Chapit 36

Yo di Bondye kòmanse chatye lòm kounye a, men pèsonn pa kapab bay yon repons klè pou konnen si vrè sans chatiman sa a gentan rive sou lòm. Bondye di: «Lòm pa janm dekouvri anyen nan chatiman an, paske sèl sa li fè se kenbe jouk ki nan kou l la ak de men l, de je li fikse sou Mwen, kòmsi l ap gade yon ènmi—epi se nan moman sa a sèlman Mwen wè jan l fin depafini. Se poutèt sa Mwen di pa gen pèsonn ki janm rete fèm nan mitan eprèv yo.» Bondye pale lòm de reyalite chatiman ki poko tonbe sou li a, epi Li fè sa an detay, san Li pa kite anyen deyò. Se kòmsi lòm te antre nan chatiman an epi li vrèman pa kapab rete fèm. Bondye bay yon deskripsyon klè, ki sanble ak reyalite a, sou vizaj lèd lòm. Se poutèt sa lòm santi l anba presyon: Piske Bondye di pa gen pèsonn ki janm rete fèm nan mitan eprèv yo, kijan mwen ta ka moun k ap bat rekò mondyal la, pou yo ta aksepte m malgre konvansyon yo? Nan moman sa a, li kòmanse reflechi. An reyalite, se egzakteman jan Bondye di a: «Èske Mwen mennen yo nan yon wout san sòti?» Vrèmanvre, Bondye mennen tout moun nan yon wout san sòti, e konsa, nan konsyans yo, moun yo toujou kwè Bondye mechan epi Li san pitye. Bondye rale tout moun soti nan lanmè anmè mond lan, epi aprè sa, «pou evite tout aksidan, Mwen te touye tout ‘pwason’ ki te pran nan filè a, aprè sa pwason yo te vin soumèt e obeyisan, epi yo pa t gen menm yon ti plent.» Èske sa a se pa yon reyalite? Bondye rale tout moun soti nan lanmè anmè lanmò a pou mennen yo nan yon lòt gwo twou san fon lanmò, Li trennen yo tout sou «blòk egzekisyon an», epi Li fòse yo rive nan wout san isou a—poukisa Li pa fè sa ak lòt pitit gason Bondye yo ak pèp Bondye a? Ki entansyon Li lè L ap fè yon travay konsa nan peyi gwo dragon wouj la? Poukisa men Bondye tèlman «mechan» konsa? Se pa etonan «lè Mwen bezwen lòm, li toujou kache. Se kòmsi li pa t janm wè sèn ki etonan, kòmsi li te fèt andeyò epi l pa konn anyen nan zafè lavil.» Anfèt, nan fon kè yo, moun yo mande tèt yo: «Ki sa Bondye ap chèche lè L ap travay fason sa a? Èske Li p ap eseye touye nou? Epi ki sans sa genyen? Poukisa etap travay Li yo ap peze sou nou youn aprè lòt, epi poukisa Li pa gen pitye pou nou menm yon ti kras?» Epoutan moun yo pa oze di sa, epi paske pawòl Bondye yo fè yo voye panse sa yo jete, wete nan men yo opòtinite pou yo reflechi pi lwen, yo pa gen okenn lòt chwa ke mete tout lòt panse konsa sou kote. Anfèt, Bondye demaske tout konsepsyon lòm yo, e konsa moun yo fòsekonsepsyon yo fè bak, yo pa pèmèt yo soti deyò. Yo te di anvan sa moun sa yo se desandans gwo dragon wouj la. Anfèt, pou n klè, yo se enkanasyon gwo dragon wouj la. Lè Bondye fòse yo rive nan wout san sòti a epi Li masakre yo, lè sa a—san okenn dout—lespri gwo dragon wouj la pa gen okenn lòt chans ankò pou l travay nan yo. Nan fason sa a, lè moun yo mache rive nan wout san isou a, se menm lè sa a tou gwo dragon wouj la fini mouri. Ou ka di se sèvi l ap sèvi ak lanmò pou l rann Bondye «gwo favè» Li a. Sa a se objektif travay Bondye a nan peyi gwo dragon wouj la. Lè moun yo pare pou yo sakrifye lavi yo, tout bagay vin pa gen anpil enpòtans ankò, epi pa gen pèsonn ki ka pran avantaj sou yo. Ki sa ki ta ka pi enpòtan pase lavi? Konsa, Satan vin enkapab pou l fè anyen ankò nan moun yo, pa gen anyen li kapab fè ak lòm. Malgre yo di nan definisyon «lachè» a Satan kowonp lachè a, si moun yo vrèman bay tèt yo, epi yo pa kite Satan dirije yo, lè sa a pa gen pèsonn ki kapab pran lavantaj sou yo—epi nan moman sa a, lachè a pral ranpli lòt fonksyon li an, epi l ap kòmanse resevwa fòmèlman direksyon Lespri Bondye a. Sa a se yon pwosesis ki nesesè, sa dwe fèt etap pa etap; si se pa sa, Bondye pa t ap gen okenn mwayen pou L travay nan lachè a ki gen tèt di. Sa se sajès Bondye. Nan fason sa a, tout moun antre nan sitiyasyon jodi a san yo pa menm rann yo kont. Epi èske se pa Bondye ki mennen lòm nan «wout san sòti» a? Èske se ta kapab yon nouvo wout lòm te louvri? Dapre eksperyans nou yo, sanble Bondye itilize metòd ki pi mechan yo sou nou, yon bagay ki pèmèt moun wè dwati Bondye. Kijan nou ta fè pa bay louwanj? Sa Bondye fè nou an pèmèt moun kontanple dispozisyon dwat Bondye a; èske sa pa merite pou nou gen admirasyon pou Bondye? Jodi a, nan moman tranzisyon sa a, kote ansyen epòk la toujou egziste epi nouvo epòk la poko parèt, kijan nou rann temwayaj pou Bondye? Èske yon pwoblèm grav konsa pa merite yon refleksyon pwofon? Èske nou toujou ap reflechi sou lòt zafè ki pa enpòtan? Poukisa Bondye di, «Malgre gen yon lè moun yo te konn rele ‘Viv bon konprann’, pèsonn pa te pase anpil tan ap analize mo ‘bon konprann’ nan, sa montre moun yo pa gen okenn dezi pou renmen Mwen»? Si Bondye pa t di bagay konsa, èske nou pa ta kapab eseye konprann kè Bondye poukont nou?

Menmsi nan jou ki sot pase yo, kèk moun gendwa rive konnen yon ti kras sou objektif ak siyifikasyon enkanasyon Bondye a, Mwen di ak sètitid si Bondye pa t pale aklè ak lòm, pèsonn pa t ap kapab devine objektif ak siyifikasyon enkanasyon Bondye a. Sa a absoli. Èske sa poko klè pou nou toujou? Tout sa Bondye fè pou tout moun pa anyen lòt pase eleman jesyon ki nan plan Li an—epoutan yo pa kapab byen konprann entansyon Bondye yo. Sa a se feblès lòm, men Bondye pa mande pou moun yo kapab fè anyen, Li senpleman mande pou yo koute avètisman «doktè a». Sa a se egzijans Bondye. Li mande tout moun pou yo konnen vrè lavi imen an, paske «nan kè yo, mo ‘lavi imen’ yo pa egziste, yo pa gen okenn respè pou yo, epi yo tou senpleman santi yon repiyans pou pawòl Mwen yo, kòmsi Mwen te vin yon granmoun fanm k ap pale anpil.» Nan je moun yo, pawòl Bondye yo tankou yon zouti yo itilize chak jou, epi yo pa trete yo kòm yon bagay ki enpòtan ditou. Konsa, moun yo pa kapab mete pawòl Bondye yo an pratik—yo vin tounen mizerab ki ba ki konnen laverite men ki pa mete l an pratik. Sèl fòt sa a lòm genyen an sifi pou l lakòz Bondye gen degoutans pou yon tan, epi konsa Li di plizyè fwa moun yo pa bay pawòl Li yo enpòtans. Epoutan, nan konsepsyon yo, men sa moun yo panse: «Chak jou nou etidye epi nou analize pawòl Bondye yo, donk kijan yo ta kapab di nou pa t bay yo enpòtans? Èske sa a se pa yon enjistis y ap fè nou?» Men kite Mwen analize sa an detay yon ti kras pou ou—moun yo p ap gen anyen pou yo di. Lè yo li pawòl Bondye yo, yo souke tèt yo pou yo dakò, yo bese byen ba tankou yon ti chyen k ap flate pawòl mèt li. Konsa, nan moman sa a, moun yo santi yo pa diy, avèk dlo nan je k ap koule sou figi yo, kòmsi yo swete repanti epi rekòmanse ankò. Men yonfwa moman sa a fin pase, nati mouton yo genyen an disparèt lapoula epi nati lou vin ranplase l. Yo mete pawòl Bondye yo sou kote, yo toujou kwè pwòp zafè pa yo pase an premye epi zafè Bondye yo vin an dènye. Poutèt aksyon sa yo, yo pa janm kapab mete pawòl Bondye yo an pratik. Lè reyalite yo rive, yo lonje koud yo deyò[a]—yo rele sa se mòde dwèt k ap ba w manje a—se pa etonan Bondye di yo «‘kouri nan lòt direksyon an’ pandan y ap konte sou Mwen pou ba yo sa yo bezwen pou yo viv.» Se sèlman nan sa moun ka wè pa gen menm yon ti manti nan pawòl Bondye yo, yo totalman vre, epi yo pa gen okenn egzajerasyon ditou, epoutan yo sanble minimize yo on ti jan, paske nivo espirityèl lòm twò piti, li pa kapab sipòte yo. Pawòl Bondye yo gentan bay yon deskripsyon trè klè sou zafè lòm yo, ni sa ki anndan l ni sa ki deyò l; yo grave yo avèk byen klè, yo fè yon pòtrè vivan ki egzakteman vrè vizaj Satan an. Men nan etap prezan an, moun yo poko wè tout bagay klè, e konsa yo di yo poko rive konnen tèt yo. Se poutèt sa Mwen di leson sa a dwe kontinye; li pa kapab sispann. Lè moun yo rive konnen tèt yo, se lè sa a Bondye ap jwenn glwa. Sa a fasil pou konprann—Mwen pa bezwen antre nan detay. Sepandan, gen yon bagay Mwen ap fè nou sonje, byenke anvan sa nou dwe li pawòl Bondye sa yo: «Nan epòk jodi a, moun yo pa janm bay Mwen valè, Mwen pa gen plas nan kè yo. Èske yo ta kapab renmen Mwen ak yon kè sensè nan jou soufrans k ap vini yo?» Ki sans pawòl sa yo genyen? Bondye di chatiman an poko tonbe sou lòm, sa ki montre gen yon sans pi pwofon toujou nan mo «konnen pwòp tèt ou» a—èske w wè sa? San yo pa pase nan difikilte ak rafinman, kijan moun yo kapab konnen tèt yo? Èske sa yo se pa pawòl vid? Èske w vrèman fè tout sa Bondye di konfyans? Èske w kapab disène pawòl Bondye yo? Poukisa Bondye di plizyè fwa bagay tankou «Lè Mwen wè aksyon lòm, sèl chwa Mwen genyen se ale,» epi Li di tou, «Se sèlman lè mòn yo ap tonbe epi tè a fann an de moun yo sonje pawòl Mwen yo, se lè sa a sèlman yo leve nan dòmi yo, men lè a deja rive, gwo inondasyon an anglouti yo, epi kadav yo ap flote sou dlo a»? Poukisa Bondye di «moun yo sonje» epi Li pa di «moun yo obeyi pawòl Mwen yo»? Èske se vre mòn yo tonbe epi tè a fann an de? Moun yo pa okipe pawòl konsa, yo kite yo pase, e konsa yo andire anpil difikilte nan pawòl Bondye yo. Se paske yo manke atansyon anpil. Poutèt mank sa a lòm genyen an, Bondye di: «Mwen menm, ‘kreyati etranj’ sa a ki pa gen glann pou fè dlo sot nan je l la, anpil dlo koule nan je M pou lòm. Sepandan, lòm pa konn anyen nan sa.» Paske moun yo pa bay pawòl Bondye yo atansyon, Bondye itilize mwayen sa a pou Li fè yo sonje sa epi konsa Li jwenn «èd» yo.

Pou kounye a, Mwen p ap pwofetize sou devlopman nan mond lan, men Mwen ap anonse kèk bagay sou desten lòm. Èske Mwen pa t mande pou moun yo konnen tèt yo? Kijan yo ka esplike sa? Kijan moun yo ta dwe konnen tèt yo? Lè Bondye «toumante» moun yo tèlman fò yo twouve yo ant lavi ak lanmò, yo kòmanse konprann yon ti kras nan sans lavi imen an, epi lavi imen an fatige yo, yo kwè tout lavi yon moun pa lòt bagay pase yon rèv. Yo kwè lavi lòm se yon lavi ki chaje ak kè sere, y ap mouri san yo pa janm reyalize anyen, epi lavi yo pa gen okenn sans ni okenn valè. Lavi imen an se sèlman yon rèv, yon rèv kote lapenn ak kè kontan ap fè ale vini menm jan ak vag lanmè. Jodi a, moun yo ap viv pou Bondye, men paske y ap viv nan mond lòm nan, lavi yo chak jou rete vid epi san valè, sa ki fè tout moun konnen jwi Bondye se senpleman yon konfò pasaje, epi lè yo pa jwi Bondye, menmsi yo kwè nan Bondye, yo toujou ap viv nan lachè—ebyen ki sans sa genyen? Pou lòm, viv nan lachè se tou senpleman yon bagay ki vid. Aprè lòm fin fè eksperyans difikilte ak pwoblèm ki gen nan lavi imen an, lè l vin granmoun, cheve l vin blan, figi l chaje ak pli, epi men l kouvri ak kal. Malgre li te peye yon gwo pri, sa li jwenn nan piti anpil. Konsa, pawòl Mwen yo ale pi lwen: Tout moun k ap viv nan lachè ap viv nan vid. Pa gen okenn dout sou sa, epi ou pa bezwen egzamine sa an detay. Sa a se vrè vizaj lavi imen an Bondye pale de li plizyè fwa. Bondye pa evite di pawòl sa yo poutèt feblès lòm nan, men Li senpleman aji selon plan Li te genyen depi okòmansman an. Petèt, gen pawòl ki bay moun yo sipò ak konpreyansyon, epi petèt genyen ki fè egzakteman lekontrè, yo fè espre fè moun yo viv nan yon atmosfè lanmò—epi se egzakteman poutèt sa y ap soufri. Konsa, petèt Bondye prepare «estrateji vil vid» la[b] pou egare moun yo espre, men yo pa kapab wè sa ditou, yo rete nan fènwa. Epoutan, tout bagay nan men Bondye, epi menm si moun yo te konnen, kijan yo ta kapab pwoteje tèt yo kont sa? Konsa, pa gen pèsonn ki kapab chape anba menas chatiman an—ki sa yo ta kapab fè? Sèl sa yo kapab fè se soumèt anba aranjman Bondye yo—epi èske se pa paske Bondye kenbe yo epi Li p ap lage yo? Se sèlman anba menas Bondye tout moun kapab kite lanati fè chemen l—èske se pa vre? Si se pa t pou aranjman Bondye yo, kijan moun yo ta kapab aksepte defèt yo ak tout volonte yo? Èske sa a pa t ap yon blag? Malgre lavi imen an vid, kiyès ki dispoze, lè lavi li konfòtab, pou l kite mond lòm nan tou dousman pou l eseye satisfè Bondye? Moun yo mouri san yo pa gen lòt chwa—kiyès ki janm mouri nan abondans, kote li gen tout sa li ta ka vle? Se sèlman yon «zetwal» ki desann soti nan syèl la ki t ap yon eksepsyon. Lè nou konpare l ak lavi nan twazyèm syèl la li te jwi a, lavi sou latè t ap tankou viv kote mò yo ye a—se sèlman nan yon sikonstans konsa li ta gendwa dispoze mouri. Poutan jodi a kiyès ki se yon zetwal nan syèl la? Mwen menm tou, sa «pa klè» pou Mwen. Annou chèche toupatou pou n wè si n ka jwenn youn. Si nou jwenn youn, Mwen mande moun yo pou yo ede Mwen chèche konnen si l dispoze aji selon pawòl Mwen yo ki ekri anwo a. Sepandan Mwen gen yon avètisman pou nou chak: Pa gen youn nan nou ki dwe jwe wòl «ewo» epi ofri tèt li pou l mouri, èske nou konprann?

Nòt anba paj:

a. «Lonje koud ou deyò» se yon ekspresyon chinwa ki vle di ede moun deyò pandan w ap fè pwòp moun pa w oswa pwòp kan w ditò.

b. «Estrateji vil vid» se 32yèm nan Trant-sis Estrateji ansyen peyi Lachin nan. Estrateji sa a enplike bay enpresyon yo gen anpil kran pou kache mank preparasyon nan objektif pou twonpe ènmi an.

Anvan: Chapit 35

Apre: Chapit 39

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger