Chapit 33
Pou di verite, dapre sa Bondye fè sou moun yo, ak sa Li ba yo, ansanm ak sa moun yo posede, moun kapab di egzijans Li genyen pou moun yo pa twòp, Li pa mande yo anpil bagay. Kijan, alò, yo pa ta eseye satisfè Bondye? Bondye bay moun yon santèn bagay, epoutan Li mande sèlman yon sèl bagay nan men moun yo—èske se mande yon kantite ki twòp? Èske Bondye ap kreye pwoblèm kote ki pa genyen? Souvan, moun yo pa konnen tèt yo, epi yo pa egzamine tèt yo devan Bondye, konsa souvan gen moman kote yo pran nan pyèj—kijan sa ta kapab konsidere kòm kopere avèk Bondye? Si ta janm gen yon epòk kote Bondye pa t mete yon fado lou sou moun yo, yo t ap tonbe plat tankou labou, epi yo pa t ap pran inisyativ pou yo jwenn bagay pou yo fè. Se konsa moun yo ye—swa yo pasif swa yo negatif, toujou enkapab pou yo kopere aktivman avèk Bondye, toujou ap chèche yon rezon negatif pou yo bay tèt yo legen. Èske reyèlman ou se yon moun ki fè tout bagay pou satisfè Bondye, san ou pa fè yo pou tèt ou? Èske reyèlman ou se yon moun ki pa baze sou santiman ou, ki pa gen pwòp preferans pèsonèl ou, epi ki satisfè bezwen travay Bondye a? «Poukisa moun yo toujou ap chèche fè machanday avèk Mwen? Èske se Mwen ki direktè jeneral yon sant komèsyal? Poukisa Mwen akonpli sa moun yo mande Mwen ak tout kè Mwen, epoutan sa Mwen mande lòm pa bay okenn rezilta?» Poukisa Bondye poze kesyon sa yo youn apre lòt konsa? Poukisa Li plenn nan dekourajman konsa? Bondye pa jwenn anyen nan moun yo; sèl sa Li wè se travay yo chwazi fè yo. Poukisa Bondye di «epoutan sa Mwen mande lòm pa bay okenn rezilta»? Mande tèt nou: Depi li kòmanse jouk li fini, kiyès ki kapab fè travay ki se devwa l pou li fè a san l pa fè okenn chwa ditou? Kiyès ki pa aji selon sa kè yo di yo? Moun yo bay kapris yo libète nèt, yo pa janm pèsevere nan sa y ap fè, se kòmsi y ap fè lapèch pandan twa jou, epi apre sa yo abandone filè yo pou yo pase de jou k ap vin apre yo san yo pa fè anyen. Yon lè yo cho, yon lòt lè yo frèt: Lè yo cho, yo kapab boule tout bagay sou tè a fè yo tounen sann, epi lè yo frèt, yo kapab glase tout dlo ki sou tè a. Sa a se pa fonksyon lòm, epoutan sa a se konparezon ki pi apwopriye sou eta lòm nan. Èske sa a se pa yon reyalite? Petèt Mwen gen «konsepsyon» sou moun yo, petèt Mwen ap denigre yo—men kèlkeswa sa k rive, «Avèk laverite, w ap mache nan lemonn antye; san laverite, ou p ap rive okenn kote.» Malgre sa se yon pwovèb lèzòm, Mwen panse li apwopriye pou itilize l la a. Mwen pa chèche dekouraje moun yo espre epi nye aksyon yo. Kite Mwen poze nou kèk kesyon: Kiyès ki konsidere travay Bondye a kòm travay li gen devwa pou l fè? Kiyès ki kapab di, «Toutotan mwen kapab satisfè Bondye, mwen ap bay tout mwen menm»? Kiyès ki kapab di, «Kèlkeswa sa lòt moun fè, mwen pral fè tout sa Bondye bezwen, epi kèlkeswa longè travay Bondye a dire, mwen pral fè devwa mwen; mete fen nan travay Li a se zafè Bondye, epi se pa yon bagay mwen pase tan mwen ap panse sou li»? Kiyès ki gen kapasite pou l gen konesans sa a? Sa nou panse pa enpòtan—petèt ou gen pi gwo konpreyansyon, nan ka sa a Mwen dakò, Mwen admèt Mwen pèdi—epoutan Mwen dwe di ou sa Bondye vle a se yon kè ki lwayal, ki sensè epi ki pasyone, se pa «kè yon lou» ki engra. Kisa nou konnen de «machanday» sa a? Depi nan kòmansman jouk nan fen, nou menm k ap li pawòl sa yo, nou t ap «vwayaje toupatou nan mond lan.» Yon moman nou nan vil «Kunming», yon vil ki toujou nan sezon prentan, epi nan yon bat je nou rive nan «Pòl Sid» ki fè frèt anpil, ki kouvri ak nèj. Kiyès depi nan kòmansman jouk nan fen ki pa janm fè bak? Sa Bondye mande se yon lespri ki «Pa pran repo jouk rive nan lanmò»; sa Li vle a se yon lespri ki fè moun yo «p ap sispann jiskaske yo frape nan yon mi.» Natirèlman, dezi Bondye se pa pou moun yo pran move chemen an, men pito pou yo adopte yon lespri konsa. Menm jan Bondye di: «Lè Mwen konpare “kado” yo bay yo avèk bagay Mwen yo, moun yo imedyatman rekonèt valè Mwen, epi se lè sa a sèlman yo wè jan Mwen gran san mezi.» Kijan pawòl sa yo kapab eksplike? Petèt, lè ou li pawòl ki sot di yo sa ba ou yon sèten konesans, paske Bondye retire tout kè lòm nèt pou Li analize l an detay, epi nan moman sa a moun yo vin konnen pawòl sa yo. Men poutèt sans pwofon ki anndan pawòl Bondye yo, moun yo toujou pa fin konprann «ansyen» lachè a, paske yo pa t etidye nan yon inivèsite medsin, ni yo pa akeyològ, e konsa yo santi nouvo tèm sa a enkonpreyansib—epi se lè sa a sèlman yo bay legen yon ti kras. Paske moun yo san pouvwa devan ansyen lachè a; malgre li pa tankou yon bèt fewòs, ni li pa kapab detwi limanite tankou yon bonm atomik, yo pa konnen kisa pou yo fè avè l, epi se kòmsi yo san pouvwa. Men pou Mwen, gen fason pou taye ansyen lachè a. Lefètke lòm pa janm fè okenn efò pou li panse ak yon mwayen pou kontrekare l, sa fè divès konpòtman dwòl lòm genyen yo ap parèt san rete devan je Mwen; menm jan Bondye te di: «Lè Mwen montre yo tout Mwen menm, yo gade Mwen ak je yo byen gran ouvè, yo rete kanpe devan Mwen san yo pa fè yon mouvman, tankou yon poto sèl. Epi lè Mwen gade jan yo parèt dwòl, Mwen prèske pa kapab anpeche Tèt Mwen ri. Poutèt y ap lonje men yo pou mande Mwen bagay, Mwen ba yo bagay ki nan men Mwen yo, epi yo kenbe yo sou lestomak yo, y ap karese yo tankou yon ti bebe ki fenk fèt, yon aksyon yo fè pou yon ti moman sèlman.» Èske sa yo se pa aksyon ansyen lachè a? Piske moun yo gen konpreyansyon jodi a, poukisa yo pa renonse, epi olye de sa y ap kontinye toujou? An reyalite, gen yon pati nan egzijans Bondye yo ki pa depase kapasite lòm, epoutan moun yo pa ba li okenn atansyon, paske «Mwen pa chatye lòm konsa konsa. Se pou rezon sa a moun yo te toujou bay lachè yo libète nèt. Yo pa obsève entansyon Mwen yo, men yo te toujou ap flate Mwen devan twòn jijman Mwen an.» Èske sa a se pa nivo espirityèl lòm nan? Se pa kòmsi Bondye ap chèche ti defo espre, men se sa ki reyalite a—èske Bondye dwe di sa yon fason dirèk? Menm jan Bondye di: «Se paske “lafwa” moun yo gran anpil ki fè yo “merite admirasyon”.» Pou rezon sa a, Mwen soumèt anba aranjman Bondye yo, e konsa Mwen pa pale anpil sou sa; poutèt «lafwa» moun yo, Mwen pwofite de sa, Mwen sèvi ak lafwa yo a pou fè yo akonpli fonksyon yo san Mwen pa bezwen raple yo sa. Èske se mal pou Mwen fè sa? Èske se pa egzakteman sa Bondye bezwen? Petèt, lè yo tande pawòl sa yo, gen kèk moun ki ka santi yo bouke—konsa Mwen pral pale de yon lòt bagay, pou Mwen ba yo yon ti souf. Lè tout moun Bondye chwazi yo nan linivè a pase nan chatiman, epi lè eta ki anndan lòm nan korije, moun yo ap santi yo gen chans an kachèt nan kè yo, kòmsi yo te chape anba tribilasyon. Nan moman sa a, moun yo p ap chwazi pou tèt pa yo ankò, paske sa a se egzakteman efè ki reyalize pandan dènye travay Bondye a. Avèk etap Li yo ki pwogrese jouk jounen jodi a, tout pitit gason Bondye yo ak tout moun nan pèp Li a antre nan chatiman, epi Izrayelit yo tou pa kapab chape anba faz sa a, paske moun yo kontamine ak salte anndan yo, e konsa Bondye mennen tout moun antre nan gwo founèz pou fonn metal la pou rafinman, ki se yon chemen ki nesesè. Lè sa a fin pase, moun yo ap resisite pami mò yo, ki se egzakteman sa Bondye te anonse nan «deklarasyon sèt Lespri yo». Kounye a, Mwen p ap pale de sa ankò, yon fason pou Mwen pa kreye lènmi nan mitan moun yo. Paske travay Bondye a mèveye, pwofesi ki soti nan bouch Bondye yo dwe finalman reyalize; lè Bondye mande pou moun yo pale de konsepsyon yo ankò, yo pèdi mo, e konsa pèsonn pa ta dwe bay tèt li pwoblèm oswa gen enkyetid. Menm jan Mwen te di, «Nan tout travay Mwen an, èske te janm gen yon etap men lòm te reyalize?» Èske ou konprann esans pawòl sa yo?