Kris Fè Travay Jijman Ak Laverite a

Travay dènye jou yo se travay pou klase tout moun selon kategori pa yo, epi se travay pou fini plan jesyon Bondye a, paske moman an pre epi jou Bondye a rive. Tout moun ki antre nan wayòm Li an — tout moun ki lwayal anvè Li jiska lafen — Bondye mennen yo nan epòk Bondye Li menm nan. Poutan, anvan epòk Bondye Li menm nan rive, travay Bondye a se pa pou enspekte zèv lòm, oswa pou poze kesyon sou lavi lòm, men se pou jije rebelyon lòm, paske Bondye ap pirifye tout moun ki vin devan twòn Li an. Tout moun ki swiv tras pye Bondye jouk jodi a, se moun ki vin devan twòn Bondye a, epi kòm se konsa l ye, chak grenn moun ki aksepte dènye travay Bondye a se objè pirifikasyon Bondye. Nan lòt mo, tout moun ki aksepte dènye travay Bondye a se objè jijman Bondye.

Lè yo te konn pale nan epòk pase yo de jijman ki kòmanse nan kay Bondye a, «jijman» nan pawòl sa yo fè referans ak jijman Bondye ap reyalize jodi a sou moun ki vin devan twòn Li an nan dènye jou yo. Petèt, gen moun ki kwè lè dènye jou yo rive, Bondye pral drese yon gwo tab nan syèl yo, ak yon nap blan blayi sou li, epi answit, pandan Li chita sou yon gwo twòn ak tout moun ajenou atè a, Li pral ekspoze peche chak moun e se konsa l ap detèmine si moun sa a dwe monte nan syèl la oswa si l dwe desann nan letan dife ak souf la, pami lòt imajinasyon sinatirèl sa yo. Kèlkeswa sa lòm imajine, sa pa kapab modifye esans travay Bondye a. Imajinasyon lòm yo se senpleman konstriksyon panse lòm; yo soti nan sèvo lòm, yo se yon rezime e yo fòme apati sa lòm wè ak sa li tande. Se poutèt sa Mwen di, kèlkeswa jan imajinasyon lòm yo mèveye, yo se sèlman desen anime, epi yo pa kapab ranplase plan travay Bondye a. Alafen, tout moun te kòwonpi pa Satan, donk ki jan yo ta kapab sonde panse Bondye yo? Moun yo pran travay jijman Bondye a epi yo imajine l kòm yon bagay ki vrèman etranj. Yo tout kwè kòm se Bondye Li menm ki ap fè travay jijman an, ebyen, travay sa a dwe fèt nan yon echèl ki ekstrèmman gran, li dwe enkonpreyansib pou moun nan monn nan, epi li dwe fè eko nan tout syèl yo ak souke tè a; si se pa sa, ki jan sa ta kapab travay jijman Bondye a? Moun yo kwè, kòm sa se travay jijman an, ebyenBondye dwe vrèman enpozan epi Li dwe gen yon konpòtman ki vrèman gran pandan Li ap travay, epi moun yo ap jije yo dwe ap kriye byen fò ak dlo nan je epi yo dwe sou jenou yo ap sipliye pou yo jwenn padon. Se sèten sèn sa yo t ap espektakilè, epi yo t ap asireman bay anpil emosyon.... Tout moun imajine travay jijman Bondye a tankou yon bagay ki mirakile. Sepandan, èske ou konnen, pandan moman Bondye te gentan kòmanse travay jijman Li an nan mitan moun yo depi lontan, ou toujou ap dòmi pwofondman nan nich konfòtab ou a? Lè ou panse travay jijman Bondye a fèk kòmanse ofisyèlman, èske ou konnen se lè sa a Bondye ap deja renouvle syèl la ak tè a? Nan pwen sa a, petèt, ou ap fèk rive konprann siyifikasyon lavi a, men travay pinisyon Bondye a ki san pitye pral mennen ou nan lanfè, pandan ou nan fon somèy toujou. Se nan moman sa a, ou pral pran konsyans toudenkou, epi ou ap konprann travay jijman Bondye a gentan fini depi lontan.

Ann pa gaspiye tan presye nou an, epi ann pa pale de sijè degoutan, repiyan sa yo ankò. Okontrè, ann pale sou sa jijman an ye. Lè yo mansyone mo «jijman» an, ou ap panse ak pawòl Jewova te pale pou Li bay moun tout kote yo enstriksyon klè, epi ou ap panse ak pawòl Jezi te pale pou Li reprimande Farizyen yo. Malgre pawòl sa yo te trè sevè, yo pa t jijman Bondye sou lòm; yo te sèlman pawòl Bondye te pale nan sikonstans ki diferan, sa vle di, nan kontèks ki diferan. Pawòl sa yo pa menm ak pawòl Kris dènye jou yo te pale pou Li jije lòm nan. Se avèk yon varyete verite Kris dènye jou yo anseye lòm, Li ekspoze sibstans lòm, epi Li analize an detay pawòl ak zèv lòm. Pawòl sa yo tout genyen divès verite, tankou devwa lòm, ki jan lòm dwe soumèt devan Bondye, ki jan lòm dwe lwayal anvè Bondye, ki jan lòm dwe viv yon limanite nòmal, ansanm ak sajès Bondye ak dispozisyon Bondye. Tout pawòl sa yo vize sibstans lòm epi yo vize dispozisyon kòwonpi lòm yo. An patikilye, pawòl ki ekspoze fason lòm abandone Bondye yo, yo vize pi dirèkteman toujou lefètke lòm, nan esans li, se reprezantasyon Satan, epi yo vize lefètke lòm, nan esans li, se yon fòs ostil kont Bondye. Bondye pa akonpli travay jijman Li an lè Li annik rezime tout sa Li gen pou Li di sou nati lòm nan kèk mo sèlman; okontrè, Li ekspoze ak netwaye lòm sou yon peryòd. Tout metòd diferan sa yo pou ekspoze ak netwaye lòm, pa kapab ranplase pa pawòl òdinè; okontrè, se grasa laverite, lòm pa posede ditou a, Li reyalize travay ekspoze ak netwaye lòm sa a. Se sèlman metòd tankou sa yo yo kapab rele jijman; se sèlman kalite jijman sa a ki kapab fè lòm pliye epi soumèt nèt, ki kapab fè lòm totalman konvenki de Bondye, e anplis, ki kapab pèmèt li genyen vrè konesans sou Bondye. Sa travay jijman an pote se konesans lòm sou vrè vizaj Bondye; sa li pote se konpreyansyon lòm sou verite a konsènan pwòp rebelyon li. Travay jijman an pèmèt lòm vin gen yon konpreyansyon ki pi klè sou entansyon Bondye yo, anpil klète sou objektif travay Bondye a, ak anpil konpreyansyon sou mistè li pa kapab konprann poukont li yo. Travay pèmèt lòm vin konnen epi pran konsyans de esans kòwonpi li ak rasin koripsyon li tou, epi li pèmèt lòm dekouvi vizaj lèd li a. Tout rezilta travay sa yo, se travay jijman an ki reyalize yo, paske, an reyalite, esans travay jijman an se travay kote Bondye mete laverite Li, chemen Li, ak lavi Li devan tout moun ki kwè nan Li. Travay sa a se travay jijman Bondye akonpli a. Si ou pa konsidere verite sa yo kòm bagay enpòtan, si ou toujou ap eseye evite verite sa yo, epi ou toujou ap eseye chèche yon nouvo wout deyò verite sa yo, lè sa a Mwen di ou se yon pechè ki mechan anpil. Si ou kwè nan Bondye, poutan ou pa chèche laverite oswa chèche entansyon Bondye yo, ni ou pa renmen chemen ki mennen ou pi pre Bondye a, lè sa a Mwen di ou se yon moun ki ap eseye chape anba jijman, epi ou se yon maryonèt ak yon trèt k ap kouri pou l chape anba gwo twòn blan an. Bondye p ap epaye okenn nan rebèl ki chape anba je Li yo. Moun konsa pral sibi yon pinisyon ki pi sevè toujou. Moun ki vin devan Bondye pou resevwa jijman Li, e anplis ki te pirifye yo, pral viv pou toutan nan wayòm Bondye a. Natirèlman, sa se yon bagay ki konsène lavni.

Travay jijman an se pwòp travay Bondye, donk natirèlman, li dwe akonpli pa Bondye Li menm; lòm pa kapab fè l nan plas Li. Paske jijman an se itilizasyon laverite pou konkeri limanite, pa gen okenn dout pou Bondye toujou parèt nan mitan moun yo nan imaj enkane a pou Li akonpli travay sa a. Sa vle di, Kris dènye jou yo pral sèvi ak laverite pou Li anseye moun tout kote, epi Li pral deklare tout laverite a aklè bay moun tout kote. Sa a se travay jijman Bondye a. Anpil moun santi yo vrèman pa alèz konsènan dezyèm enkanasyon Bondye a, paske yo tout twouve li difisil pou yo kwè Bondye ta vin nan lachè pou Li akonpli travay jijman an. Sepandan, Mwen dwe di ou travay Bondye a souvan ale pi lwen lontan pase sa lòm atann, epi li difisil pou sèvo imen an aksepte l. Paske moun yo se senpleman vè k ap trennen sou tè a, pandan Bondye se Sila a ki siprèm nan, ki ranpli linivè a; sèvo lòm tankou yon twou dlo sal, epi li pwodui sèlman vè, tandiske chak etap nan travay panse Bondye yo dirije se kristalizasyon sajès Bondye. Lòm toujou ap eseye antre nan konfwontasyon ak Bondye, pou sa, Mwen di li totalman evidan kiyès k ap pèdi alafen. M ap egzòte nou chak pou nou pa konsidere tèt nou kòmsi nou gen plis valè pase lò. Kòm lòt moun kapab aksepte jijman Bondye a, poukisa ou pa kapab? Nan ki pwen ou panse nivo w pi wo pase lòt moun yo? Kòm lòt moun kapab bese tèt yo devan laverite, poukisa ou pa kapab fè sa tou? Travay Bondye a pa gen anyen ki ka kanpe li. Li p ap repete travay jijman an poutèt «kontribisyon» ou te bay la, epi ou ap santi gwo remò k ap dechire kè ou dèske ou te kite yon bon opòtinite konsa pase. Si ou pa kwè pawòl Mwen yo, enben, annik tann jou gwo twòn blan ki nan syèl la ap «jije» ou a! Ou dwe konnen tout Izrayelit yo te abandone Jezi, epi yo tout te nye Jezi, poutan reyalite Jezi te rachte limanite a te kontinye gaye nan tout linivè a ak jis nan pwent tè a. Èske sa se pa yon reyalite Bondye te akonpli depi lontan? Si ou ap tann toujou pou Jezi vin prann ou mennen ou nan syèl la, lè sa a Mwen di ou se yon vye moso bwa mouri ki gen tèt di. Jezi p ap rekonèt yon fo kwayan tankou ou, ki pa lwayal anvè laverite epi ki ap chèche benediksyon sèlman. Okontrè, san okenn pitye, Li pral jete ou nan letan dife a pou ou boule pandan plizyè dizèn milye ane.

Sa jijman an ye, sa laverite ye — èske ou konprann toude bagay sa yo kounye a? Si ou konprann, lè sa a Mwen konseye ou soumèt ou devan jijman an avèk obeyisans. Sinon, ou p ap janm gen opòtinite pou Bondye apwouve ou, ni pou Li mennen ou nan wayòm Li an. Moun ki aksepte jijman sèlman men ki p ap janm kapab pirifye yo, sa vle di, moun ki kouri pou yo chape anba travay jijman an, Bondye ap rejte yo ak mepri pou toutan. Peche yo pi grav, epi yo pi plis pase peche Farizyen yo, paske yo trayi Bondye epi yo rebele kont Bondye. Moun sa yo ki pa menm diy pou yo rann sèvis pral resevwa yon pinisyon ki pi sevè, e anplis, yon pinisyon ki etènèl. Bondye p ap fè okenn gras okenn trèt ki te konn di li lwayal anvè Li, men ki trayi Li annapre. Moun konsa pral sibi vanjans atravè pinisyon pou lespri, nanm, ansanm ak kò yo ansanm. Èske sa se pa egzakteman yon revelasyon konsènan dispozisyon dwat Bondye a? Èske sa se pa egzakteman objektif Bondye lè Li ap jije lòm epi lè Li ap revele lòm? Moun ki fè anpil move zèv pandan peryòd jijman an, Bondye lage yo nan yon kote gwoup move lespri yo ap viv, epi Li kite move lespri sa yo detwi chè yo jan yo vle, epi chè moun sa yo ap degaje move sant kadav. Sa a se chatiman yo byen merite a. Divès peche fo kwayan ki pa lwayal yo, fo apot yo ak fo travayè sa yo, Bondye ekri yo youn pa youn nan rejis yo, epi lè moman an rive, Li lage yo nan mitan lespri enpi yo, Li kite lespri enpi sa yo pwofane tout kò yo jan yo vle, Li fè l yon fason pou yo pa janm kapab reyenkane, epi Li fè l yon fason pou yo pa janm kapab wè limyè a ankò. Moun ipokrit sa yo ki rann sèvis pou yon ti tan men ki pa rete lwayal jiska lafen yo, Bondye mete yo nan lis pamimoun mechan yo, Li pèmèt yo woule nan labou avèk moun mechan yo pou yo fòme yon foul malfektè melanje ansanm, epi alafen, Bondye pral detwi yo nèt. Moun ki pa t janm lwayal anvè Kris yo oswa ki pa janm kontribye okenn nan fòs yo, Bondye mete yo sou kote epi Li pa janm ba yo okenn atansyon, epi lè epòk la chanje, Li pral detwi yo tout nèt, dekwa pou yo pa egziste sou tè a ankò, alewè pou yo ta jwenn mwayen antre nan wayòm Bondye a. Moun ki pa janm sensè anvè Li, men okontrè, ki annik aji avèk Li yon fason sipèfisyèl paske yo pa t gen lòt chwa, Bondye mete yo pami moun ki rann pèp Li a sèvis. Se sèlman yon ti kantite nan moun sa yo k ap siviv, pandan majorite a pral detwi ansanm avèk moun ki pa t menm rive fè travay la nan nivo yo mande a. Alafen, tout moun ki gen menm kè ak menm lespri ak Bondye, pèp Bondye a ak pitit gason Bondye yo, ak moun Bondye predestine pou vin prèt yo — Bondye pral mennen yo nan wayòm Li an. Tout moun sa yo se kristalizasyon ki soti nan travay Bondye a. Kanta pou moun ki pa kapab klase nan okenn nan kategori Bondye te detèmine yo, yo tout ap tonbe nan lis moun ki pa kwaya yo, epi san mank nou kapab imajine ki sò k ap tann yo. Mwen gentan di nou tout sa Mwen te dwe di nou; chemen nou chwazi a se chwa pa nou sèlman. Men sa nou dwe konprann: Travay Bondye a pa janm rete tann okenn moun ki pa kapab swiv menm pa ak Li, epi dispozisyon dwat Bondye a pa gen okenn pitye pou okenn moun.

Anvan: Ou Dwe Chache Chemen Ki Konpatib ak Kris la

Apre: Se Sèlman Kris Dènye Jou yo Ki Kapab Bay Lòm Chemen Lavi Etènèl la

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger