Chapit 16
Dapre pwennvi lòm, Bondye tèlman gran, Li tèlman abondan, Li tèlman mèveye, Li tèlman ensondab; nan je moun yo, pawòl Bondye yo leve byen wo epi yo konsidere yo kòm yon gwo chèdèv nan mond lan. Men, paske moun yo gen twòp defo epi lespri yo twò senp, e anplis de sa, paske kapasite yo genyen pou yo aksepte bagay yo twò fèb, kèlkeswa jan Bondye pale pawòl Li yo aklè, yo rete chita san yo pa fè okenn mouvman, kòmsi yo gen maladi mantal. Lè yo grangou, yo pa konprann yo dwe manje; lè yo swaf, yo pa konprann yo dwe bwè; yo annik kontinye ap rele byen fò epi ap pouse rèl, kòmsi y ap pase anba yon difikilte yo pa ka eksplike nan fon lespri yo, poutan yo pa kapab pale de sa. Lè Bondye te kreye limanite, entansyon Li se te pou lòm viv nan imanite nòmal epi aksepte pawòl Bondye yo jan ensten l yo mande sa. Men, paske, depi nan kòmansman, lòm te tonbe nan tantasyon Satan, jodi a li toujou pa kapab rale kò l soti ladan l, epi li toujou pa gen ase lespri pou li konprann konplo Satan ap fè pandan plizyè milye ane. Anplis de sa, lòm manke fakilte pou li konnen pawòl Bondye yo nèt—tout sa mennen nan kondisyon jodi a. Jan bagay yo ye jodi a, moun yo toujou ap viv anba danje tantasyon Satan, e konsa yo toujou pa kapab konprann pawòl Bondye yo yon fason ki kòrèk. Nan dispozisyon moun nòmal yo pa gen anyen kwochi ni tandans pou twonpe moun, moun yo gen yon relasyon nòmal youn ak lòt, yo pa viv izole, epi lavi yo pa ni mediyòk ni dekadan. Yo leve Bondye byen wo pami tout limanite, epi pawòl Li yo gaye nan mitan lòm. Moun yo ap viv nan lapè youn ak lòt epi anba swen ak pwoteksyon Bondye, tè a ranpli ak amoni, san Satan pa bay pwoblèm, epi glwa Bondye a gen pi gwo enpòtans pami lòm. Moun sa yo tankou zanj: yo pi, yo plen vi, yo pa janm plenyen kont Bondye, epi yo konsakre tout efò yo sou tè a pou glwa Bondye sèlman. Kounye a se moman lannuit fènwa a—tout moun ap tatonnen epi y ap chèche. Lannuit fènwa pwès sa a fè cheve nan tèt yo kanpe dwat, epi yo pa ka pa tranble; lè yon moun koute ak atansyon, se kòmsi van nòdwès k ap gwonde a ap soufle rafal aprè rafal, akonpaye avèk jemisman lòm k ap kriye. Moun yo gen lapenn epi y ap kriye pou desten yo. Poukisa yo li pawòl Bondye yo men yo pa kapab konprann yo? Se kòmsi lavi yo prèske san espwa, kòmsi lanmò prèske tonbe sou yo, kòmsi dènye jou lavi yo devan je yo. Sikonstans mizerab sa yo se moman egzak kote zanj ki fèb yo rele Bondye, y ap rakonte soufrans yo nan yon seri rèl plen lapenn. Se pou rezon sa a zanj k ap travay pami pitit gason ak pèp Bondye a p ap janm desann sou lòm ankò; sa se pou anpeche yo pran nan manipilasyon Satan pandan yo nan lachè, san yo pa kapab rale kò yo soti, e konsa yo travay sèlman nan mond espirityèl la ki envizib pou lòm. Konsa, lè Bondye di: “Lè Mwen monte sou twòn ki nan kè lòm nan, se ap moman kote pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an egzèse pouvwa kòm wa sou tè a.” Li ap fè referans ak moman kote zanj ki sou tè a pral jwi benediksyon ki genyen nan sèvi Bondye nan syèl la. Paske lòm se ekspresyon lespri zanj yo, Bondye di Li pral pèmèt lòm viv sou tè a kòmsi li nan syèl la, epi Li pral pèmèt lòm sèvi Li sou tè a menm jan zanj yo sèvi Li dirèkteman nan syèl la—e konsa, pandan jou li yo sou tè a, lòm pral jwi benediksyon twazyèm syèl la. Se sa ki ap di an reyalite nan pawòl sa yo.
Gen tèlman anpil siyifikasyon ki kache nan pawòl Bondye yo. “lè jou a va rive, moun yo ap konnen Mwen nan fon kè yo, epi y ap sonje Mwen nan panse yo.” Pawòl sa yo adrese ak lespri lòm. Poutèt feblès zanj yo, yo toujou depann de Bondye nan tout bagay, epi yo te toujou atache ak Bondye e yo te toujou adore Bondye. Men, poutèt Satan ap bay pwoblèm, yo pa mèt tèt yo epi yo pa kapab kontwole tèt yo; yo swete renmen Bondye men yo pa kapab renmen Li nètale, e se poutèt sa yo soufri. Se sèlman lè travay Bondye a rive nan yon sèten pwen dezi pòv zanj sa yo genyen pou yo vrèman renmen Bondye a kapab reyalize, se poutèt sa Bondye te pale pawòl sa yo. Nati zanj yo se renmen, atache ak Bondye epi soumèt devan L, poutan yo pa t kapab akonpli sa sou tè a, epi yo pa t gen okenn lòt chwa pase pran pasyans jouk jounen jodi a. Ou mèt gade mond jodi a: Gen yon Bondye nan kè tout moun, poutan moun yo pa kapab distenge si dye ki nan kè yo a se vrè oswa fo, epi malgre yo renmen Bondye sa a yo genyen an, yo pa kapab vrèman renmen Bondye, sa vle di yo pa gen okenn kontwòl sou pwòp tèt yo. Figi lèd Bondye devwale lakay lòm nan se vrè figi Satan nan mond espirityèl la. Okòmansman, lòm te inosan epi li te san peche, epi konsa tout aparans lèd ak kowonpi lòm yo se aksyon Satan nan mond espirityèl la, epi yo se yon anrejistreman fidèl ki montre jan sa ye nan mond espirityèl la. “Jodi a, moun yo gen kalifikasyon, epi yo kwè yo kapab mache ak awogans devan Mwen, ri epi fè blag avèk Mwen san okenn jèn, epi fonksyone avèk Mwen kòm egal ak yo. Malgre sa, lòm toujou pa konnen Mwen, epi li kwè nou sanble nan nati nou, li kwè nou toulede se chè ak san, epi nou toulede ap viv nan mond imen an.” Se sa Satan fè nan kè lòm. Satan itilize nosyon ansanm ak je natirèl lòm pou l opoze ak Bondye, poutan Bondye fè lòm konnen sa k ap pase yo yon fason byen klè, san detou, yon fason pou lòm ka evite malè sa a. Defo fatal tout moun genyen se lefètke yo wè sèlman “yon kò ki fèt ak chè ak san, epi yo pa wè Lespri Bondye a.” Se sa ki baz youn nan jan Satan tante lòm nan. Tout moun kwè se sèlman Lespri a ki nan chè sa a yo kapab rele Bondye. Pèsonn pa kwè sa jodi a: Lespri a tounen chè e Li vrèman parèt devan je yo. Selon jan moun yo wè l, Bondye fè de pati—“rad la ak chè a”—epi pèsonn pa konsidere Bondye kòm enkanasyon Lespri a, pèsonn pa wè esans chè a se dispozisyon Bondye. Nan imajinasyon moun yo, Bondye byen nòmal, men èske yo pa konnen gen youn nan aspè siyifikasyon pwofon Bondye ki kache nan nòmalite sa a?
Lè Bondye te kòmanse kouvri lemonnantye, li te vin fènwa pwès, epi pandan moun yo t ap dòmi, Bondye te pwofite okazyon sa a pou Li desann pami lòm, epi Li te kòmanse ofisyèlman gaye Lespri a nan tout kwen tè a, pou l kòmanse travay pou sove limanite a. Nou ka di lè Bondye te kòmanse enkane a, lè L te pran yon imaj, Bondye te travay pèsonèlman sou tè a. Lè sa a, travay Lespri a te kòmanse, epi tout travay sou tè a te kòmanse ofisyèlman. Pandan de mil an, Lespri Bondye te toujou travay nan linivè a. Moun yo pa ni konnen ni santi sa, men nan dènye jou yo, nan moman kote epòk sa a pral fini a, Bondye desann sou tè a pou Li travay pèsonèlman. Sa se benediksyon moun ki fèt nan dènye jou yo. Nan yon fason ki etonan, moun sa yo kapab wè imaj Bondye k ap viv nan lachè a pèsonèlman. “Lè tout fas labim nan te twoub, Mwen te kòmanse goute amètim monn lan nan mitan lòm. Lespri Mwen vwayaje toupatou nan mond lan epi Li egzamine an pwofondè kè yon pakèt moun yo pa ka konte, e anmenmtan, Mwen konkeri limanite tou nan chè Mwen ki enkane a.” Se konsa Bondye ki nan syèl la ak Bondye ki sou tè a ye kopere ann amoni. Finalman, nan panse yo, moun yo ap kwè Bondye ki sou tè a se Bondye ki nan syèl la, se Bondye ki sou tè a ki te kreye syèl yo, tè a ak tout sa ki ladan l, lòm anba kontwòl Bondye ki sou tè a, Bondye ki sou tè a ap fè travay ki nan syèl la sou tè a, epi Bondye ki nan syèl la parèt nan lachè. Sa se objektif final travay Bondye sou tè a, epi konsa, etap sa a antre nan travay ki nan pi wo nivo pandan peryòd lachè a; li reyalize nan divinite, epi li fè tout moun vin konvenki nèt. Plis moun chèche Bondye nan nosyon yo, se plis yo santi Bondye ki sou tè a pa pratik. Konsa, Bondye di moun yo ap chèche Bondye nan mitan pawòl ak doktrin ki vid yo. Plis moun konnen Bondye nan nosyon yo, se plis yo vin fò nan pale pawòl ak doktrin, epi se plis moun admire yo. Plis moun pale pawòl ak doktrin, se plis yo rete lwen Bondye, se plis yo vin pa kapab konnen sibstans lòm, se plis yo rebele kont Bondye, epi se plis yo elwanye yo de egzijans Bondye yo. Egzijans Bondye fè moun yo pa tèlman sinatirèl jan moun yo imajine a, epoutan pèsonn pa t janm vrèman konprann entansyon Bondye yo, e konsa Bondye di: “Moun chèche sèlman nan syèl san limit la, oswa sou lanmè k ap fè gwo vag la, oswa sou lak ki kalm nan, oswa nan pawòl ak doktrin ki vid yo.” Plis Bondye fè egzijans pou lòm, se plis moun yo santi yo pa ka atenn Bondye, epi se plis yo kwè Bondye gran. Konsa, nan konsyans yo, lòm pa kapab atenn tout pawòl ki soti nan bouch Bondye yo, sa ki pa kite Bondye okenn lòt chwa sinon aji Li menm pèsonèlman; pandan tan sa a, lòm pa gen pi piti volonte pou l kopere ak Bondye, epi li senpleman pèsiste nan bese tèt li epi konfese peche l yo, l ap eseye pou l enb epi obeyisan. Se poutèt sa, san yo pa rann yo kont, moun yo antre nan yon nouvo relijyon, nan seremoni relijye ki menm pi ekstrèm pase nan legliz relijye yo. Konsa, li nesesè pou transfòme eta negatif yo a fè l tounen yon eta pozitif, epi konsa retabli yo nan yon kondisyon nòmal; sinon, lòm ap antre pi fon nan pyèj la toujou.
Poukisa Bondye konsantre Li sou dekri mòn ak dlo nan anpil nan deklarasyon Li yo? Èske gen siyifikasyon senbolik nan pawòl sa yo? Bondye pa sèlman pèmèt lòm wè zèv Li yo nan chè Li, men Li pèmèt lòm konprann pouvwa Li tou nan fimaman an. Nan fason sa a, anmenmtan y ap kwè san okenn dout se Bondye nan lachè a sa ye, moun yo vin konnen zèv Bondye pratik la tou, e konsa yo voye Bondye ki sou tè a nan syèl la, epi yo desann Bondye ki nan syèl la sou tè a, se sèlman aprè sa moun yo vin kapab wè pi konplètman tout sa Bondye ye epi yo jwenn yon pi gwo konesans sou tout pouvwa Bondye a. Plis Bondye kapab konkeri limanite nan lachè epi depase lachè a pou L vwayaje anlè a epi toupatou nan tout linivè a, se plis moun yo kapab wè zèv Bondye yo sou baz fason yo wè Bondye pratik la, e konsa pou yo konnen verite ki genyen nan travay Bondye a nan tout linivè a nèt—ke se pa yon fo bagay, men se yon reyalite—e konsa yo vin konnen Bondye pratik jodi a se Lespri a nan yon kò, epi Li pa gen menm kalite kò lachè ak lòm. Se konsa, Bondye di: “Men, lè Mwen dechaje kòlè Mwen, mòn yo fann tousuit, tè a kòmanse tranble tousuit, dlo seche tousuit, epi dezas frape lòm tousuit.” Lè moun yo li pawòl Bondye yo, yo asosye yo ak lachè Bondye a, e konsa yo fè yon lyen dirèk ant travay ak pawòl ki nan mond espirityèl la ak Bondye nan lachè a, sa ki mennen nan yon rezilta ki pi efikas. Lè Bondye pale, se souvan soti nan syèl la pou rive sou tè a, epi answit yon lòt fwa ankò soti sou tè a pou ale nan syèl la, sa ki fè tout moun pa kapab konprann motivasyon ak orijin pawòl Bondye yo. “Lè Mwen nan syèl la, zetwal yo pa janm panike poutèt prezans Mwen. Okontrè, yo mete tout kè yo ak fòs yo nan travay yo pou Mwen.” Se konsa eta syèl la ye. Bondye ranje tout bagay nan twazyèm syèl la avèk metòd, pandan tout sèvitè k ap sèvi Bondye yo ap fè pwòp travay yo pou Bondye. Yo pa janm fè anyen ki rebele kont Bondye, se poutèt sa yo pa tonbe nan panik Bondye te pale de li a, men olye de sa, yo mete tout kè yo ak fòs yo nan travay yo a; pa janm gen okenn dezòd, e konsa tout zanj yo ap viv nan limyè Bondye. Pandan tan sa a, poutèt rebelyon yo, epi paske yo pa konnen Bondye, moun yo sou tè a tout ap viv nan fènwa, epi plis yo opoze ak Bondye, se plis y ap viv nan fènwa. Lè Bondye di: “Plis syèl yo klere, se plis mond ki anba a fè nwa,” Li ap fè referans ak fason jou Bondye a ap vin pi pwòch tout limanite toujou. Konsa, peryòd kote Bondye okipe pandan 6.000 ane nan twazyèm syèl la pral fini trè byento. Tout bagay sou tè a antre nan dènye chapit la, epi trè byento, yo chak pral detache soti anba men Bondye. Plis moun ap vanse nan epòk dènye jou yo, se plis yo kapab goute koripsyon ki gen nan mond imen an; plis y ap vanse nan epòk dènye jou yo, se plis yo livre tèt yo bay pwòp lachè yo. Gen anpil moun menm ki swete chanje eta mizerab mond lan ye a, epoutan lespwa yo pèdi nan mitan soupi yo, poutèt zèv Bondye yo. Konsa, lè moun yo santi chalè prentan an, Bondye bouche je yo, e konsa yo flote sou gwo vag yo, san pa gen youn ladan yo ki kapab atenn bato sovtaj ki byen lwen an. Paske moun yo fèb natirèlman, Bondye di pa gen pèsonn ki kapab ranvèse sitiyasyon an. Lè moun yo pèdi lespwa, Bondye kòmanse pale ak tout linivè a. Li kòmanse sove tout limanite, epi se sèlman aprè sa moun yo kapab jwi nouvo lavi ki vini yon fwa sitiyasyon an fin ranvèse a. Moun jodi a nan yon etap kote y ap twonpe tèt yo. Paske wout ki devan yo a tèlman dezole epi li pa klè, e paske avni yo “san limit” epi “san fwontyè”, moun nan epòk sa a pa gen okenn anvi pou yo goumen, epi yo senpleman pase jou yo tankou yon zwazo Hannhaw.[a] Pa janm gen pèsonn ki te chèche viv lavi yo oserye epi ki te chèche konprann lavi imen an; olye de sa, y ap tann jou kote Sovè ki nan syèl la ap desann toudenkou pou L ranvèse eta mizerab mond lan, epi se sèlman aprè sa y ap eseye viv lavi yo toutbonvre. Se konsa vrè eta tout limanite ye, ansanm ak mantalite tout moun.
Jodi a, l Bondye anonse davans nouvo lavi lòm ap genyen an baze sou mantalite lòm genyen kounye a. Sa a se ti limyè k ap parèt la, sa Bondye ap pale de li a. Sa Bondye anonse davans la se sa Bondye pral reyalize finalman an, epi se fwi viktwa Bondye sou Satan. “Mwen deplase anlè tèt pakèt moun yo epi Mwen ap gade toupatou. Pa gen anyen ki janm parèt vye, epi pa gen okenn moun ki janm rete menm jan yo te ye anvan an. Mwen repoze sou twòn nan, Mwen chita byen alèz anlè tout linivè a....” Sa a se rezilta travay Bondye ap fè kounye a. Tout moun Bondye chwazi yo retounen nan aparans orijinal yo, e poutèt sa, zanj yo, ki te soufri pandan tèlman anpil ane, jwenn liberasyon yo, menm jan Bondye di: “figi yo tankou figi sila a ki sen ki nan kè lòm nan.” Paske zanj yo ap travay sou tè a epi y ap sèvi Bondye sou tè a, epi paske glwa Bondye gaye toupatou nan mond lan, syèl la desann sou tè a, epi tè a leve pou l monte nan syèl la. Se poutèt sa, lòm se lyen ki konekte syèl la ak tè a; syèl la ak tè a pa separe ankò, yo pa lwen youn lòt ankò, men yo konekte pou yo fè yon sèl. Nan tout mond lan, se sèl Bondye ak lòm ki egziste. Pa gen okenn pousyè ni okenn salte, epi tout bagay vin nouvo, tankou yon ti mouton kouche nan yon patiraj vèt anba syèl la, k ap jwi tout gras Bondye yo. Epi se poutèt aparisyon koulè vèt la ki fè souf lavi a briye aklè, paske Bondye vini nan mond lan pou Li viv bò kote lòm pou tout letènite, menm jan sa te soti nan bouch Bondye a lè L te di “Mwen kapab abite anpè nan Siyon yon lòt fwa ankò.” Sa a se senbòl defèt Satan an, se jou repo Bondye a, epi bann moun yo pa ka konte yo pral fè louwanj pou jou sa a epi pwoklame l, epi y ap sonje l. Lè Bondye pran repo sou twòn nan, se nan moman sa a tou Bondye fini travay Li sou tè a, epi se moman egzak kote tout mistè Bondye yo parèt aklè pou lòm; Bondye ak lòm ap ann amoni pou toutan, yo pap janm separe—se sa ki bèl sèn wayòm nan!
Nan mistè gen mistè ki kache; pawòl Bondye yo vrèman pwofon epi yo ensondab!
Nòt anba paj:
a. Istwa zwazo Hanhao a sanble anpil ak fab Ezòp la sou foumi an ak krikèt la. Zwazo Hanhao a prefere dòmi olye li bati yon nich pandan tan an cho, malgre vwazen li, yon Pika, te avèti l plizyè fwa. Lè sezon fredi rive, zwazo a mouri anba fredi.