Bondye ak Lòm Pral Antre nan Repo Ansanm

Nan kòmansman an, Bondye te nan repo. Pa t gen okenn moun ni okenn lòt bagay sou tè a nan epòk sa a, epi Bondye pa t ko fè okenn travay. Li te kòmanse travay jesyon Li a sèlman lè limanite te vin egziste epi apre li te fin kowonpi; apati moman sa a, Li pa t repoze ankò, men olye de sa, Li te kòmanse ap travay san rete nan mitan limanite. Se poutèt koripsyon limanite a Bondye te pèdi repo Li a, epitou poutèt trayizon akanj lan. Si Bondye pa venk Satan ni sove limanite ki kowonpi a, Li p ap janm kapab antre nan repo ankò. Menm jan lòm manke repo, se konsa Bondye manke repo tou, epi lè Li repoze ankò, moun yo pral repoze tou. Yon lavi nan repo vle di yon lavi san lagè, san salte, epi san okenn enjistis. Sa vle di, se yon lavi ki pa gen twoub Satan yo ladan l (isit la «Satan» fè referans ak fòs ostil yo) ni koripsyon Satan an, epi ki lib anba anvayisman nenpòt fòs ki an opozisyon ak Bondye; se yon lavi kote tout bagay klase selon kategori pa li epi kapab adore Kreyatè a, epi kote syèl la ak tè a trankil nètale. Sa a se lavi repo a pou moun yo. Lè Bondye repoze, enjistis p ap egziste sou tè a ankò, ni p ap gen okenn lòt anvayisman ki soti nan fòs ostil yo ankò, epi limanite pral antre nan yon nouvo domèn—li p ap yon limanite Satan kowonp ankò, men pito yon limanite ki sove apre Satan te fin kowonp li. Jou repo limanite a pral jou repo Bondye a tou. Bondye te pèdi repo Li a paske limanite pa t kapab antre nan repo; sa pa vle di Li pa t gen repo okòmansman. Antre nan repo pa vle di aktivite tout bagay kanpe ni devlopman tout zafè sispann, ni sa pa vle di Bondye sispann travay ni moun yo sispann viv. Siy antre nan repo a se: Satan detwi, move moun sa yo ki te mete tèt ansanm avèk li nan move zèv li yo resevwa pinisyon epi yo ekstèmine nèt, epi tout fòs ki ostil ak Bondye yo sispann egziste. Lè Bondye antre nan repo, sa vle di Li p ap reyalize travay Li pou sali limanite a ankò. Lè limanite antre nan repo, sa vle di tout limanite pral viv nan limyè Bondye ak anba benediksyon Li yo, san okenn koripsyon Satan, p ap gen okenn enjistis ankò, epi tout moun pral viv nòmalman sou tè a anba swen Bondye. Lè Bondye ak moun yo antre nan repo ansanm, sa vle di limanite sove epi Satan detwi, epi travay Bondye sou moun yo fini nètale. Bondye p ap kontinye travay sou moun yo ankò, epi moun yo p ap viv anba anpriz Satan ankò. Konsa, Bondye p ap okipe anpil ankò, epi moun yo p ap monte desann san rete ankò; Bondye ak moun yo pral antre nan repo an menm tan. Bondye pral retounen nan plas orijinal Li, epi chak moun pral retounen nan plas pa li. Sa yo pral destinasyon respektif Bondye ak moun yo yon fwa tout jesyon Bondye a fini. Bondye gen destinasyon pa L, epi moun yo gen kote yo pral ale a. Pandan Li nan repo, Bondye pral kontinye dirije tout moun pou yo viv sou tè a, epi pandan yo nan limyè Li a, yo pral adore sèl vrè Bondye ki nan syèl la. Bondye p ap viv nan mitan moun yo, ni moun yo p ap kapab viv avèk Bondye nan destinasyon Li a. Bondye ak moun yo pa kapab viv nan menm domèn nan; okontrè, yo chak gen pwòp fason pa yo pou yo viv. Se Bondye k ap dirije tout limanite a, epi tout limanite a se rezilta konkrè travay jesyon Bondye a. Moun yo se yo menm Bondye dirije, epi yo pa gen menm sibstans ak Bondye. «Repoze» vle di retounen nan plas orijinal ou. Kidonk, lè Bondye antre nan repo, sa vle di Li retounen nan plas orijinal Li. Li p ap viv sou tè a ankò ni Li p ap nan mitan moun yo pou Li pataje lajwa yo ak soufrans yo ankò. Lè moun yo antre nan repo, sa vle di yo vin tounen vrè kreyati Bondye yo; yo pral adore Bondye depi sou tè a, epi yo pral mennen lavi imen nòmal. Moun yo p ap rebele kont Bondye ni reziste kont Li ankò, epi yo pral retounen nan lavi orijinal Adan ak Èv la. Sa yo pral lavi ak destinasyon respektif Bondye ak moun yo apre yo fin antre nan repo. Defèt Satan se yon tandans inevitab nan lagè ant li menm ak Bondye a. Konsa, lefètke Bondye antre nan repo apre akonplisman travay jesyon Li a ansanm ak sali konplè lòm ak lefètke li antre nan repo vin tounen tandans inevitab tou. Kote repo lòm nan se sou tè a, epi kote repo Bondye a se nan syèl la. Moun yo pral viv sou tè a, epi y ap adore Bondye pandan yo nan repo. Bondye pral dirije moun ki rete yo pandan Li nan repo; Li pral dirije yo depi nan syèl la, se pa depi sou tè a. Bondye ap toujou rete Lespri a, pandan moun yo ap toujou rete lachè. Bondye ak moun yo chak gen pwòp fason pa yo pou yo repoze. Pandan Bondye nan repo, Li pral vini epi parèt nan mitan moun yo; pandan moun yo nan repo, Bondye pral mennen yo vizite syèl la epi jwi lavi ki genyen la. Apre Bondye ak moun yo fin antre nan repo, Satan p ap egziste ankò; menm jan an, move moun sa yo ap sispann egziste tou. Anvan Bondye ak moun yo repoze, move moun sa yo ki te pèsekite Bondye sou tè a yon lè, ansanm ak lènmi ki te rebele kont Li sou tè a, ap gentan detwi; gwo katastwòf dènye jou yo ap gentan efase yo nèt. Yon fwa move moun sa yo fin aneanti nètale, tè a p ap janm konnen twoub Satan ankò. Se lè sa a sèlman limanite pral jwenn sali konplè a, epi travay Bondye a pral fini nètale. Sa yo se kondisyon preyalab pou Bondye ak moun yo antre nan repo.

Lefètke rezilta tout bagay ap pwoche endike akonplisman travay Bondye a, ansanm ak fen devlopman limanite. Sa vle di moun yo, antanke moun Satan te kowonp, rive nan bout devlopman yo, epi desandan Adan ak Èv yo miltipliye rive nan bout yo. Sa vle di tou li pral enposib pou yon limanite konsa, apre Satan te fin kowonp li, kontinye devlope. Adan ak Èv ki te la nan kòmansman an pa t kowonpi, men Adan ak Èv ki te chase soti nan Jaden Edenn nan, se Satan ki te kowonp yo. Lè Bondye ak moun yo antre nan repo ansanm, Adan ak Èv—yo te chase soti nan Jaden Edenn nan—ansanm ak desandan yo pral rive nan fen yo. Limanite ki gen pou vini an ap toujou fèt ak desandan Adan ak Èv yo, men yo p ap moun k ap viv anba anpriz Satan. Okontrè, yo pral moun ki sove e ki pirifye. Se pral yon limanite ki te pase anba jijman ak chatiman, epi yon limanite ki sanktifye. Moun sa yo p ap menm jan ak ras imen ki te la nan kòmansman an; moun ka prèske di yo pral yon kalite limanite ki totalman diferan ak pa Adan ak Èv ki te la nan kòmansman an. Moun sa yo pral moun yo te chwazi pami tout moun Satan te kowonp yo, epi se yo menm ki pral rete fèm alafen pandan jijman ak chatiman Bondye a; yo pral dènye gwoup moun ki rete pami limanite kowonpi a. Se sèlman moun sa yo ki pral kapab antre nan dènye repo a ansanm ak Bondye. Moun ki kapab rete fèm pandan travay jijman ak chatiman Bondye a nan dènye jou yo—sa vle di, pandan dènye travay pirifikasyon an—se yo menm ki pral antre nan dènye repo a ansanm ak Bondye; konsa, tout moun ki antre nan repo yo ap fin libere anba enfliyans Satan epi Bondye ap vin genyen yo sèlman apre yo fin pase anba dènye travay pirifikasyon Li a. Moun sa yo, ke Bondye ap fin genyen alafen yo, pral antre nan dènye repo a. Esans travay chatiman ak jijman an se pou pirifye limanite, epi pou dènye jou repo a; sinon, okenn manm nan limanite pa t ap kapab klase selon kategori pa li, ni antre nan repo. Travay sa a se sèl chemen limanite genyen pou li antre nan repo. Se sèlman travay pirifikasyon Bondye a ki pral netwaye moun yo anba enjistis yo, epi se sèlman travay chatiman ak jijman Li a ki pral ekspoze eleman rebèl sa yo ki nan limanite a, e konsa fè distenksyon ant moun ki ka sove ak moun ki pa ka sove, epi ant moun ki ka rete ak moun ki pa ka rete. Lè travay sa a fini, moun sa yo ki ka rete yo pral tout pirifye epi yo pral antre nan yon domèn ki pi wo nan limanite kote yo pral jwi yon dezyèm lavi imen ki pi mèveye sou tè a; pou byen di w, yo pral antre nan jou repo limanite a epi yo pral viv ansanm ak Bondye. Apre yo fin chatiye ak jije moun ki pa ka rete yo, vrè figi yo pral parèt nètale, epi apre sa yo tout pral detwi e, menm jan ak Satan, yo p ap gen pèmisyon pou yo siviv sou tè a ankò. Limanite ki gen pou vini an p ap genyen kalite moun konsa ladan l ankò; moun konsa pa kalifye pou antre nan tè dènye repo a, ni yo pa kalifye pou antre nan jou repo Bondye ak moun yo pral pataje a, paske yo se sib pinisyon, epi yo se move moun, yo pa moun ki dwat. Yo te resevwa redanmsyon yon fwa, epi yo te pase anba jijman ak chatiman tou; yo te travay pou Bondye yon lè tou. Sepandan, lè dènye jou a rive, yo pral elimine epi detwi yo kanmenm akòz mal yo fè, e poutèt rebelyon yo ak eta yo ki san remèd la; yo p ap janm viv ankò nan mond ki gen pou vini an, epi yo p ap viv ankò pami ras imen ki gen pou vini an. Kit se espri mò yo kit se moun ki toujou ap viv nan lachè, tout malfektè yo ak tout moun ki pa sove yo pral detwi yon fwa moun ki sanktifye pami limanite yo antre nan repo. Kanta pou espri ak moun k ap fè mal sa yo, oswa espri moun ki dwat yo ak moun ki pratike sa ki dwat yo, kèlkeswa nan ki epòk yo ye, tout moun ki mechan yo pral detwi, epi tout moun ki dwat yo pral siviv. Si yon moun oswa yon espri ap resevwa sali a, sa pa deside totalman dapre travay dènye epòk la; okontrè, sa detèmine selon si yo te reziste oswa rebele kont Bondye oswa si yo pa t fè sa. Moun nan epòk anvan an ki te komèt mal epi ki pa t ka sove yo, san okenn dout, pral sib pinisyon, epi moun nan epòk aktyèl la k ap komèt mal epi ki pa ka sove yo pral asireman sib pinisyon tou. Yo klase moun yo dapre byen ak mal, se pa selon nan ki epòk y ap viv. Yon fwa yo fin klase konsa, yo p ap resevwa pinisyon oswa rekonpans imedyatman; okontrè, Bondye pral reyalize travay Li pou pini mal epi rekonpanse byen an sèlman apre Li fin reyalize travay konkèt Li a nan dènye jou yo. An reyalite, Li t ap separe moun yo an byen ak mal depi lè Li te kòmanse fè travay Li pou sali limanite a. Sèlman, se apre travay Li a fin rive nan bout li Li pral rekonpanse moun ki dwat yo epi pini move moun yo; se pa lè travay Li a fini Li pral separe yo an kategori epi kòmanse imedyatman travay pini mal ak rekonpanse byen an. Okontrè, travay sa a ap fèt sèlman lè travay Li a fini nètale. Sèl objektif ki dèyè dènye travay Bondye pou pini mal epi rekonpanse byen an se pou pirifye tout moun nètale, yon fason pou Li kapab mennen yon limanite ki totalman sanktifye antre nan repo etènèl la. Etap sa a nan travay Li a se etap ki pi esansyèl la; se dènye etap nan tout travay jesyon Li a. Si Bondye pa t detwi move moun yo, men olye de sa Li te pèmèt yo rete, lè sa a tout limanite a toujou pa t ap kapab antre nan repo, epi Bondye pa t ap kapab mennen yo nan yon domèn ki pi mèveye. Yon travay konsa pa t ap fini konplètman. Lè travay Li a fini, tout limanite a pral sanktifye nètale; se sèlman konsa Bondye pral kapab viv nan repo anpè.

Moun jodi a toujou pa kapab lage bagay lachè yo; yo pa kapab abandone plezi lachè a, mond lan, lajan, oswa dispozisyon kowonpi yo genyen. Pifò moun ap mennen pouswit yo pou lafòm. An reyalite, moun sa yo pa gen Bondye nan kè yo ditou; sa ki pi mal toujou, yo pa menm krenn Bondye. Yo pa gen Bondye nan kè yo, kidonk yo pa kapab wè klè tout sa Bondye ap fè, alevwa pou yo ta kapab kwè pawòl Li pwononse yo. Moun konsa twò chaje ak lachè; yo twò kowonpi epi yo pa gen okenn verite ditou, e sa ki pi mal toujou, yo pa kwè Bondye kapab vini nan lachè. Nenpòt moun ki pa kwè nan enkanasyon Bondye a—sa vle di, nenpòt moun ki pa kwè nan travay ak pawòl Bondye vizib la, oswa ki pa kwè nan Bondye vizib la epi olye de sa k ap adore dye envizib ki nan syèl la—se yon moun ki pa gen Bondye nan kè li, yon moun ki rebèl epi k ap reziste kont Bondye. Moun konsa pa gen ni imanite ni rezon, san menm pale de laverite. Pou moun sa yo, li pi difisil toujou pou yo kwè nan Bondye ki vizib e ki ka touche a, epoutan yo konsidere dye ki envizib e ki pa ka touche a kòm sa ki pi kredib epi ki bay plis kè kontan an. Sa y ap chèche se pa verite reyèl la, ni se pa vrè sans lavi a; alevwa pou se ta entansyon Bondye yo. Okontrè, y ap chèche eksitasyon. San okenn dout, bagay ki pi kapab satisfè dezi yo se sa ki konstitye lafwa yo ak pouswit yo. Yo kwè nan Bondye sèlman pou satisfè pwòp dezi pa yo, se pa pou chèche laverite. Èske moun konsa pa malfektè? Yo gen yon konfyans ekstrèm nan tèt yo, epi yo pa kwè ditou Bondye ki nan syèl la pral detwi «bon moun» tankou yo menm. Olye de sa, yo kwè Bondye pral pèmèt yo rete epi, anplis de sa, Li pral ba yo gwo rekonpans. Se paske yo panse yo te fè anpil bagay pou Bondye epi yo te montre anpil «devouman» anvè Li. Si yo ta pouswiv Bondye vizib la tou, depi dezi yo pa satisfè, yo t ap imedyatman riposte kont Bondye oswa yo t ap pran gwo kòlè. Moun sa yo tout se moun meprizab k ap chèche sèlman satisfè pwòp dezi pa yo; yo pa moun ki gen entegrite k ap pouswiv laverite. Moun konsa se sa yo rele move moun k ap swiv Kris la. Moun sa yo ki pa chèche laverite pa kapab kwè nan laverite ditou, epi yo pi pa kapab wè rezilta limanite ki gen pou vini an klè toujou, paske yo pa kwè nan okenn nan travay oswa pawòl Bondye vizib la, ni yo pa kwè nan sa destinasyon limanite pral ye alavni. Kidonk, menm si yo swiv Bondye vizib la, yo toujou ap komèt mal epi yo pa chèche laverite ditou, ni yo pa pratike laverite Mwen egzije a. Moun ki pa kwè yo pral sibi destriksyon yo, okontrè, se yo menm ki pral detwi. Yo tout kwè yo tèlman entèlijan, epi yo panse yo menm se moun k ap pratike laverite. Yo bay move zèv y ap fè yo anpil valè e yo konsidere yo kòm laverite. Move moun konsa gen anpil konfyans nan tèt yo; yo pran laverite pou doktrin epi yo pran move zèv yo pou laverite, e alafen yo kapab sèlman rekòlte sa yo te simen. Plis moun gen konfyans nan tèt yo e plis yo awogan, se plis yo pa kapab genyen laverite; plis moun kwè nan dye ki nan syèl la, se plis yo reziste kont Bondye. Moun sa yo se yo menm yo pral pini. Anvan limanite antre nan repo, si chak kalite moun ap resevwa pinisyon oswa rekonpans, sa pral detèmine selon si y ap chèche laverite, si yo konnen Bondye, epi si yo kapab soumèt devan Bondye vizib la. Moun ki te rann sèvis, epoutan ki pa ni konnen Bondye vizib la ni soumèt devan Li, pa gen laverite. Moun konsa se malfektè, epi malfektè yo pral san okenn dout objè pinisyon; anplis de sa, y ap resevwa pinisyon selon move zèv yo. Bondye la pou moun yo kwè nan Li, epi Li merite soumisyon yo tou. Moun ki sèlman gen lafwa nan dye imajinè ak envizib la se moun ki pa kwè nan Bondye epi ki pa kapab soumèt devan Bondye. Si moun sa yo toujou pa kapab rive kwè nan Bondye vizib la lè travay konkèt Li a fini, epi yo kontinye rebele kont Bondye vizib ki nan lachè a epi reziste kont Li, lè sa a «patizan sa ki vag e imajinè» sa yo pral, san okenn dout, vin tounen objè destriksyon. Se menm bagay la nan mitan nou—tout moun ki rekonèt Bondye enkane a ak bouch yo, epoutan ki pa kapab pratike laverite soumisyon devan Bondye enkane a, finalman yo pral elimine epi detwi. Epi tout moun ki rekonèt Bondye vizib la ak bouch yo, ki manje ak bwè laverite Li eksprime a, epoutan k ap pouswiv dye imajinè ak envizib la, pral plis toujou objè destriksyon. Okenn nan moun sa yo p ap kapab rete jiska moman repo ki pral vini apre travay Bondye a fini an, ni yon sèl moun konsa pa kapab rete jiska moman repo sa a. Moun ki soti nan demon yo pa pratike laverite; esans yo se yon esans rezistans ak rebelyon anvè Bondye, epi yo pa gen menm yon ti kras entansyon pou yo soumèt devan Li. Moun konsa yo tout pral detwi. Si ou gen laverite epi si ou reziste kont Bondye, sa depann de esans ou, se pa de aparans ou ni de fason ou gendwa pale oswa aji detanzantan. Si yon moun pral detwi oswa si li p ap detwi, sa detèmine pa esans li; sa deside selon esans ki devwale nan konpòtman li ak nan fason li pouswiv laverite. Pami moun ki tout ap fè travay epi ki fè menm kantite travay, moun ki gen bon esans limanite e ki posede laverite yo se yo menm Bondye pral kite rete, tandiske moun ki gen move esans limanite e ki rebele kont Bondye vizib la se yo menm ki pral peri. Tout travay oswa pawòl Bondye ki gen rapò ak destinasyon limanite pral trete moun yo yon fason ki apwopriye selon esans chak moun; p ap gen menm yon ti kras erè, e pi plis toujou, p ap gen yon sèl fot. Se sèlman lè moun ap fè travay, santiman oswa lide imen vin melanje ladan l. Travay Bondye fè a apwopriye nèt ale; Li absoliman pa fè fo akizasyon kont okenn kreyati Bondye. Kounye a, gen anpil moun ki pa kapab wè klè destinasyon limanite ki gen pou vini an epi ki pa kwè pawòl Mwen pwononse yo. Tout moun ki pa kwè yo, ansanm ak moun ki pa pratike laverite yo, se demon yo ye!

Jodi a, moun k ap pouswiv yo ak moun ki p ap pouswiv yo se de kalite moun, ki gen destinasyon ki diferan. Moun k ap chèche konnen laverite ak pratike laverite yo se moun Bondye pral pote sali ba yo. Moun ki pa konnen vrè chemen an se demon ak lènmi yo ye; yo se desandan akanj lan epi yo pral moun k ap peri yo. Menm moun ki kwè ak anpil pyete nan yon dye imajinè—èske yo pa demon tou? Moun ki gen bon konsyans men ki pa aksepte vrè chemen an se demon yo ye; esans yo se yon esans rezistans kont Bondye. Moun ki pa aksepte vrè chemen an se moun k ap reziste kont Bondye, epi menm si moun konsa andire anpil soufrans, yo pral peri kanmenm. Tout moun ki pa vle abandone mond lan, ki pa kapab sipòte separe ak paran yo, epi ki pa kapab sipòte debarase yo anba pwòp plezi lachè yo se moun ki rebèl kont Bondye, epi yo tout pral objè destriksyon. Nenpòt moun ki pa kwè nan Bondye enkane a se yon demon epi, plis toujou, li pral peri. Moun ki kwè men ki pa pratike laverite yo, moun ki pa kwè nan enkanasyon Bondye a, ak moun ki pa kwè ditou nan egzistans Bondye a, yo tout pral moun k ap peri yo. Tout moun ki kapab rete yo se moun ki te pase anba soufrans rafinman an epi ki te rete fèm; sa yo se moun ki te pase anba eprèv yo toutbon. Nenpòt moun ki pa rekonèt Bondye se yon lènmi; sa vle di, nenpòt moun ki pa rekonèt Bondye enkane a—kit li anndan kouran sa a kit li deyò li—se yon antikris! Kiyès ki Satan yo, kiyès ki demon yo, epi kiyès ki lènmi Bondye yo? Èske se pa moun ki reziste e ki pa kwè nan Bondye yo? Èske se pa moun sa yo ki rebèl kont Bondye a? Èske se pa moun sa yo ki pretann yo gen lafwa, epoutan ki pa gen okenn verite a? Èske se pa moun sa yo k ap chèche sèlman jwenn benediksyon san yo pa kapab rann temwayaj pou Bondye a? Ou toujou ap melanje ou ak demon sa yo jodi a epi trete yo avèk konsyans ak lanmou, men èske sa pa vle di w ap montre Satan bonte? Èske ou pa an konplisite ak demon yo? Si moun yo rive jis nan pwen sa a epi yo toujou pa kapab fè distenksyon ant byen ak mal, epi yo kontinye ap montre lanmou ak mizerikòd avègleman san yo pa gen okenn dezi pou chèche kè Bondye oswa san yo pa kapab nan okenn fason pran kè Bondye kòm pwòp kè pa yo, lè sa a rezilta yo pral pi mizerab toujou. Nenpòt moun ki pa kwè nan Bondye ki nan lachè a se yon lènmi Bondye. Si ou kapab trete lènmi Bondye yo avèk konsyans ak lanmou, èske ou pa san okenn panchan pou jistis? Si ou byen ak moun sa yo Mwen rayi ak moun Mwen opoze yo, epi ou toujou trete yo avèk lanmou oswa montre yo santiman pèsonèl, lè sa a èske ou pa rebèl? Èske ou pa fè espre reziste kont Bondye? Èske yon moun konsa posede laverite toutbon? Si moun trete lènmi Bondye yo avèk konsyans, demon yo avèk lanmou, ak Satan avèk mizerikòd, lè sa a èske yo pa fè espre dezòganize travay Bondye a? Moun sa yo ki kwè sèlman nan Jezi epi ki pa kwè nan Bondye enkane pandan dènye jou yo, ansanm ak moun ki pretann ak bouch yo yo kwè nan Bondye enkane men k ap fè sa ki mal yo, yo tout se antikris, san menm mansyone moun ki pa kwè nan Bondye yo. Tout moun sa yo pral moun k ap peri yo. Kritè moun itilize pou jije lòt moun depann de konpòtman yo; moun ki gen bon konpòtman yo se moun ki dwat, tandiske moun ki gen konpòtman abominab yo se move moun. Kritè Bondye itilize pou Li jije moun yo depann de si esans yo soumèt devan Li oubyen non; yon moun ki soumèt devan Bondye se yon moun ki dwat, tandiske yon moun ki pa soumèt se yon lènmi ak yon move moun, kèlkeswa si konpòtman moun sa a bon oswa move e kèlkeswa si pawòl li kòrèk oswa pa kòrèk. Gen kèk moun ki swete sèvi ak bon zèv pou yo jwenn yon bon destinasyon alavni, epi gen kèk moun ki swete sèvi ak bèl pawòl pou yo pwokire tèt yo yon bon destinasyon. Tout moun kwè pa erè Bondye detèmine rezilta moun yo dapre konpòtman yo oswa pawòl yo; se poutèt sa anpil moun swete pwofite sa pou yo jwenn yon gras tanporè pou tèt yo pa mwayen riz. Moun ki pral siviv nan moman repo k ap vini an se moun ki pral fin andire jou soufrans lan epi ki pral fin rann temwayaj pou Bondye; yo tout pral moun ki te akonpli devwa yo epi ki te soumèt devan Bondye volontèman. Moun ki senpleman swete pwofite opòtinite pou rann sèvis la pou yo evite pratike laverite p ap rete. Bondye gen kritè ki apwopriye pou Li regle rezilta chak moun; Li pa senpleman pran desizyon sa yo selon pawòl ak konduit yon moun, ni Li pa pran yo dapre fason yon moun aji pandan yon sèl peryòd tan. Li absoliman p ap montre klemans pou tout move zèv yon moun akòz sèvis li te rann Li nan tan pase a, ni Li p ap epanye yon moun anba lanmò paske li te bay tout li menm pou Li pandan yon ti tan. Pèsonn pa kapab chape anba retribisyon pou mal li fè, epi pèsonn pa kapab kouvri move zèv li yo epi konsa chape anba soufrans pou l peri a. Si moun kapab akonpli pwòp devwa yo toutbon, sa vle di yo lwayal pou toutan anvè Bondye epi yo p ap chèche rekonpans, kèlkeswa si yo resevwa benediksyon oswa si yo soufri malè. Si moun lwayal anvè Bondye lè yo wè benediksyon, men yo pèdi lwayote yo lè yo pa kapab wè okenn benediksyon, epi si moun sa yo—ki te travay pou Bondye avèk lwayote yon lè—finalman toujou pa kapab rann temwayaj pou Bondye oswa akonpli devwa ki sou responsablite yo a, lè sa a moun konsa pral toujou moun k ap peri yo. Nan mwens mo, move moun pa kapab siviv pou toutan, ni yo pa kapab antre nan repo; se sèlman moun ki dwat yo ki pral mèt nan repo a. Yon fwa limanite sou bon wout la, moun yo pral gen lavi imen nòmal. Yo tout pral kapab fè pwòp devwa yo epi yo pral absoliman lwayal anvè Bondye. Yo pral debarase yo nètale anba rebelyon yo ak dispozisyon kowonpi yo, epi yo pral viv pou Bondye e poutèt Bondye, san okenn rebelyon ni rezistans. Yo tout pral kapab soumèt nètale devan Bondye. Sa a pral lavi Bondye ak moun yo; sa pral lavi wayòm nan, epi sa pral lavi repo a.

Moun ki rale pitit yo ak fanmi yo ki pa kwè ditou antre nan legliz la, yo tout egoyis anpil, epi y ap senpleman montre jantiyès. Moun sa yo konsantre sèlman sou montre lanmou, kit moun sa yo kwè kit yo pa kwè, kit se entansyon Bondye kit se pa sa. Gen kèk ki mennen madanm yo devan Bondye, oswa ki rale paran yo devan Bondye, epi kit Sentespri a dakò ak sa kit Li pa dakò, kit Sentespri a ap travay sou yo kit Li p ap travay sou yo, yo «adopte moun ki gen talan» pou Bondye avègleman. Ki benefis yon moun ta kapab jwenn nan montre bonte anvè enkwayan sa yo? Menm si kretyen k ap doute sa yo, ki pa gen prezans Sentespri a, swiv Bondye kont kè yo, yo toujou pa kapab sove jan moun imajine a. An reyalite, moun ki kapab resevwa sali a pa fasil konsa pou Bondye genyen. Moun ki pa pase anba travay ak eprèv Sentespri a, epi Bondye enkane a pa pèfeksyone yo, totalman pa kapab vin konplè. Kidonk, depi moman yo kòmanse swiv Bondye sèlman nan non, moun sa yo pa gen prezans Sentespri a. Lè nou konsidere kondisyon yo ak eta reyèl yo, yo pa kapab vin konplè ditou. Konsa, Sentespri a pa gen entansyon depanse anpil enèji sou yo, ni Li pa bay okenn ekleraj ni gide yo ditou; Li senpleman pèmèt yo kontinye swiv, epi finalman Li pral fè rezilta yo parèt aklè—sa sifi. Antouzyas ak dezi moun yo soti nan Satan, epi bagay sa yo pa kapab akonpli travay Sentespri a ditou. Kèlkeswa jan moun yo ye, yo dwe gen travay Sentespri a. Èske moun kapab rann moun konplè? Poukisa yon mari renmen madanm li? Poukisa yon madanm renmen mari li? Poukisa pitit yo montre respè ak devouman pou paran yo? Poukisa paran yo dòlote pitit yo? Ki entansyon tout moun genyen nan kè yo? Èske se pa pou reyalize pwòp plan pa yo ak dezi egoyis yo? Èske se toutbon pou aji pou plan jesyon Bondye a? Èske se vrèman pou aji pou travay Bondye a? Èske se pou akonpli devwa yon kreyati Bondye? Moun ki pa t kapab resevwa prezans Sentespri a depi moman yo te kòmanse kwè nan Bondye, p ap janm kapab resevwa travay Sentespri a; moun sa yo se asireman moun k ap peri yo. Kèlkeswa jan yon moun renmen yo, sa pa kapab ranplase travay Sentespri a. Antouzyas ak lanmou moun yo reprezante dezi lòm, men yo pa kapab reprezante dezi Bondye, ni yo pa kapab ranplase travay Bondye a. Menm si yon moun montre tout lanmou oswa tout mizèrikòd li kapab anvè moun sa yo ki kwè nan Bondye sèlman nan non ak moun ki fè sanblan y ap swiv Li san yo pa konnen sa sa vle di vrèman kwè nan Bondye, yo toujou p ap jwenn senpati Bondye, ni yo p ap resevwa travay Sentespri a. Menm si moun k ap swiv Bondye ak senserite yo gen yon kalib ki fèb epi yo pa kapab konprann anpil verite, yo kapab toujou resevwa travay Sentespri a detanzantan; sepandan, moun ki gen yon kalib ki bon anpil, men ki pa kwè ak senserite, pa kapab resevwa prezans Sentespri a menm. Pa gen absoliman okenn posiblite sali pou moun konsa. Menm si yo li pawòl Bondye yo oswa yo koute prèch detanzantan, oswa yo chante lwanj pou Bondye, finalman yo p ap kapab siviv jiska moman repo a. Si moun ap pouswiv ak yon kè sensè, sa pa depann de fason lòt moun jije yo oswa fason moun ki bò kote yo wè yo, men de si Sentespri a ap travay sou yo epi si yo gen prezans Sentespri a. Anplis, sa depann de si, apre yo fin pase anba travay Sentespri a pandan yon sèten tan, dispozisyon yo chanje epi yo vin gen kèk konesans sou Bondye. Si Sentespri a ap travay sou yon moun, dispozisyon moun sa a pral chanje piti piti, epi konpreyansyon li genyen sou pwennvi li konsènan lafwa nan Bondye pral vin pi pwòp e san melanj piti piti. Kèlkeswa konbyen tan moun swiv Bondye, depi yo chanje yon ti jan, sa vle di Sentespri a ap travay sou yo. Si yo pa chanje, sa vle di Sentespri a p ap travay sou yo. Menm si moun sa yo rann kèk sèvis, se dezi pou yo resevwa benediksyon ki pouse yo fè sa. Rann sèvis detanzantan pa kapab ranplase chanjman nan dispozisyon. Finalman, yo pral peri kanmenm, paske nan wayòm nan p ap gen okenn bezwen pou moun k ap bay sèvis, ni p ap gen bezwen pou okenn moun ki pa chanje dispozisyon li vin rann sèvis bay moun sa yo Bondye fin pèfeksyone e ki lwayal anvè Li yo. Pawòl yo te konn di nan tan pase a, «Lè yon sèl moun kwè nan Seyè a, sa pote benediksyon pou tout fanmi an», te valab pou Epòk Lagras la, men yo pa gen okenn rapò ak destinasyon yon moun. Yo te sèlman valab pou yon etap pandan Epòk Lagras la. Sans pawòl sa yo te gen rapò sèlman ak lapè ansanm ak benediksyon materyèl moun yo te jwi; yo pa t vle di tout fanmi yon moun ki kwè nan Seyè a pral sove, ni yo pa t vle di lè yon moun resevwa benediksyon, tout fanmi li kapab antre nan repo tou. Si yon moun ap resevwa benediksyon oswa ap soufri malè, sa depann de pwòp esans li, se pa de okenn esans komen li ta kapab pataje ak lòt moun. Kalite pawòl oswa règ konsa pa gen pyès plas nan wayòm nan. Si yon moun finalman kapab siviv, se paske li te ranpli egzijans Bondye yo, epi si finalman li pa kapab rete jiska moman repo a, se paske li te rebèl kont Bondye epi li pa t satisfè egzijans Bondye yo. Chak moun gen yon destinasyon ki apwopriye, ki depann de esans chak moun, e ki pa gen absoliman anyen pou wè ak lòt moun. Yo pa kapab transfere move zèv yon pitit sou paran li, ni yo pa kapab pataje dwati yon pitit ak paran li. Yo pa kapab transfere move zèv yon paran sou pitit li, ni yo pa kapab pataje dwati yon paran ak pitit li. Chak moun pote pwòp peche pa li, epi chak moun jwi pwòp benediksyon pa li. Pèsonn pa kapab pran plas yon lòt moun. Sa a se dwati. Selon pwennvi lòm, si paran yo resevwa benediksyon, lè sa a pitit yo ta dwe kapab resevwa benediksyon tou, epi si pitit yo komèt mal, lè sa a paran yo ta dwe peye pou peche sa yo. Sa a se pwennvi lòm ak fason lòm aji; se pa pwennvi Bondye. Rezilta chak moun depann de esans zèv li yo, epi rezilta a toujou detèmine yon fason ki apwopriye. Pèsonn pa kapab pote peche yon lòt moun; e sitou, pèsonn pa kapab resevwa pinisyon nan plas yon lòt moun. Sa a absoli. Lefètke yon paran dòlote pitit li pa vle di li kapab fè zèv ki dwat nan plas pitit li, ni respè ak devouman yon pitit genyen pou paran li pa vle di li kapab fè zèv ki dwat nan plas paran li. Se sa pawòl sa yo vle di toutbon: «Lè sa a, dezòm ap nan menm jaden, y’a pran yonn, y’a kite yonn. De fanm k’ ap moulen ansanm, y’a pran yonn, y’a kite yonn.» Moun pa kapab mennen pitit yo k ap fè mal antre nan repo akòz gwo lanmou yo genyen pou yo a, ni pèsonn pa kapab mennen madanm li (oswa mari li) antre nan repo grasa pwòp zèv ki dwat li fè yo. Sa a se yon règ administratif; pa kapab gen okenn eksepsyon pou pèsonn. Moun k ap fè zèv ki dwat yo finalman rete moun k ap fè zèv ki dwat, epi malfektè yo finalman rete malfektè. Moun k ap fè zèv ki dwat yo finalman pral kapab siviv, tandiske malfektè yo pral peri. Moun ki sen yo sen; yo pa sal. Moun ki sal yo sal, epi pa gen yon sèl pati nan yo ki sen. Moun ki pral detwi yo se tout move moun yo, epi moun ki pral siviv yo se tout moun ki dwat yo—menm si pitit move moun yo se moun k ap fè zèv ki dwat, e menm si paran moun ki dwat yo se moun k ap fè move zèv. Fondamantalman, pa gen okenn relasyon ant yon mari ki kwè ak yon madanm ki pa kwè, epi pa gen okenn relasyon ant pitit ki kwè ak paran ki pa kwè; de kalite moun sa yo pa konpatib. Anvan yo antre nan repo, moun yo gen afeksyon fanmi lachè, men yon fwa yo fin antre nan repo, p ap gen okenn afeksyon fanmi lachè pou moun pale ankò. Moun ki fè devwa yo se lènmi pa nati moun ki pa fè devwa yo; moun ki renmen Bondye ak moun ki rayi Li yo fondamantalman an opozisyon youn ak lòt. Moun ki pral antre nan repo yo ak moun k ap gentan detwi yo se de kalite kreyati Bondye ki pa konpatib. Kreyati Bondye ki fè devwa yo pral kapab siviv, tandiske kreyati ki pa fè devwa yo pral objè destriksyon; e sa pral dire pou toutan. Èske ou renmen mari ou pou ou fè devwa ou antanke yon kreyati Bondye? Èske ou renmen madanm ou pou ou fè devwa ou antanke yon kreyati Bondye? Èske ou montre respè ak devouman pou paran ou yo ki pa kwè pou ou fè devwa ou antanke yon kreyati Bondye? Èske pwennvi moun yo genyen sou lafwa nan Bondye kòrèk oswa pa kòrèk an reyalite? Poukisa egzakteman ou kwè nan Bondye? Kisa egzakteman ou swete genyen? Kijan egzakteman ou renmen Bondye? Moun ki pa kapab akonpli devwa yo antanke kreyati Bondye, epi ki pa kapab mete tout fòs yo nan sa, pral vin tounen objè destriksyon. Gen relasyon lachè ant moun jodi a, ansanm ak lyen san, men alavni, tout bagay sa yo pral kraze. Moun ki kwè ak moun ki pa kwè pa nati yo pa konpatib; okontrè, yo an opozisyon youn ak lòt. Tout moun ki nan repo yo pral moun ki kwè gen yon Bondye epi ki soumèt devan Bondye, tandiske tout moun ki rebèl kont Bondye yo ap gentan detwi. Fanmi p ap egziste sou tè a ankò; kijan ta kapab gen paran, pitit, ni relasyon ant mari ak madanm? Menm enkonpatibilite ki genyen ant lafwa ak enkredilite ap gentan koupe relasyon lachè sa yo nètale!

Okòmansman pa t gen okenn fanmi nan mitan limanite; te gen sèlman gason ak fanm—de kalite moun ki diferan. Pa t gen okenn peyi, alevwa fanmi, men akòz koripsyon limanite a, tout kalite moun te òganize tèt yo an klan separe, ki pita te devlope vin tounen peyi ak gwoup etnik. Peyi ak gwoup etnik sa yo te fèt ak ti fanmi apa, epi konsa, tout kalite moun te divize an divès ras dapre diferans nan lang ak fwontyè. An reyalite, kèlkeswa konbyen ras ki ta kapab genyen nan mond lan, limanite finalman gen yon sèl zansèt. Nan kòmansman an, te gen sèlman de kalite moun, epi de kalite sa yo se te gason ak fanm. Men, akòz pwogrè travay Bondye a, evolisyon listwa, ak chanjman jewografik yo, nan divès degre, de kalite moun sa yo te devlope vin tounen plis kalite moun toujou. Fondamantalman, kèlkeswa konbyen ras ki ta ka fòme limanite, tout limanite a toujou se kreyasyon Bondye. Kèlkeswa ki ras moun yo ye, yo tout se kreyati Li yo; yo tout se desandan Adan ak Èv. Menm si se pa men Bondye ki te fè yo, yo se desandan Adan ak Èv, de moun Bondye te kreye pèsonèlman. Kèlkeswa kalite moun yo ye a, yo tout se kreyati Li yo; piske yo se moun Bondye te kreye, yo dwe gen destinasyon moun ta dwe genyen, epi yo pral separe selon règ ki gouvène aranjman pou moun yo. Sa vle di, tout malfektè yo ak tout moun k ap fè zèv ki dwat yo, anfen, yo se kreyati Bondye. Kreyati Bondye ki komèt mal yo pral finalman peri, epi kreyati Bondye k ap fè zèv ki dwat yo pral siviv. Sa a se aranjman ki pi apwopriye pou de kalite kreyati Bondye sa yo. Malfektè yo pa kapab, akòz rebelyon yo, nye yo se kreyati Bondye, men Satan kaptire yo, e se poutèt sa yo pa kapab sove. Kreyati Bondye k ap fè zèv ki dwat yo pa kapab, poutèt yo pral siviv, nye se Bondye ki te kreye yo, men yo te resevwa sali a apre Satan te fin kowonp yo. Malfektè yo se kreyati Bondye ki rebèl kont Bondye; yo se kreyati Bondye ki pa kapab sove e Satan deja kaptire nètale yo. Moun ki komèt mal yo se moun tou; yo se moun ki kowonpi nan dènye degre, e ki pa kapab sove. Paske yo se kreyati Bondye tou, moun k ap fè zèv ki dwat yo te kowonpi tou, men yo se moun ki vle debarase yo anba dispozisyon kowonpi yo epi ki vin kapab soumèt devan Bondye. Moun k ap fè zèv ki dwat yo pa chaje ak dwati. Okontrè, yo se moun ki rive atenn sali a, ki debarase yo anba dispozisyon kowonpi yo, epi ki soumèt devan Bondye, moun ki pral rete fèm alafen. Sa pa vle di yo se moun Satan pa t janm kowonp. Apre travay Bondye a fini, pami tout kreyati Bondye yo, pral gen kèk k ap peri ak kèk k ap siviv. Sa a se yon tandans inevitab nan travay jesyon Li a; pèsonn pa kapab nye li. Yo p ap pèmèt malfektè yo siviv; moun ki soumèt epi ki swiv Bondye jiska lafen yo, se sèten yo pral siviv. Piske travay sa a se travay jesyon limanite a, pral gen moun k ap rete ak moun Bondye pral elimine. Sa yo se rezilta ki diferan pou diferan kalite moun, epi yo se aranjman ki pi apwopriye pou kreyati Bondye yo. Dènye aranjman Bondye pou limanite a se separe yo pandan Li brize fanmi yo, kraze gwoup etnik yo, epi fè fwontyè nasyonal yo vole an miyèt moso, san okenn distenksyon fanmi ni fwontyè nasyonal, paske moun yo, anfen, soti nan yon sèl zansèt epi yo tout se kreyati Bondye. Nan mwens mo, tout kreyati Bondye k ap fè mal yo pral detwi, epi kreyati Bondye ki soumèt devan Bondye yo pral siviv. Konsa, p ap gen ni fanmi, ni peyi, e sitou p ap gen gwoup etnik nan moman repo k ap vini an; kalite limanite sa a pral kalite limanite ki pi sen an. Okòmansman, Bondye te kreye Adan ak Èv pou limanite te kapab jere tout bagay sou tè a; pou byen di w, okòmansman moun yo te mèt tout bagay. Dezi Jewova lè Li t ap kreye moun yo se te pou yo egziste sou tè a epi pou yo jere tout bagay ki sou li, paske okòmansman limanite pa t kowonpi epi li pa t kapab komèt mal. Men, apre moun yo te vin kowonpi, yo pa t jeran tout bagay ankò. Objektif sali Bondye a se retabli fonksyon limanite sa a, retabli rezon orijinal ak soumisyon orijinal limanite a; limanite ki nan repo a pral montre egzakteman rezilta Bondye te vle jwenn avèk travay sali Li a. Malgre sa p ap yon lavi tankou lavi ki te nan Jaden Edenn nan ankò, esans li pral menm bagay la; sèlman, limanite p ap limanite sa a ki pa t kowonpi a ankò, men pito yon limanite ki te vin kowonpi epi ki pita te resevwa sali a. Moun sa yo ki resevwa sali a pral finalman (sa vle di, apre travay Bondye a fini) antre nan repo. Menm jan an tou, rezilta moun ki pral resevwa pinisyon yo pral revele nètale alafen tou, epi yo pral detwi sèlman apre travay Bondye a fini. Pou byen di w, apre travay Li a fini, tout malfektè sa yo ak tout moun ki sove yo pral revele, paske travay pou revele tout kalite moun nan (kit yo se malfektè kit yo pami moun ki sove yo) pral fèt sou tout moun an menm tan. Yo pral elimine malfektè yo, epi moun Bondye pèmèt rete yo pral revele an menm tan. Kidonk, rezilta tout kalite moun pral revele nan menm moman an. Bondye p ap pèmèt yon gwoup nan moun Li te pote sali ba yo a antre nan repo anvan Li mete malfektè yo apa epi jije oswa pini yo ti kras pa ti kras; reyalite a pa konsa. Lè malfektè yo detwi epi moun ki kapab siviv yo antre nan repo, travay Bondye nan linivè a pral konplè. P ap gen okenn lòd priyorite ant moun ki resevwa benediksyon yo ak moun ki soufri malè yo; moun ki resevwa benediksyon yo pral viv pou toutan, tandiske moun ki soufri malè yo pral peri pou toujou. De etap travay sa yo pral fèt an menm tan. Se egzakteman paske gen moun ki rebèl, dwati moun ki soumèt yo pral revele, epi se egzakteman paske gen moun ki resevwa benediksyon, malè malfektè yo soufri pou move zèv yo pral revele. Si Bondye pa t revele malfektè yo, lè sa a moun ki soumèt devan Bondye ak senserite yo pa t ap janm wè solèy la; si Bondye pa t mennen moun ki soumèt devan Li yo nan yon destinasyon ki apwopriye, lè sa a moun ki rebèl kont Bondye yo pa t ap kapab resevwa retribisyon yo merite yo. Sa a se pwosesis travay Bondye a. Si Li pa t reyalize travay pini mal ak rekonpanse byen sa a, lè sa a kreyati Bondye yo pa t ap janm kapab antre nan destinasyon pa yo. Yon fwa limanite fin antre nan repo, malfektè yo ap gentan detwi epi tout limanite a pral sou bon wout la; tout kalite moun pral klase selon kategori pa yo dapre fonksyon yo dwe ranpli yo. Se sèlman sa ki pral jou repo limanite a, epi se sèlman sa ki tandans inevitab pou devlopman limanite a. Se sèlman lè limanite antre nan repo, gwo travay Bondye a pral finalman rive nan akonplisman li; sa a pral dènye pati nan travay Li a. Travay sa a pral mete fen nan tout lavi lachè pouri limanite a, ansanm ak lavi limanite kowonpi a. Apati lè sa a, moun yo pral antre nan yon nouvo domèn. Malgre tout moun pral viv nan lachè, esans lavi sa a pral konplètman diferan ak esans lavi limanite kowonpi a. Siyifikasyon egzistans sa a pral diferan tou ak pa egzistans limanite kowonpi a. Malgre sa p ap lavi yon nouvo kalite moun, moun ka di se lavi yon limanite ki sove, ansanm ak yon lavi kote moun jwenn imanite ak rezon yo ankò. Sa yo pral moun ki te rebèl kont Bondye yon lè, moun Bondye te konkeri epi apre sa Li te sove; sa yo pral moun ki te dezonore Bondye epi ki pita te rann temwayaj pou Li. Apre yo fin pase anba tès Li a epi yo rete, egzistans yo pral gen plis sans pase tout lòt; yo pral moun ki te rann temwayaj pou Bondye devan Satan, ak moun ki diy pou yo viv. Moun ki pral peri yo se moun ki pa kapab rete fèm nan temwayaj yo bay pou Bondye a epi ki pa merite kontinye viv. Destriksyon yo se lefètke yo pral peri akòz move zèv yo, epi destriksyon sa a se pi bon destinasyon pou yo. Alavni, lè moun yo antre nan bèl domèn nan, p ap gen okenn relasyon ant mari ak madanm, ant papa ak pitit fi, ni ant manman ak pitit gason moun yo imajine yo pral jwenn yo. Nan epòk sa a, chak moun pral klase selon kategori pa li, epi fanmi yo ap gentan vole an miyèt moso. Piske Satan echwe nètale, li p ap janm twouble limanite ankò, kidonk moun yo p ap gen dispozisyon satanik kowonpi ankò. Moun rebèl sa yo ap gentan detwi, epi se sèlman moun ki soumèt yo ki pral siviv. Konsa, se yon ti kras fanmi sèlman ki pral siviv nèt, kidonk kijan relasyon lachè ta kapab kontinye egziste? Ansyen lavi lachè lòm nan pral entèdi nètale; kijan relasyon lachè ta kapab egziste ant moun yo lè sa a? San dispozisyon satanik kowonpi, lavi moun p ap ansyen lavi tan pase a ankò, men pito yon nouvo lavi. Paran yo pral pèdi pitit, epi pitit yo pral pèdi paran. Mari yo pral pèdi madanm, epi madanm yo pral pèdi mari. Kounye a, gen relasyon lachè ant moun yo, men yo p ap egziste ankò yon fwa tout moun fin antre nan repo. Se sèlman kalite limanite sa a ki pral posede dwati ak sentete; se sèlman kalite limanite sa a ki kapab adore Bondye.

Bondye te kreye limanite, Li te mete yo sou tè a epi Li te dirije yo rive jis jodi a; pita Li te sove yo epi Li te sèvi kòm yon ofrann pou peche pou limanite, epi pandan dènye peryòd la, Li dwe konkeri limanite toujou, sove limanite nètale, epi retabli lòm nan resanblans orijinal li. Sa a se travay Li angaje ladan l depi nan kòmansman jiska lafen—retabli lòm nan imaj orijinal li epi retabli lòm nan resanblans orijinal li. Bondye pral etabli wayòm Li a epi Li pral retabli resanblans orijinal lòm nan, sa ki vle di Bondye pral retabli otorite Li sou tè a epi retabli otorite Li nan mitan tout kreyati Bondye yo. Apre Satan te fin kowonp yo, moun yo te pèdi kè ki gen krentif pou Bondye a, yo te pèdi fonksyon kreyati Bondye yo ta dwe genyen an, epi yo tout te vin tounen lènmi ki rebèl kont Bondye; tout moun yo ap viv anba anpriz Satan, epi yo tout anba manipilasyon Satan. Konsa, Bondye pa gen okenn mwayen pou Li travay nan mitan kreyati Bondye yo, alevwa pou Li ta kapab genyen krentif yo. Se Bondye ki te kreye lòm, epi lòm te dwe adore Bondye, men an reyalite li te vire kont Li epi li te al adore Satan pito. Satan te vin tounen zidòl nan kè li. Konsa, Bondye te pèdi plas Li nan kè lòm, sa ki vle di siyifikasyon ki dèyè kreyasyon lòm Li te fè a te pèdi. Kidonk, pou Li retabli siyifikasyon ki dèyè kreyasyon lòm Li te fè a, Li dwe retabli resanblans orijinal lòm nan epi debarase lòm anba dispozisyon kowonpi li yo. Pou Li reprann lòm nan men Satan, Bondye dwe sove li anba peche. Se sèlman konsa Bondye kapab retabli resanblans orijinal lòm nan piti piti epi retabli fonksyon orijinal lòm nan; se sèlman konsa Bondye kapab retabli wayòm Li a alafen. Destriksyon total pitit rebelyon sa yo alafen an pral fèt tou pou pèmèt lòm adore Bondye pi byen epi viv sou tè a pi byen. Piske Bondye te kreye limanite, Li pral fè yo adore Li; piske Li swete retabli fonksyon orijinal lòm nan, Li pral retabli li nètale e san okenn melanj. Retabli otorite Li a vle di fè moun yo adore Li, fè yo tout soumèt devan Li, fè yo tout viv pou Li, fè tout lènmi Li yo detwi akòz otorite Li a, epi fè tout sa ki gen rapò ak Li rete nan mitan moun yo san pèsonn pa reziste. Wayòm Bondye swete etabli a se pwòp wayòm pa Li. Limanite Li dezire a se yon limanite k ap adore Li, yon limanite ki soumèt devan Li nètale, epi yon limanite ki posede glwa Li a. Si Bondye pa t sove limanite kowonpi a, lè sa a siyifikasyon ki dèyè kreyasyon lòm Li te fè a t ap pèdi; Li pa t ap gen otorite nan mitan moun yo ankò, epi wayòm Li a pa t ap kapab egziste sou tè a ankò. Si Bondye pa t detwi lènmi sa yo ki rebèl kont Li yo, Li pa t ap kapab genyen tout glwa Li nètale, ni Li pa t ap kapab etabli wayòm Li a sou tè a. Detwi nètale moun sa yo pami limanite ki rebèl kont Li yo, epi mennen moun ki vin konplè yo antre nan repo—sa yo pral siy akonplisman travay Li a ak gwo reyalizasyon Li a. Lè moun yo fin retabli nan resanblans orijinal yo, epi lè yo kapab akonpli devwa pa yo, rete nan pwòp plas ki apwopriye pou yo a, epi soumèt devan tout aranjman Bondye yo, Bondye ap fin genyen yon gwoup moun sou tè a k ap adore Li, epi Li ap fin etabli tou yon wayòm sou tè a k ap adore Li. Li pral gen viktwa etènèl sou tè a, epi tout moun ki an opozisyon avèk Li yo pral peri pou toutan. Sa pral retabli entansyon orijinal Li lè Li te kreye lòm nan; sa pral retabli entansyon Li lè Li te kreye tout bagay la, epi sa pral retabli otorite Li tou sou tè a, nan mitan tout bagay, ak nan mitan lènmi Li yo. Sa yo pral siy viktwa total Li a. Apati lè sa a, limanite pral antre nan repo epi kòmanse yon lavi ki sou bon wout la. Bondye pral antre tou nan repo etènèl la ansanm ak limanite, epi Li pral kòmanse yon lavi etènèl Li menm ak moun yo ap pataje ansanm. Salte ak rebelyon ki sou tè a ap gentan disparèt, tout rèl ak kriye ki sou tè a ap gentan fini, epi tout bagay nan mond sa a ki opoze ak Bondye ap gentan sispann egziste. Se sèlman Bondye ak moun sa yo Li te pote sali ba yo a ki pral rete; se sèlman kreyasyon Li a ki pral rete.

Anvan: Esans Lachè kote Bondye Abite a

Apre: Pandan W ap Admire Kò Espirityèl Jezi, Bondye ap Gentan Fè Syèl la Ak Tè a Vin Nouvo

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger