Chapit 24 Ansanm ak Chapit 25
San yon lekti byen atantif, li enposib pou remake anyen nan deklarasyon de jou sa yo; an reyalite, se te pou yo te di yo nan yon sèl jou, men Bondye te etale pawòl yo sou de jou. Sa vle di, deklarasyon de jou sa yo fè yon sèl ansanm; men, pou moun yo te ka aksepte yo pi fasil, Bondye te etale yo sou de jou pou bay moun yo yon chans pou reprann souf. Se konsa Bondye montre jan Li gen konsiderasyon pou lòm. Nan tout travay Bondye a, tout moun ranpli fonksyon pa yo epi ranpli devwa pa yo nan plas pa yo. Se pa sèlman moun ki gen lespri yon zanj ki kopere; moun ki gen lespri demon yo tou yo « kopere », menm jan tout lespri Satan yo kopere tou. Nan deklarasyon Bondye yo, nou wè entansyon Bondye ak egzijans Li gen pou lòm. Pawòl sa yo, “Chatiman Mwen an tonbe sou tout moun, men li rete lwen yo tout. Tout lavi chak moun chaje ak lanmou pou Mwen ak rayisman pou Mwen.”, montre ke Bondye sèvi ak chatiman pou menase tout moun, pou fè yo vin konnen Li. Poutèt koripsyon Satan an ak feblès zanj yo, Bondye sèvi ak pawòl sèlman, olye de dekrè administratif, pou chatye moun. Depi kreyasyon an jouk jounen jodi a, se te prensip sa a ki gouvène travay Bondye konsènan zanj yo ak tout moun. Piske zanj yo se pou Bondye yo ye, yon jou, yo pral sètènman vin pèp wayòm Bondye a, epi Bondye ap pran swen yo e pwoteje yo. Tout lòt moun yo, bò kote pa yo, yo pral klase yo selon kalite pa yo tou. Tout divès kalite move lespri Satan yo pral sibi chatiman, epi tout moun ki san lespri yo se pitit gason Bondye yo ak pèp Bondye a ki pral dirije yo. Sa se plan Bondye. Se poutèt sa Bondye te di yon fwa: “Èske lè jou Mwen an rive toutbon sa vle di se moman lanmò lòm? Èske Mwen ta ka vrèman detwi lòm lè wayòm Mwen an fòme?” Menmsi se de kesyon senp sa yo ye, yo se aranjman Bondye fè pou destinasyon tout limanite. Lè Bondye vini, se lè sa a “yo kloure tout moun nan linivè a sou kwa a, tèt anba.” Sa se objektif Bondye genyen lè Li parèt devan bann ak pakèt moun yo, Li sèvi ak chatiman pou fè tout moun konnen Bondye egziste. Paske lè Bondye desann sou tè a se ap dènye epòk la, lè peyi ki sou latè yo fin an dezòt nèt; se poutèt sa Bondye di: “Lè Mwen desann sou latè, li kouvri ak fènwa epi lòm ‘nan fon somèy.’” Se sa k fè jodi a, se yon ti ponyen moun sèlman ki kapab konnen Bondye enkane a; prèske pa gen menm. Paske kounye a se dènye tan an, pèsonn poko janm konnen Bondye pratik la toutbon; moun yo gen yon konesans sipèfisyèl sou Li sèlman. Se poutèt sa moun yo ap viv anba rafinman ki fè yo soufri. Lè moun yo soti anba rafinman, se lè sa a tou yo kòmanse sibi chatiman; e se moman sa a Bondye parèt devan bann ak pakèt moun yo pou yo ka wè Li ak pwòp je yo. Poutèt Bondye enkane a, moun yo tonbe nan dezas san yo pa ka soti ladan l—se chatiman Bondye bay gwo dragon wouj la, e se dekrè administratif Li. Lè chalè prentan an rive epi flè yo fleri, lè tout bagay anba syèl la kouvri ak koulè vèt, epi lè tout bagay sou tè a pare, tout moun ak tout bagay pral antre piti piti anba chatiman Bondye, epi lè sa a, tout travay Bondye sou tè a ap fini. Apre sa, Bondye p ap travay ni viv sou tè a ankò, paske gwo travay Bondye a pral fin akonpli. Èske lèzòm pa ka abandone lachè yo pou ti tan sa a? Ki bagay ki ka separe lanmou ant lòm ak Bondye? Kiyès ki ka separe lanmou ant lòm ak Bondye? Èske se paran, mari, sè, madanm, oswa doulè rafinman? Èske santiman konsyans lòm ba li yo ka efase imaj Bondye ki anndan lòm? Èske se moun ki responsab dèt yo gen youn anvè lòt ak aksyon yo fè youn anvè lòt? Èske lòm ka repare sa? Kiyès ki ka pwoteje tèt li? Èske moun ka bay tèt yo sa yo bezwen? Kiyès ki fò nan lavi? Kiyès ki ka kite Mwen epi viv poukont li? Poukisa Bondye pa sispann mande tout moun pou yo reflechi sou tèt yo konsa? Poukisa Bondye di: “ki moun ki planifye pwòp soufrans li ak pwòp men l?”
Kounye a, yon lannuit fènwa kouvri tout linivè a, epi moun yo angoudi e yo pa ka reflechi klè; men zegwi revèy la kontinye avanse, minit ak segonn yo pa kanpe, epi Latè, Solèy la ak Lalin nan vire pi vit toujou. Moun yo santi jou a pa lwen; se kòmsi dènye jou a deja devan je yo. Moun yo san rete ap prepare tout bagay pou moman lanmò pa yo, pou tout bagay sa yo ka sèvi yo lè yo mouri; sinon, yo t ap viv tout lavi yo pou granmesi. Èske sa pa t ap regretab? Lè Bondye detwi mond lan, Li kòmanse pa chanje zafè entèn chak peyi; chanjman sa yo lakòz koudeta, epi konsa Bondye mobilize tout moun nan linivè a pou yo sèvi Li. Peyi kote gwo dragon wouj makonnen kò l la se yon zòn egzanp. Piske peyi sa a fin kraze pa anndan, epi zafè entèn li yo plonje nan yon dezòd total, tout moun ap chèche defann tèt yo, y ap pare pou yo sove al sou “Lalin” nan—men ki jan yo ta ka chape anba men Bondye? Jan Bondye te di, moun yo t ap “bwè nan pwòp gode anmè pa yo”. Moman konfli entèn yo se egzakteman lè Bondye kite tè a; Bondye p ap kontinye rete nan peyi gwo dragon wouj la, epi Li pral mete fen nan travay Li sou tè a touswit. Nou ka di tan ap vole, e pa rete anpil tan. Nan ton pawòl Bondye yo, nou ka wè Li deja pale sou destinasyon tout moun nan linivè a, epi Li pa gen lòt bagay pou Li di ankò. Se sa Bondye fè lòm konnen. Se akòz objektif Bondye te genyen lè Li te kreye lòm nan ki fè Li di: “Nan je Mwen, lòm se chèf tout bagay. Mwen ba li yon otorite konsiderab, Mwen pèmèt li jere tout bagay sou latè — zèb sou mòn yo, bèt nan forè yo, ak pwason nan dlo yo.” Lè Bondye te kreye lòm, Li te predestine ke lòm t ap vin mèt tout bagay; men Satan te kowonp lòm, se poutèt sa lòm pa ka viv jan li vle. Sa mennen nan mond jodi a, kote moun pa diferan ak bèt, epi mòn yo mele ak dlo yo; se poutèt sa “tout lavi li se tristès ak chagren, epitou, tout lavi li l ap kouri prese ak ale vini san rete, epi tout lavi li se vid ki melanje ak plezi.” Piske lavi lòm pa gen sans, e paske se pa t objektif Bondye lè Li te kreye lòm, tout mond nan vin twouble. Lè Bondye remete tout linivè a annòd, tout moun pral ofisyèlman kòmanse fè eksperyans lavi kòm moun; se lè sa a sèlman lavi yo ap kòmanse gen sans. Moun yo pral kòmanse sèvi ak otorite Bondye ba yo a, epi yo pral parèt devan tout bagay ofisyèlman antanke mèt yo. Y ap aksepte pou Bondye gide yo sou tè a; yo p ap rebele kont Bondye ankò, men y ap soumèt devan Li. Poutan, moun jodi a yo poko rive nan pwen sa a ditou. Sèl sa yo fè se sèvi ak Bondye pou yo plen pòch yo, se poutèt sa Bondye poze yon seri kesyon tankou: “Èske travay Mwen fè sou lòm nan pa pote okenn benefis pou li?” “Is the work I do upon man of no benefit to him?” Si Bondye pa t poze kesyon sa yo, anyen pa t ap rive; men lè Li poze yo, gen kèk moun ki pa ka kenbe fèm, paske konsyans yo ap repwoche yo pou sa yo fè—yo pa aji sèlman pou Bondye, men pou tèt yo. Tout bagay vid; se poutèt sa moun sa yo ak “moun ki soti nan tout relijyon, tout sektè nan sosyete a, tout nasyon, ak tout denominasyon konnen ki jan lavi sou latè a vid, e yo tout ap chèche Mwen e y ap tann retou Mwen.” Tout moun anvi Bondye retounen, pou Li mete fen nan ansyen epòk vid la; men yo pè tou pou yo pa tonbe nan dezas. Talè konsa, tout mond relijye a pral tounen yon dezè, pèsonn p ap okipe l; yo pa gen reyalite, epi yo pral rann yo kont kwayans yo nan Bondye pa klè. Moun nan tout sektè nan sosyete a pral gaye tou, epi chak nasyon ak chak denominasyon pral kòmanse tonbe nan boulvès. An rezime, tout sa ki abityèl pral chire fè plizyè mòso; tout bagay pral pèdi nòmalite yo, epi moun yo menm pral montre vrè figi yo. Se poutèt sa Bondye di: “Anpil fwa Mwen rele fò pou M adrese lòm, men èske gen moun ki janm santi konpasyon pou Mwen? Èske gen moun ki janm viv avèk imanite? Lòm ka viv nan lachè, men li pa gen imanite. Èske li fèt nan wayòm zannimo yo?” Chanjman ap fèt nan mitan lòm tou; poutèt chanjman sa a, y ap klase tout moun selon kategori pa yo. Sa se travay Bondye nan dènye jou yo, epi se rezilta travay dènye jou yo dwe bay. Bondye pale pi klè sou sibstans lòm, konsa sa pwouve fen travay Li a ap pwoche, plis toujou, Bondye kache tèt Li pou moun yo, sa ki lakòz yo santi yo dezoryante. Mwens moun yo chèche konprann entansyon Bondye yo, se mwens atansyon yo bay travay Bondye nan dènye jou yo; sa anpeche yo deranje travay Li, epi konsa Bondye fè travay Li vle fè a pandan pèsonn pa pòte atansyon. Sa se youn nan prensip travay Bondye genyen pandan tout epòk yo. Mwens Bondye pran feblès moun yo an konsiderasyon, se plis divinite Li parèt aklè, e se poutèt sa jou Bondye a ap pwoche.