Konsantre Nou Plis sou Reyalite a
Chak moun gen posiblite pou Bondye pèfeksyone l, kidonk tout moun ta dwe konprann ki fason pou yo sèvi Bondye ki pi ann akò ak entansyon Li yo. Pifò moun pa konnen sa kwè nan Bondye vle di, ni yo pa konprann poukisa yo ta dwe kwè nan Li—sa vle di, pifò moun pa konprann ni travay Bondye ni objektif plan jesyon Li an. Jodi a, majorite moun toujou panse kwè nan Bondye se pou yo ale nan syèl la epi pou nanm yo sove. Yo pa konprann vrè siyifikasyon kwè nan Bondye, alewè pou yo ta konprann anyen ditou sou travay ki pi enpòtan nan plan jesyon Bondye a. Pou pwòp rezon pa yo, moun yo pa enterese ditou nan travay Bondye, ni yo pa pran tan reflechi sou entansyon Li yo oswa sou plan jesyon Li an. Antanke moun ki nan kouran sa a, chak moun ta dwe konnen objektif tout plan jesyon Bondye a, sa Li deja reyalize depi lontan, poukisa Li chwazi gwoup moun sa a, objektif ak siyifikasyon chwa sa a, epi sa Li vle reyalize nan gwoup sa a. Lefètke Bondye te kapab chwazi yon gwoup moun konsa ki pa gen anyen ki espesyal nan yo nan peyi gran dragon wouj la, epi Li kontinye travay jouk jounen jodi a, Li mete yo aleprèv epi Li pèfeksyone yo nan tout kalite fason, Li pale pawòl san konte, Li fè anpil travay epi Li voye yon kantite objè pou sèvis—lefètke Bondye reyalize yon travay ki gran konsa montre jis nan ki pwen travay Li a gen enpòtans. Pou kounye a, nou pa kapab fin byen apresye tout enpòtans sa genyen. Se poutèt sa, nou pa dwe konsidere travay Bondye fè sou nou an kòm yon bagay ki senp anpil; se pa yon ti bagay. Menm sa Bondye fè nou wè aklè jodi a sifi pou nou reflechi sou li epi chèche konprann li. Se sèlman lè nou konprann li toutbon e an pwofondè ke eksperyans nou yo ap kapab vin pi pwofon epi lavi nou ap kapab grandi. Jodi a, moun yo konprann twò piti epi yo fè twò piti; yo pa kapab satisfè entansyon Bondye yo nèt. Sa se feblès moun yo, epi se konsa yo pa rive akonpli devwa yo; kidonk, yo pa kapab jwenn rezilta ki vize a. Sentespri a pa gen mwayen pou Li travay sou anpil moun paske konpreyansyon yo genyen sou travay Bondye a manke pwofondè anpil, epi lè y ap fè travay kay Bondye a, yo pa vle ba l valè. Yo toujou annik fè travay la pou yo ka di yo te fè l, san yo pa fè anpil efò ni mete swen ladan l, oubyen yo suiv kouran an oubyen yo travay pou fè wè. Jodi a, chak moun ki nan kouran sa a ta dwe repase aksyon yo ak zèv yo, pou wè si yo fè tout sa yo kapab epi si yo bay tout fòs yo nèt. Moun yo pa akonpli devwa yo ditou, se pa paske Sentespri a pa fè travay Li, men se paske moun yo pa fè travay pa yo, sa ki fè Sentespri a pa kapab fè travay Li. Bondye di tout sa ki te bezwen di, men moun yo pa ajou ditou. Yo rete twò lwen dèyè, yo pa kapab rete pwòch Li nan chak etap, ni yo pa kapab suiv tras Ti Mouton an pye pou pye. Sa yo te dwe respekte, yo pa respekte yo; sa yo te dwe pratike, yo pa pratike yo; sa yo te dwe priye pou yo, yo pa priye pou yo; sa yo te dwe lage, yo pa lage yo. Yo pa fè okenn nan bagay sa yo. Kidonk, tout sa yo di sou patisipe nan festen an se pawòl vid; yo pa gen okenn sans reyèl, epi tout sa se nan imajinasyon moun yo li ye. Lè nou gade jan bagay yo ye jodi a, nou kapab di moun yo pa akonpli devwa yo ditou. Tout bagay depann de sa Bondye fè ak sa Li di Li menm. Wòl lòm jwe a twò piti; moun yo se fatra initil ki pa kapab kolabore ak Bondye. Bondye pale plizyè santèn milye pawòl, men moun yo pa mete okenn nan yo an pratik─pa egzanp, rebele kont lachè; lage konsepsyon yo; pratike soumisyon devan Bondye nan tout bagay; devlope disèneman epi rive gen konpreyansyon; lage pozisyon lòt moun okipe nan kè yo; elimine zidòl ki nan kè yo; rebele kont move entansyon pa yo; pa aji selon santiman yo; fè bagay yo avèk jistis, san patipri; lè y ap pale, reflechi plis sou enterè Bondye ak enfliyans pawòl yo genyen sou lòt moun; fè plis bagay ki itil travay Bondye; veye sou enterè kay Bondye a nan tout sa y ap fè; pa kite santiman yo dirije konpòtman yo; lage plezi lachè yo; epi elimine ansyen konsepsyon egoyis yo. An reyalite yo konprann kèk nan tout bagay sa yo Bondye egzije nan men lòm, men yo tou senpleman pa vle mete yo an pratik. Ki lòt bagay Bondye kapab fè ankò, e ki lòt fason Li kapab touche kè yo? Nan je Bondye, yo se pitit rebelyon; ki jan yo fè kontinye gen odas pou y ap pran pawòl Li yo pou admire yo? Ki jan yo fè gen odas pou yo manje manje Bondye a? Kote konsyans moun yo? Yo pa menm akonpli minimòm devwa yo te dwe akonpli yo, alewè pou yo ta fè tout sa yo kapab. Èske se pa nan yon rèv san fondman y ap viv? Yon moun pa kapab pale de reyalite san l pa pratike. Sa se yon verite ki klè tankou lajounen!
Nou ta dwe aprann leson ki plis konekte ak reyalite a. Pa gen nesesite pou bèl pawòl vid sa yo moun renmen tande. Lè y ap pale sou sa yo konnen, youn toujou vle parèt li pi konnen pase lòt la, men yo toujou pa swiv okenn chemen pou yo pratike. Konbyen moun ki konprann prensip yo dwe swiv pou pratike yo? Konbyen ki kapab aprann leson ki konkrè? Kiyès ki kapab pataje sa yo aprann sou reyalite a? Lefètke ou kapab pale sou konesans pawòl Bondye yo, sa pa vle di ou gen yon vrè wotè espirityèl; sa sèlman montre ou te fèt entèlijan, ou gen don. Si ou pa kapab montre chemen an, ebyen rezilta a se zewo, epi w ap yon fatra initil! Èske se pa pòz ou w ap pran si ou pa kapab di anyen sou yon chemen konkrè pou pratike? Èske se pa pòz w ap fè si ou pa kapab pataje pwòp eksperyans pratik ou yo ak lòt moun, pou yo kapab tire leson ladan yo oswa jwenn yon chemen yo ka suiv? Èske ou pa yon moun k ap fè grandizè? Ki valè ou genyen? Yon moun konsa ta kapab sèlman jwe wòl “envantè teyori sosyalis la”, men li pa ta kapab jwe wòl “moun ki kontribye pou fè vizyon sosyalis la tounen yon reyalite”. Si ou pa gen reyalite, sa vle di ou pa gen verite. Si ou pa gen reyalite ou pa vo anyen. Si ou pa gen reyalite ou se yon kadav k ap mache. Yon moun ki pa gen reyalite se yon “pansè maksis-leninis” ki pa gen okenn valè kòm referans. Mwen egzòte nou chak pou nou sispann ak diskou teyori yo epi pou nou pale sou bagay ki reyèl, bagay ki otantik e ki gen fondman. Fè ti etid sou “atizana modèn”, di yon bagay ki anrapò ak reyalite a, pote yon kontribisyon konkrè, epi montre yon lespri devouman. Gade reyalite a anfas lè n ap pale; pa lage kò nou nan pawòl ki pa reyalis e ki egzajere pou fè moun kontan oswa pou atire atansyon yo sou nou. Ki valè sa genyen? Kisa sa itil pou ou fè moun aji avèk anpil chalè anvè ou? Mete enpe “stil” nan fason nou pale, aji yon ti jan pi jis, montre yon ti kras plis bon sans nan fason nou regle bagay yo, epi pale yon ti jan pi konkrè. Pran enterè kay Bondye a an konsiderasyon nan chak aksyon nou, koute konsyans nou lè santiman nou parèt, pa rayi moun ki fè nou byen ni piga nou engra ak moun ki fè nou byen. Piga nou ipokrit nonplis, paske bagay sa yo fè nou gen yon move enfliyans. Lè n ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, konekte yo plis ak reyalite a, epi lè n ap kominye ansanm, pale plis sou bagay ki anrapò ak reyalite a. Pa aji yon fason pou parèt siperyè; sa p ap satisfè Bondye. Nan relasyon nou ak lòt moun, vin yon ti jan pi toleran, se pou nou yon ti jan pi dispoze pou bay legen, montre yon ti kras plis jenerozite nan kè nou, epi pran leson nan “lespri premye minis la”.[a] Lè nou gen move panse, pratike rebelyon kont lachè plis. Lè n ap travay, pale plis de chemen pratik yo, epi pa fè twòp diskou entèlektyèl sinon moun yo p ap kapab rive mete sa nou di yo an pratik. Chèche mwens plezi, kontribye plis—montre lespri devouman nou ki san egoyis. Pran entansyon Bondye yo plis an konsiderasyon, epi koute konsyans nou plis. Chak jou, Bondye pale avèk nou avèk pasyans e ak tout kè Li; reflechi sou sa pi souvan, epi pa bliye sa; li “ansyen almanak la” pi souvan. Priye plis epi kominye pi souvan. Sispann gen lespri nou twouble konsa; montre yon ti larezon epi devlope disèneman nou. Lè men pechè nou lonje, rale l tounen; pa kite l lonje twò lwen. Sa pa itil anyen, epi sèl sa n ap jwenn nan men Bondye se madichon, kidonk pran prekosyon. Se pou kè nou gen pitye pou lòt moun, epi pa toujou atake yo ak zam nan men nou. Fè plis pataj sou konesans verite a epi pale plis sou lavi, pandan n ap kenbe yon lespri ki dispoze ede lòt moun. Fè plis epi pale mwens. Envesti plis nan pratik epi fè mwens rechèch ak analiz. Kite Sentespri a touche kè nou plis, epi bay Bondye plis okazyon pou Li pèfeksyone nou. Elimine plis bagay ki soti nan lòm. Nou kontinye twò souvan fè bagay yo selon metòd lèzòm, epi fason nou fè bagay yo san pwofondè ak konpòtman nou toujou bay lòt moun degoutans. Elimine plis nan bagay sa yo. Eta lespri nou twò detestab toujou; pase plis tan ap korije l. Lòt moun kontinye okipe yon plas ki twò enpòtan nan kè nou; bay Bondye yon plas ki pi enpòtan, epi sispann aji tankou moun fou. “Tanp lan” te toujou pou Bondye, e moun pa ta dwe pran l pou yo. An rezime, bay jistis plis atansyon epi bay santiman mwens atansyon. Pi bon bagay la se elimine lachè. Pale plis sou reyalite epi pale mwens sou konesans; pi bon bagay la se pe bouch nou epi pa di anyen. Pale plis sou machaswiv pratik la, epi fè mwens grandizè ki pa vo anyen. Li t ap pi bon si nou kòmanse pratike depi kounye a.
Egzijans Bondye fè moun yo pa difisil konsa. Toutotan moun yo mete angouman pou pratike epi yo pran l oserye, yo ta sipoze “fè mwayenn yo”. Pou di verite, rive konprann verite a, konnen l epi byen asimile l pi konplike pase mete l an pratik. Premyèman, pratike tout sa nou konprann, epi mete sa nou fin asimile an pratik. Konsa, piti piti, n ap rive konnen verite a toutbon epi byen asimile l. Se etap sa yo Sentespri a suiv, e se konsa Li travay. Si ou pa pratike soumisyon konsa, ou p ap reyalize anyen. Si ou toujou aji selon pwòp volonte ou epi ou pa pratike soumisyon, èske Sentespri a ap travay sou ou? Èske Sentespri a travay jan ou vle a? Oswa èske Li travay selon sa ou manke, sou baz pawòl Bondye yo? Si sa pa klè pou ou, ou p ap kapab antre nan reyalite verite a. Poukisa pifò moun fè anpil efò pou yo li pawòl Bondye yo, men apre sa, se sèlman konesans yo genyen, yo pa kapab di anyen sou yon chemen konkrè pou pratike? Èske ou panse gen konesans se menm bagay ak gen verite a? Èske se pa yon pwennvi ki chaje konfizyon? Ou kapab pale sou yon kantite konesans ki anpil tankou grenn sab sou yon plaj, men anyen nan sa ou di yo pa montre kijan pou moun pratike. Èske se pa twonpe w ap chèche twonpe moun lè ou fè sa? Èske se pa pòz w ap pran, san ou pa gen okenn sibstans pou soutni sa ou pretann nan? Tout kalite konpòtman sa yo fè moun yo anpil mal! Plis teyori a wo epi plis li manke reyalite, se plis li pa kapab mennen moun nan reyalite a. Plis teyori a wo, se plis li fè ou rebele kont Bondye epi opoze ak Li. Pa bay teyori espirityèl twòp swen—li pa itil anyen! Gen moun ki gen plizyè dizèn ane depi y ap pale sou teyori espirityèl, epi yo vin tounen gwo pèsonalite espirityèl, men finalman, yo toujou pa rive antre nan reyalite verite a. Piske yo pa mete pawòl Bondye yo an pratik ni yo pa fè eksperyans yo, yo pa gen ni prensip ni machaswiv pou pratike. Moun konsa pa gen reyalite verite a yo menm, kidonk ki jan yo kapab mennen lòt moun sou bon chemen lafwa nan Bondye? Yo kapab sèlman fè moun pèdi chemen yo. Èske se pa lòt moun ansanm ak tèt pa yo y ap fè mal tou? Omwen, ou dwe kapab rezoud pwoblèm reyèl ki devan je w yo. Sa vle di, ou dwe kapab pratike epi fè eksperyans pawòl Bondye yo, epi mete verite a an pratik. Se sèlman sa ki rele soumèt devan Bondye. Se sèlman lè ou gen antre nan lavi a ou kalifye pou travay pou Bondye, epi se sèlman lè ou bay tout ou menm pou Bondye avèk tout senserite Bondye ka aksepte w. Pa toujou fè gwo deklarasyon ni pale de teyori grandyoz; sa pa gen anyen konkrè ladan l. Fè gwo diskou sou teyori espirityèl pou fè moun admire w se pa rann temwayaj pou Bondye, men se pito montre tèt ou. Sa pa pote okenn benefis pou moun ditou, li pa edifye yo, epi li ka fasilman fè yo adore teyori espirityèl olye yo konsantre sou pratike verite a—èske se pa mennen moun nan move chemen sa ye? Si ou kontinye konsa, sa pral kreye anpil teyori ki vid, ansanm ak yon pakèt règleman ki pral kontrenn moun epi pran yo nan pyèj; sa se vrèman yon wont. Kidonk, pale plis bagay ki konkrè, pale plis sou pwoblèm ki egziste toutbonvre, pase plis tan ap chèche verite a pou rezoud pwoblèm reyèl; se sa ki pi enpòtan. Pa pran reta pou aprann pratike verite a: Se chemen pou antre nan reyalite a. Pa pran sa lòt moun aprann nan eksperyans pa yo kòm byen pèsonèl pa w epi leve l anlè pou lòt moun admire. Ou dwe gen pwòp antre pa w nan lavi a. Se sèlman lè ou konnen kijan pou pratike verite a epi soumèt devan Bondye ou pral gen antre nan lavi a. Se sa chak moun ta dwe pratike epi konsantre sou li.
Si sa ou pataje nan kominyon an ka bay moun yon chemen pou yo pran, sa vle di ou posede reyalite. Kèlkeswa sa ou di, ou dwe mennen moun nan pratik epi bay yo tout yon chemen yo ka suiv. Pa sèlman pèmèt yo gen konesans, sa ki pi enpòtan toujou, se pou yo gen yon chemen pou yo pran. Lafwa moun yo nan Bondye dwe fè yo mache sou chemen Bondye pran nan travay Li a. Sa vle di, pwosesis pou kwè nan Bondye a se pwosesis pou mache sou chemen Sentespri a pran an. Kidonk, nenpòt jan sa ye, ou dwe gen yon chemen ou ka swiv; ou dwe mete pye w sou chemen pou Bondye pèfeksyone w la. Pa rete twò lwen dèyè, epi pa okipe tèt ou ak twòp bagay. Se sèlman si ou mache sou chemen Bondye pran an san ou pa kreye dezòd ou ka resevwa travay Sentespri a epi posede chemen pou antre a. Se sèlman sa ki konte kòm yon bagay ki ann amoni ak entansyon Bondye yo epi ak akonplisman devwa limanite. Antanke yon moun ki nan kouran sa a, chak moun dwe akonpli devwa pa yo kòmsadwa, fè plis bagay moun ta dwe ap fè, olye yo aji selon pwòp volonte yo. Moun k ap fè travay yo dwe pale yon fason ki klè; moun k ap suiv yo dwe konsantre plis sou andire soufrans ak soumèt; epi tout moun dwe rete nan plas yo epi pa depase limit yo. Chak moun dwe konnen byen klè nan kè yo kijan yo dwe pratike ak ki fonksyon yo dwe akonpli. Swiv chemen Sentespri a pran an; pa pèdi wout la ni aji yon fason san sans. Nou dwe wè travay jodi a byen klè. Antre nan metòd travay jodi a se sa nou dwe pratike. Se premye bagay nou dwe antre ladan l. Pa gaspiye plis pawòl nan lòt bagay. Fè travay kay Bondye a jodi a se responsablite nou; antre nan metòd travay jodi a se devwa nou; epi pratike verite jodi a se chay pa nou.
Nòt anba paj:
a. Lespri premye minis la: Yon pwovèb Chinwa klasik pou dekri yon moun ki gen lespri ouvè e ki renmen bay.