Chapit 32
Pawòl Bondye yo kite moun yo nan konfizyon; se kòmsi, lè Li pale, Bondye ap evite lòm epi L ap pale nan vid, kòmsi Li pa gen okenn entansyon ditou pou Li bay zèv lòm yo plis atansyon epi Li pa bay nivo espirityèl lòm okenn enpòtans, kòmsi pawòl Li pale yo pa vize konsepsyon moun yo, men yo evite lòm ann akò ak entansyon orijinal Bondye. Pou yon kantite rezon moun pa ka konte, pawòl Bondye yo enkonpreyansib epi lòm pa ka sonde yo. Sa pa yon sipriz. Objektif orijinal tout pawòl Bondye yo se pa pou moun yo akeri konesans teknik oswa aprann trik ladan yo; okontrè, yo se youn nan mwayen Bondye itilize pou Li travay depi nan kòmansman jouk jodi a. Se vre, moun yo vrèman jwenn bagay nan pawòl Bondye yo: bagay ki gen rapò ak mistè yo, oswa bagay ki konsène Pyè, Pòl, ak Jòb—men konsène sa yo ta dwe atenn ak sa yo kapab atenn, epi, jan sa koresponn ak nivo espirityèl yo, yo deja ale osi lwen yo kapab pou yo atenn bagay sa yo. Poukisa efè Bondye mande pou reyalize a pa gwo, epoutan Li pale tèlman anpil pawòl? Sa gen rapò ak chatiman L ap pale a, epi natirèlman, tout sa reyalize san moun yo pa rann yo kont. Jodi a, moun yo andire pi gwo soufrans anba atak pawòl Bondye yo. Sou deyò, sanble pa gen youn nan yo ki te pase nan netwayaj, moun yo kòmanse jwenn plis libète pou yo fè travay yo, epi moun k ap bay sèvis yo te elve pou vin pèp Bondye a—nan sa, li parèt pou moun yo ke yo antre nan jwisans. An reyalite, verite a se ke, soti nan rafinman, yo tout antre nan yon chatiman ki pi sevè. Menm jan Bondye di: «Etap travay Mwen yo makònen sere youn ak lòt, chak etap toujou pi wo.» Bondye leve moun k ap bay sèvis yo soti nan gwo twou san fon an epi Li jete yo nan letan dife ak souf la, kote chatiman an pi douloure. Konsa, yo andire pi gwo soufrans toujou, e yo apèn kapab chape anba li. Èske yon chatiman konsa pa pote plis doulè? Lè yo fin antre nan yon domèn ki pi wo, poukisa moun yo santi lapenn olye yo santi okenn lajwa? Poukisa yo di ke, apre yo fin sove anba men Satan, yo lage yo nan men gwo dragon wouj la? Èske nou sonje lè Bondye te di, «Dènye pati nan travay la akonpli nan kay gwo dragon wouj la»? Èske nou sonje lè Bondye te di, «Dènye gwo soufrans lan se rann yon temwayaj solid pou Bondye ki sonnen fò devan gwo dragon wouj la»? Si yo pa t lage moun yo nan men gwo dragon wouj la, kijan yo ta kapab rann temwayaj devan l? Kiyès ki janm di pawòl tankou «Mwen ranpòte laviktwa sou dyab mechan an» apre yo fin touye tèt yo? Lè yo wè pwòp lachè yo kòm lènmi yo, epi ansuit yo touye tèt yo—ki siyifikasyon pratik sa genyen? Poukisa Bondye te pale konsa? «Mwen pa gade sikatris moun yo genyen, men Mwen gade nan pati nan yo ki pa gen sikatris la, epi Mwen jwenn plezi nan sa.» Si se te vre Bondye swete pou moun ki pa gen sikatris yo se ekspresyon Li, poukisa Li ta pale tèlman anpil pawòl avèk pasyans e ak tout kè Li soti nan pèspektiv lòm pou Li atake konsepsyon moun yo? Poukisa Li ta okipe tèt Li ak sa? Poukisa Li ta bay tèt Li pwoblèm ki pa nesesè pou Li fè yon bagay konsa? Konsa sa montre gen yon siyifikasyon pratik nan enkanasyon Bondye a, ke Li pa t ap «mete lachè a sou kote» apre Li fin enkane epi akonpli travay Li. Poukisa yo di «lò pa kapab san melanj epi lòm pa kapab pafè»? Kijan moun kapab eksplike pawòl sa yo? Lè Bondye pale sou sibstans lòm, kisa pawòl Li yo vle di? Nan je lèzòm, lachè a sanble li pa kapab fè anyen, oswa li sanble li manke twòp bagay. Nan je Bondye, sa pa enpòtan ditou—epoutan pou moun yo, se yon pwoblèm ki gen yon enpòtans depase. Se kòmsi yo totalman pa kapab rezoud sa a, kòmsi se yon enstitisyon selès ki dwe jere sa pèsonèlman—èske sa a se pa yon konsepsyon imen? «Nan je moun yo, Mwen se sèlman yon “ti zetwal” ki desann sot nan syèl la; Mwen se senpleman yon ti zetwal nan syèl la, epi Bondye te ban Mwen misyon pou Mwen vini sou tè a jodi a. Kòm rezilta, moun yo vin ak plis entèpretasyon pou mo “Mwen” ak “Bondye”.» Piske lèzòm pa vo anyen, poukisa Bondye ekspoze konsepsyon yo nan diferan ang? Èske sa ta kapab sajès Bondye tou? Èske pawòl konsa pa ridikil? Menm jan Bondye di: «Malgre gen yon plas Mwen etabli nan kè moun yo, yo pa bezwen Mwen rete ladan l. Okontrè, y ap tann pou “Sen an” ki nan kè yo a rive bridsoukou. Paske idantite Mwen twò “ba”, Mwen pa satisfè egzijans moun yo, kidonk yo “elimine” Mwen.» Paske estimasyon moun yo pou Bondye twò «wo», anpil bagay «inaksesib» pou Bondye, sa ki mete Li «nan difikilte». Moun yo pa konnen ditou sa yo mande pou Bondye kapab fè a se konsepsyon yo. Èske sa a se pa vrè siyifikasyon pwovèb ki di «Yon moun entèlijan kapab vin viktim pwòp entèlijans li» a? Sa a se vrèman yon ka «Li konn entèlijan, men fwa sa a li aji tankou moun sòt»! Nou menm, nan prèch nou yo, nou mande moun yo debarase yo de «Bondye» ki nan konsepsyon yo a, men èske nou menm nou debarase tèt nou de «Bondye» ki nan konsepsyon pa nou yo? Kijan moun kapab entèprete pawòl Bondye yo ki di «Egzijans Mwen fè lòm yo pa gran ditou» a? Yo pa la pou fè moun yo vin negatif epi lage kò yo nan libètinaj, men pou ba yo yon konpreyansyon san melanj sou pawòl Bondye yo—èske nou konprann? Èske Bondye enkane a se vrèman «“Mwen” ki gran epi ki wo a» jan moun yo imajine a?
Malgre gen moun ki li tout pawòl Bondye te pale yo epi ki kapab bay yon rezime jeneral sou yo, kiyès ki kapab pale sou kisa ki objektif final Bondye a? Se sa limanite manke a. Kèlkeswa pèspektiv Bondye itilize pou Li pale, objektif jeneral Li se pou fè moun yo konnen Bondye nan lachè a. Si pa t gen okenn tras limanite nan Li—si sèl sa Li te genyen se te aparans gloriye Bondye ki nan syèl la—lè sa a, Bondye pa t ap bezwen di tèlman anpil bagay. Nou kapab di sa moun yo manke a sèvi kòm materyèl premye men pou pawòl Bondye yo. Sa vle di, sa ki manifeste nan lòm nan se kontèks pou sa Bondye di sou konsepsyon moun yo, e konsa, moun yo itil deklarasyon Bondye yo. Natirèlman, sa baze sou sa Bondye di sou konsepsyon moun yo—se sèlman nan fason sa a nou kapab di sa a se konbinezon ant teyori ak reyalite; se sèlman lè sa a moun yo kapab gen pi bon mwayen pou yo konnen tèt yo toutbonvre. Kisa sa t ap itil si Bondye nan lachè a te konpatib ak konsepsyon moun yo epi si Bondye te rann temwayaj pou Li tou? Se ekzakteman poutèt sa Bondye travay apati aspè negatif la, Li itilize konsepsyon moun yo pou Li mete gwo pouvwa Li an valè. Èske sa a se pa sajès Bondye? Tout sa Bondye fè pou tout moun ekstrèmman bon—kidonk poukisa pou nou pa fè louanj nan moman sa a? Si bagay yo te rive nan yon sèten pwen, oswa si jou a te rive, èske ou t ap kapab, menm jan ak Pyè, fè priyè ki soti byen fon anndan w nan mitan eprèv yo? Se sèlman si, menm jan ak Pyè, ou toujou kapab fè louanj pou Bondye lè ou nan men Satan, se lè sa a ekspresyon sa ap jwenn vrè siyifikasyon li, ekspresyon ki di: «libere anba chenn Satan yo, ranpòte laviktwa sou lachè, epi ranpòte laviktwa sou Satan» an. Èske sa a se pa rann temwayaj pou Bondye nan yon fason ki pi pratik? Se sèl efè sa a ki reyalize pa «divinite k ap parèt pou aji a ak Lespri ki entansifye sèt fwa a k ap travay sou lòm nan», e se efè tou ki reyalize pa «Lespri a k ap soti nan lachè a». Èske aksyon konsa pa pratik? Nou te konn bay reyalite a atansyon, men èske nou vrèman gen konesans sou reyalite a jodi a? «Egzijans Mwen fè lòm yo pa gran ditou, epoutan moun yo kwè lekontrè. Konsa, “imilite” yo parèt aklè nan chak jès yo fè. Yo toujou gen tandans mache devan Mwen, pou yo montre Mwen wout la, avèk gwo laperèz pou Mwen pa pèdi wout Mwen, yo terifye a lide pou Mwen ta pèdi nan ansyen forè ki byen fon nan mòn yo. Kòm rezilta, moun yo te toujou ap mennen Mwen avanse, ak gwo laperèz pou Mwen pa mache antre nan kacho a.» Ki konesans nou genyen sou pawòl senp sa yo—èske nou vrèman kapte rasin pawòl Bondye yo ki ladan yo a? Èske nou te fè atansyon pou konnen sou kilès nan konsepsyon nou yo Bondye te pale pawòl sa yo? Nan sa nou konsantre sou li chak jou a, èske nou te kapte pwen santral sa a? Nan yon fraz nan pwochen pati a, ki vin tousuit apre a, Bondye di: «Epoutan, moun yo pa konnen entansyon Mwen yo epi yo kontinye ap sipliye Mwen pou bagay, kòmsi sa Mwen ba yo a pa kapab reponn a egzijans yo, kòmsi demand lan depase sa ki disponib la.» Nan fraz sa a, nou kapab wè kisa ki konsepsyon ki anndan nou yo. Bondye pa sonje ni Li pa mennen ankèt sou sa nou te fè nan tan ki pase yo, kidonk pa panse ankò ak zafè ki pase yo. Sa ki gen pi gwo enpòtans lan se pou konnen si nou kapab kreye «lespri Pyè nan dènye epòk la» sou chemen avni an—èske nou gen lafwa pou nou atenn sa? Sa Bondye mande lòm pa anyen lòt pase imite Pyè, dekwa pou moun yo ka finalman ouvri yon chemen pou fè gwo dragon wouj la wont. Se poutèt sa Bondye di: «Mwen espere sèlman moun yo gen detèminasyon pou yo kopere avèk Mwen. Mwen pa mande pou yo kwit bon manje pou Mwen, ni pou yo prepare yon bon kote pou Mwen poze tèt Mwen...» Nan mond lan, yo mande moun yo pou yo kreye «lespri Lei Feng nan ane 1990 yo», men nan kay Bondye a, Bondye mande pou nou kreye «stil sèl Pyè te genyen an». Èske nou konprann entansyon Bondye a? Èske nou vrèman kapab fè efò pou sa?
«Mwen deplase anwo linivè yo, epi pandan Mwen ap mache, Mwen obsève moun nan tout linivè a. Pami foul moun yo sou tè a, pa janm gen okenn moun ki apwopriye pou Mwen travay anndan yo oswa ki renmen Mwen toutbon. Konsa, nan moman sa a Mwen fè yon soupi plen dekourajman, epi moun yo gaye imedyatman, yo pa rasanble ankò, avèk gwo laperèz pou Mwen pa “pran yo tout nan yon sèl filè”.» Petèt, pifò moun jwenn pawòl sa yo trè difisil pou yo konprann. Yo mande poukisa Bondye pa mande lòm anpil bagay, epoutan Li fè yon soupi dekourajman paske pa gen okenn moun ki apwopriye pou Li travay anndan yo. Èske gen yon kontradiksyon la a? Selon sans literal la, genyen youn, men an reyalite pa gen okenn kontradiksyon. Petèt ou kapab sonje toujou lè Bondye te di: «Tout pawòl Mwen yo pral gen efè Mwen swete a.» Lè Bondye ap travay nan lachè, moun yo fikse atansyon yo sou chak aksyon Li pou wè kisa egzakteman Li pral fè. Lè Bondye ap reyalize nouvo travay Li a ki vize Satan nan mond espirityèl la, pou di sa yon lòt fason, sa pwodui tout kalite konsepsyon pami moun sou tè a akòz Bondye nan lachè a. Lè Bondye fè yon soupi dekourajman—sa vle di, lè Li pale de tout konsepsyon lòm yo, moun yo fè tout sa yo kapab pou yo redrese konsepsyon sa yo, epi genyen menm ki kwè yo san espwa, paske Bondye di tout moun ki gen konsepsyon sou Li se lènmi Li—e konsa, kijan moun yo ta fè pa «gaye» akòz sa? Patikilyèman jodi a, lè chatiman an rive, moun yo pi pè toujou pou Bondye pa efase yo nèt. Yo kwè apre yo fin sibi chatiman, Bondye pral «pran yo tout nan yon sèl filè». Epoutan, reyalite a pa konsa: Menm jan Bondye di, «Mwen pa swete “kenbe” moun yo nan mitan chatiman Mwen an pou yo pa janm kapab chape. Paske jesyon Mwen manke zèv lòm, e konsa li pa posib pou reyalize travay Mwen an avèk siksè, sa ki anpeche travay Mwen an avanse yon fason efikas.» Entansyon Bondye se pa pou travay Li fini yon fwa yo fin touye tout moun yo—kisa sa t ap itil? Nan travay sou moun yo epi nan bay yo chatiman, Bondye vin revele zèv Li yo atravè yo. Paske moun yo pa janm kapte ke genyen chatiman deja nan ton pawòl Bondye yo, sa pa janm antre nan konsyans yo. Moun yo pa kapab eksprime rezolisyon yo, e konsa Bondye pa kapab di anyen devan Satan, epi sa anpeche travay Bondye a avanse. Konsa Bondye di: «Yon lè, Mwen te rele lòm kòm envite nan kay Mwen, epoutan li te kouri toupatou akòz apèl Mwen yo—kòmsi, olye Mwen te envite l, Mwen te mennen l nan plas ekzekisyon an. Konsa, kay Mwen te rete vid, paske lòm te toujou evite Mwen, epi li te toujou sou gad li kont Mwen. Sa te fè Mwen pa gen okenn mwayen pou Mwen reyalize yon pati nan travay Mwen an.» Se akòz erè lòm nan travay li ki fè Bondye prezante aklè egzijans Li pou lòm. Epi se paske moun yo pa rive akonpli etap travay sa a ki fè Bondye ajoute plis deklarasyon—se egzakteman sa a ki «yon lòt pati nan travay sou lòm» Bondye ap pale a. Men Mwen p ap pale sou zafè «pran yo tout nan yon sèl filè» Bondye ap pale a, paske sa pa gen anpil rapò ak travay jodi a. Natirèlman, nan «Pawòl Bondye yo pou tout Linivè», anpil nan pawòl Li yo redrese lòm—men moun yo dwe konprann entansyon Bondye yo; kèlkeswa sa Li di, entansyon Li toujou bon. Nou kapab di ke paske mwayen Bondye itilize pou Li pale yo tèlman anpil, moun yo pa sèten san pou san sou pawòl Bondye yo, epi yo kwè majorite nan pawòl Bondye yo pale akòz nesesite travay Li, epi yo genyen tikras bagay ki reyèl ladan yo. Sa twouble lespri yo, epi panse yo peze lou sou yo—paske nan konsepsyon yo, Bondye tèlman saj, epi Li totalman inaksesib pou yo, e se kòmsi yo pa konnen anyen epi yo pa gen okenn lide sou kijan pou yo manje pawòl Bondye yo. Moun yo rann pawòl Bondye yo abstrè epi konplike—menm jan Bondye di: «Moun yo toujou swete mete magi nan deklarasyon Mwen yo.» Paske lide yo twò konplike, epi yo «pratikman inaksesib» pou Bondye, lòm kontrenn yon pati nan pawòl Bondye yo, sa ki pa kite okenn lòt chwa pou Li pase pale nan yon fason ki dirèk. Paske egzijans moun yo twò «wo», epi paske imajinasyon yo twò rich—kòmsi yo kapab travèse antre nan mond espirityèl la pou yo kontanple zèv Satan yo—pawòl Bondye yo diminye an kantite, paske plis Bondye pale, se plis figi moun yo vin chaje ak tristès. Poukisa yo pa kapab soumèt nan yon fason ki senp olye yo ap medite sou rezilta yo pral jwenn? Ki avantaj ki gen nan sa?