Li Enpòtan Anpil pou Tabli yon Relasyon Nòmal ak Bondye
Lè moun kwè nan Bondye, renmen Li epi satisfè Li, yo konekte ak Lespri Bondye avèk kè yo epi konsa yo jwenn satisfaksyon Li; yo itilize kè yo pou yo antre an kontak avèk pawòl Bondye, epi konsa Sentespri Li anime yo. Si nou vle viv yon lavi espirityèl nòmal epi tabli yon relasyon nòmal ak Bondye, ebyen toudabò nou dwe ba Li kè nou. Se sèlman apre nou fin asire kè nou devan Li epi lè tout kè nou enkline nan direksyon Li, n ap kapab devlope firamezi yon lavi espirityèl nòmal. Si nan manifestasyon lafwa moun nan Bondye, yo pa ba Li kè yo, si kè yo pa avèk Li epi yo pa pote fado Li tankou si se te fado pa yo, ebyen tout sa y ap fè, se zak pou yo twonpe Bondye, e se sa moun ki ap pratike relijyon yo ap fè, e Bondye p ap apwouve sa. Bondye pa kapab benefisye anyen ki sòti bò kote mòd moun konsa, yo kapab sèlman sèvi pou mete travay Li a an evidans. Moun sa yo se tankou dekorasyon yo ye lakay Bondye – wòl yo se konble plas, yo pa itil anyen, epi Bondye pa itilize yo nan anyen. Non sèlman pa genyen okenn chans pou Sentespri Bondye travay nan yo, men pa genyen okenn itilite pou pèfeksyone yo. Yon kalite moun konsa se yon veritab kadav anbilan. Sentespri Bondye pa genyen anyen Li kapab itilize nan yo – Satan posede yo an antye epi li kowonp yo jis nan zo. Bondye pral elimine moun sa yo. Lè Sentespri Bondye ap itilize moun jodi a, Li pa sèlman itilize sa ki pozitif nan yo pou fè travay yo fèt – men Li pèfeksyonnen tou epi li transfòme sa ki pa bon nan yo. Si ou kapab vide tout kè ou bay Bondye epi asire li nan prezans Li, ebyen ou va genyen opòtinite ak kalifikasyon pou Sentespri Bondye itilize ou epi pou ou resevwa limyè ak ekleraj Li. Anplis, ou ap genyen opòtinite pou Sentespri a korije feblès ou yo. Lè ou bay Bondye kè ou, w ap kapab, nan bò pozitif la, apwofondi relasyon ou avèk Li epi atenn yon nivo konpreyansyon siperyè. Nan bò negatif la, w ap genyen kapasite pou ou pi byen konnen feblès ou yo ak lakin ou yo, epi w ap genyen plis anvi pou ou chèche satisfè entansyon Bondye yo pi plis. Plis toujou, ou p ap genyen yon atitid negatif. W ap genyen kapasite pou ou patisipe aktivman. Sa a se prèv ou se yon moun ki dwat. Depi kè ou asire devan Bondye, resevwa apwobasyon Sentespri a oswa pa resevwa li, fè Bondye plezi oswa pa fè Li plezi, tout sa depann seryezman de kapasite ou pou patisipe aktivman. Lè Sentespri a ap klere moun epi itilize yo, Li pa janm rann yo negatif, Li toujou rann yo dinamik epi Li fè yo anvi amelyore tèt yo. E menm lè Li aji konsa, moun yo toujou kontinye gen feblès yo, men yo pa viv selon feblès sa yo. Yo pa renonse pou yo pwogrese nan lavi yo epi yo kontinye ap chèche satisfè entansyon Bondye. Sa a se yon estanda. Si nou kapab rive ladan, se prèv nou resevwa prezans Sentespri a. Si yon moun toujou negatif, epi si, menm apre li fin resevwa ekleraj epi vin konnen tèt li, li rete negatif epi pasif, epi li pa kapab kanpe pou li kolabore ak Bondye, ebyen moun sa a sèlman resevwa gras Bondye, men li pa genyen prezans Sentespri a. Negativite moun sa yo vle di kè yo pa ale nan direksyon Bondye, epi Lespri Bondye pa touche lespri yo. Tout moun ta dwe konprann sa.
Eksperyans montre asirans yon kè devan Bondye genyen yon enpòtans kapital. Sa genyen rapò avèk lavi espirityèl epi pwogrè nan lavi chak moun. Laverite w ap chèche a ak volonte pou ou chanje a ap pote fwi sèlman si kè ou asire nan Bondye. Se paske nou prezante devan Li ak yon chay n ap pote, paske nou toujou santi nou sitèlman manke anpil bagay, genyen tèlman verite nou bezwen konnen, genyen yon gran pati reyalite nou dwe eksperimante, epi nou dwe montre konsiderasyon pou entansyon Bondye yo. Bagay sa yo toujou okipe panse ou, se tankou si yo t ap peze ou desann ak yon fòs kif è ou pa kapab respire, epi ou santi kè ou lou (menm si nou pa nan yon eta negatif). Se sèlman yon moun konsa ki kalifye pou li asepte limyè pawòl Bondye epi pou li kite Lespri Bondye dirije li. Se akoz chay yo ap pote a, paske kè yo lou, epi nou kapab di, akoz pri yo te peye a ak soufrans yo te andire devan Bondye yo ki fè yo resevwa limyè Li ak ekleraj Li. Paske Bondye pa janm bay pèsonn okenn favè espesyal. Li toujou trete tout moun avèk jistis, men Li pa janm bay nonplis selon fantezi ni san kondisyon. Se yon aspè nan dispozisyon jis Li yo. An reyalite, pi fò moun pako rive nan nivo sa a. Omwens kè yo pako konplètman ale nan direksyon Bondye, konsa, toujou pako genyen twòp chanjman nan dispozisyon yo ap pran pou lavi yo. Se paske yo sèlman ap viv nan gras Bondye, men yo pako benefisye travay Sentespri a. Men kritè moun yo dwe ranpli pou Bondye kapab itilize yo: Kè yo dwe gade nan direksyon Bondye, yo dwe pote fado pawòl Li yo, yo dwe genyen yon kè ki cho, epi yo dwe pran rezolisyon pou chèche laverite. Se sèlman moun sa yo ki kapab benefisye travay Sentespri a epi resevwa byen souvan limyè ak ekleraj Li. Sila yo Bondye ap itilize konn parèt nan je lòt moun tankou moun ki manke larezon epi ki pa genyen relasyon nòmal avèk lòt moun, men yo pale avèk pridans epi byenseyans, epi yo toujou gen kapasite pou yo kenbe kè yo asire devan Bondye. Se egzakteman kalite moun sa yo Sentespri a kapab itilize. Moun « san larezon » sa yo Bondye ap pale a, sanble pa gen relasyon nòmal ak lòt moun, epi yo pa gen enterè ni nan lanmou eksteryè ni nan pratik eksteryè, men lè yo ap pataje sijè espirityèl, yo gen kapasite pou yo louvri kè yo epi ofri lòt yo, avèk jenewozite, ekleraj ak konesans yo genyen gras ak eksperyans yo viv devan Bondye. Se konsa yo eksprime lanmou yo pou Bondye epi satisfè volonte Li. Lè lèzòt yo ap pale yo mal epi pase yo nan rizib, yo rete kè kal devan moun, evènman oswa bagay eksteryè epi yo rete trankil devan Bondye. Li ta sanble se kòmsi yo genyen yon fason inik yo reflechi sou tout bagay. Kèlkeswa sa lòt moun ap fè, kè yo pa janm kite Bondye. Lè lòt moun ap pale epi ri, kè yo rete devan Bondye, yo ap medite pawòl Li, oswa yo ap priye Bondye ki nan kè yo a an silans, pandan yo ap chèche akonpli dezi Li yo. Moun sa yo pa montre yo atache okenn enpòtans pou kenbe relasyon entèpèsonèl nòmal, epi yo pa sanble genyen okenn prensip pou mennen zafè yo nan monn lan. Yo parèt vivan, atachan epi inosan, men yo genyen tou nan yo yon sèten serenite. Kalite moun Bondye itilize yo se ak sa yo sanble. Prensip pou mennen zafè yo nan monn nan oswa “larezon òdinè” pa gen okenn efikasite sou kalite moun sa yo, tou senpman. Yo mete tout kè yo nan pawòl Bondye a, e ta sanble se sèlman Bondye ki okipe tout plas nan kè yo. Se kalite moun “san larezon” sa yo ki referans Bondye, e se egzakteman kalite moun sa yo Bondye itilize. Men ki mak fabrik moun Bondye ap itilize yo genyen: Kèlkeswa moman an oswa kote a, kè yo toujou nan prezans Bondye, e kèlkeswa nan ki degre lèzòt yo ta deprave, oswa kèlkeswa nan ki nivo lèzòt yo ta lage nan satisfè vye dezi sal ak plezi lachè, kè moun sa yo pa janm kite Bondye epi yo pa janm swiv foul. Se sèl kalite moun sa yo ki diy pou Bondye itilize yo, e se sèl kalite moun sa yo Sentespri Bondye pèfeksyone. Si ou pa kapab rive nan nivo sa a, ou pa kalifye pou Bondye genyen ou, oswa pou Sentespri a pèfeksyone ou.
Si nou vle tabli yon relasyon nòmal avèk Bondye, fòk kè nou oryante nan direksyon Li; avèk baz sa a, nou kapab genyen relasyon nòmal avèk lèzòt yo tou, apre sa. Si ou pa genyen yon relasyon nòmal avèk Bondye, ebyen kèlkeswa sa ou ta fè pou kenbe relasyon avèk lòt moun, kèlkeswa valè travay ou ta fè pou sa oswa valè efò ou ta mete nan sa, li ap rete yon filozofi moun ki adapte pou zafè monn sa a. W ap rive kenbe pozisyon ou pami moun, epi w ap jwenn lwanj yo gras ak pèspektiv epi filozofi moun, pase pou ou tabli relasyon entèpèsonèl nòmal selon pawòl Bondye. Si ou pa konsantre sou relasyon ou avèk lèzòt yo, men ou pito chèche kenbe yon relasyon nòmal avèk Bondye, epi ou gen volonte pou ou bay Bondye kè ou epi aprann soumèt anba volonte Li, ebyen relasyon ou avèk lèzòt yo ap vin natirèlman nòmal yo menm tou. Relasyon sa yo p ap fonde ankò sou lachè men sou fondasyon lanmou Bondye. Nou p ap prèske genyen entèraksyon chanèl avèk lèzòt yo, men ap genyen yon kominyon sou plan espirityèl, ak tout yon lanmou youn pou lòt, rekonfò ak pratik youn ede lòt antre nou. Tout sa yo repoze sou fondasyon yon dezi pou satisfè Bondye - Se pa prensipi moun sèvi pou mennen zafè yo nan monn lan ki antreteni relasyon sa yo, men yo fòme natirèlman lè ou genyen yon santiman pwofon sou devwa ou anvè Bondye. Yo pa egzije nan ou okenn efò imen, epi ou sèlman bezwen pratike yo selon prensip pawòl Bondye. Èske ou dispoze pou ou genyen konsiderasyon devan Bondye nan entansyon Li yo? Èske ou dispoze pou ou se yon moun ki « san larezon » devan Li? Èske ou dispoze pou ou bay Bondye kè ou konplètman epi pou ou gade pozisyon sosyal ou pou anyen? Pami tout moun ou ap entèraji ak yo, ak kiyès ou genyen pi bon relasyon? Ak kiyès ou genyen pi move relasyon? Èske relasyon ou avèk lèzòt yo nòmal? Èske ou trete tout moun menmjan? Èske se filozofi ou sou zafè monn sa a ki gide relasyon ou avèk lèzòt yo, oswa èske yo bati sou fondasyon lanmou Bondye? Lè moun yo pa bay Bondye kè yo, lespri yo vin lou, angoudi epi enkonsyan. Moun sa yo p ap janm konprann pawòl Bondye, yo p ap janm gen yon relasyon nòmal avèk Bondye epi yo p ap janm rive chanje nan konpòtman yo. Chanjman konpòtman se pwosesis kote yon moun ap bay Bondye kè li konplètman epi ap resevwa ekleraj ak limyè nan pawòl Li. Travay Bondye a pèmèt moun enplike aktivman ladan, e sa pèmèt yo rejte tout pati ki negatif nan yo depi yo fin konnen yo. Lè ou fin bay Bondye kè ou, w ap kapab santi lespri ou ap bouje lejèman chak fwa, e si Bondye akòde ou menm yon ti kras ekleraj ak limyè, w ap gen kapasite pou ou santi siyal la. Si nou pèsevere, n ap antre pazapa nan chemen pèfeksyon Sentespri a. Plis kè nou anpè devan Bondye, plis lespri nou ap vin sansib epi delika, se plis li ap vin posib pou nou santi kijan Sentespri a ap gide li, e se plis relasyon nou ak Bondye ap vin nòmal. Relasyon nòmal moun ak moun tabli sou baz desizyon pou oryante kè nou sou Bondye, e non sou efò imen nou. Si Bondye absan nan kè yon moun, ebyen relasyon li ak lòt moun se sèlman relasyon lachè. Relasyon sa yo pa nòmal, se bagay sal, deprave, epi Bondye rayi e degoute bagay sa yo. Si ou di ou te touche espirityèlman, men frekantasyon ou se sèlman moun ki fè ou plezi, moun ou bay valè, epi ou meprize oswa ou refize pale ak moun ou pa renmen lè yo ap chèche atansyon ou, sa a pwouve pi plis toujou se santiman ou ki ap gide ou epi ou pa genyen yon relasyon nòmal ak Bondye ditou, sa montre kòman w ap eseye twonpe Bondye epi kache pwòp lèdè w. Ou kapab petèt pataje yon pati nan konesans ou, men si ou pa genyen bon entansyon, ebyen tout sa ou kapab fè ap parèt bon sèlman selon kritè imen, epi Bondye p ap apwouve ou. Se dezi chanèl ou yo ki ap gide aksyon ou yo, se pa fado Bondye. Pou ou kapab diy pou Bondye itilize w, fòk ou kapab kalme kè w devan Li epi tabli bon relasyon avèk tout sila yo ki renmen Li. Si ou kapab fè sa, ebyen kèlkeswa fason ou entèraji avèk lèzòt yo, ou p ap aji dapre yon filozofi ki gen pou wè ak zafè monn sa a, men w ap konsidere fado Bondye a epi w ap viv nan prezans Li. Konbyen moun konsa ki genyen pami nou? Èske relasyon nou ak lèzòt yo vreman nòmal? Sou ki fondasyon yo te konstwi? Konbyen prensip moun sèvi pou mennen zafè yo avèk monn lan ou genyen nan ou? Èske ou te rejte yo? Si kè ou pa kapab oryante konplètman nan direksyon Bondye, ebyen Bondye pa chwazi w – ou sòti nan Satan, finalman ou ap retounen al jwenn Satan, epi ou pa merite pou ou konte nan pami pèp Bondye a. Ou dwe egzaminen bagay sa yo avèk atansyon.