Kijan Relasyon w ak Bondye ye?

Pou w kwè nan Bondye, ou dwe omwen chèche gen yon relasyon nòmal ak Bondye. Si w pa gen yon relasyon nòmal ak Bondye, kwayans ou nan Bondye a ap pèdi tout sans li. Ou kapab vin gen yon relasyon nòmal ak Bondye, lè w kalme kè w konplètman nan prezans Bondye. Gen yon relasyon nòmal ak Bondye vle di pa gen okenn dout sou travay Li, pa nye travay Li, epi soumèt tèt ou devan travay Li. Sa vle di aji ak bon entansyon an prezans Bondye epi pa fè okenn pwojè pou tèt ou. Epitou, sa vle di mete enterè kay Bondye a an premye, aksepte pou Bondye byen egzamine w, epi soumèt tèt ou anba dispozisyon Li pran yo nan kèlkeswa sa w ap fè. Ou dwe kapab kalme kè w an prezans Bondye nan tout sa w ap fè. Menmsi w pa konprann entansyon Bondye yo, ou dwe toujou fè tout sa w kapab pou w respekte travay ak responsabilite w genyen yo. Yonfwa ou fin konprann entansyon Bondye, aji ann amoni ak yo, epi konsa, li p ap twò ta. Lè w vin gen yon relasyon nòmal ak Bondye, enben w ap gen yon relasyon nòmal ak lòt moun tou. Pou w bati yon relasyon nòmal ak Bondye, tout sa w ap fè dwe baze sou Pawòl Bondye yo, ou dwe kapab ranpli responsabilite w ann amoni ak pawòl Bondye epi selon sa Bondye mande, ou dwe wè bagay yo yon fason ki jis, ou dwe chèche laverite nan tout bagay, epi w dwe pratike laverite lè w konprann li. Kèlkeswa sa k rive w, ou dwe priye Bondye epi w dwe chèche Bondye ak yon kè ki soumèt devan L. Lè w aji konsa, w ap kapab kontinye gen yon relasyon nòmal ak Bondye. Pandan w ap byen ranpli responsabilite w, ou dwe veye pou w pa fè anyen ki p ap pwofitab pou antre nan lavi moun Bondye chwazi yo, epi w pa dwe di anyen ki p ap edifye frè ak sè yo. Omwen, ou pa dwe fè anyen ki pa ann amoni ak konsyans ou, epi nan okenn ka, ou pa dwe fè anyen ki endiy. Sitou, ou pa dwe fè anyen k ap montre w opoze oswa ap reziste ak Bondye, ni anyen ki ap twouble travay la oswa lavi nan legliz la. Montre w franch epi onèt nan tout sa w ap fè epi asire w chak aksyon w poze ap akseptab nan je Bondye. Menmsi lachè kapab fèb pafwa, ou dwe kapab mete enterè kay Bondye a an premye, san okenn konvwatiz oswa pwofi pèsonèl, san w pa kòmèt zak ki egoyis oswa meprizab, lè w reflechi ak tèt ou souvan. Nan fason sa a, w ap kapab kontinye viv devan Bondye, epi relasyon w gen ak Bondye a ap vin konplètman nòmal.

Nan tout sa w ap fè, ou dwe byen gade si w gen bon entansyon. Si w kapab aji ann akò ak egzijans Bondye yo, konnen relasyon w ak Bondye nòmal. Sa se estanda minimòm nan. Lè w ap egzamine entansyon w, si w remake ou kòmanse gen move entansyon, epi w kapab konbat entansyon sa yo pou w aji ann akò ak pawòl Bondye yo, w ap vin yon moun ki dwat nan je Bondye. Sa montre relasyon w ak Bondye nòmal, epi tout sa w fè se poutèt Bondye, se pa pou tèt ou. Nan tout sa w fè ak tout sa w di, veye pou kè w dwat, epi aji yon fason ki jis, epi pa kite santiman w oswa pwòp volonte w mennen w lè w ap aji. Se selon prensip sa yo moun ki kwè nan Bondye yo dwe aji. Menm yon bagay ki toupiti kapab revele entansyon ak nivo espirityèl yon moun, kidonk pou yon moun antre sou chemen pou Bondye fè l vin pafè, moun sa a dwe fè fas ak entansyon l ansanm ak relasyon l ak Bondye dabò. Se sèlman lè relasyon w ak Bondye nòmal, Li ap kapab fè w vin pafè; epi se sèlman lè sa a, netwayaj Bondye, jan Li disipline, ak rafinaj Li ap kapab pwodui efè Li vle a nan ou. Se yon fason pou di, si lèzòm kapab gen Bondye nan kè yo epi yo pa nan pouswiv enterè pèsonèl ni panse ak pwòp pwojè pou lavni yo (sètadi, ak lachè yo), olye sa, yo pran responsablite pou antre nan lavi a, yo fè tout sa yo kapab pou chèche laverite, epi yo soumèt tèt yo devan travay Bondye—si w kapab fè sa, objektif w ap pouswiv yo ap kòrèk, epi relasyon w ak Bondye ap vin nòmal. Nou kapab di mete relasyon w ak Bondye annòd se premye etap pou w antre nan vwayaj espirityèl la. Byenke desten lòm nan men Bondye epi Bondye gentan predestine l, epi lòm pa kapab chanje sa, pou Bondye fè w vin pafè oswa pou Li genyen w, sa depann si relasyon w ak Bondye nòmal. Kapab gen pati nan nou ki fèb oswa ki rebèl—men, toutotan pwennvi w ak entansyon w kòrèk, epi toutotan relasyon w ak Bondye dwat epi nòmal, ou kalifye pou Bondye fè w vin pafè. Si w pa gen yon relasyon dwat ak Bondye, epi w ap aji pou satisfè lachè oswa pou byennèt fanmi w, kèlkeswa efò w fè, sa p ap vo anyen. Si relasyon w ak Bondye nòmal, tout lòt bagay yo ap antre nan plas yo. Bondye p ap gade anyen ankò, men, sèlman si w gen yon bon pwennvi konsènan lafwa w nan Bondye: sitou nan ki moun ou kwè, pou kiyès ou kwè epi poukisa w kwè. Si w kapab wè bagay sa yo byen klè epi w kapab pratike yo avèk pwennvi ou ki byen dispoze, lè sa a, w ap fè pwogrè nan lavi w epi w ap gen garanti ou antre sou bon chemen an. Si relasyon w ak Bondye pa nòmal, epi fason w konsidere kwayans ou nan Bondye ap devye, tout lòt bagay yo pa itil anyen, epi kèlkeswa fason w pratike lafwa w, ou p ap jwenn anyen. Se sèlman apre relasyon w ak Bondye fin nòmal w ap jwenn apwobasyon Li lè w opoze ak lachè, lè w priye, soufri, pèsevere, soumèt tèt ou, ede frè ak sè w yo, konsakre tèt ou plis bay Bondye, elatriye. Pou sa w ap fè yo gen valè, sa depann si w gen bon entansyon epi w gen pwennvi kòrèk. Jodi a, anpil moun kwè nan Bondye kòmsi yo t ap panche tèt yo pou gade yon revèy—pèspektiv yo kwochi, epi tout sa yo bezwen se simonte sa. Si pwoblèm sa a rezoud, tout bagay ap anfòm; sinon, tout bagay p ap itil anyen. Gen kèk moun ki konpòte yo byen an prezans Mwen, men, kou Mwen vire do ba yo, yo ap reziste kont Mwen. Se yon fason pou montre yo malonèt, e y ap twonpe moun, epi kalite moun sa a se yon sèvitè Satan; yo byen reprezante Satan, sila ki vin pase Bondye anba eprèv. W ap yon moun ki dwat sèlman si w kapab soumèt tèt ou devan travay Mwen ak pawòl Mwen yo. Toutotan ou kapab manje epi bwè pawòl Bondye yo; toutotan tout sa w ap fè se bagay ki prezantab devan Bondye epi w konpòte w yon fason ouvè epi onèt nan tout sa w ap fè; toutotan ou pa fè okenn bagay ki fè wont, oswa bagay ki ap blese lavi lòt moun; epi toutotan w ap viv nan limyè a epi w pa kite Satan eksplwate w, konnen relasyon w ak Bondye òdone kòrèkteman.

Kwè nan Bondye mande pou w ranje entansyon ak jan w wè bagay yo; ou dwe byen konprann ak byen trete pawòl Bondye yo ak travay Bondye a, tout anviwònman Bondye prepare yo, lòm bay kiyès Bondye rann temwayaj, ak Bondye pratik la. Ou pa dwe aji selon pwòp ide w, ni w pa dwe devlope plan mesken pa w. Ou dwe kapab chèche laverite nan kèlkeswa sa w ap fè epi, antanke moun Bondye kreye, ou dwe soumèt tèt ou devan tout travay Bondye. Si w vle pou Bondye fè w vin pafè epi w vle antre nan bon chemen lavi a, kè w dwe toujou ap viv nan prezans Bondye. Pa mennen yon vi debòch, pa swiv Satan, pa bay Satan okenn opòtinite pou akonpli travay li, epi pa kite Satan pran pye sou ou. Ou dwe remèt tout lavi w bay Bondye epi ou dwe kite Bondye dirije w.

Èske w dispoze vin yon sèvitè Satan? Èske w dispoze kite Satan eksplwate w? Èske w kwè nan Bondye epi w ap chèche L pou Li kapab fè w vin pafè, oswa pou w kapab tounen yon obstak kont travay Bondye? Nan vi sa a, èske w dispoze kite Bondye genyen w epi pou mennen yon vi ki gen sans, oswa èske w pito mennen yon vi ki vid epi san valè? Èske w prefere pou Bondye itilize w, oswa pou Satan eksplwate w? Èske w prefere pou pawòl Bondye yo ansanm ak laverite ranpli w, oswa kite peche ak Satan ranpli w? Byen reflechi sou bagay sa yo. Nan lavi chak jou ou, ou dwe konprann ki pawòl ou di epi ki bagay ou fè ki kapab deranje relasyon w ak Bondye, epi w dwe korije tèt ou apre sa pou ou antre nan fason kòrèk la. Egzamine pawòl ou, aksyon w, chak jès ou fè, ansanm ak tout panse w epi ide w yo toutan. Chèche byen konprann nan ki eta ou ye toutbon epi antre sou chemen travay Sentespri a. Se sèl fason pou w gen yon relasyon nòmal ak Bondye. Lè w evalye si relasyon w ak Bondye nòmal, w ap kapab korije entansyon w yo, konprann nati pwofon lòm, epi vrèman konprann tèt ou, lè w fè sa, w ap kapab fè eksperyans ki reyèl, goumen kont tèt ou nan yon fason ki reyèl, epi soumèt tèt ou ak tout entansyon. Pandan w ap fè eksperyans bagay sa yo pou konnen si relasyon w ak Bondye nòmal oswa si li pa nòmal, w ap jwenn opòtinite pou Bondye fè w vin pafè epi pou w vin kapab byen konprann anpil aspè nan travay Sentespri a. Epitou, w ap kapab rekonèt yon pakèt plan Satan epi rive konprann konplo li yo. Se chemen sa a sèlman ki kapab fè Bondye fè yon moun vin pafè. Ou dwe korije relasyon w ak Bondye pou w kapab soumèt tèt ou konplètman devan tout aranjman Li yo, pou w antre pi fon nan eksperyans reyèl epi pou w resevwa plis travay Sentespri a. Lè w travay pou w gen yon relasyon nòmal ak Bondye, nan pifò ka yo, w ap kapab lite kont lachè epi kolabore toutbon ak Bondye. Ou dwe konprann “si w pa kolabore nan kè w, l ap difisil pou w resevwa travay Bondye; si w pa soufri nan lachè, ou p ap jwenn okenn benediksyon nan men Bondye; si lespri a pa goumen, Satan p ap wont ditou.” Si w mete prensip sa yo an pratik epi w byen konprann yo, fason w wè lafwa w nan Bondye ap vin korèk. Nan pratik nou ap fè kounya a, nou dwe rejte mantalite “chèche plen vant nou ak pen”; nou dwe rejte lide ki di “tout bagay rive fèt gras a Sentespri a, epi moun pa kapab fè anyen nan sa”. Tout moun ki di sa, panse “Moun kapab fè sa yo vle, epi kou lè a rive, Sentespri ap fè travay Li. Moun pa bezwen metrize lachè ni yo pa bezwen kolabore; tout sa k enpòtan se kite Sentespri a touche kè yo.” Tout opinyon sa yo pa bon ditou. Sentespri pa kapab aji nan sikonstans sa yo. Se pwendvi sa yo ki anpeche Sentespri aji anpil. Byen souvan, travay Sentespri an rive fèt gras a kolaborasyon lòm. Moun yo pa kolabore epi yo pa gen okenn detèminasyon, ak tout sa, yo vle chanje dispozisyon yo epi yo resevwa travay Sentespri a ansanm ak eklèsisman epi limyè nan men Bondye; panse sa yo egzajere. Se sa ki rele “fè tèt ou plezi epi padone Satan.” Moun sa yo pa gen yon relasyon nòmal ak Bondye. Ou dwe chèche dekouvri anpil revelasyon ak manifestasyon dispozisyon satanik nan ou menm epi jwenn nenpòt ki pratik ki kontrè ak sa Bondye egzije jodi a. Kounye a, èske w ap kapab rebele kont Satan? Ou dwe gen yon relasyon nòmal ak Bondye, ou dwe aji ann amoni ak sa Bondye vle, epi w dwe vin yon nouvo moun ak yon lavi nouvo. Pa ret ap reflechi sou move bagay ou te fè nan pase ou; pa kite remò anvayi w twòp; ou dwe kapab leve epi kolabore ak Bondye, epi w dwe fè travay ou gen pou w fè yo. Nan fason sa a, relasyon w ak Bondye ap vin nòmal.

Si apre w fin li dokiman sa a, ou jis di ou aksepte pawòl sa yo, alòske yo pa touche kè w epi w pa chèche vin gen yon relasyon nòmal ak Bondye, sa montre relasyon w ak Bondye pa gen okenn enpòtans pou ou. Sa montre ou poko korije fason w wè bagay yo, ou poko gen entansyon pou Bondye genyen w epi pou w ba Li glwa, men olye sa, entansyon w se kite konplo Satan yo pote laviktwa epi w vle akonpli pwòp objektif pa w. Moun konsa gen move entansyon epi fason yo konprann bagay yo pa bon. Kèlkeswa sa Bondye di oswa fason Li di l la, sa p ap fè yo ni cho ni frèt, epi nou p ap wè okenn transfòmasyon ki ap fèt nan yo. Yo pa ni pè ni wont. Moun sa yo pa gen lespri epi yo nan konfizyon. Chak fwa Bondye pwononse yon pawòl, yon fwa ou fin li pawòl yo epi w konprann yo, mete yo an pratik. Kèlkeswa fason w te konn aji anvan sa, petèt gen moman lachè w te fèb, oswa ou te rebèl, oswa ou te konn reziste; sa pa gen anpil enpòtans, epi sa pa kapab anpeche ou atenn matirite nan lavi w jodi a. Toutotan ou kapab gen yon relasyon nòmal ak Bondye jodi a, gen lespwa. Si gen yon chanjman ki fèt nan ou chak fwa w li pawòl Bondye, epi lòt moun kapab remake lavi w vin pi bon, sa montre relasyon w ak Bondye nòmal kounye a, li korije. Bondye pa trete pèsonn selon move bagay yo te fè. Lè ou fin konprann epi w pran konsyans, toutotan ou kapab sispann rebele oswa reziste, Bondye ap toujou gen mizerikòd pou ou. Lè w fin konprann sa epi w pran detèminasyon pou kite Bondye fè w vin pafè, kondisyon w nan prezans Bondye ap vin nòmal. Kèlkeswa sa w ap fè, mande tèt ou: Kisa Bondye ap panse si m fè sa? Èske sa ap nan avantaj frè m ak sè m yo? Èske sa ap nan avantaj travay nan kay Bondye a? Kit se nan lapriyè, nan kominikasyon fratènèl, nan pawòl, nan fason w jere zafè w, oswa nan relasyon w ak lòt moun, egzamine entansyon w, epi verifye si relasyon w ak Bondye nòmal. Si w pa kapab rive konprann pwòp entansyon w ak panse w, sa vle di ou manke diskriminasyon, sa montre ou pa konprann anpil bagay sou laverite. Si w kapab konprann tout sa Bondye fè byen klè, epi w kapab rive wè bagay yo atravè limyè pawòl Li, lè w kanpe bò kote L, lè sa a w ap vin wè bagay yo byen. Kidonk, chèche gen yon bon relasyon ak Bondye se bagay ki pi enpòtan pou nenpòt moun ki kwè nan Bondye; chak moun dwe konsidere sa kòm travay ki pi enpòtan epi kòm pi gwo evènman nan lavi l. Evalye tout sa w fè sou baz yon relasyon nòmal ak Bondye—si sa ap pèmèt ou vin gen yon relasyon nòmal ak Bondye epi w gen bon entansyon, fè li. Pou w kenbe yon relasyon nòmal ak Bondye, ou pa dwe pè pèdi kèk bagay nan enterè pèsonèl ou; ou pa kapab kite Satan ranpòte laviktwa, ou pa kapab kite Satan pran pye sou ou, epi w pa kapab kite Satan pase ou nan rizib. Lè w gen entansyon sa yo, sa se siy ki montre w gen yon relasyon nòmal ak Bondye—se pa pou satisfè dezi lachè, men olye sa, se pou lapè lespri, pou benefisye travay Sentespri a, epi pou w fè volonte Bondye. Pou w antre nan bon eta espirityèl la, ou dwe gen yon bon relasyon ak Bondye epi w dwe korije jan w wè lafwa w nan Bondye. Se yon fason pou Bondye kapab genyen w, epi pou Li kapab kite fwi pawòl Li yo travay nan ou epi ba ou eklèsisman epi limyè plis toujou. Nan fason sa a, w ap vin sou bon chemen an. Kontinye manje e bwè pawòl Bondye jodi a, antre nan fason Sentespri a ap travay aktyèlman, aji ann amoni ak egzijans Bondye jodi a, pa gade metòd pratik, demode, pa kontinye suiv fason yo te konn fè bagay yo anvan sa, epi kou sa posib, aji fason w dwe aji jodi a. Konsa, relasyon ak Bondye ap vin nòmal nèt epi w ap antre sou bon chemen lafwa nan Bondye a.

Anvan: Wayòm Milenè A Rive

Apre: Konsantre Nou Plis sou Reyalite a

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger