Chapit 31
Dispozisyon Bondye a travèse tout pawòl Bondye yo, men liy prensipal pawòl Li yo se ekspoze rebelyon tout limanite epi ekspoze bagay tankou dezobeyisans yo, wòklò yo, enjistis yo, mank dwati yo, ak enkapasite yo pou yo renmen Bondye toutbon, jiskaske pawòl Bondye yo rive nan pwen kote Li di chak ti twou nan po moun yo gen rezistans kont Bondye ladan l, e menm kapilè yo gen opozisyon kont Bondye ladan yo. Si moun yo pa eseye egzamine bagay sa yo, yo ap toujou enkapab pou yo konnen yo, e yo p ap janm kapab debarase tèt yo ak yo. Sa vle di, viris rezistans kont Bondye a pral gaye anndan yo epi finalman, se kòmsi globil blan yo te devore globil wouj yo, sa k ap kite tout kò yo manke globil wouj; alafen, y ap mouri ak lesemi. Sa a se eta reyèl lòm, epi pèsonn pa ka nye li. Piske yo fèt nan peyi kote gwo dragon wouj la kouche ak kò l woule a, gen omwen yon bagay nan chak moun ki montre epi ki reprezante pwazon gwo dragon wouj la. Konsa, nan etap travay sa a, liy prensipal nan tout pawòl Bondye yo se konnen tèt ou, renye tèt ou, abandone tèt ou, epi touye moun ou ye a. Nou ka di sa se travay prensipal Bondye pandan dènye jou yo, epi tou se seri travay sa a ki pi konplè e pi pwofon pami tout—sa montre Bondye pral mete yon fen nan epòk la. Pèsonn pa t atann a sa, men an menm tan, se yon bagay yo te prevwa nan santiman yo. Byenke Bondye pa t di sa aklè, sans moun yo trè file—yo toujou santi pa gen anpil tan ankò. Mwen kapab di plis yon moun santi sa, se plis li gen yon konesans klè sou epòk la. Yo pa nye pawòl Bondye yo poutèt yo wè mond lan nòmal; okontrè, yo vin konnen kontni travay Bondye a atravè fason Bondye travaySe ton pawòl Bondye yo ki detèmine sa. Gen yon sekrè nan ton pawòl Bondye yo pèsonn poko dekouvri, e se egzakteman sa k pi difisil pou moun antre ladan li. Rezon fondamantal ki fè moun pa ka konprann pawòl Bondye yo, se paske yo toujou pa konnen ton Bondye itilize lè L ap pale—si yo metrize sekrè sa a, y ap kapab genyen yon sèten konesans sou pawòl Bondye yo. Pawòl Bondye yo toujou suiv yon sèl prensip: fè moun konnen pawòl Bondye yo se tout bagay, epi rezoud tout difikilte lòm atravè pawòl Bondye yo. Soti nan pèspektiv Lespri a, Bondye fè konnen zèv Li yo; soti nan pèspektiv lòm, Li demaske nosyon moun yo; soti nan pèspektiv Lespri a, Li di lòm pa pran entansyon Li yo an konsiderasyon; epi soti nan pèspektiv lòm, Li di Li goute gou dous, gou si, gou anmè ak gou pike nan eksperyans imen an, Li vini nan van epi Li ale nan lapli, Li sibi pèsekisyon nan fanmi, epi Li fè eksperyans monte desann lavi a. Sa yo se pawòl ki pale soti nan diferan pèspektiv. Lè Li pale ak pèp Bondye a, se tankou yon jeran kay k ap reprimande esklav yo, oswa tankou yon ti pyès teyat komik; pawòl Li yo fè figi moun yo vin wouj, yo pa jwenn kote pou yo kache pou wont, kòmsi otorite feyodal yo te arete yo epi maltrete yo pou fè yo konfese. Lè Li pale ak pèp Bondye a, Bondye lib san okenn kontrent menm jan ak etidyan inivèsite k ap pwoteste epi k ap demaske eskandal anndan gouvènman santral la. Si tout pawòl Bondye yo te gen iwoni, yo t ap pi difisil pou moun aksepte; konsa, pawòl Bondye pale yo dirèk; yo pa gen kòd sekrè pou lòm, men yo lonje dwèt dirèkteman sou eta reyèl lòm—sa montre lanmou Bondye pou lòm pa yon senp pawòl nan bouch, men se yon bagay reyèl. Byenke moun yo bay reyalite a valè, pa gen anyen ki reyèl nan lanmou yo pou Bondye. Se sa ki manke nan lòm. Si lanmou moun yo pou Bondye pa reyèl, ebyen tout sa ki egziste nèt ap vid epi y ap tounen ilizyon, kòmsi tout bagay t ap disparèt poutèt sa. Si lanmou yo pou Bondye depase linivè yo, ebyen pozisyon ak idantite yo, e menm de mo sa yo an patikilye, ap vin reyèl epi yo p ap vid—èske ou wè sa byen klè? Èske ou wè egzijans Bondye pou lòm? Lòm pa ta dwe sèlman pwofite avantaj ki mache ak pozisyon, men li dwe viv reyalite pozisyon an. Se sa Bondye mande pèp Bondye a ak tout limanite, epi sa pa yon gran doktrin ki vid.
Poukisa Bondye di kalite pawòl sa yo, «kòmsi tout sa Mwen fè se yon tantativ pou Mwen fè yo plezi, sa ki fè yo toujou gen repiyans pou aksyon Mwen yo»? Èske ou kapab pale de vrè manifestasyon repiyans lòm pou Bondye a? Nan nosyon moun yo, lòm ak Bondye nan yon «gwo lanmou pasyone», epi jodi a, swaf moun yo genyen pou pawòl Bondye yo rive nan yon pwen kote yo gen gwo anvi pou yo vale Bondye yon sèl kou—poutan Bondye di kalite pawòl sa yo: «Lòm gen repiyans pou Mwen. Poukisa lòm reponn lanmou Mwen ak rayisman?» Èske sa pa yon depo minrè anndan moun yo? Èske se pa sa yo ta dwe fouye pou yo retire? Sa se defo ki genyen nan pouswit moun yo; se yon gwo pwoblèm ki dwe rezoud, epi se wòch ki fè lòm bite epi ki bare chemen l pou l konnen Bondye a, yon wòch yo dwe retire pou li—èske se pa sa ki dwe fèt? Paske, menm jan ak yon kochon, lòm gen yon move memwa epi li toujou ap konvwate plezi, Bondye bay lòm medikaman pou pèt memwa—Li pale pi plis, Li di pi plis, epi Li rale zòrèy moun yo pou fè yo koute byen, epi Li mete aparèy pou tande nan zòrèy yo. Kanta pou kèk nan pawòl Li yo, pale yon sèl fwa pa ka rezoud pwoblèm nan; yo dwe repete yo plizyè fwa, paske «moun yo toujou gen lespri yo gaye nan lavi yo, epi lavi tout limanite an dezòd toulèjou.» Nan fason sa a, moun yo kapab sove anba eta sa a kote «yo li lè yo gen tan, yo koute lè yo lib, epi yo kite yo an repo lè yo pa gen tan; si yo tande pawòl yo jodi a, yo prete atansyon, men y ap bliye yo si yo pa tande yo demen ankò.» Konsènan nati moun yo, si jodi a Bondye pale de eta reyèl yo epi yo rive genyen yon konesans pwofon sou li, ebyen kè yo t ap plen regrè—men apre sa, yo t ap tounen nan ansyen abitid yo, jete pawòl Bondye yo nan van epi refè menm sèn ki dekri pi wo a lè yo fè yo sonje sa. Konsa, lè ou ap travay oswa pale, pa bliye sibstans lòm nan; sa t ap yon erè pou mete sibstans sa a sou kote pandan ou ap travay. Nan tout travay ou ap fè, li vrèman enpòtan pou w abòde nosyon moun yo lè w ap pale. An patikilye, ou ta dwe mete pwòp konpreyansyon pa ou sou pawòl Bondye yo nan sa w ap di a epi kominye sou yo. Sa se chemen pou bay moun yo sa yo bezwen epi pèmèt yo konnen tèt yo. Lè ou bay moun yo sa yo bezwen sou baz kontni pawòl Bondye yo, l ap vin posib san mank pou byen konprann eta reyèl yo. Atravè pawòl Bondye yo, yon moun ka byen konprann eta reyèl moun yo nèt epi konsa bay yo ase nan sa yo bezwen—se poutèt sa, mwen p ap di plis bagay sou pawòl Bondye yo ki lonje dwèt sou lefètke «Bondye te aksepte envitasyon pou Li chita sou tab nan yon resepsyon sou tè a.»