Chapit 2
Pandan n ap antre nan nouvo apwòch la, ap gen nouvo etap nan travay Mwen. Kòm nou nan wayòm nan, M ap fè bagay yo dirèkteman atravè divinite a; Mwen gide chak etap ak presizyon jouk nan dènye ti detay, san okenn entansyon lèzòm pa mele ladan l. Men kèk fason pou nou mete bagay sa yo an pratik toutbon: Paske se lè yo pase anba soufrans ak rafinman yo vin merite pote non «pèp» la, epi, paske yo se pèp wayòm Mwen an, Mwen dwe tabli egzijans ki sevè pou yo, epi nivo sa yo dwe pi wo pase sa ki te genyen deja nan fason Mwen te travay nan tout epòk anvan yo. Sa pa konsène sèlman reyalite pawòl yo; sa ki pi enpòtan toujou se reyalite pratik la. Se sa yo ki dwe reyalize an premye. Nan tout sa yo di ak sa yo fè, yo dwe satisfè egzijans ki fikse pou pèp Wayòm nan. Nenpòt moun ki vyole egzijans sa yo, yo dwe mete li deyò tousuit, pou li pa fè non Mwen wont. Sepandan, nou ka fè eksepsyon pou moun ki nan inyorans yo, ki pa wè klè e ki pa konprann. Pandan n ap bati wayòm Mwen an, nou dwe konsantre sou manje ak bwè pawòl Mwen yo, aprann konnen sajès Mwen, epi jwenn konfimasyon atravè travay Mwen. Si yon moun konsantre sou lòt liv ki pa liv pawòl Mwen yo, Mwen pa vle moun konsa ditou; moun konsa yo se jenès yo ye, epi yo kanpe kont Mwen. Yon moun ki se apot pa dwe rete lakay li twò lontan. Si yon moun fè sa, Mwen ap rejte l e Mwen p ap sèvi avè l ankò; Mwen p ap fòse yo. Piske Mwen di apot yo pa dwe rete lakay yo twò lontan, yo dwe pase anpil tan nan legliz la pou yo ka resevwa edifikasyon. Nan chak de reyinyon legliz yo fè, apot yo dwe asiste omwen youn. Se poutèt sa, reyinyon kolaboratè yo dwe fèt regilyèman (sa gen ladan reyinyon tout apot yo, reyinyon tout responsab legliz yo, ak reyinyon tout sen ki gen bon disèneman). Omwen kèk nan nou dwe asiste chak reyinyon, epi apot yo dwe konsantre yo sèlman sou veye sou legliz yo. Egzijans yo te konn fè sen yo anvan vin pi pwofon toujou. Moun ki te fè peche anvan Mwen te rann temwayaj sou non Mwen, poutèt fidelite yo anvè Mwen, M ap kontinye sèvi avè yo apre Mwen fin mete yo aleprèv. Men, moun ki fè peche ankò apre Mwen fin rann temwayaj Mwen an, men ki pran detèminasyon pou fè tout efò yo pou repanti epi rekòmanse sou yon lòt baz, moun sa yo ka sèlman rete nan legliz la. Sepandan, yo pa dwe aji san okenn kontrent ni lage kò yo nan dezòd; okontrè, yo dwe sibi plis kontrent pase lòt moun. Pou moun ki pa chanje konduit yo apre Mwen fin pale a, Lespri Mwen ap kite yo tousuit, epi legliz la ap gen dwa aplike jijman Mwen epi mete yo deyò nan legliz la. Sa a pa negosyab; pa gen anyen pou diskite sou sa. Si yon moun tonbe pandan eprèv yo — sa vle di, si li abandone — pèsonn pa dwe okipe moun sa a, pou evite tante Mwen epi bay Satan okazyon pou l fonse antre nan legliz la san kontwòl. Men jijman Mwen sou yon moun konsa a. Si yon moun aji san jistis paske li kite santiman li pou yon moun ki kite legliz la gide l, non sèlman moun ki kite a ap pèdi plas li, men lòt moun nan tou y ap mete l deyò nan mitan pèp Mwen an. Yon lòt wòl ankò apot yo jwe, se konsantre yo sou preche levanjil la. Natirèlman, sen yo ka fè travay sa a tou, men yo dwe aji ak sajès lè y ap fè l epi evite koze pwoblèm. Se sa ki sot di yo nou dwe pratike kounye a. Mwen vle raple nou tou pou nou pote atansyon sou predikasyon yo pou fè yo vin pi pwofon, pou tout moun ka antre nan reyalite pawòl Mwen yo. Nou dwe suiv pawòl Mwen yo de prè, pou tout moun ka konprann pawòl Mwen yo klèman e san konfizyon. Se sa ki pi enpòtan an. Moun pami pèp Mwen an ki gen lide trayi Mwen, yo dwe mete yo deyò e yo pa dwe kite yo rete lontan nan kay Mwen, pou yo pa fè non Mwen wont.
21 Fevriye 1992