Chapit 39
Annou ale pi lwen pase pawòl Bondye yo epi annou pale yon ti kras sou zafè ki konsène lavi nou, dekwa pou lavi nou kapab fleri plis, epi pou nou viv selon espwa Bondye genyen pou nou yo. An patikilye, jodi a—yon tan kote chak moun klase selon kategori pa yo, epi yon tan chatiman—gen yon pi gwo nesesite pou nou konsantre sou vizyon global la epi konsantre sou «enterè kolektif» la. Sa a se entansyon Bondye, epi se sa tout moun ta dwe reyalize. Ki jan pou nou pa ta ofri tèt nou pou nou akonpli entansyon Bondye ki nan syèl la? Bondye «bay tout kalite moun nimewo, mete diferan mak sou chak kalite moun, dekwa pou zansèt yo kapab mennen yo tounen nan fanmi yo», sa ki montre moun yo te klase selon kategori pa yo, e kòm rezilta, tout kalite moun ap revele vrè fòm yo. Konsa, li pi apwopriye pou nou di moun yo bay zansèt yo sèvis lwayal olye yo bay Bondye l. Sepandan, tout moun ap rann Bondye sèvis tou anba direksyon zansèt yo, sa ki montre jan travay Bondye a mèveye. Tout bagay ap rann Bondye sèvis, epi menmsi Satan twouble moun, Bondye sèvi ak opòtinite sa a pou L tire pwofi nan «resous lokal» yo pou yo sèvi L. Poutan, moun yo pa kapab disène sa. Jan Bondye di a: «Konsa, Mwen aplike ‘distribisyon travay’ ansanm ak ‘kolaborasyon ak divizyon travay’ tou. Sa fè pati plan Mwen, epi okenn moun pa kapab deranje l.» Moun yo pa kapab wè klè tout sa Bondye detèmine, ak tout sa Bondye swete akonpli, anvan Li fè l. Yo kapab wè sa sèlman lè travay Bondye a fini; si se pa sa, yo avèg, epi yo pa wè anyen.
Jodi a, Bondye gen nouvo travay nan mitan legliz yo. Li fè tout bagay swiv kouran lanati, Li fè lòm ranpli fonksyon li toutbonvre. Jan Bondye di a: «Mwen gen souverènte sou tout bagay pami tout sa ki egziste, Mwen dirije tout bagay pami tout bagay yo, konsa Mwen fè tout sa ki egziste swiv kouran lanati epi soumèt anba lòd lanati.» Mwen pa konnen ki bonjan ide nou genyen sou zafè «swiv kouran lanati» a, kidonk annou pale sou sa. Men ki jan mwen wè sa: Paske zansèt yo mennen yo tounen lakay yo, tout espès ak tout kalite moun dwe parèt epi «pèfòme». Epi paske y ap swiv kouran lanati, Bondye sèvi ak sa ki nan yo natirèlman an pou fè yo ranpli fonksyon yo te genyen okòmansman an, konsa Li fè yo swiv direksyon Sentespri a dapre lwa sa a. Travay Sentespri a fèt dapre eta ki anndan chak moun; se sa ki rele avèk rezon «Bondye k ap manevre tout bagay pou yo rann Li sèvis», ki gen rapò ak swiv kouran lanati. Menmsi yon moun gen eleman ki soti nan dyab la anndan li, Bondye ap sèvi ak sa, kote L ap ajoute travay Sentespri a sou fondasyon sa moun nan gen anndan li natirèlman an, sa ki sifi pou moun nan rann Bondye sèvis. Se sèl sa mwen ap di sou zafè «swiv kouran lanati» a—petèt nou gen kèk pi bon sijesyon. Mwen espere nou kapab bay bonjan opinyon sou sa. Ki sa nou di? Èske nou dispoze pou nou kopere nan swiv kouran lanati? Èske nou dispoze pou nou angaje nou nan «kolaborasyon ak divizyon travay» avèk Bondye? Èske nou te janm panse sou jan pou nou reyalize sa? Mwen espere tout moun kapab konprann entansyon Bondye yo. Pou aspirasyon nou gen an komen yo, annou fè yon sèl nan lespri nou pou nou satisfè Bondye. Piske objektif nou se pou nou avanse ansanm sou wout wayòm nan, ki bezwen ki genyen pou nou vini ak konsepsyon ki pa nesesè? Jouk jodi a, pami nou, kiyès ki pa viv pou Bondye? E piske se konsa, ki bezwen ki genyen pou gen lapenn, tristès, ak gwo soupi? Sa pa itil pèsonn anyen. Tout lavi moun yo nan men Bondye, epi si se pa t pou detèminasyon yo devan Bondye, kiyès ki t ap dispoze viv anven nan mond imen vid sa a? Poukisa pou yo ta sibi mizè konsa? Si y ap antre soti vit nan mond lan, san yo pa fè anyen pou Bondye, èske tout lavi yo p ap gaspiye anven? Menmsi Bondye pa konsidere aksyon ou yo vo lapenn pou yo mansyone, èske ou p ap bay yon souri satisfaksyon nan moman w ap mouri a? Ou ta dwe chèche fè pwogrè sou bò pozitif bagay yo, olye ou fè bak sou bò negatif la—èske sa a se pa yon pi bon pratik? Si aksyon ou yo se sèlman pou satisfè Bondye, lè sa a ou p ap negatif epi ou p ap fè bak. Paske toujou gen bagay ki ensondab nan kè moun yo, san yo pa rann yo kont, vizaj yo souvan vin sanble ak yon syèl ki kouvri ak nwaj, sa ki fè plizyè «tranche» parèt sou vizaj yo san yo pa konnen, kòmsi se yon fann ki fèt nan tè a ki te fòme yo. Se kòmsi, poutèt yon chanjman nan teren an, «zòn ki gen ti mòn» yo oubyen «zòn ki ba» yo chanje pozisyon tou san moun yo pa rann yo kont. Nan sa, mwen pa ap pase moun nan betiz, men mwen ap pale de «konesans jeyografik».
Menmsi Bondye mennen tout moun nan chatiman, Li pa di anyen sou sa. Okontrè, Li fè espre Li evite sijè sa a epi Li kòmanse yon nouvo sijè, ki an pati se poutèt travay Bondye a, epi an menm tan tou, se pou L kapab fini etap travay sa a tousuit. Paske objektif Bondye te genyen nan reyalize etap travay sa a gen lontan depi yo akonpli, pa gen bezwen pou L di plis. Jodi a, mwen pa konnen nan ki pwen nou rive wè metòd travay Bondye yo; nan konsyans mwen, mwen toujou santi travay Bondye a pa divize klèman an etap ak peryòd jan sa te ye anvan an. Okontrè, chak jou pote pwòp mwayen travay pa li, chanjman fèt prèske chak twa a senk jou, e menm nan senk jou, ka gen de kalite kontni diferan nan travay Bondye a. Sa montre vitès travay Bondye a; anvan moun yo jwenn tan pou yo reyaji epi gade ak anpil atansyon, Bondye ale san L pa kite tras. Konsa, moun yo pa janm kapab byen konprann Bondye, e se sa ki fè travay Sentespri a pa parèt klè. Poukisa Bondye toujou ap di pawòl tankou «epi konsa Mwen kite lòm»? Moun yo ka yon ti jan bay pawòl sa yo atansyon, men yo pa konprann sans yo. E kounye a, èske nou konprann? Nou pa bezwen sezi wè moun yo pa kapab santi prezans Sentespri a. Y ap toujou chèche Bondye anba yon limyè lalin ki fèb—sa konplètman vre—epi se kòmsi Bondye t ap fè espre Li pase lòm nan betiz, sa ki fè sèvo tout moun ap gwosi, epi sa fè tèt yo vire epi yo santi yo pèdi. Yo apèn konnen sa y ap fè; se kòmsi y ap reve, epi yon fwa yo reveye, yo pa konnen sa k pase a. Sa pa pran plis pase kèk senp pawòl Bondye pou fè moun yo pèdi tèt yo. Kidonk, nou pa bezwen sezi wè Bondye ap di: «Jodi a, Mwen voye tout moun nan ‘gwo founèz’ la pou Mwen rafine yo. Mwen kanpe byen wo ap gade ak anpil atansyon, epi Mwen wè moun yo ap boule nan dife a epi, piske flanm dife yo fòse yo, y ap deklare reyalite yo.» Nan mitan pawòl Bondye yo k ap chanje toutan, moun yo pa gen okenn ide sou sa pou yo fè; an reyalite, egzakteman jan Bondye di a, chatiman an gen lontan depi l kòmanse. Paske moun yo pa t rann yo kont de sa, se sèlman lè Bondye di sa aklè yo konnen; yo kòmanse pòte atansyon sèlman aprè Bondye fin di yo. Nou kapab di se sèlman kounye a moun yo kòmanse etidye chatiman, piske travay Bondye a rive nan pwen sa a. Se menm jan tou lè moun yo te fèk aprann egzistans bonm atomik la—paske lè a pa t ko rive, yo pa t bay sa anpil atansyon; se sèlman lè yon moun te kòmanse konstwi youn moun yo te kòmanse bay sa atansyon. Se sèlman lè bonm atomik la te fè aparisyon l moun yo vin konprann plis de li. Se sèlman lè Bondye di Li voye lòm nan founèz la moun yo vin gen yon ti konesans. Si Bondye pa t pale, pèsonn pa t ap konnen—èske se pa vre? Konsa, Bondye di: «Moun yo antre nan founèz la san yo pa rann yo kont, kòmsi yo te rale yo antre ak yon kòd, kòmsi yo te vin angoudi.» Poukisa nou pa analize sa nan fason sa a: Lè moun yo ap deklare reyalite yo, èske se lè Bondye di chatiman an kòmanse a, oswa se anvan Bondye di chatiman an kòmanse? Apati de sa, nou kapab wè ke, anvan Bondye te pale konsènan chatiman, moun yo te kòmanse konfese, sa ki montre chatiman an te kòmanse anvan Bondye te pale sou li—èske sa a se pa yon reyalite?