Moun ki pa aprann epi ki rete inyoran-èske yo pa bèt?

Pandan w ap mache sou chemen an jodi a, ki pi bon bagay w ap chèche? Nan rechèch w ap fè a, ki jan ou ta dwe wè tèt ou? Se ou menm ki pou konnen ki jan ou ta dwe abòde tout sa ou rankontre jodi a, kit se eprèv, difikilte, kalamite oswa chatiman san pitye. Lè ou an fas tout bagay sa yo, ou ta dwe egzamine chak nan yo avèk anpil atansyon. Poukisa Mwen di sa? Mwen di li paske bagay sa yo ou rankontre jodi a se, apre tout bagay, eprèv ki pa dire lontan, ki toujou rive; petèt pou sa ki konsène ou, yo pa patikilyèman estresan, konsa ou kite bagay yo fè chemen yo natirèlman, epi pa konsidere yo kòm yon avantaj enpòtan nan rechèch pwogrè a. Ala ou pa reflechi! Sa rive nan pwen kote ou panse avantaj enpòtan sa a se yon nwaj k ap flote devan je ou, epi ou pa valorize kou di sa yo ki tonbe kou grenn lapli san rete-kou ki rapid epi ki pa sanble fè w mal-ou pito pa ba yo enpòtans, ou pa pran yo a kè, epi ou trete yo senpleman tankou bagay ki frape nan yon mi an brik. Ou tèlman awogan! Fas a atak fewòs sa yo, atak ki sanble ak tanpèt, ki vini detanzantan, ou montre sèlman yon mepri lejè; pafwa ou menm ale pi lwen pou bay yon souri frèt, montre yon ekspresyon endiferans total-paske ou pa janm mande tèt ou yon fwa poukisa ou kontinye viktim « malè » sa yo. Èske se ta paske Mwen trè enjis anvè moun? Èske Mwen bay tèt Mwen travay pou chèche fot lakay ou? Menmsi pwoblèm ki genyen nan fason ou panse yo petèt pa grav jan Mwen dekri yo a, aparans kalm ou gen deyò a gentan trase yon pòtrè pafè sou mond enteryè ou depi lontan. Mwen pa bezwen di ou sèl bagay ki kache nan kè ou se mo derezonab ak tras tristès ki apèn vizib pou lòt moun. Piske ou panse sibi eprèv se yon bagay ki enjis anpil, ou bay madichon, epi piske eprèv sa yo fè ou santi mond lan ap depafini, ou chaje ak tristès. Ou pa konsidere kou repete ak zak disiplin sa yo kòm pi bon pwoteksyon an; ou wè yo kòm pwoblèm san sans Syèl la kreye, oswa kòm revanj apwopriye sou ou. Ala ou inyoran! Ou fèmen bon moman yo nan fènwa san okenn pitye; ou konsidere bèl egzanp eprèv ak disiplin youn apre lòt yo kòm atak lènmi ou yo. Ou pa konnen kijan pou adapte w ak anviwònman ou, epi ou menm pa twò vle eseye fè sa, paske ou pa vle tire okenn leson nan chatiman repete, kriyèl, ki frape w la. Ou pa ni eseye chèche ni konprann, epi ou senpleman aksepte sa ki rive w la, epi, ale nenpòt kote li mennen ou. Sa ki sanble aksyon chatiman sovaj pou ou yo pa chanje kè ou, ni yo pa pran kontwòl kè ou; okontrè, yo pèse ou nan kè. Ou konsidere «chatiman kriyèl» sa a sèlman kòm lènmi ou nan lavi sa a, se poutèt sa ou pa jwenn anyen. Ou tèlman konsidere w kòm yon moun ki jis! Ou pa souvan kwè ke ou soufri eprèv sa yo paske ou twò meprizab; olye de sa, ou konsidere tèt ou kòm yon moun ki gen malchans, ou di anplis ke mwen toujou jwenn fot nan ou menm. Epi kounye a bagay yo rive nan pwen sa a, ki sa ou konnen vrèman de sa mwen di ak sa mwen fè? Pa panse ou se yon jeni ki fèt natirèlman, ki sèlman yon ti kras pi ba pase syèl la, men enfiniman pi wo pase tè a. Ou pa pi entelijan pase okenn lòt moun-epi, moun ta ka menm di ou senpleman adorab jan ou pi sòt pase nenpòt moun ki gen bon sans sou latè, paske ou bay tèt ou twòp enpòtans, epi ou pa janm gen okenn konplèks enferyorite, kòm si ou ka wè aksyon mwen byen klè avèk detay ki pi piti a. An reyalite, ou se tou senpleman yon moun ki pa gen bon sans, paske ou pa gen okenn lide de sa mwen gen entansyon fè, epi ankò mwens de sa m ap fè kounye a. Epi konsa, mwen di ou pa menm egal a yon vye kiltivatè, ki pa konnen anyen de lavi men li mete tout konfyans li nan benediksyon syèl la pandan l ap kiltive tè a. Ou tèlman pa sousye de lavi w, ou pa konnen anyen ki gen repitasyon, e ankò mwens gen konsyans de tèt ou. Ou vrèman “fòmidab”! Se vre wi, Mwen enkyete pou nou, jenn gason grandizè ki renmen fè bèl ak jèn fi delika yo: Ki jan nou pral kapab reziste lè kout tanpèt yo vin pi vyolan? Gason chik sa yo pa enterese ditou nan sitiyasyon kote yo twouve yo a. Pou yo, sa sanble yon bagay ki pa enpòtan, epi se sa k fè yo pa panse anyen, ni yo pa santi yo negatif, ni yo pa panse yo imilye. Okontrè, yo kontinye, menm jan yo te konn fè sa anvan, y ap mache nan lari, y ap vante fanatik yo. « Moun gwo renome sa yo », ki pa aprann anyen epi ki rete inyoran; yo pa gen yon ide poukisa Mwen ta di yo bagay sa yo; yo senpleman fè yon ti efò pou konnen tèt yo pandan figi yo montre jan yo kontrarye ekri tout sou figi yo, epi apre sa kontinye san yo pa chanje move fason yo; yon fwa yo kite Mwen, yo rekòmanse konpòte yo san kontwòl nan mond lan, avèk awogans epi twonpe moun ankò. Ala ekspresyon vizaj ou chanje vit. Se konsa, yon fwa ankò, w ap eseye twonpe Mwen nan fason sa a-ala ou gen odas! Jèn fi delika sa yo menm pi ridikil toujou. Lè yo tande yon seri pawòl ijan ki soti nan bouch Mwen yo, epi lè yo wè nan ki sitiyasyon yo ye, dlo koule nan je yo san yo pa vle sa, kò yo ap tòde annavan annaryè, epi sanble y ap fè yon sèn-ala bagay revòltan! Lè yo rann yo kont de yo, yo tonbe sou kabann yo epi yo kouche la, y ap kriye san rete, prèske kòm si se te dènye souf yo. Epi lè pawòl sa yo montre yo pwòp imatirite yo ak basès yo, yo vin tèlman akable akòz negativite, limyè a soti nan je yo epi yo pa ni plenyen kont Mwen ni rayi Mwen; yo vin konplètman imobil nan negativite yo epi menm jan an tou yo pa reyisi aprann epi yo rete inyoran. Apre yo fin kite m, yo amize yo epi yo jwe, kase gwo kout ri tankou “Klòch ann ajan Prensès la”. Se pa ti frajil yo frajil epi yo pa gen lanmou pou tèt yo! Nou tout, rejè pouri limanite yo-Ala nou manke imanite! Nou pa konnen renmen tèt ou ni pwoteje tèt nou, nou pa gen okenn sans de bagay sa yo, nou pa cheche vrè chemen an, nou pa renmen vrè limyè a, epi, sa ki pi rèd la, nou pa konnen pran swen tèt nou. Konsènan ansèyman Mwen te ba nou plizyè fwa yo, nou gen lontan depi yo tèlman pa gen enpòtans nan lespri nou, nou menm trete yo tankou jwèt pou distrè nou nan moman nou lib. Tout bagay sa yo nou toujou konsidere yo nan limyè pwòp «talisman» pèsonèl nou. Lè Satan akize ou, ou priye; lè ou negatif, ou tonbe nan yon somèy pwofon; lè kè ou kontan, ou kouri toupatou sovajman; lè Mwen reprimande ou, ou chèche fè Mwen plezi epi ou soumèt ou; epi kou w soti nan prezans Mwen, ou ri avèk yon plezi malveyan. Ou santi ou siperyè tout lòt moun, men ou pa janm wè tèt ou kòm moun ki pi awogan, epi ou sèlman grandizè, satisfè de tèt ou, ak awogan depase. Ki jan “jèn mesye”, “jèn demwazèl”, “gran mesye”, ak “gran madanm” sa yo, ki pa aprann epi ki rete inyoran, ta ka konsidere pawòl Mwen yo kòm yon trezò presye? Kidonk, Mwen mande nou ki sa nou te aprann nan pawòl Mwen yo ak travay Mwen pandan tout tan sa a. Èske ou jwenn pi gwo konpetans nan twonpe tèt ou? Oswa pi gwo sofistikasyon nan kò ou? Oswa pi gwo mank respè nan atitid ou anvè Mwen? Mwen di nou sa franchman: Se tout travay sa a Mwen te fè ki fè nou menm, ki te konn gen kouraj yon sourit, vin gen plis odas. Enkyetid nou santi anvè Mwen diminye chak jou ki pase, paske mwen gen twòp mizèrikòd, epi mwen pa janm enpoze sanksyon sou kò ou avèk vyolans. Petèt, jan ou wè li, mwen tou senpleman itilize mo ki sevè-men pi souvan Mwen montre ou yon vizaj souriyan, epi Mwen prèske pa janm reprimande nou nan figi nou. Anplis, Mwen toujou toleran anvè feblès ou, epi se antyèman akoz de sa jodi a, ou trete Mwen menm jan koulèv la te trete kiltivatè janti a. Se pa ti admire mwen admire konpetans ekstrèm ak pèspikasite kapasite obsèvasyon ras imen an! Kite M di ou yon verite: Jodi a li pa twò enpòtan si ou gen yon kè ki ranpli ak laperèz; Mwen pa estrese ni enkyete pou sa. Men, mwen dwe di ou sa tou: Ou menm, “moun a talan” sa a, ki pa aprann epi rete inyoran, finalman, ti entèlijans ou an, ou tèlman admire a, pral lakòz chit ou-ou pral soufri epi sibi chatiman. Mwen pa pral ase estipid pou akonpaye ou pandan ou kontinye soufri nan lanfè, paske Mwen pa menm jan ak ou. Pa bliye ou se yon kreyati Mwen te modi, epi ankò se Mwen ki te anseye epi sove ou, epi pa gen anyen nan ou Mwen ta regrèt pèdi. Kèlkeswa lè Mwen fè travay Mwen, pa janm gen yon moun, evènman, oswa yon bagay ki enfliyanse Mwen. Atitid Mwen ak pwennvi Mwen anvè limanite te toujou rete menm jan an. Mwen pa byen dispoze pou ou, paske ou se yon anèks nan jesyon mwen, epi ou pa pi espesyal pase okenn lòt moun. Sa a se konsèy Mwen ba ou: Ou dwe sonje, tout tan, ou pa plis pase yon kreyati! Menm si ou ka pataje egzistans ou avèk Mwen, ou ta dwe konnen pwòp idantite ou; pa kwè ou siperyè. Menm si Mwen pa reprimande ou, oswa korije ou, men salye ou avèk yon souri sou lèv Mwen, sa a pa ase pou pwouve ou menm jan avèk Mwen. Ou ta dwe konnen ou se yon moun k ap chèche verite a, men ou pa verite a! Ou dwe toujou pare pou chanje dapre pawòl Mwen. Ou pa ka chape anba sa. Mwen ankouraje w, pandan tan presye sa a, kote ou gen opòtinite ra sa a, pou eseye aprann yon bagay. Pa twonpe Mwen; Mwen pa bezwen ou sèvi avèk flatri pou eseye twonpe Mwen. Lè ou chèche Mwen, se pa antyèman pou Mwen li bon, men pito pou pwòp tèt ou!

Anvan: Esans ak Idantite Lòm

Apre: Travay Simaye Levanjil la se Travay pou Sove Lòm Li Ye Tou

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger