Chapit 35

Kounye a, tout moun, nan diferan nivo, fin antre nan chatiman. Tankou Bondye te di: “Mwen vanse kòtakòt avèk lòm.” Sa a se verite absoli, poutan moun yo toujou pa kapab konprann pwen sa a totalman. Kòm rezilta, Bondye fè kèk travay ki pa nesesè. Bondye te di: “Mwen soutni yo epi Mwen ba yo sa yo bezwen selon nivo espirityèl yo. Paske lèzòm se pèsonaj santral nan tout plan jesyon Mwen an, Mwen bay sila yo ki jwe wòl ‘moun’ nan plis direksyon, pou pèmèt yo jwe wòl sa a ak tout kè yo epi ak tout kapasite yo.” Li te di tou: “Sepandan, Mwen pa kritike konsyans yo dirèkteman; okontrè, Mwen kontinye gide yo avèk pasyans epi nan yon fason ki sistematik. Apre tou, lèzòm fèb, epi yo pa kapab fè okenn travay.” Men sa Bondye gen nan panse Li: Menm si Li ta detwi tout moun sa yo alafen, travay Li sou tè a t ap toujou kontinye selon plan Li te genyen nan kòmansman an. Bondye pa fè travay ki pa itil anyen; tout sa Bondye fè bon. Tankou Pyè te di, “Menm si Bondye t ap jwe ak lèzòm kòmsi yo te jwèt, ki plent lèzòm ta genyen? Ki dwa yo ta genyen?” Nan epòk jodi a, èske sa se pa sa Bondye ap reyalize ak limanite? Èske lèzòm kapab vrèman gen yon konpreyansyon konsa? Poukisa Pyè, ki t ap viv sa gen plizyè milye ane, te kapab di yon bagay konsa, tandiske “Pyè” jodi a yo, k ap viv nan epòk modèn e ki gen gwo teknoloji sa a, pa kapab? Mwen pa kapab di ak sètitid si istwa ap avanse oswa fè bak, epi pèsonn poko ka reponn kesyon pou konnen si lasyans ap avanse oswa fè bak. Tout sa Bondye fè nan limanite gen kòm objektif pou fè yo vin pozitif epi pèmèt lavi yo grandi. Èske moun yo pa ka konprann sa? Tout bagay ki fè ou negatif se yon feblès ou genyen, yon pwen fèb trè enpòtan Satan pral atake. Èske ou wè sa byen klè? Poukisa Bondye te pale konsa? “Mwen ap sipliye limanite avèk tout senserite epi ak tout kè Mwen. Èske yo vrèman pa kapab fè sa Mwen mande a?” Kisa pawòl sa yo vle di? Poukisa Bondye te poze kesyon sa a? Sa montre limanite gen twòp aspè negatif, epi yon sèl faktè negatif sifi pou fè lèzòm tonbe. Ou ta mèt gade pou ou wè kisa rete nan yon eta negatif ap pote pou ou. Tout sa Bondye fè, Li fè li nan objektif pou pèfeksyone limanite. Èske pawòl sa yo bezwen lòt entèpretasyon? Non—jan mwen wè sa a, pa gen okenn nesesite. Nou ka di lèzòm anba anpriz Satan, men li t ap pi bon anpil pou nou di lèzòm anba anpriz santiman negatif. Sa se yon manifestasyon nan limanite, yon bagay ki atache ak lachè lòm. Kidonk, tout moun tonbe nan santiman negatif san yo pa rann yo kont, epi ansuit yo tonbe nan chatiman. Sa a se yon pyèj Bondye prepare pou limanite, epi se nan moman sa a lèzòm soufri pi plis. Paske moun yo rete nan santiman negatif, li difisil pou yo chape anba chatiman. Èske bagay yo pa egzakteman konsa jodi a? Men kijan lèzòm ka inyore pawòl Bondye yo,“ Sèjousi, Satan ap dechennen nan dènye degre. Poukisa Mwen pa pwofite okazyon sa a pou Mwen souliye pwen santral travay Mwen an pou Mwen revele gwo pouvwa Mwen an?” Mwen di kèk ti pawòl kòm rapèl, epi, imedyatman, moun nan legliz yo antre nan chatiman. Sa fèt paske, apre de mwa travay Bondye a, moun yo poko pase nan anpil chanjman anndan yo menm. Yo annik analize pawòl Bondye yo avèk entèlijans yo, poutan eta yo pa vrèman chanje ditou. Yo rete negatif. Piske se konsa bagay yo ye, lè Bondye mansyone tan chatiman an pre vire, moun yo vin boulvèse imedyatman, yo panse: “Mwen pa konnen si Bondye te predestine mwen, ni mwen pa konnen si mwen ka rete fèm anba chatiman sa a. Li pi difisil toujou pou mwen konnen ki metòd Bondye pral itilize pou chatye moun.” Tout moun pè chatiman, poutan yo pa kapab chanje reyalite sa a. Yo sèlman soufri an silans, men yo pè tou yo p ap kapab rete fèm. Nan sikonstans sa yo, san yo pa gen chatiman k ap tonbe sou yo epi san touman pawòl yo, lèzòm antre nan chatiman san yo pa rann yo kont. Kidonk, kè tout ap sote t epi y ap bat kò yo. Sa rele “rekòlte sa yo simen”, paske lèzòm pa konprann travay Bondye a. An reyalite, Bondye pa gen tandans gaspiye okenn lòt pawòl sou moun sa yo; sanble Bondye adopte yon lòt fason pou Li boule avèk yo, yon fason ki pa vrè chatiman. Se tankou lè yon moun kenbe yon ti poul epi li leve li pou wè si li se yon poul femèl oswa yon kòk; sa ta ka pa sanble yon bagay ki gen okenn enpòtans, men poutan, ti poul la ap tèlman pè l ap lite pou l libere tèt li, kòmsi li te pè anpil pou pwopriyetè li a pa touye li pou l manje li. Se paske ti poul la pa gen okenn konesans de tèt li. Poukisa yon moun ta pral touye epi manje yon ti poul ki peze sèlman kèk ons? Èske sa pa t ap san sans? Se egzakteman jan Bondye te di: “Poukisa, alò, moun yo toujou ap evite Mwen? Èske se paske Mwen pral trete yo tankou ti poul, pou Mwen touye yo kou Mwen kenbe yo?” Se poutèt sa, soufrans lèzòm se yon devouman « kote li pa wè tèt pa l ditou », epi nou kapab rele sa yon pri initil pou yo peye. Se paske moun yo pa konnen pwòp tèt yo ki fè yo santi yo pè; kòm rezilta, yo pa kapab riske lavi yo. Sa a se feblès lèzòm. Èske pawòl Bondye pwononse yo ki di: “Alafen, kite lèzòm konnen tèt yo. Sa se objektif final Mwen”, vin pase mòd? Kiyès ki konnen tèt li vrèman? Si yon moun pa konnen tèt li, ebyen kisa ki ba li dwa pou yo chatye li? Pran ti mouton kòm egzanp. Kijan yo ta kapab touye yo si yo poko tounen mouton ki fin grandi? Kijan lèzòm ta ka jwi yon pye bwa ki poko bay fwi? Tout moun bay “vaksen” an twòp enpòtans. Kidonk, moun yo ap fè jèn kòm zèv, y ap rete grangou. Sa a se yon egzanp ki montre y ap rekòlte sa yo simen, y ap fè tèt yo mal, epi se pa paske Bondye brital oswa Li pa gen limanite. Si, yon jou, lèzòm toudenkou vin konnen tèt yo epi yo tranble tèlman yo pè devan Bondye, ebyen Bondye pral kòmanse chatye yo. Se sèlman nan fason sa a lèzòm ap anbrase difikilte ak tout volonte yo, y ap obeyisan nan kè ak nan pawòl. Men kisa k ap pase jodi a? Yo chatye tout moun kont volonte yo, tankou timoun yo fòse fè manje. Lè bagay yo konsa, kijan yo ta fè pa santi yo malalèz? Tout moun panse: “Ebyen! Toutotan mwen ap sibi chatiman, mwen ta mèt bese tèt mwen epi plede koupab! Kisa mwen ka fè? Menm si mwen ap kriye, mwen dwe satisfè Bondye kanmenm, kidonk kisa mwen ka fè? Kit se an byen kit se an mal, se sou chemen sa a mwen ye kounye a. Ebyen! Mwen ap annik di se malchans mwen!” Èske se pa konsa moun panse?

Jan Bondye te di: “Limanite konpòte li byen; pèsonn pa oze opoze ak Mwen. Anba direksyon Mwen, tout moun ap fè ‘djòb’ Mwen te ba yo fè a.” Sa sifi pou montre pa gen yon sèl moun ki resevwa chatiman ak tout volonte l—chatiman ki anplis de sa soti nan Bondye—paske tout moun vle viv nan trankilite olye de ajitasyon ak dezòd. Bondye te di: “Kiyès ki pa pè lanmò? Èske moun yo vrèman riske lavi yo?” Sa a totalman vrè; tout moun pè mouri, eksepte, e se vre, lè yo chaje ak kòlè oswa dezespwa. Sa se sibstans lèzòm, epi li se bagay ki pi difisil pou boule ak li a. Jodi a, Bondye vini jisteman pou Li rezoud sitiyasyon difisil sa a. Tout moun san pouvwa, kidonk Bondye vini espesyalman pou Li tabli nan mitan yo yon lopital espesyalize kote yo kapab jwenn gerizon pou maladi sa a. Moun yo pa kapab libere tèt yo anba pyèj maladi sa a, se poutèt sa yo santi kè yo sote, yo soufri ak yon eksè chalè anndan bouch yo, epi yo gen vant anfle. Avèk letan, volim gaz nan vant yo ogmante, sa ki lakòz yon ogmantasyon nan presyon an, epi finalman, vant yo pete epi yo tout mouri. Se poutèt sa, alò, Bondye ap fin geri maladi grav lèzòm genyen an. Piske tout moun ap fin mouri, èske maladi lòm nan p ap geri grasa sa? Bondye vini fè travay sa a espre. Paske moun yo pè lanmò anpil, Bondye Li menm vini pou Li fè travay sa a ansanm ak lèzòm; paske kouraj yo tèlman piti, Li ba yo dabò yon demonstrasyon pou yo gade. Moun yo dispoze soumèt sèlman apre yo fin wè egzanp Bondye bay la. Pou rezon sa a, Bondye te di: “Paske pèsonn pa t kapab reyalize travay Mwen an, Mwen menm an pèsòn Mwen mete pye Mwen sou chan batay la pou Mwen angaje Mwen nan yon batay lavi ak lanmò avèk Satan.” Sa se yon batay desizif, donk swa pwason an mouri oswa privye a chire. Sa a sèten. Paske lespri a ap triyonfe alafen, lanmò dwe pran lachè a san mank. Èske nou konprann enplikasyon sa genyen? Poutan, pa vin twò sansib. Pètèt fraz ki anlè a senp, oswa pètèt li konplèks. Nenpòt fason, lèzòm pa ka sonde li—sa a sèten. Nan soufrans, lèzòm kapab aksepte rafinman pawòl Bondye a, sa yon moun ta ka rele bon chans yo, oswa sa yon moun ta ka rele malè yo. Poutan mwen ta toujou bay yon rapèl ki di, apre tou, entansyon Bondye yo dwat—kontrèman ak entansyon lèzòm yo, ki toujou pou fè plan ak aranjman pou pwòp tèt pa yo. Nou dwe klè sou sa; pa tonbe nan fè refleksyon san fen. Èske sa se pa jisteman feblès lèzòm? Yo tout konsa; olye yo renmen Bondye jis nan yon sèten nivo, yo renmen pwòp tèt yo jis nan yon sèten nivo. Li se yon Bondye ki fè jalouzi pou lòm, kidonk Li toujou fè lòm egzijans. Plis moun yo renmen pwòp tèt yo, se plis Bondye egzije yo pou yo renmen Li, epi egzijans Li yo anvè yo vin pi strik. Se kòmsi Bondye t ap takinen moun yo espre. Si moun yo renmen Li vrèman, Li sanble pa fè ka yo. Akòz sa, moun yo grate tèt yo epi tonbe reflechi an pwofondè. Sa a se yon deskripsyon dispozisyon Bondye, sèlman yon mansyon tou kout sou youn oswa de bagay. Sa a se entansyon Bondye. Se sa Bondye mande moun yo pou yo konnen, epi se yon zafè ki ijan anpil. Se yon nouvo travay, epi moun yo dwe travay di ladan li pou yo fè yon gwo pa annavan yon fason pou yo fè nouvo pwogrè. Èske nou konprann sa? Èske nou bezwen pou mwen di plis sou sijè sa a?

Konsènan epòk anvan yo, Bondye te di: “Mwen pa t janm chwazi okenn moun; lèt an silans Mwen an te rejte yo tout. Se paske moun nan tan lontan yo pa t sèvi Mwen san pataj, kidonk, an retou, Mwen pa t renmen yo san pataj. Yo te pran “kado” Satan yo epi apre sa, yo tounen vin ofri Mwen yo. Èske sa se pa t yon fason pou yo pale Mwen mal?” Kijan nou kapab eksplike pawòl sa yo? Se jan Bondye te di: “Tout don soti nan Satan.” Jenerasyon apot ak pwofèt ki te pase yo te depann nèt de don pou yo fè travay yo, epi, atravè jenerasyon yo, Bondye te itilize don yo genyen pou Li reyalize travay Li. Se poutèt sa yo di sèvis tout moun ki gen don yo soti nan Satan. Sepandan, akòz sajès Bondye, “Mwen t ap itilize konplo Satan an kòm eleman kontras Mwen.” Kidonk, Bondye te rele sèvis moun ki gen don yo “kado ki soti nan Satan”, epi se sèlman paske yo soti nan Satan ki fè Bondye rele aksyon sa a “kalomni.” Sa a se pa yon akizasyon san fondman kont lèzòm; okontrè, se yon esplikasyon ki gen bon fondman epi ki apwopriye. Kidonk, “Mwen pa t revele repiyans Mwen; okontrè, Mwen te itilize konplo yo a nan pwòp avantaj pa Mwen lè Mwen te ajoute ‘kado’ sa yo nan materyèl jesyon Mwen yo. Pita, yon fwa aparèy te fin trete yo, Mwen t ap boule tout dechè ki te ladan yo.” Se sa ki bèl nan travay Bondye a. Se pwen sa a ki pi kontrè ak konsepsyon imen yo, paske pèsonn pa t ap janm panse moun k ap gen pouvwa kòm wa se pa moun ki gen don, men se pito moun ki pa gen don Bondye renmen yo. Jan nou ka wè sa, lide ak espwa Witness Lee ansanm ak Watchman Nee tounen sann nèt, epi se menm bagay la pou moun ki gen don jodi a yo. Kounye a Bondye kòmanse travay sa a, epi Li ap retire tikal pa tikal tout travay Sentespri a nan moun ki sèvi kòm yon eleman kontras pou travay Li a. Lè travay Bondye a konplètman fini, moun sa yo ap tout tounen nan plas orijinal yo. Sepandan, mwen ankouraje lèzòm pou yo pa aji yon fason ensanse poutèt pawòl mwen yo. Nou ta dwe kite bagay yo fèt natirèlman epi aji an konfòmite ak etap travay Bondye yo, dekwa pou nou pa deranje li. Èske nou konprann pwen sa a? Paske sa yo se etap ak metòd travay Bondye a. Lè Bondye “trete” “kado” sa yo pou fè yo tounen “pwodui fini”, tout entansyon Li yo ap vin parèt aklè, epi y ap elimine tout kado k ap rann Li sèvis yo; sepandan, Bondye ap gen pwodui fini yo pou Li jwi. Èske nou konprann sa? Sa Bondye vle se pwodui fini, se pa pakèt kado abondan lèzòm ofri Li yo. Se sèlman lè tout moun fin pran vrè plas yo, sa ki vle di lè Bondye retounen nan pozisyon Li te genyen okòmansman epi lè dyab yo tou chita nan pwòp plas yo, se ap menm bagay pou zanj yo, san okenn eksepsyon—se sèlman lè sa a yon souri satisfaksyon ap parèt sou figi Bondye, paske entansyon Li yo ap fin satisfè, epi Li ap fin atenn objektif Li. Bondye p ap chèche “èd” nan men dyab yo ankò, paske entansyon Bondye yo ap fin revele aklè bay lèzòm, epi yo p ap janm fè lèzòm transmèt yo ankò. Nan moman sa a, kò fizik moun yo ap vin fè yon sèl ak lespri yo. Se sa Bondye rann evidan pou lèzòm; li se destinasyon final pou lespri a, nanm nan, ak kò a. Se yon rezime ki bay siyifikasyon “limanite” te genyen okòmansman. Nou pa bezwen fè rechèch an detay sou sa; li sifi pou konnen youn oswa de bagay sou sa. Èske nou konprann?

Anvan: Chapit 33

Apre: Chapit 36

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger