratik, an kachèt, moun yo ap kriye kont kò yo ak lapenn anvan yo finalman pran desizyon pou yo satisfè Bondye. Se poutèt batay sa a moun andire soufrans ak rafinman; sa a se vrè soufrans lan. Lè batay la tonbe sou ou, si ou kapab vrèman kanpe bò kote Bondye, w ap kapab satisfè Bondye. Pandan yon moun ap pratike laverite, li oblije soufri anndan l; si, lè yo mete laverite an pratik, tout sa k anndan moun yo te kòrèk, lè sa a yo pa t ap bezwen pou Bondye pèfeksyone yo, epi pa t ap gen okenn batay, epi yo pa t ap soufri. Se paske gen anpil bagay anndan moun yo ki pa bon pou Bondye sèvi avèk yo, epi paske gen anpil dispozisyon rebèl nan lachè a, ki fè moun yo bezwen aprann leson rebele kont lachè a pi an pwofondè. Se sa Bondye rele soufrans Li te mande lòm pou l sibi ansanm avèk Li a. Lè ou rankontre difikilte, prese priye Bondye: «Bondye! Mwen swete satisfè Ou, mwen swete andire dènye soufrans lan pou mwen satisfè kè Ou, epi kèlkeswa gwosè revè mwen rankontre, mwen dwe satisfè Ou kanmenm. Menm si mwen oblije bay lavi mwen, mwen dwe satisfè Ou kanmenm!» Avèk detèminasyon sa a, lè ou priye konsa, w ap kapab rete fèm nan temwayaj ou. Chak fwa yo mete laverite an pratik, chak fwa yo pase anba rafinman, chak fwa yo pase anba eprèv, epi chak fwa travay Bondye a tonbe sou yo, moun yo dwe andire yon doulè ki ekstrèm. Tout bagay sa yo se yon tès pou moun yo, e konsa anndan yo tout gen yon batay. Sa a se pri reyèl yo peye a. Li plis pawòl Bondye epi kouri pasipala plis se yon kalite pri tou. Se sa moun yo dwe fè, se devwa yo, epi se responsablite yo ta dwe akonpli, men moun yo dwe renonse ak sa ki anndan yo ki bezwen renonse. Si ou pa fè sa, kèlkeswa grandè soufrans ou genyen sou deyò, kèlkeswa jan ou kouri pasipala, tout ap anven! Sa vle di, se sèl chanjman ki anndan ou yo ki ka detèmine si soufrans eksteryè ou a gen valè. Lè dispozisyon entèn ou chanje epi ou mete laverite an pratik, lè sa a tout soufrans eksteryè ou ap jwenn apwobasyon Bondye; si pa gen okenn chanjman nan dispozisyon entèn ou, lè sa a kèlkeswa kantite soufrans ou andire oswa kèlkeswa jan ou kouri pasipala sou deyò, p ap gen okenn apwobasyon nan men Bondye—epi yon soufrans Bondye pa konfime se anven. Konsa, si pri ou te peye a jwenn apwobasyon Bondye oswa si li pa jwenn li, sa depann de si te gen yon chanjman nan ou oswa si pa t genyen, epi de si ou mete laverite an pratik e ou rebele kont pwòp entansyon ou ak konsepsyon ou pou atenn satisfaksyon entansyon Bondye yo, konesans sou Bondye, ak lwayote anvè Bondye. Kèlkeswa jan ou kouri pasipala, si ou pa janm konnen kijan pou ou rebele kont pwòp entansyon ou, men ou sèlman pouswiv zèv sou deyò ak zèl sou deyò, epi ou pa janm bay lavi ou okenn atansyon, lè sa a soufrans ou a ap anven. Si, nan yon sèten anviwònman, ou gen yon bagay ou vle di, men anndan ou, ou santi li pa bon pou di l, ke sa pa edifye frè ak sè ou yo epi li kapab fè yo mal, lè sa a ou p ap di li, w ap prefere gen doulè anndan ou, paske pawòl sa yo pa kapab satisfè entansyon Bondye yo. Nan moman sa a, ap gen yon batay anndan ou, men w ap dispoze soufri doulè epi renonse ak sa ou renmen an. W ap dispoze andire soufrans sa a pou satisfè Bondye, epi menm si w ap soufri doulè anndan, ou p ap dòlote lachè, epi kè Bondye ap satisfè, e konsa w ap jwenn rekonfò anndan ou tou. Sa a se vrèman peye yon pri, epi se pri Bondye vle a. Si ou pratike konsa, se sèten Bondye ap beni ou; si ou pa kapab atenn sa, lè sa a kèlkeswa kantite bagay ou konprann, oswa jan ou ka pale byen, tout bagay ap anven! Si, sou wout pou renmen Bondye a, ou kapab kanpe bò kote Bondye lè Li fè batay ak Satan, epi ou pa tounen dèyè al jwenn Satan, lè sa a w ap atenn lanmou pou Bondye, epi w ap rete fèm nan temwayaj ou.

Sou deyò, chak etap travay Bondye fè sou moun sanble se zafè moun ak moun, kòmsi yo soti nan aranjman moun oswa nan twoub moun. Men dèyè chak etap travay, ak tout bagay ki rive, gen yon pari Satan fè devan Bondye, epi yo mande pou moun rete fèm nan temwayaj yo pou Bondye. Pran lè Jòb te pase anba eprèv la, pa egzanp: An kachèt, Satan t ap fè yon pari avèk Bondye, epi sa Jòb te fè fas ak li a se te aksyon ak twoub moun. Dèyè chak etap travay Bondye fè sou nou gen pari Satan fè ak Bondye a—dèyè l se yon batay. Pa egzanp, si ou gen prejije kont frè ak sè ou yo, w ap gen pawòl ou vle di—pawòl ou santi ki pa fè Bondye plezi—men si ou pa di yo, w ap santi ou pa alèz anndan ou, epi nan moman sa a, yon batay ap kòmanse anndan ou: «Èske mwen di yo oswa mwen pa di yo?» Sa a se batay la. Konsa, nan tout bagay ou rankontre gen yon batay. Lè gen yon batay anndan ou, Bondye travay sou ou atravè koperasyon reyèl ou ak soufrans reyèl ou a, epi alafen w ap kapab kite zafè a ale anndan ou, epi kòlè ou ap disparèt natirèlman. Sa a se rezilta koperasyon ou ak Bondye tou. Tout sa moun fè mande yon sèten kantite nan tout efò, enèji ak sakrifis yo. San soufrans reyèl, yo pa kapab satisfè Bondye; yo pa menm pre pou yo satisfè Bondye, epi yo sèlman ap repete eslogan ki vid! Èske eslogan vid sa yo kapab satisfè Bondye? Lè Bondye ak Satan ap fè batay nan mond espirityèl la, ki jan ou ta dwe satisfè Bondye, epi ki jan ou ta dwe rete fèm nan temwayaj ou pou Li? Ou ta dwe konnen tout bagay ki rive ou se yon gwo eprèv epi se moman kote Bondye bezwen ou pou ou rann temwayaj. Menm si yo ka sanble pa enpòtan sou deyò, lè bagay sa yo rive, yo montre si ou renmen Bondye oswa si ou pa renmen L. Si ou renmen L, w ap kapab rete fèm nan temwayaj ou pou Li, epi si ou pa pratike renmen Bondye, sa montre ou pa yon moun ki mete laverite an pratik, ou san laverite, epi ou san lavi, ou se pay! Nan tout bagay ki rive moun, Bondye bezwen yo rete fèm nan temwayaj yo pou Li. Menm si pa gen anyen ki gwo k ap rive ou nan moman sa a epi ou pa rann gwo temwayaj, tout detay nan lavi ou chak jou gen rapò ak temwayaj pou Bondye. Si ou kapab genyen admirasyon frè ak sè ou yo, manm fanmi ou yo, ak tout moun bò kote ou; si, yon jou, moun ki pa kwè yo vini, epi yo admire tout sa ou fè, epi yo wè tout sa Bondye fè mèveye, lè sa a sa ap tounen temwayaj ou. Menm si ou pa gen okenn klèvwayans epi kalib ou ba, grasa fason Bondye pèfeksyone ou, ou kapab satisfè Li epi montre konsiderasyon pou entansyon Li yo, sa k ap montre lòt moun ki gwo travay Li fè sou moun ki gen kalib ki pi ba yo. Lè moun yo rive konnen Bondye epi yo vin venkè devan Satan, epi lwayote yo anvè Bondye atenn yon sèten nivo, lè sa a pa gen pèsonn ki gen plis fòs karaktè pase gwoup moun sa yo, epi sa a se pi gwo temwayaj la. Menm si ou pa kapab fè gwo travay, ou kapab satisfè Bondye. Lòt moun pa kapab renonse ak konsepsyon yo, men ou menm ou kapab; lòt moun pa kapab rann temwayaj pou Bondye pandan eksperyans reyèl yo, men ou kapab itilize nivo espirityèl reyèl ou ak aksyon ou pou rekonpanse Bondye pou lanmou Li epi rann yon temwayaj ki gen anpil fòs pou Li. Se sèlman sa ki konte kòm renmen Bondye vrèman. Si ou pa kapab fè sa, lè sa a ou pa rann temwayaj pami manm fanmi ou, pami frè ak sè ou yo, oswa devan moun nan mond lan. Si ou pa kapab rann temwayaj devan Satan, Satan ap pase ou nan rizib, l ap trete ou tankou yon blag, tankou yon jwèt, epi souvan l ap fè ou pase pou moun fou epi mete lespri ou nan konfizyon. Alavni, gwo eprèv ka tonbe sou ou—men jodi a, si ou renmen Bondye avèk yon vrè kè, epi si, kèlkeswa grandè eprèv k ap vini yo, kèlkeswa sa k rive ou, ou kapab rete fèm nan temwayaj ou epi ou kapab satisfè Bondye, lè sa a kè ou ap jwenn rekonfò, epi ou p ap pè kèlkeswa grandè eprèv ou rankontre alavni. Nou pa kapab wè sa k ap rive alavni; nou kapab sèlman satisfè Bondye nan sikonstans jodi a. Nou pa kapab fè okenn gwo travay—nou ta dwe konsantre sou satisfè Bondye lè nou fè eksperyans pawòl Li yo nan lavi reyèl la, epi nou ta dwe rann temwayaj ki djanm e ki gen anpil fòs pou nou fè Satan wont. Menm si lachè ou p ap jwenn satisfaksyon epi l ap soufri, w ap satisfè Bondye epi w ap fè Satan wont. Si ou toujou pratike konsa, Bondye ap louvri yon chemen devan ou. Lè, yon jou, yon gwo eprèv rive, lòt moun ap tonbe, men ou menm w ap toujou kapab rete fèm: Poutèt pri ou te peye a, Bondye ap pwoteje ou pou ou ka rete fèm epi pou ou pa tonbe. Si, nan lavi chak jou, ou kapab mete laverite an pratik epi satisfè Bondye avèk yon vrè kè ki renmen Bondye, lè sa a se sèten Bondye ap pwoteje ou pandan eprèv alavni yo. Menm si ou sòt epi nivo espirityèl ou ba epi kalib ou ba, Bondye p ap fè patipri kont ou. Sa depann de si entansyon ou yo kòrèk. Sipoze jodi a, ou kapab satisfè Bondye—ou egzijan menm nan ti detay yo, epi ou satisfè Bondye nan tout bagay—ou gen yon vrè kè ki renmen Bondye, ou bay Bondye vrè kè ou, epi menm si gen kèk bagay ou pa kapab wè klè, ou kapab vin devan Bondye pou rektifye entansyon ou yo epi chèche entansyon Bondye yo, epi ou fè tout bagay pou satisfè Bondye. Epi menm si frè ak sè ou yo ta ka rejte ou, kè ou ap satisfè Bondye, epi ou p ap konvwate plezi lachè yo. Si ou toujou pratike konsa, w ap jwenn pwoteksyon lè gwo eprèv tonbe sou ou.

Ki eta anndan moun eprèv yo vize? Yo vize dispozisyon rebèl ki anndan moun yo k ap anpeche yo satisfè Bondye. Gen anpil enpite anndan moun yo, ansanm ak anpil bagay ki ipokrit, e konsa Bondye fè moun yo pase anba eprèv pou Li kapab pirifye yo. Men si, jodi a, ou kapab satisfè Bondye, lè sa a eprèv alavni yo ap sèvi kòm pèfeksyon pou ou. Si, jodi a, ou pa kapab satisfè Bondye, lè sa a eprèv alavni yo ap tante ou, epi san ou pa rann ou kont w ap tonbe, epi nan moman sa a ou p ap kapab fè anyen pou ede pwòp sitiyasyon ou, paske ou p ap kapab swiv travay Bondye a epi ou p ap posede yon vrè nivo espirityèl. E konsa, si ou swete kapab rete fèm alavni, pou ou satisfè Bondye pi byen, epi pou ou swiv Li jis nan fen nèt, jodi a ou dwe bati yon fondasyon ki solid. Ou dwe satisfè Bondye lè ou mete laverite an pratik nan tout bagay epi montre konsiderasyon pou entansyon Li yo. Si ou toujou pratike konsa, ap gen yon fondasyon anndan ou, epi Bondye ap enspire anndan ou yon kè ki renmen Li, epi L ap ba ou lafwa. Yon jou, lè yon eprèv tonbe sou ou toutbon, ou gendwa byen soufri kèk doulè epi ou santi ou aflije rive nan yon sèten nivo, epi ou sibi gwo lapenn k ap kraze ou, kòmsi ou te mouri—men kè ou ki renmen Bondye a p ap chanje, epi l ap vin pi pwofon toujou. Sa yo se benediksyon Bondye yo. Si ou kapab aksepte tout sa Bondye di epi Li fè jodi a avèk yon kè ki soumèt, lè sa a se sèten Bondye ap beni ou, e konsa w ap vin yon moun ki eritye benediksyon ak pwomès Li yo. Si, jodi a, ou pa pratike, yon jou lè eprèv yo tonbe sou ou, w ap rete san lafwa oswa san yon kè ki gen lanmou, epi nan moman sa a eprèv la ap tounen tantasyon; w ap plonje nan mitan tantasyon Satan epi ou p ap gen okenn mwayen pou ou chape. Jodi a, ou gendwa kapab rete fèm lè ou fè fas ak yon ti eprèv, men se pa fòseman w ap kapab rete fèm lè yon jou ou fè fas ak yon gwo eprèv. Gen moun ki trè satisfè ak tèt yo epi yo panse yo rive nan pi wo nivo yo kapab la. Si ou pa ale pi an pwofondè nan moman sa yo, epi ou rete satisfè ak pwòp tèt ou, lè sa a w ap an danje. Jodi a, piske Bondye p ap fè travay ki gen pi gwo eprèv yo, ou sanble ou anfòm nan tout domèn, men lè Bondye pase ou anba eprèv, w ap dekouvri ou manke anpil bagay, paske nivo espirityèl ou twò ba epi ou pa kapab andire gwo eprèv. Si ou rete jan ou ye a epi ou kontan rete kote ou ye a, san ou pa avanse, lè sa a, lè eprèv yo vini, w ap tonbe. Nou ta dwe souvan gade jan nivo espirityèl nou ba; se sèlman konsa n ap fè pwogrè. Si se sèlman pandan eprèv yo ou wè nivo espirityèl ou sitèlman ba, volonte ou tèlman fèb, pa gen ase reyalite anndan ou, epi ou pa kapab reponn a entansyon Bondye yo—si se sèlman lè sa a ou reyalize bagay sa yo, l ap twò ta.

Si ou pa konnen dispozisyon Bondye, lè sa a w ap tonbe san mank pandan eprèv yo, paske ou pa konnen kijan Bondye pèfeksyone moun, pa ki mwayen Li pèfeksyone yo, epi lè eprèv Bondye yo tonbe sou ou epi yo pa kadre ak konsepsyon ou yo, ou p ap kapab rete fèm. Vrè lanmou Bondye se tout dispozisyon Li nèt, epi lè Bondye fè tout dispozisyon Li nèt parèt aklè pou moun, kisa sa pote pou lachè yo? Lè Bondye fè dispozisyon dwat Li a parèt aklè pou moun, lachè yo ap andire anpil doulè san mank. Si ou pa andire doulè sa a, lè sa a Bondye p ap kapab pèfeksyone ou, ni ou p ap kapab devwe yon vrè lanmou pou Bondye. Si Bondye pèfeksyone ou, Li dwe fè tout dispozisyon Li nèt parèt aklè pou ou. Depi nan epòk kreyasyon an jouk jodi a, Bondye pa janm fè tout dispozisyon Li nèt parèt aklè pou lòm—men pandan dènye jou yo Li fè l parèt aklè pou gwoup moun sa a Li te predestine epi chwazi a, epi lè Li pèfeksyone moun, Li fè dispozisyon Li parèt aklè, e atravè sa Li rann yon gwoup moun konplè. Sa a se vrè lanmou Bondye pou moun. Pou moun fè eksperyans vrè lanmou Bondye, sa mande pou yo andire yon doulè ki ekstrèm, epi peye yon gwo pri. Se lè sa a sèlman Bondye kapab genyen moun yo alafen, e finalman y ap kapab bay Bondye vrè lanmou yo a an retou, epi se lè sa a sèlman kè Bondye ap satisfè. Si moun yo swete pou Bondye pèfeksyone yo, epi si yo swete swiv volonte Li, e ofri Bondye vrè lanmou yo a nèt, lè sa a yo dwe fè eksperyans anpil doulè ansanm ak anpil touman nan anviwònman yo, epi konsa yo dwe pase anba gwo soufrans ki tankou lè yon moun rive sou arebò lanmò, sa ki finalman fòse yo bay Bondye vrè kè yo an retou. Si yon moun renmen Bondye toutbon oswa si li pa renmen L, sa revele pandan soufrans ak rafinman. Se sèlman atravè soufrans ak rafinman tou Bondye pirifye lanmou moun yo.

Anvan: Se Sèlman lè Ou Pase Anba Doulè Zeprèv W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Apre: Yon Ti Pale Sou “Wayòm Milene A Rive”

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger