Chapit 30

Gen kèk moun ki gendwa gen yon ti konpreyansyon sou pawòl Bondye yo, men pa gen youn ladan yo ki fè santiman yo konfyans; yo pè anpil pou yo pa tonbe nan negativite. Konsa, yo toujou ap balanse ant jwa ak lapenn. Nou kapab di lavi tout moun chaje ak gwo lapenn; pou n ale pi lwen, gen rafinman nan lavi chak jou tout moun, epoutan mwen kapab di pa gen pèsonn ki jwenn okenn liberasyon nan lespri l chak jou, epi se kòmsi gen twa gwo mòn k ap peze sou tèt chak moun. Pa gen youn nan yo ki pase tout jounen l nan kè kontan ak lajwa—epi menm lè yo gen yon ti kè kontan, yo tou senpleman ap fè kòmsi tout bagay anfòm. Nan kè yo, moun yo toujou santi gen yon bagay ki poko fini. Konsa, kè yo pa poze; kanta pou zafè viv lavi a, moun yo santi lavi a vid epi mond lan pa jis; kanta pou zafè kwè nan Bondye a, yo okipe epi yo manke tan, oubyen yo pa gen tan pou yo manje ak bwè pawòl Bondye yo, oswa yo pa konnen kijan pou yo manje ak bwè pawòl Bondye yo kòmsadwa. Pa gen youn nan yo ki anpè, ki gen lespri klè, epi ki gen kè l poze. Se kòmsi yo te toujou ap viv anba yon syèl ki chaje ak nyaj, kòmsi y ap viv nan yon espas ki pa gen oksijèn, epi sa fè moun yo toujou ap viv nan yon eta twoub. Bondye toujou pale dirèkteman sou feblès moun yo, Li toujou frape yo nan defo fatal yo—èske nou pa wè aklè ton Li itilize pou Li pale pandan tout tan an? Bondye pa janm bay moun opòtinite pou yo repanti, epi Li fè tout moun viv sou «lalin» nan san oksijèn. Depi nan kòmansman jouk jodi a, sou deyò, pawòl Bondye yo ekspoze nati lòm, epoutan pèsonn pa kapab wè esans pawòl sa yo aklè. Sanble, lè Li ekspoze sibstans lòm, sa fè moun yo rive konnen tèt yo epi konsa yo rive konnen Bondye, epoutan, nan esans li, sa a se pa chemen an. Ton ak pi gwo pwofondè pawòl Bondye yo montre yon diferans klè ant Bondye ak lòm. Nan santiman yo, sa fè moun yo kwè, san yo pa rann yo kont, ke Bondye inaksesib epi yo pa ka pwoche bò kote L; Bondye devwale tout bagay aklè, epi sanble pa gen pèsonn ki kapab fè relasyon ant Bondye ak lòm tounen jan l te ye anvan an. Li pa difisil pou wè objektif tout deklarasyon Bondye yo se itilize pawòl pou Li «ranvèse» tout moun, pou Li kapab akonpli travay Li konsa. Se etap travay Bondye yo sa. Epoutan se pa sa moun yo kwè nan lespri yo. Yo kwè travay Bondye a ap pwoche nan pwen ki pi wo a, l ap pwoche nan efè ki pi vizib li pou Li kapab konkeri gwo dragon wouj la, sa vle di, fè legliz yo chofe ak anpil angouman, kote pa gen pèsonn ki gen nosyon sou Bondye enkane a, oubyen tout moun konnen Bondye. Epoutan, an nou li sa Bondye di: «Nan lespri moun yo, Bondye se Bondye, epi li pa fasil pou moun apwoche Li, tandiske lòm se lòm, epi li pa ta dwe lage kò l fasil nan libètinaj. … Kòm rezilta, yo toujou enb epi pasyan devan Mwen; yo pa kapab konpatib ak Mwen, paske yo gen twòp nosyon.» Nan sa, nou kapab wè, kèlkeswa sa Bondye di oswa sa lòm fè, moun yo totalman enkapab pou yo konnen Bondye; poutèt wòl sibstans yo jwe a, kèlkeswa sa k rive, alafen, yo enkapab pou yo konnen Bondye. Konsa, travay Bondye a ap fini lè moun yo wè tèt yo kòm pitit lanfè. Bondye pa gen okenn bezwen pou Li dechaje kòlè Li sou moun yo, oswa pou Li kondane yo dirèkteman, oswa pou Li finalman kondane yo pou lanmò yon fason pou Li fini tout jesyon Li an. Li tou senpleman ap pale alèz sou zafè familyal nan pwòp vitès pa L, kòmsi fini travay Li a se yon bagay segondè, yon bagay Li akonpli nan tan lib Li san Li pa fè okenn efò. Sou deyò, sanble gen yon sèten ijans nan travay Bondye a—epoutan Bondye pa fè anyen, Li pa fè anyen lòt pase pale. Travay nan legliz la pa gen menm gwo echèl ak nan epòk ki pase yo: Bondye pa ajoute moun, ni Li pa retire yo, oswa revele yo—kalite travay sa yo twò ensiyifyan. Sanble Bondye pa gen entansyon fè kalite travay konsa. Li tou senpleman di sa Li dwe di, apre sa Li vire epi Li disparèt san kite okenn tras—ki, natirèlman, se sèn ki montre deklarasyon Li yo fini. Epi lè moman sa a rive, tout moun ap reveye nan somèy yo. Limanite te nan yon somèy lanmò pandan plizyè milye ane, li te nan yon gwo soulay pandan tout tan sa a. Epi pandan anpil ane, moun yo t ap kouri pasipala nan rèv yo, epi yo menm rele byen fò nan rèv yo, yo enkapab pou yo pale de enjistis ki anndan kè yo. Konsa, yo «santi yon ti tristès nan kè yo»—men lè yo reveye, yo pral dekouvri vrè reyalite a, epi yo pral di byen fò, «Enben, se konsa sa ye!» Se poutèt sa yo di «Jodi a, pifò moun nan fon somèy toujou. Se sèlman lè im wayòm nan sonnen yo louvri je yo ki lou ak somèy epi yo santi yon ti tristès nan kè yo.»

Lespri pèsonn pa t janm libere, pa gen lespri okenn moun ki te janm san sousi epi ki te gen kè kontan. Lè travay Bondye a fini nèt, lespri moun yo ap libere, paske chak moun ap fin klase selon kategori pa l, epi konsa yo tout ap gen kè yo poze. Se kòmsi moun yo nan yon vwayaj yon kote ki byen lwen epi kè yo vin poze lè yo retounen lakay yo. Lè yo rive «lakay» yo, moun yo p ap santi mond lan vid ak enjis ankò, men y ap viv anpè nan kay yo. Se konsa sikonstans yo ap ye nan mitan tout limanite. Konsa, Bondye di «Satan toujou mare moun yo, e yo pa kapab libere tèt yo.» Pèsonn pa kapab libere tèt li nan eta sa a pandan li nan lachè. Pou kounye a, an nou mete sou kote sa Bondye di konsènan divès eta reyèl lòm genyen, epi an nou pale sèlman de mistè Bondye poko fè parèt aklè pou lòm yo. “Countless times have people looked at Me with mocking eyes, as if My body were covered in thorns and loathsome to them, and thus people detest Me, and believe that I am utterly without worth.” Pawòl sa yo kapab envèse; nan esans li, vrè vizaj lòm revele nan pawòl Bondye yo: Lòm kouvri ak pikan, pa gen anyen lakay li ki merite pou yo apresye, epi konsa rayisman Bondye gen pou lòm nan ogmante, paske lòm pa anyen lòt pase yon erison ki kouvri ak pikan ki pa gen anyen lakay li ki merite pou yo apresye. Sou deyò, sanble pawòl sa yo ap dekri nosyon lòm genyen anvè Bondye—men an reyalite, Bondye ap trase yon pòtre lòm ki baze sou «imaj» li. Pawòl sa yo se deskripsyon Bondye fè sou lòm, epi se kòmsi Bondye flite yon fiksatif sou imaj lòm nan; konsa, imaj lòm nan kanpe byen wo nan linivè a, e li menm etone moun yo. Depi lè Li te kòmanse pale a, Bondye ap plase fòs Li yo pou yon gwo batay ak lòm. Li tankou yon pwofesè aljèb nan inivèsite k ap ekspoze reyalite yo pou lòm, epi sa ki pwouve atravè reyalite Li site yo—prèv la ak prèv kontrè a—fè tout moun totalman konvenki. Se sa ki objektif tout pawòl Bondye yo, epi se poutèt sa Bondye rete kè pòpòz epi Li pawòl sa yo ki fè lòm pa konn si pou l monte, si pou l desann: «An brèf, Mwen pa gen okenn valè ditou nan kè lòm, Mwen se yon objè nan kay yo pa vrèman bezwen.» Apre moun yo fin li pawòl sa yo, yo pa ka anpeche tèt yo fè yon priyè nan kè yo, epi yo vin konnen dèt yo genyen anvè Bondye, sa ki fè yo kondane tèt yo, yo kwè lòm ta dwe mouri, epi li pa vo anyen ditou. Bondye di: «Se poutèt sa Mwen twouve Mwen nan sitiyasyon kote Mwen ye jodi a,» yon bagay ki, lè moun konekte l ak sikonstans reyèl yo jodi a, fè yo kondane tèt yo. Èske sa pa reyalite a? Si yo ta fè ou rive konnen tèt ou, èske pawòl tankou «Mwen vrèman ta dwe mouri!» ta chape soti nan bouch ou? Se sa ki vrè sikonstans lòm, epi sa pa merite pou yo reflechi twòp sou li—se tou senpleman yon egzanp ki apwopriye.

Nan yon sans, lè Bondye sipliye lòm pou l padone Li epi pou l tolere Li, moun yo wè Bondye ap fè pase l nan betiz, epi nan yon lòt sans, yo wè pwòp rebelyon pa yo tou—yo tou senpleman ap tann pou Bondye fè tout efò Li kapab pou lòm. Anplis, kòm repons a nosyon moun yo, Bondye di Li pa metrize prensip lòm swiv pou jere zafè mond lan ni langaj lòm. Konsa, yon bò sa fè moun konpare pawòl sa yo ak Bondye pratik la, epi yon lòt bò, yo wè entansyon Bondye nan pawòl Li yo—se yo Bondye ap iwonize a, paske yo konprann Bondye ap ekspoze vrè vizaj lòm, epi Li pa pale ak moun yo seryezman de vrè sikonstans Bondye yo. Nannan pawòl Bondye yo chaje ak iwoni, pawòl pike, mokri, epi rayisman anvè lòm. Se kòmsi tout sa lòm fè se yon pèvèsyon lalwa, epi kòmsi lòm se yon jennès; lè Bondye louvri bouch Li pou Li pale, yo tranble tèlman yo pè, yo pè anpil pou verite sou yo a pa ekspoze byen klè nèt, sa ki t ap rann yo twò wont pou yo gade moun nan je. Men reyalite yo rete sa yo ye a. Bondye pa sispann deklarasyon Li yo poutèt «repantans» lòm; plis moun yo vin wont epi yo santi yo jennen san yo pa ka jwenn mo pou di sa, se plis Bondye fikse rega dife Li sou figi yo. Pawòl ki soti nan bouch Li mete tout zèv lèd lòm yo sou tab la—sa rele aji avèk jistis epi san patipri, se sa yo rele Qingtian (Kingtyang) nan,[a] sa se jijman ki soti nan pi wo tribinal pèp la. Konsa, lè moun yo li pawòl Bondye yo, bridsoukou yo fè yon kriz kadyak, tansyon yo monte, se kòmsi yo soufri maladi kè, kòmsi yon stwok pral voye yo tounen nan paradi lwès la pou y al rankontre ak zansèt yo—se sa ki reyaksyon yo lè yo li pawòl Bondye yo. Lòm vin fèb akòz plizyè ane gwo travay di, li malad anndan kou deyò, tout sa l ye malad, soti nan kè l pou rive nan veso sangen l yo, gwo trip li, ti trip li, lestomak li, poumon l yo, ren l yo, e latriye. Pa gen anyen nan tout kò l ki ansante. Konsa, travay Bondye a pa rive nan yon nivo lòm pa ka atenn, men li fè moun yo konnen tèt yo. Paske kò lòm anvayi ak viris, epi paske li vin granmoun, jou lanmò li ap pwoche, epi pa gen wout pou tounen. Men sa se sèlman yon pati nan istwa a; nannan siyifikasyon an poko revele, paske y ap chèche sous maladi lòm nan. An reyalite, moman kote tout travay Bondye a fini an se pa moman kote travay Li sou tè a fini, paske yon fwa etap travay sa a fini, p ap gen okenn fason pou reyalize travay k ap vini an nan lachè, epi se Lespri Bondye a k ap gen pou L fini l. Konsa, Bondye di: “When I formally open the scroll, that is when people of the universe are chastised, the time when My work reaches its climax, when people all over the world are subjected to trials.” Moman kote travay nan lachè a fini an se pa lè travay Bondye a rive nan pwen ki pi wo a—pwen ki pi wo pou moman sa a tou senpleman fè referans ak travay pandan etap sa a, epi se pa pwen ki pi wo nan tout plan jesyon an. Konsa, Bondye pa mande lòm twòp. Li tou senpleman mande pou moun yo konnen tèt yo, yon fason pou yo sèvi nan pwochen etap travay la, epi sa ap konfòm ak entansyon Bondye yo. Pandan travay Bondye a ap chanje, «inite travay» moun yo chanje. Jodi a se etap travay Bondye sou tè a, epi konsa yo dwe travay nan baz la. Nan lavni, l ap nesesè pou yo dirije nasyon an, epi konsa y ap transfere yo nan «Komite Santral la». Si y al vizite lòt peyi, yo pral gen pou yo suiv demach pou y al lòt bò dlo. Lè sa a yo pral lòt bò dlo, byen lwen peyi yo—men sa ap toujou poutèt egzijans travay Bondye a. Jan moun yo konn di a, «N ap bay vi nou pou Bondye lè sa nesesè»—èske se pa chemen moun ap gen pou swiv nan jou k ap vini yo? Kiyès ki te janm jwi yon lavi konsa? Yon moun kapab vwayaje toupatou, vizite lòt kote, montre moun yo sa pou yo fè nan pwovens yo, mele ak moun nan mitan pèp la, epi li kapab tou pale sou koze enpòtan nasyon an ak manm gwo òganizasyon yo; epi lè sa nesesè, li kapab goute lavi nan lanfè a pèsonèlman, e apre sa li kapab retounen epi li toujou kapab jwi benediksyon ki nan syèl yo—èske se pa sa ki benediksyon lòm yo? Kiyès ki te janm ka egal ak Bondye? Kiyès ki te janm vwayaje nan tout nasyon yo? Anfèt, moun yo ta kapab konprann kèk nan pawòl Bondye yo yon ti kras san Bondye pa bezwen atire atansyon sou yo oswa deklare yo yon fason ki twò klè—se jis yo pa gen konfyans nan pwòp tèt yo, e se sa ki fè travay Bondye a pwolonje jouk jodi a. Paske moun yo manke twòp bagay—jan Bondye te di a, «yo pa gen anyen»—travay jodi a poze gwo difikilte pou yo; anplis de sa, poutèt feblès yo, yo fè Bondye pa ka pale jan L vle—epi èske se pa menm bagay sa yo k ap bloke travay Bondye a? Èske ou toujou pa ka wè sa? Gen yon siyifikasyon kache nan tout sa Bondye di. Lè Bondye pale, Li atake pwoblèm ki prezante a, epi tout pawòl Li di yo gen yon mesaj pwofon ladan yo—yo sanble ak parabòl, yo itilize mo senp ki gen siyifikasyon pwofon pou eksplike koze ki enpòtan. Èske se pa sa Bondye fè pi byen nan deklarasyon Li yo? Èske ou konnen sa?

Nòt anba paj:

a. Qingtian: Yo itilize tèm sa a pou fè referans ak yon jij ki jis nan epòk enperyal peyi Lachin nan.

Anvan: Chapit 24 Ansanm ak Chapit 25

Apre: Chapit 31

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger