Moun dispozisyon yo chanje yo se moun ki antre nan reyalite pawòl Bondye yo

Premye etap chemen Sentespri a nan lòm se, anvan tout lòt bagay, atire kè lòm lwen tout moun, tout evènman ak tout bagay, pou mennen l nan pawòl Bondye, pou fè kè lòm kwè pawòl Bondye yo pa kite plas pou okenn dout epi yo vre nèt ale. Si ou kwè nan Bondye, ou dwe kwè nan pawòl Li yo; si, aprè plizyè ane lafwa nan Bondye, ou toujou pa konnen chemen Sentespri a te mache a, èske ou se yon vrè kwayan? Pou rive viv yon lavi moun nòmal—yon lavi moun nòmal ki gen yon relasyon nòmal ak Bondye—toudabò ou dwe kwè nan pawòl Li yo. Si premye etap travay Sentespri a sou moun poko reyalize nan ou, enben ou pa gen okenn fondasyon. Si menm pi piti prensip la depase ou, kijan ou pral mache nan chemen ki devan w lan? Mete pye sou bon chemen Bondye itilize pou pèfeksyone lòm nan vle di antre sou bon chemen travay Sentespri a ap fè kounye a; sa vle di mete pye sou chemen Sentespri a mache a. Kounye a, chemen Sentespri a ap suiv la se pawòl Bondye ap di kounye a. Se poutèt sa, si moun yo vle antre sou chemen Sentespri a pran an, yo dwe soumèt yo anba pawòl Bondye enkane a ap di kounye a, epi manje ak bwè yo. Travay Li fè a se travay pawòl yo; tout bagay kòmanse nan pawòl Li yo, e tout bagay bati sou pawòl Li yo, sou pawòl Li ap di kounye a. Kit se pou gen sètitid sou Bondye enkane a, kit se pou konnen Li, toude mande pou fè plis efò nan pawòl Li yo. Sinon, moun yo pa kapab akonpli anyen epi yo pral rete san anyen. Se sèlman lè moun yo pran manje ak bwè pawòl Bondye kòm fondasyon, e konsa yo vin konnen Li epi yo satisfè Li, yo kapab bati yon relasyon nòmal ak Bondye piti piti. Pou moun yo, pa gen pi bon koperasyon ak Bondye pase manje ak bwè pawòl Li yo ak mete yo an pratik. Se atravè pratik sa a yo pi byen kapab rete fèm nan temwayaj pèp Bondye a. Lè moun yo konprann epi yo kapab soumèt devan esans pawòl Bondye ap di kounye a, y ap viv sou chemen Sentespri a ap gide yo sou li a, epi yo fin mete pye sou bon chemen Bondye pèfeksyone lòm nan. Anvan, moun te kapab jwenn travay Bondye tou senpleman lè yo chèche gras Bondye, oswa lè yo chèche lapè ak lajwa, men bagay yo diferan kounye a. San pawòl Bondye enkane a, san reyalite pawòl Li yo, moun yo pa kapab jwenn apwobasyon Bondye, e Bondye pral elimine yo tout. Pou rive nan yon lavi espirityèl nòmal, toudabò moun yo dwe manje ak bwè pawòl Bondye yo, mete yo an pratik, epi answit, sou fondasyon sa a, yo dwe etabli yon relasyon nòmal ak Bondye. Kijan ou kopere? Kijan ou rete fèm nan temwayaj pèp Bondye a? Kijan ou bati yon relasyon nòmal ak Bondye?

Kijan pou wè si ou gen yon relasyon nòmal ak Bondye nan lavi chak jou ou:

1. Èske ou kwè pwòp temwayaj Bondye?

2. Èske ou kwè nan kè ou pawòl Bondye yo vre epi yo enfayib?

3. Èske ou se yon moun ki mete pawòl Li yo an pratik?

4. Èske ou devwe pou manda Li bay la? Kisa ou fè pou ou devwe pou manda Li bay la?

5. Èske tout sa ou fè se pou satisfè Bondye epi pou ou devwe pou Li?

Atravè eleman ki nan lis anwo a, ou kapab evalye si ou gen yon relasyon nòmal ak Bondye nan etap prezan an.

Si ou kapab aksepte manda Bondye bay la, aksepte pwomès Li, e swiv chemen Sentespri a mache a, sa vle di w ap swiv volonte Bondye. Andedan ou, èske chemen Sentespri a klè pou ou? Kounye a, èske ou aji dapre chemen Sentespri a mache a? Èske kè ou ap pwoche bò Bondye? Èske ou vle suiv dènye limyè Sentespri a? Èske ou vle Bondye jwenn ou? Èske ou vle vin yon manifestasyon glwa Bondye sou latè? Èske ou gen detèminasyon pou rive satisfè sa Bondye mande ou? Si, lè yo di pawòl Bondye yo, ou gen detèminasyon nan kè ou pou kopere ak detèminasyon pou satisfè Bondye—si se sa k ap pase nan lespri ou—sa vle di pawòl Bondye yo fè efè nan kè ou. Si ou pa gen detèminasyon sa, si ou pa gen okenn objektif ou pouswiv, sa vle di Bondye poko touche kè ou.

Depi moun yo fin antre ofisyèlman nan fòmasyon wayòm nan, egzijans Bondye gen pou yo vin pi wo. Nan ki aspè yo kapab wè egzijans ki pi wo sa yo? Anvan, yo te di moun yo pa t gen lavi. Jodi a, yo pouswiv lavi, epi yo chèche vin pèp Bondye, pou Bondye jwenn yo epi pèfeksyone yo. Èske sa pa yon pi wo nivo? An reyalite, egzijans Bondye gen pou moun yo pi senp pase sa yo te ye anvan. Yo pa mande moun yo pou yo vin moun k ap rann sèvis, ni pou yo mouri—tout sa yo mande yo se pou yo vin pèp Bondye a. Èske sa pa pi senp? Tout sa ou gen pou fè se ofri kè ou bay Bondye e soumèt devan gidans Li, epi tout bagay ap rive reyalize. Poukisa ou santi sa tèlman difisil? Sa yo di jodi a sou aksè nan lavi a pi klè pase sa yo te di anvan. Nan tan pase, moun yo te konfonn epi yo pa t konnen sa reyalite laverite a te ye. An reyalite, tout moun ki reyaji lè yo tande pawòl Bondye yo, moun Sentespri a eklere epi klere, moun ki, devan Bondye, resevwa pèfeksyon nan men Li epi ki gen dispozisyon yo chanje—tout moun sa yo gen lavi. Bondye vle èt ki vivan, pa bagay ki mouri; si ou mouri, ou pa gen lavi, epi Bondye p ap pale avè ou, alewè pou Li ta leve ou monte kòm youn nan pèp Li a. Piske Bondye leve nou monte, epi nou resevwa yon gwo benediksyon konsa nan men Li, sa montre nou tout se moun ki gen lavi, e moun ki gen lavi soti nan Bondye.

Nan pouswit chanjman nan dispozisyon lavi yon moun, chemen pratik la trè senp. Si, nan eksperyans reyèl ou, ou kapab swiv pawòl Sentespri a ap di kounye a epi fè eksperyans ak travay Bondye, dispozisyon ou kapab chanje. Si ou swiv tou sa Sentespri a di, e ou kontinye daprè sa Sentespri a di, ou se yon moun ki soumèt devan Li, epi pral gen yon chanjman nan dispozisyon ou. Dispozisyon moun yo chanje avèk pawòl Sentespri a ap di kounye a; si ou toujou kenbe fèm nan eksperyans ak règleman ou nan tan pase, dispozisyon ou pa ka chanje. Si deklarasyon Sentespri a jodi a mande pou tout moun antre nan yon lavi ki gen imanite nòmal men ou rete kole sou bagay ki sou sifas, epi ou nan konfizyon sou reyalite a, epi ou pa pran l oserye, ou se yon moun ki pa t rive swiv travay Sentespri a, yon moun ki pa t antre sou chemen Sentespri a ap gide moun sou li a. Si dispozisyon w kapab chanje ou non depann de si ou swiv pawòl Sentespri a ap di kounye a ou non, ak si ou gen vrè konesans ou non. Sa diferan ak sa nou te konprann anvan an. Sa nou te konprann anvan kòm chanjman nan dispozisyon se te lè ou menm, ki prese jije, ou sispann pale nenpòt jan grasa disiplin Bondye; men se sèlman yon aspè chanjman an. Kounye a, pwen ki pi kritik la se swiv gidans Sentespri a: swiv tou sa Bondye di, soumèt devan tou sa Li di. Moun yo pa kapab chanje dispozisyon yo poukont yo; yo dwe pase anba jijman ak chatiman, eprèv ak rafinman pawòl Bondye yo, oswa pawòl Li yo dwe redrese yo ak disipline yo. Se sèlman lè sa yo kapab rive nan soumisyon ak lwayote anvè Bondye, epi yo p ap fè anyen sou lafòm devan Li ankò. Se anba rafinman pawòl Bondye yo dispozisyon moun chanje. Se sèlman lè pawòl Li yo fin ekspoze yo, jije yo, disipline yo epi redrese yo, yo p ap oze aji san reflechi ankò, men olye de sa, yo pral vin kalm epi poze. Pwen ki pi enpòtan an se, yo pral kapab soumèt devan pawòl Bondye ap di kounye a, ak devan travay Li. Menm si sa pa ale ak konsepsyon moun yo, yo pral kapab lage konsepsyon sa yo epi soumèt yo ak tout volonte yo. Nan tan pase, lè yo te pale de chanjman nan dispozisyon, sa te sitou vle di ou kapab rebele kont tèt ou, kite lachè ou soufri, disipline kò ou, ak debarase tèt ou de preferans lachè—ki se yon kalite chanjman nan dispozisyon. Jodi a, tout moun konnen, vrè ekspresyon chanjman nan dispozisyon se soumèt devan pawòl Bondye ap di kounye a epi konnen nouvo travay Li a toutbon. Konsa, konesans sou Bondye moun yo te genyen anvan, ki te baze sou konsepsyon yo, kapab efase, epi yo kapab rive gen vrè konesans sou Bondye ak soumisyon devan Li—se sa sèlman ki yon vrè ekspresyon yon chanjman nan dispozisyon.

Pouswit moun yo pou yo gen aksè nan lavi baze sou pawòl Bondye yo. Anvan, yo te di tout bagay akonpli akoz pawòl Li yo, men pèsonn pa t wè reyalite sa. Si ou antre nan etap la kounye a epi ou fè eksperyans ak li, tout bagay pral klè pou ou, epi w ap bati yon bon fondasyon pou eprèv lavni yo. Kèlkeswa sa Bondye di, konsantre ou sèlman sou antre nan pawòl Li yo. Lè Bondye di Li pral kòmanse chatye moun, aksepte chatiman Li. Lè Bondye mande moun yo pou yo mouri, aksepte eprèv sa. Si ou toujou ap viv nan dènye deklarasyon Li yo, pawòl Bondye yo pral pèfeksyone ou alafen. Plis ou antre nan pawòl Bondye yo, se pi vit Bondye pral pèfeksyone ou. Poukisa, nan kominyon aprè kominyon, Mwen mande nou pou nou konnen epi antre nan pawòl Bondye yo? Se sèlman lè ou pouswiv e ou fè eksperyans nan pawòl Bondye yo, epi ou antre nan reyalite pawòl Li yo, Sentespri a gen opòtinite pou travay nan ou. Se poutèt sa, nou tout se patisipan nan chak metòd Bondye travay avè l, epi kèlkeswa degre soufrans nou, alafen nou tout pral resevwa yon «souvni». Pou nou vin pafè alafen, nou dwe antre nan tout pawòl Bondye yo. Sentespri a pa pèfeksyone moun poukont Li; Li mande koperasyon moun yo, Li bezwen tout moun kopere avè Li ak tout volonte yo. Kèlkeswa sa Bondye di, konsantre sèlman sou antre nan pawòl Li yo—sa pral pi benefik pou lavi nou. Tout bagay se pou rive nan yon chanjman nan dispozisyon nou. Lè ou antre nan pawòl Bondye yo, Li pral touche kè ou, epi ou pral kapab konnen tou sa Bondye vle akonpli nan etap sa a nan travay Li, epi ou pral gen detèminasyon pou akonpli l. Pandan tan chatiman an, te gen moun ki te kwè sa se yon metòd travay, epi yo pa t kwè nan pawòl Bondye yo. Kòm rezilta, yo pa t pase anba rafinman, epi yo te soti nan tan chatiman an san yo pa t jwenn ni konprann anyen. Te gen kèk moun ki te antre nan pawòl sa yo toutbon san yon grenn dout, ki te di pawòl Bondye yo vre e enfayib, epi limanite dwe resevwa chatiman. Yo te lite nan sa pandan yon tan, yo lage avni yo ak desten yo, epi lè yo soti, dispozisyon yo sibi kèk chanjman, epi yo vin konprann Bondye pi byen toujou. Tout moun ki te sòti anba chatiman an te santi bèlte Bondye epi yo rann yo kont etap travay sa a te reprezante gran lanmou Bondye ki t ap desann sou yo a; se te lanmou Bondye ki te konkeri yo epi sove yo. Yo te di tou panse Bondye yo toujou bon, e tout sa Bondye fè sou lòm se lanmou, se pa rayiman. Moun ki pa t kwè nan pawòl Bondye yo, ki pa t fè atansyon ak pawòl Li yo, pa t pase anba rafinman pandan tan chatiman an, epi kòm rezilta, Sentespri a pa t avèk yo, epi yo pa t jwenn anyen. Pou moun ki te antre nan tan chatiman an, menm si yo te pase anba rafinman, Sentespri a t ap travay an sekrè anndan yo, epi dispozisyon lavi yo te chanje kòm rezilta. Gen kèk ki te sanble, nan tout aparans deyò, trè pozitif, plen kè kontan tout jounen an, men yo pa t antre nan eta kote pawòl Bondye yo rafine moun, konsa yo pa t chanje ditou, e sa se te konsekans yo pa t kwè nan pawòl Bondye yo. Si ou pa kwè nan pawòl Bondye yo, Sentespri a p ap travay nan ou. Bondye parèt devan tout moun ki kwè nan pawòl Li yo, epi moun ki kwè nan pawòl Li yo epi aksepte yo pral kapab jwenn lanmou Li!

Pou antre nan reyalite pawòl Bondye yo, ou dwe jwenn chemen pratik la. Dispozisyon lavi ou kapab chanje sèlman lè ou kapab mete pawòl Bondye yo an pratik. Se sèlman atravè chemen sa a Bondye kapab pèfeksyone ou, epi se sèlman moun Bondye fin pèfeksyone nan fason sa a ki kapab ann amoni ak entansyon Li. Pou resevwa nouvo limyè, ou dwe viv andedan pawòl Li yo. Si Sentespri a touche w yon sèl fwa sèlman, sa p ap ase ditou—ou dwe antre pi fon. Pou moun Sentespri a te touche yon sèl fwa sèlman yo, se sèlman zèl ki nan yo a ki reveye epi yo vle pouswiv, men sa pa kapab dire lontan; Sentespri a dwe touche yo toutan. Anpil fwa nan tan pase, Mwen te mansyone espwa Mwen pou Lespri Bondye touche lespri moun yo, pou yo pouswiv chanjman nan dispozisyon lavi yo, pou yo konprann pwòp mank yo pandan y ap chèche pou Bondye touche yo, epi pou yo wete, pandan y ap fè eksperyans ak pawòl Li yo, bagay enpi ki nan yo (jan yo panse yo jis, awogans, konsepsyon, elatriye). Pa panse sa sifi pou w pran inisyativ pou resevwa nouvo limyè a—ou dwe wete tou tout sa ki negatif. Sou yon bò, nou bezwen antre nan sa ki pozitif, epi sou lòt bò a, nou bezwen debarase tèt nou de tout sa ki enpi nan sa ki negatif. Ou dwe toujou egzamine tèt ou pou wè ki bagay ki enpi ki toujou egziste anndan ou. Konsepsyon relijye lèzòm yo, entansyon yo, espwa yo, jan yo panse yo jis ak awogans yo, tout sa yo se bagay ki enpi. Gade anndan ou, epi konpare tèt ou ak tout pawòl Bondye ki ekspoze moun yo, pou wè ki konsepsyon relijye ou genyen. Se sèlman lè ou rekonèt yo vre ou kapab wete yo. Gen kèk moun ki di: «Kounye a, li sifi pou nou annik suiv limyè travay Sentespri a ap fè nan moman sa. Pa gen okenn nesesite pou nou okipe nou ak lòt bagay.» Men lè konsepsyon relijye ou yo parèt, ki jan ou pral wete yo? Èske ou panse swiv pawòl Bondye ap di kounye a se yon bagay ki senp pou fè? Si ou se yon moun nan relijyon, konsepsyon relijye ou yo ak teyori teyolojik tradisyonèl ki nan kè ou yo kapab lakòz twoub, epi lè bagay sa yo parèt, yo deranje w lè w ap aksepte nouvo bagay. Tout sa yo se pwoblèm ki egziste toutbon. Si ou sèlman pouswiv pawòl Sentespri a ap di kounye a, ou pa kapab satisfè entansyon Bondye. Pandan w ap pouswiv limyè Sentespri a bay kounye a, ou dwe rekonèt ki konsepsyon ak entansyon ou gen anndan ou, ki jan ou panse ou jis kòm moun, epi ki konpòtman ki rebèl kont Bondye. Epi aprè ou fin rekonèt tout bagay sa yo, ou dwe wete yo. Si yo mande ou rebele kont ansyen aksyon ak konpòtman ou yo, se pou ou ka suiv pawòl Sentespri a ap di jodi a. Sou yon bò, chanjman nan dispozisyon reyalize atravè pawòl Bondye yo; sou lòt bò a, li mande koperasyon lèzòm. Gen travay Bondye ak pratik moun, e toude endispansab.

Nan chemen sèvis ou nan lavni, ki jan ou kapab satisfè entansyon Bondye? Yon pwen kritik se pouswiv aksè nan lavi, pouswiv yon chanjman nan dispozisyon, ak pouswiv yon antre pi fon nan laverite a—sa se chemen pou Bondye rive pèfeksyone ou epi jwenn ou. Nou tout se moun ki resevwa manda Bondye bay la, men ki kalite manda? Sa gen rapò ak pwochen etap travay la; pwochen etap travay la pral yon travay ki pi gran ki pral fèt nan tout inivè a, kidonk jodi a, nou dwe pouswiv chanjman nan dispozisyon lavi nou, pou nan lavni nou ka vrèman vin prèv Bondye ap jwenn glwa atravè travay Li, epi pou nou ka vin tounen echantiyon pou travay Li nan lavni. Pouswit jodi a se antyèman pou poze fondasyon pou travay lavni an, pou Bondye ka itilize nou epi pou nou kapab rann temwayaj sou Li. Si ou fè sa tounen objektif pouswit ou, ou pral kapab jwenn prezans Sentespri a. Plis ou fikse objektif pouswit ou wo, se plis Bondye kapab pèfeksyone ou. Plis w ap pouswiv verite a, se plis Sentespri a ap travay. Plis motivasyon ou pou pouswiv la gran, se plis ou pral jwenn. Sentespri a pèfeksyone moun daprè eta anndan yo. Gen moun ki di yo pa vle Bondye itilize yo oswa pèfeksyone yo, yo vle sèlman pou lachè yo an sekirite epi pou yo pa soufri okenn malè. Gen moun ki pa vle antre nan wayòm nan men ki vle desann nan gwo twou san fon an. Nan ka sa a, Bondye pral akòde ou dezi ou tou. Kèlkeswa sa w ap pouswiv la, Bondye pral fè l rive. Kidonk kisa ou ap pouswiv kounye a? Èske se pou Bondye pèfeksyone ou? Èske aksyon ak konpòtman prezan ou yo se pou Bondye pèfeksyone ou ak Bondye jwenn ou? Ou dwe toujou mezire tèt ou konsa nan lavi chak jou w. Si ou mete tout kè ou nan pouswit yon sèl objektif, Bondye ap pèfeksyone ou asireman. Se sa chemen Sentespri a mache a ye. Se grasa pouswit yo moun yo rive sou chemen Sentespri a ap gide yo sou li a. Plis ou swaf pou Bondye pèfeksyone w ak jwenn ou, se plis Sentespri a pral travay anndan ou. Plis ou neglije pouswiv, plis ou negatif epi ou fè bak, se mwens Sentespri a gen opòtinite pou travay; avèk tan, Sentespri a pral abandone ou. Èske ou vle Bondye pèfeksyone ou? Èske ou vle Bondye jwenn ou? Èske ou vle Bondye itilize ou? Nou dwe chèche fè tout bagay pou Bondye pèfeksyone nou, jwenn nou ak itilize nou, pou inivè a ak tout sa ki ladan l ka wè manifestasyon aksyon Bondye yo nan nou. Nou se mèt tout bagay, epi nan mitan tout sa ki genyen, nou dwe fè yon jan pou Bondye jwenn temwayaj ak glwa atravè nou. Se sa sèlman ki pwouve nou se jenerasyon ki pi beni nan tout jenerasyon yo!

Anvan: Vrè Lanmou pou Bondye Espontane

Apre: Pran Entansyon Bondye yo an Konsiderasyon pou w Rive nan Pèfeksyon

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger