Èske travay Bondye a se yon travay senp jan lòm panse a?

Antanke moun ki kwè nan Bondye, nou chak ta dwe konprann lè nou aksepte travay Bondye nan dènye jou yo jodi a, ansanm ak tout travay ki nan plan Li fè sou ou a, ou vrèman resevwa pi gwo elevasyon ak delivrans lan. Bondye konsantre tout travay Li nan linivè a nèt sou gwoup moun sa a. Li sakrifye tout san ki nan kè Li pou nou; Li retire tout travay Lespri a nan linivè a epi Li ba nou li. Se poutèt sa, nou se moun ki byennere. Plis toujou, Li transfere glwa Li ki te ann Izrayèl, pèp chwazi Li a, sou nou, epi Li gen pou l fè objektif plan Li a manifeste totalman atravè gwoup sa a. Konsa, se nou menm ki pral resevwa eritaj Bondye a, pi plis toujou, se nou menm ki pral eritye glwa Bondye. Nou tout sonje pawòl sa yo petèt: “Paske ti soufrans nou yo, ki la pou yon ti tan, ap pare pou nou yon pouvwa ki p ap janm fini epi ki depase soufrans sa yo.” Nou tout te tande pawòl sa yo deja, men okenn nan nou pa t konprann vrè sans yo. Jodi a, nou pran konsyans tout bon de siyifikasyon reyèl yo. Bondye pral akonpli pawòl sa yo pandan dènye jou yo, e yo pral akonpli nan moun ki te sibi pèsekisyon brital anba men gwo dragon wouj la sou teritwa kote li plwaye kò l la. Gwo dragon wouj la pèsekite Bondye e li se ènmi Bondye. Se poutèt sa, moun nan peyi sa a anba imilyasyon ak pèsekisyon paske yo kwè nan Bondye, e se sa k fè pawòl sa yo akonpli nan nou menm, gwoup moun sa a. Piske Bondye fè travay Li nan yon peyi ki kanpe kont Li, tout travay Li rankontre gwo obstak, epi anpil nan pawòl Li yo pa ka akonpli tousuit. Konsa, moun vin rafine akoz pawòl Bondye yo, e sa fè pati soufrans lan tou. Li difisil anpil pou Bondye fè travay Li nan peyi gwo dragon wouj la, men se atravè difikilte sa a Bondye fè yon etap nan travay Li pou Li ka revele sajès Li ak aksyon mèveye Li yo, epi Bondye sèvi ak okazyon sa a pou Li rann gwoup moun sa a bon nèt. Se atravè soufrans moun yo, atravè nati yo, epi atravè tout dispozisyon satanik moun ki nan peyi sal sa a Bondye fè travay pirifikasyon ak konkèt Li a, yon fason pou, atravè bagay sa yo, Li ka jwenn glwa ansanm ak moun ki rann temwayaj sou aksyon Li yo. Se nan sa tout siyifikasyon pri Bondye peye pou gwoup moun sa a chita. Sa vle di, Bondye fè travay konkèt la atravè moun ki opoze ak Li yo, e se sèlman konsa gwo pouvwa Bondye ka revele. Pou di l yon lòt jan, se sèlman moun ki nan peyi sal la ki diy pou eritye glwa Bondye, e se sèlman sa ki ka mete aksan sou gwo pouvwa Bondye. Se poutèt sa, Bondye jwenn glwa nan peyi sal la ak nan moun ki abite ladan l yo—se sa ki entansyon Bondye. Se menm jan ak etap travay Jezi a: Li te kapab jwenn glwa sèlman nan mitan Farizyen ki te pèsekite Li yo. Si se pa t akoz pèsekisyon Farizyen yo ak trayizon Jida a, yo pa t ap pase Jezi nan rizib ni bay manti sou Li, alewè pou yo ta kloure L sou kwa a; konsa, Li pa t ap kapab jwenn glwa. Kote Bondye travay nan chak epòk la, ak kote Li fè travay Li nan lachè a, se la Li jwenn glwa, e se la Li jwenn moun Li gen entansyon genyen yo. Sa se plan travay Bondye a, e sa se jesyon Li.

Nan plan Bondye ki kouvri plizyè milye lane, genyen de(2) pati nan travay la ki akonpli nan lachè; Premye a se travay krisifiksyon an, ki fè Li jwenn glwa, lòt la se travay konkèt ak pèfeksyon an nan dènye jou yo, ki fè Li jwenn glwa. Se konsa Bondye jere travay Li. Se poutèt sa nou pa dwe gade travay Bondye, oswa misyon Bondye pou nou tankou yon bagay ki tou senp. Nou tout se moun ki pral eritye kantite glwa etènèl Bondye a, ki depase tout mezi, e se Bondye ki te òdone l konsa menm. Nan de(2) pati ki nan laglwa Li yo, gen youn ki parèt aklè nan nou; Bondye akòde nou yon pati ankè nan glwa Li a, kòm eritaj pa nou. Se konsa Bondye ekzalte pou nou, e se plan sa a Li te deside davans pou nou depi byen lontan. Lè nou konsidere grandè travay Bondye akonpli sou tè kote gwo dragon wouj la abite a, si travay sa a se yon lòt kote li te akonpli, sa fè lontan li t ap pote anpil fwi epi moun yo t ap aksepte l san pwoblèm. Plis toujou, li t ap lontan pi fasil pou klèje oksidantal yo, ki kwè nan Bondye, aksepte travay sa a, paske etap travay Jezi akonpli a sèvi kòm yon presedan. Se poutèt sa, etap travay sa a ki fè Bondye jwenn glwa, Li pa kapab akonpli l yon lòt kote; lè pèp la soutni travay la epi leta rekonèt li, glwa Bondye pa gen okenn kote pou l manifeste. Se egzakteman sa ki bay etap travay sa a yon siyifikasyon ekstraòdinè nan peyi sa a. Pa gen yon sèl moun nan nou lalwa pwoteje; okontrè, nou sibi sanksyon lalwa. Yon difikilte ki pi gwo toujou, sèke moun pa konprann nou: kit se fanmi nou, paran nou, zanmi nou oswa kòlèg nou, okenn nan yo pa konprann nou. Lè Bondye “abandone” nou, li enposib pou nou kontinye viv nan monn sa a. Men, menm lè sa a, nou toujou pa ka sipòte rete lwen Bondye. Se sa ki siyifikasyon konkèt Bondye fè sou moun, e se glwa Bondye. Sa nou eritye jodi a depase sa apot yo ak pwofèt yo te eritye atravè tout epòk yo; li menm pi gran pase sa Moyiz ak Pyè te resevwa. Nou pa ka jwenn benediksyon yo nan youn oswa de jou; fòk nou peye yon gwo pri pou yo. Sa vle di, nou dwe posede yon lanmou ki te sibi rafinman, nou dwe gen yon gwo lafwa, epi nou dwe posede verite Bondye mande nou atenn yo, ki anpil. Anplis, nou dwe kapab pran pozisyon pou lajistis san nou pa kite anyen entimide nou oswa fè nou fè bak, epi nou dwe gen yon kè ki renmen Bondye e ki rete fèm jiska lanmò. Nou dwe gen detèminasyon; dispozisyon lavi nou dwe chanje, eta koripsyon nou an dwe geri, nou dwe aksepte tout aranjman Bondye yo san plenyen, e nou dwe menm kapab soumèt jiska lanmò. Se la nou dwe rive; se objektif final travay Bondye a, e se sa Bondye egzije gwoup moun sa a. Piske Li ban nou, san mank Li pral mande nou yon bagay an retou, epi Li pral mete devan nou egzijans ki adapte ak sitiyasyon nou. Se poutèt sa, tout travay Bondye fè gen yon rezon pou sa. Sa fè nou konprann poukisa Bondye, a chak fwa, fikse estanda ki wo epi mete egzijans sevè nan travay Li. Se poutèt sa, nou dwe ranpli ak lafwa nan Bondye. An rezime, tout travay Bondye fèt pou nou; li fèt pou nou ka vin diy pou nou resevwa eritaj Li. Olye nou di se pou pwòp glwa Bondye, li ta pi bon pou nou di se pou delivrans nou ak pou pèfeksyone gwoup moun sa a ki te sibi anpil gwo soufrans nan peyi sal la. Nou dwe konprann entansyon Bondye. Se poutèt sa, mwen egzòte anpil moun inyoran ki pa gen ni disènman ni rezon: Pa tante Bondye, epi pa reziste Li ankò. Bondye deja sibi tout soufrans okenn moun pa janm sibi, e depi lontan Li te sibi menm plis imilyasyon nan plas lèzòm. Alò, èske gen yon bagay nou pa kapab abandone? Ki sa ki ta ka pi enpòtan pase entansyon Bondye? Ki sa ki ta ka depase lanmou Bondye? Li deja difisil anpil pou Bondye fè travay Li nan peyi sal sa a. Si, anplis de sa, lèzòm deside fè sa ki mal pandan yo byen konnen sa y ap fè a, travay Bondye ap oblije pran plis tan. An rezime, sa pa nan enterè pèsonn e li pa benefisye pèsonn. Tan pa limite Bondye; travay Li ak glwa Li pase an premye. Se poutèt sa, depi yon bagay fè pati travay Li, Li p ap ezite peye nenpòt pri pou li, kèlkeswa kantite tan sa pran. Sa a se dispozisyon Bondye: Li p ap janm repoze toutotan travay Li a pa fin akonpli. Travay Li ap fini sèlman lè Li fin genyen dezyèm pati travay pou Li jwenn glwa a. Si, atravè tout linivè, Bondye pa fini dezyèm pati glorifikasyon Li a, jou Li a p ap janm rive, men Li p ap janm lage pèp chwazi Li a, laglwa Li p ap janm desann sou Izrayèl, epi plan Li a p ap janm rive nan finisman li. Nou ta dwe kapab wè entansyon Bondye, epi wè kòman travay Bondye a pa senp menm jan ak kreyasyon syèl la ak tè a, ak tout lòt bagay yo. Se paske travay jodi a se transfòmasyon sila yo ki te kowonpi, ki anestezi nan pi wo degre, se pirifye sila yo ki te kreye, men ki pran mak fabrik Satan. Se pa kreyasyon Adan oubyen Èv, Mwens toujou, se pa kreyasyon limyè a, oubyen kreyasyon chak plant ak bèt. Bondye netwaye bagay Satan te kowonpi yo, apre sa Li reprann yo, Li fè yo vin bagay ki pou Li epi Li fè yo vin glwa Li. Travay sa a pa senp tankou kreyasyon syèl la, tè a ak tout bagay, jan lòm imajine l la. Li pa tankou travay pou madichonnen Satan epi jete l nan twou san fon an, jan lòm imajine l la nonplis. Okontrè, se travay pou transfòme lòm, pou fè bagay ki negatif e ki pa pou Li yo vin bagay ki pozitif epi vin pou Li. Sa se vrè istwa ki dèyè etap sa a nan travay Bondye a. Nou dwe konprann sa epi evite konsidere bagay yo twò senp. Travay Bondye pa tankou okenn travay òdinè. Sa ki mèveye nan travay Li ak sajès ki ladan l depase kapasite lespri lòm. Pandan etap travay sa a, Bondye pa kreye tout bagay, men Li pa detwi yo nonplis. Okontrè, Li transfòme tout bagay Li te kreye yo epi Li netwaye tout bagay Satan te sal yo. Konsa, Bondye antreprann yon gwo travay. Se nan sa tout siyifikasyon travay Bondye chita. Èske ou wè nan mo sa yo ke travay Bondye a vrèman senp?

Anvan: Konsantre Nou Plis sou Reyalite a

Apre: Chape Anba Enfliyans Fènwa, epi Bondye Ap Genyen Ou.

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger