Kenbe Kòmandman yo epi Mete Verite a an Pratik

Nan pratik, kenbe kòmandman yo dwe mache ansanm ak pratike verite a. Pandan n ap kenbe kòmandman yo, nou dwe pratike verite a. Lè yon moun ap pratike verite a, li pa dwe ale kont prensip kòmandman yo ni vyole kòmandman yo. Ou dwe fè tout sa Bondye mande ou fè. Kenbe kòmandman yo ak pratike verite a gen rapò youn ak lòt. De bagay sa yo pa kontredi youn lòt. Plis ou pratike verite a, se plis w ap kapab kenbe esans kòmandman yo. Plis ou pratike verite a, se plis pawòl Bondye yo ap vin klè pou ou epi w ap konprann yo jan yo eksprime nan kòmandman yo. Pratike verite a ak kenbe kòmandman yo pa aksyon ki kontredi youn lòt—yo gen rapò youn ak lòt. Okòmansman, se sèlman apre lòm te fin kenbe kòmandman yo byen li te kapab pratike verite a epi resevwa limyè Sentespri a, men sa pa entansyon Bondye okòmansman. Bondye mande ou mete kè ou nan adorasyon w ap ba Li; Li pa sèlman mande w pou gen bon konpòtman. Sepandan, ou dwe kenbe kòmandman yo byen, omwen nan aparans. Se sèlman lè yon moun vin konnen Bondye pi klè nan eksperyans li fè tikras pa tikras, lè li pa rebele kont Li ni reziste Li, epi li pa gen dout sou travay Li, li kapab kenbe esans kòmandman yo. Se poutèt sa, senpleman kenbe kòmandman yo san ou pa pratike verite a toujou pa bay fwi, e sa pa reprezante vrè adorasyon Bondye, paske ou poko rive nan vrè nivo devlopman an. Senpleman kenbe kòmandman yo san w pa gen verite a se rete kole ak règ yo yon fason rijid. Lè w fè sa, kòmandman yo ap vin tounen yon senp lwa pou ou, ki p ap kapab ede w grandi nan lavi a. Okontrè, yo ap vin tounen yon chay pou ou, epi y ap mare w sere tankou lwa Ansyen Testaman an, sa ki ap fè w pèdi prezans Sentespri a. Se poutèt sa, se sèlman lè w pratike verite a ou kapab kenbe kòmandman yo byen. Epi, lè w kenbe kòmandman yo byen, sa ede w pratike verite a. Pandan w ap kenbe kòmandman yo, w ap mete plis verite an pratik. Epi, lè w ap pratike verite a, w ap vin konprann pi fon sa kòmandman yo vle di toutbon. Rezon ak sans ki genyen dèyè demann Bondye fè pou moun kenbe kòmandman yo se pa pou fè yo suiv règ yo jan yo ta ka imajine sa; okontrè, sa gen rapò ak antre yo nan lavi a. Nivo devlopman ou nan lavi a detèmine nan ki nivo w ap kapab kenbe kòmandman yo. Byenke se pou moun kenbe kòmandman yo, se atravè eksperyans lavi lòm esans kòmandman yo vin klè. Pifò moun panse lè yo kenbe kòmandman yo byen, sa vle di yo “pare nèt, epi sèl bagay ki rete pou yo fè se jwenn anlèvman.” Se yon liks pou yon moun panse konsa. Se pa entansyon Bondye. Se pawòl moun ki pa gen aspirasyon pou avanse, moun k ap chèche satisfè lachè. Se yon erè! Li pa ann akò ak reyalite! Se pa entansyon Bondye pou moun sèlman pratike verite a san li pa kenbe kòmandman yo toutbon. Moun ki fè sa andikape—tankou yon moun ki manke yon janm. Menm jan an tou, senpleman kenbe kòmandman yo tankou si se règ pou moun suiv, san yo pa posede verite a—sa pa kapab satisfè entansyon Bondye; tankou moun ki manke yon je—yo toujou andikape. Nou kapab di, si ou kenbe kòmandman yo byen epi ou rive konprann Bondye pratik la byen klè, lè sa a w ap posede verite a; anrapò ak sa, w ap gen vrè nivo. Si ou pratike verite ou dwe pratike a, w ap kenbe kòmandman yo tou, e de bagay sa yo pa kontredi youn lòt. Pratike verite a ak kenbe kòmandman yo se de gwo sistèm, e toude se pati ki endispansab nan eksperyans lavi yon moun. Eksperyans yon moun dwe gen ladan l yon enklizyon, olye divizyon, kenbe kòmandman yo ak pratike verite a ansanm. Sepandan, gen diferans ak lyen ant de bagay sa yo.

Piblikasyon kòmandman yo nan nouvo epòk la montre tout moun ki nan kouran sa a, sa vle di tout moun k ap tande deklarasyon Bondye yo jodi a, antre nan yon nouvo epòk. Sa se yon nouvo kòmansman pou travay Bondye a, e se kòmansman dènye pati sis mil an travay Plan Jesyon Bondye a tou. Kòmandman nouvo epòk la senbolize ke Bondye ak lòm antre nan wayòm yon nouvo syèl ak yon nouvo tè. Menm jan Jewova te travay pami Izrayelit yo, epi Jezi te travay pami Jwif yo, Bondye pral fè plis travay pratik sou tè a. Li pral fè plis travay toujou, e travay sa yo pral pi gran. Kòmandman sa yo senbolize tou gwoup moun sa a pral resevwa plis ak pi gwo komisyon nan men Bondye. Bondye pral ba yo sa yo bezwen. Li pral nouri yo, soutni yo, pran swen yo, epi gade yo yon fason pratik. Li pral ba yo plis fòmasyon pratik. Atravè pawòl Bondye, Li pral netwaye yo, kase yo, epi rafine yo. Siyifikasyon kòmandman nouvo epòk la vrèman pwofon. Yo sijere Bondye pral parèt yon fason pratik sou tè a. Se la Li pral pran kontwòl tout linivè a epi Li pral montre tout glwa Li nan lachè. Yo sijere tou Bondye pratik la pral fè plis travay pratik sou tè a pou Li kapab rann tout moun Li chwazi yo pafè. Anplis, Bondye pral akonpli tout bagay sou tè a avèk pawòl, epi Li pral fè pawòl sa a vin yon reyalite: “Bondye ki vin nan lachè a pral monte nan pi wo plas la epi Li pral jwenn gwo onè. Tout nasyon ak tout pèp pral mete ajenou pou adore Bondye ki jwenn gwo onè.” Menm si kòmandman nouvo epòk la se kòmandman lòm dwe suiv, e se devwa lòm pou yo suiv yo epi rive fè sa yo mande a, siyifikasyon yo reprezante a pi pwofon pase sa. Li pa fasil pou eksplike tout siyifikasyon sa a nan youn oswa de mo. Kòmandman nouvo epòk la ranplase lwa Ansyen Testaman yo ak òdonans Nouvo Testaman yo, jan Jewova ak Jezi te bay yo. Sa se yon leson ki pi pwofon. Li pa yon bagay ki senp jan moun ta ka panse. Kòmandman nouvo epòk la gen yon siyifikasyon pratik tou. Yo se yon etap tranzisyon ant Epòk Gras la ak Epòk Wayòm nan. Kòmandman nouvo epòk la mete fen nan tout pratik ak òdonans ansyen epòk la. Yo mete fen nan tout pratik ki te genyen nan epòk Jezi a ak nan epòk ki te vini anvan li. Yo mennen lòm devan Bondye pratik la. Konsa, lòm ka kòmanse aksepte pou Bondye pratik la pèfeksyone l pèsonèlman. Se la chemen pou lòm vin pafè a kòmanse. Se poutèt sa, nou dwe gen yon bon atitid anvè kòmandman nouvo epòk la, epi nou pa dwe neglije yo ni pran yo alalejè. Kòmandman nouvo epòk la mete anpil enpòtans sou yon pwen: lòm dwe adore Bondye pratik la, Li menm ki la jodi a. Sa vle di lòm dwe soumèt li pi plis devan esans Lespri a nan yon fason ki pi pratik. Kòmandman sa yo mete aksan tou sou prensip Bondye pral sèvi pou jije lòm kòm pechè oswa kòm moun ki dwat, apre Li fin parèt kòm Solèy dwati a. Li pi fasil pou konprann kòmandman yo pase pou mete yo an pratik. Sa montre si Bondye vle fè lòm vin pafè, se Li menm ki dwe fè sa atravè pwòp pawòl Li ak direksyon Li. Lòm pa ka vin pafè sèlman grasa pwòp entèlijans natirèl li. Kit lòm kapab suiv kòmandman nouvo epòk la oswa li pa kapab suiv yo, sa depann de konesans li genyen sou Bondye pratik la. Se poutèt sa, ou pa ka rive suiv kòmandman yo nan kèk jou sèlman. Sa se yon leson ki vrèman pwofon pou aprann.

Pratike verite a se chemen ki pèmèt lavi lòm grandi. Si nou pa pratike verite a, n ap sèlman gen konesans nan teyori. Nou pap gen yon lavi reyèl. Verite a se senbòl ki montre nivo lavi lòm. Kit ou pratike verite a oswa ou pa pratike l, sa gen rapò ak nivo lavi ou genyen toutbon. Si ou pa pratike verite a, si ou pa fè sa ki dwat, oswa si ou kite santiman ou ak sousi pou kò ou dirije ou, li p ap posib pou ou kenbe kòmandman yo. Sa se youn nan leson ki pi pwofon pou aprann. Nan chak epòk, gen anpil verite lòm bezwen antre ladan yo epi konprann. Men, chak epòk gen pwòp kòmandman pa l ki mache ansanm ak verite sa yo. Verite lòm pratike yo depann de epòk la. Menm jan an tou, kòmandman lòm kenbe yo depann de epòk la. Chak epòk gen verite pa l pou lòm pratike, ansanm ak kòmandman pa l pou lòm kenbe. Sepandan, selon kòmandman Bondye bay nan chak epòk─sa vle di, selon diferan epòk yo─objektif ak efè pratik verite lòm diferan nan menm mezi a. Nou ka di kòmandman yo sèvi verite a, epi verite a la pou ede lòm kenbe kòmandman yo. Si gen verite sèlman, pa t ap gen okenn chanjman nan travay Bondye a. Men, lè lòm gade kòmandman yo, li ka wè nan ki direksyon travay Sentespri a ap avanse. Konsa, lòm ka konnen nan ki epòk Bondye ap travay. Nan relijyon, gen anpil moun ki pratike anpil nan verite moun te pratike nan Laj Lalwa a. Men, yo poko resevwa kòmandman nouvo epòk la, e yo pa kapab kenbe yo nonplis. Yo toujou suiv ansyen fason yo epi yo rete tankou moun nan tan lontan. Yo pa gen nouvo fason travay Bondye a avèk yo, epi yo pa ka wè kòmandman nouvo epòk la. Se poutèt sa, yo pa gen travay Bondye a. Se tankou y ap veye kokiy ze ki vid. Si pa gen ti poul anndan kokiy la, pa gen lavi ladan l. Pou m di sa pi klè, sa vle di yo pa gen lavi. Moun sa yo poko antre nan nouvo epòk la. Yo rete anpil etap dèyè. Se poutèt sa, si yon moun gen sèlman verite ansyen epòk yo, men li pa gen kòmandman nouvo epòk la, sa pa itil anyen. Anpil nan nou pratike verite jodi a, men nou pa kenbe kòmandman jodi a. Konsa, nou p ap jwenn anyen. Verite nou pratike a p ap gen okenn valè ni okenn sans, epi Bondye p ap apwouve nou. Nou dwe pratike verite a selon fason Sentespri a ap travay kounye a. Nou dwe pratike verite a tou an repons ak deklarasyon Bondye pratik la fè jodi a. Si nou pa fè sa, tout sa n ap fè yo pa vo anyen. Se tankou yon moun k ap eseye pran dlo ak yon panyen banbou. Sa se sans pratik kòmandman nouvo epòk la. Si moun vle byen kenbe kòmandman yo, omwen yo dwe konnen Bondye ki parèt nan lachè a yon fason pratik. Yo pa dwe gen dout sou Li. Otremandi, moun dwe konprann prensip ki gen pou wè ak fason pou kenbe kòmandman yo. Kenbe kòmandman yo pa vle di suiv yo nenpòt jan oswa fè sa moun vle. Nou dwe gen yon baz, yon objektif ak prensip lè n ap kenbe kòmandman yo. Premye bagay ou dwe fè se byen konprann vizyon yo. Si ou byen konprann travay Sentespri a ap fè kounye a, epi si ou antre nan fason travay Bondye ap fè jodi a, ou pral natirèlman vin konprann pi byen kijan pou kenbe kòmandman yo. Si jou a rive kote ou konprann vrè sans kòmandman nouvo epòk la epi ou kapab kenbe yo, sa vle di Bondye fin fè ou vin pafè. Se sa ki fè pratike verite a ak kenbe kòmandman yo gen yon siyifikasyon pratik. Kit ou kapab pratike verite a oswa ou pa kapab, sa depann de fason ou konprann vrè sans kòmandman nouvo epòk la. Travay Sentespri a ap kontinye parèt devan lòm. Kondisyon Bondye mande pou lòm respekte yo ap vin pi wo piti piti. Se poutèt sa, verite Bondye mande lòm pratike yo ap vin pi plis e y ap vin pi pwofon toujou. Konsa tou, rezilta lè lòm kenbe kòmandman yo ap vin pi gwo toujou. Se poutèt sa, nou dwe pratike verite a epi, an menm tan, kenbe kòmandman yo. Pèsòn pa dwe neglije sa. Nan nouvo epòk sa a, se pou nouvo verite a ak nouvo kòmandman yo kòmanse ansanm.

Anvan: Konsantre Nou Plis sou Reyalite a

Apre: Èske travay Bondye a se yon travay senp jan lòm panse a?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger