Vrè Lanmou pou Bondye Espontane

Tout moun te sibi rafinman akoz pawòl Bondye yo. Si Bondye pa t pran fòm yon moun, limanite pa t ap janm jwenn benediksyon pou soufri atravè rafinman sa a. Lòt fason nou ka di sa, se ke tout moun ki resevwa eprèv ki soti nan pawòl Bondye yo, yo se moun beni. Baze sou kalib natirèl moun yo, konpòtman yo ak atitid yo anvè Bondye, yo pa diy pou resevwa yon kalite rafinman konsa. Se paske Bondye te leve yo wo ki fè yo te jwi benediksyon sa. Moun konn di yo pa diy pou yo wè Bondye fasafas oswa tande pawòl Li. Jodi a se lakòz elevasyon Bondye ak mizèrikòd Li antyèman ki fè moun yo resevwa pirifikasyon pawòl Li yo. Sa se benediksyon chak moun ki fèt nan dènye jou sa yo—èske nou te fè eksperyans sa pèsonèlman? Nan ki aspè moun yo ta dwe eksperimante soufrans ak echèk Bondye te deja òdone yo—sa pa baze sou pwòp egzijans moun. Se egzakteman konsa li ye. Chak kwayan ta dwe gen kapasite pou l aksepte eprèv ki soti nan pawòl Bondye yo epi soufri nan pawòl Bondye yo. Èske sa klè pou nou? Kidonk, an echanj pou echèk ak soufrans ou te eksperimante yo, ou resevwa benediksyon jodi a; si ou pa soufri pou Bondye ou p ap ka jwenn apwobasyon Li. Petèt ou te konn plenyen nan tan pase yo, men, kèlkeswa kantite fwa nou plenyen, Bondye pa sonje sa sou ou. Jou a rive, li lè pou nou sispann panse ak bagay ki pase yo.

Gen moun ki di y ap eseye renmen Bondye, men yo pa kapab. Konsa, lè yo tande Bondye pral ale, yo dekouvri kè yo te renmen Bondye toudenkou. An jeneral, gen moun ki pa mete verite a an pratik, epi lè yo tande Bondye pral ale avèk kòlè yo vin devan Li epi yo priye: « Bondye, tanpri pa ale! Ban m yon chans! Bondye! Nou pa t satisfè w nan tan pase yo, mwen te gen dèt anvè ou epi mwen te reziste kont ou. Jodi a, mwen dispoze ofri kò m ak tout kè m nèt ale pou m ka satisfè W epi renmen Ou, paske sa ap dènye fwa a. Mwen pap janm gen yon lòt opòtinite konsa ankò. » Èske ou te fè kalite priyè sa? Lè yon moun priye konsa, se paske pawòl Bondye yo reveye konsyans li. Tout moun yo ensansib e yo manke bon konprann. Yo sibi chatiman ak rafinman, poutan yo pa konnen sa Bondye ap chèche akonpli atravè sa. Si Bondye pa t travay konsa, moun yo t ap kontinye viv nan konfizyon; pa gen okenn moun ki ka reveye santiman espirityèl nan kè moun. Se sèlman pawòl Bondye yo—ki jije moun epi ekspoze yo, ki ka pote fwi sa a. Se poutèt sa, se gras ak pawòl Bondye yo tout bagay kapab reyalize e akonpli; e se menm pawòl sa yo ki reveye lanmou lèzòm genyen pou Bondye. Lanmou pou Bondye ki baze sèlman sou konsyans lòm pap ka bay rezilta yo vle a. Nan tan lontan, èske se pa sou konsyans yo lèzòm te baze lanmou yo pou Bondye? Èske te gen menm yon moun ki te renmen Bondye selon pwòp inisyativ pa li? Se sèlman gras ak ankourajman ki soti nan pawòl Bondye yo moun te vin renmen Bondye. Gen moun ki konn di: « Sa fè anpil lane depi m ap mache ak Bondye; pandan tout tan sa a, mwen te jwi anpil nan gras Li ak gwo benediksyon Li yo. Mwen te sibi rafinman ak jijman pawòl Li yo. Konsa, mwen te vin konprann anpil bagay, epi mwen te wè lanmou Bondye. Mwen dwe remèsye Li; mwen dwe rann Li gras. M ap renmen Bondye jouk mwen mouri, epi m ap renmen Li ak konsyans mwen. » Moun pap ka vrèman santi jan Bondye bèl ak jan Li bon si se sèlman sa yo santi nan konsyans yo y ap swiv. Si yo konte sèlman sou konsyans yo pou yo renmen Bondye, y ap santi yo manke motivasyon pou sa. Si se sèlman pale sou rann Bondye gras ak renmen Bondye, san yon lanmou ki soti nan fon kè nou, nou pap gen yon motivasyon reyèl pou renmen Li. Renmen Bondye sèlman selon santiman ak konsyans nou se yon apwòch negatif. Poukisa mwen di se yon apwòch negatif? Sa a se yon kesyon pratik. Ki kalite lanmou ou gen pou Bondye? Èske se pa senpleman yon fason pou w eseye twonpe Bondye epi fè kòmsi w ap sèvi Li? Pifò moun panse, piske pa gen okenn rekonpans nan renmen Bondye epi y ap pini yon moun menm jan an tou poutèt li pa renmen Li, donk an jeneral, li sifi pou yo senpleman pa fè peche. Kidonk, renmen Bondye epi reponn ak lanmou pou Li sèlman selon sa konsyans yon moun fè l santi, se yon apwòch negatif. Se pa yon lanmou pou Bondye ki soti nan fon kè nou toudenkou. Lanmou pou Bondye m ap pale a dwe yon santiman otantik ki soti byen fon nan kè yon moun. Gen kèk moun ki di: « Mwen menm, mwen dispoze chèche Bondye epi swiv Li. Kounye a menmsi Bondye ta vle abandone m, m ap toujou swiv Li. Kit Li vle m, kit Li pa vle m, m ap toujou renmen Li, epi finalman, fòk mwen jwenn Li. M ap ofri kè m bay Bondye, epi kèlkeswa sa Li fè, m ap swiv Li pandan tout lavi m. Kèlkeswa sa k rive, fòk mwen renmen Bondye epi fòk mwen jwenn Li. Mwen pap pran repo toutotan mwen poko jwenn Li. » Èske ou gen kalite detèminasyon sa a?

Chemen pou kwè nan Bondye a se menm ak chemen pou renmen Li. Si ou kwè nan Li, ou dwe renmen Li; sepandan, renmen Li pa sèlman vle di montre Li lanmou oswa renmen Li dapre sa ou santi nan konsyans ou—se yon lanmou pi pou Bondye. Pafwa, moun pa kapab santi lanmou Bondye sèlman sou baz konsyans yo. Poukisa mwen te toujou di: « Se pou Lespri Bondye a touche lespri nou »? Poukisa mwen pa t pale de touche konsyans moun yo pou yo renmen Bondye? Se paske konsyans moun pa ka santi bonte Bondye. Si ou pa konvenki pa pawòl sa yo, eseye itilize konsyans ou pou santi lanmou Li. Ou ka gen yon ti ankourajman kounye a, men talè konsa li pral diminye e disparèt. Si ou sèlman santi bonte Bondye a nan konsyans ou, ou pral santi w motive pandan w ap priye, men, yon ti tan apre, motivasyon sa a ap diminye epi li ka disparèt. Poukisa sa rive? Si ou sèlman itilize konsyans ou, ou p ap kapab reveye lanmou ou genyen pou Bondye; lè ou vrèman santi bonte Bondye nan kè ou, l ap touche lespri ou, epi se sèlman nan moman sa a konsyans ou ap kapab jwe wòl orijinal li. Sa vle di, se sèlman lè Bondye touche lespri lòm, lè lòm gen konesans epi li santi yon ankourajman nan kè li, sa vle di, lè li fin fè eksperyans, se lè li kapab renmen Bondye toutbon avèk konsyans li. Renmen Bondye ak konsyans pa yon move bagay—men se nivo lanmou pou Bondye ki pi ba a. Renmen Bondye sèlman paske ou rekonèt jistis Li ak gras Li p ap nesesèman pouse ou pran inisyativ pou pwoche bò kote Li. Lè moun fè eksperyans ak travay Sentespri a, sa vle di, lè yo wè epi yo santi lanmou Bondye nan eksperyans yo fè ak li, lè yo vin gen yon konesans pi pwofon sou Bondye epi yo vrèman wè jan Bondye merite lanmou limanite ak tout dousè Li genyen, se sèlman lè sa a yo kapab vrèman renmen Bondye.

Lè moun sèvi ak kè yo pou angaje yo nan Bondye, lè kè yo kapab retounen jwenn Li nèt, se premye etap nan lanmou lòm pou Bondye. Si ou vle renmen Bondye, ou dwe kapab remèt kè ou ba Li dabò. Kisa remèt kè ou bay Bondye vle di? Se lè tout sa w ap chèche nan kè ou se jan pou w renmen Bondye epi vin pi pwòch Li. Sa montre ou remèt kè ou nèt bay Bondye. Apa Bondye ak pawòl Li yo, prèske pa gen okenn lòt bagay ki okipe kè ou (fanmi, richès, mari, madanm, pitit, elatriye). Menm si genyen, men bagay sa yo pa okipe kè w, epi ou pa kite yo detèmine objektif lavi ou, men ou kontinye renmen Bondye sèlman. Lè ou rive nan eta sa a, ou remèt kè ou nèt bay Bondye. Sipoze ke ou toujou ap fè plan pou tèt ou nan kè ou, ou toujou ap chèche pwòp avantaj ou, epi ou toujou ap panse: « Kilè m ap kapab mande Bondye yon bagay? Kilè fanmi mwen ap vin rich? Kijan m ap kapab genyen kèk bèl rad? » Si ou toujou ap viv nan eta sa a, sa montre kè ou poko retounen jwenn Bondye toutbon. Si se pawòl Bondye ki toujou okipe kè ou, epi ou kapab priye Li epi pwoche bò kote Li tout tan—tankou Li te trè pwòch ou, tankou Bondye te anndan ou epi ou te anndan Li, si ou nan kalite eta sa a, sa vle di kè ou nan prezans Bondye. Si ou priye Bondye, si ou manje epi bwè pawòl Li chak jou, si ou toujou ap panse ak travay legliz la, si ou montre konsiderasyon pou sa Bondye vle, epi si ou sèvi ak kè ou pou renmen Li sensèman epi fè sa ki fè Li plezi, alò, kè ou ap vin pou Bondye. Si anpil lòt bagay okipe kè ou, sa ka montre kè ou toujou anba enfliyans Satan epi ou poko vrèman retounen jwenn Bondye. Lè kè moun vrèman retounen jwenn Bondye, y ap gen yon lanmou sensè ak espontane pou Li, epi y ap kapab konsidere travay Bondye a. Malgre yo ka manke konesans oswa yo ka aji san ase refleksyon, yo montre yo gen sousi pou enterè kay Bondye a, travay Li, ak chanjman nan pwòp mezi ke yo pran. Sa montre kè yo nan bon plas la. Gen kèk moun ki toujou ap pretann tout sa y ap fè se pou legliz la, men, an reyalite, y ap travay pou pwòp avantaj yo. Moun sa yo gen move entansyon. Yo aji avèk riz epi yo twonpe moun; pifò nan sa yo fè se pou pwòp benefis yo. Kè yo toujou pou Satan, epi yo pa ka remèt kè yo bay Bondye. Kidonk, Bondye pa gen okenn fason pou Li genyen kalite moun sa yo.

Si ou vle renmen Bondye toutbon epi pou Li genyen ou, premye etap la se remèt kè ou bay Bondye. Nan tout sa w ap fè, egzamine tèt ou epi poze tèt ou kesyon sa yo: « Èske m ap fè sa paske mwen renmen Bondye? Èske gen entansyon pèsonèl dèyè sa m ap fè a? Ki objektif reyèl mwen genyen lè m ap fè sa? » Si ou vle remèt kè ou bay Bondye, ou dwe kòmanse pa soumèt pwòp kè ou ba Li, abandone tout entansyon ou yo, epi retounen nan yon eta kote ou konsakre tèt ou nèt pou Bondye. Sa a se chemen pratik pou remèt kè ou bay Bondye. Kisa soumèt pwòp kè ou vle di? Sa vle di abandone dezi lachè ki depase mezi, pa kite twòp anvi pou konfò oswa avantaj ki mache ak yon pozisyon sosyal domine lavi ou. Sa vle di fè tout bagay pou satisfè Bondye epi remèt Li tout kè ou, olye ou viv sèlman pou pwòp enterè ou. Se sa ki enpòtan.

Vrè lanmou pou Bondye a soti nan fon kè; se yon lanmou ki egziste sèlman sou baz konesans yon moun genyen sou Bondye. Lè kè yon moun tounen vin jwenn Bondye nèt, alò, moun sa a vin gen lanmou pou Bondye, men, lanmou sa a pa nesesèman pwòp, ni li pa nesesèman konplè. Se paske toujou gen yon distans ant lè kè yon moun tounen nèt vè Bondye ak lè yon moun konprann Bondye toutbon e manifeste yon bonjan adorasyon pou Li. Fason yon moun kapab rive renmen Bondye toutbon epi vin konnen dispozisyon Bondye se lè li tounen kè l bay Bondye. Lè yon moun bay Bondye kè l toutbon, se lè sa a li kòmanse antre nan eksperyans lavi a. Konsa, dispozisyon li kòmanse chanje, lanmou li pou Bondye grandi tikras pa tikras, epi konesans li sou Bondye ogmante tikras pa tikras tou. Se poutèt sa, tounen kè yon moun bay Bondye se sèlman yon kondisyon preyalab pou yon moun kòmanse mache sou bon chemen eksperyans lavi a. Lè moun yo depoze kè yo devan Bondye, yo sèlman gen yon kè ki anvi Li, men ki pa renmen Li, paske yo pa konprann Li. Menm si, nan sitiyasyon sa a, yo gen yon sèten lanmou pou Bondye, lanmou sa a pa espontane ni li pa otantik. Se paske tout sa ki soti nan lachè moun se pwodui santiman epi li pa soti nan yon bonjan konpreyansyon. Se sèlman yon elan ki pase vit, ki pa kapab bay yon adorasyon ki dire lontan. Lè moun yo pa konprann Bondye, yo kapab renmen L sèlman sou baz pwòp preferans yo ak pwòp lide yo; yo pa ka rele kalite lanmou sa a ni espontane ni otantik. Kè moun yo kapab tounen vè Bondye toutbon, epi moun sa yo kapab rive panse ak enterè Bondye nan tout bagay, men, si yo pa konprann Bondye, yo pap kapab renmen L ak yon lanmou ki otantik e ki espontane. Tout sa y ap kapab fè, se okipe kèk fonksyon nan legliz la oswa fè yon ti pati nan devwa yo, men yo pral fè sa san yo pa genyen yon baz. Li difisil pou dispozisyon moun sa yo chanje; swa moun sa yo pa chèche laverite, swa yo pa konprann li. Menm si yon moun tounen kè l nèt bay Bondye, sa pa vle di lanmou ki nan kè l pou Bondye a pi nèt, paske moun ki gen Bondye nan kè yo pa nesesèman gen lanmou pou Bondye nan kè yo. Sa se diferans ki genyen ant yon moun k ap chèche konprann Bondye ak yon moun ki p ap chèche konprann Li. Lè yon moun vin konprann Bondye, sa montre ke kè li tounen nèt vè Li. Sa montre tou vrè lanmou li gen pou Bondye nan kè li a espontane. Se sèlman moun sa yo ki gen Bondye nan kè yo. Tounen kè yon moun bay Bondye se yon kondisyon preyalab pou yon moun kòmanse mache sou bon chemen an, pou l konprann Bondye epi pou l rive renmen Bondye. Sa pa yon siy ki montre yon moun fin ranpli devwa l pou l renmen Bondye, ni yon siy ki montre li gen vrè lanmou pou Bondye. Sèl fason yon moun kapab rive gen vrè lanmou pou Bondye, se lè li tounen kè l bay Bondye. Se premye bagay yon moun dwe fè kòm youn nan kreyati Bondye yo tou. Tout moun ki renmen Bondye se moun k ap chèche lavi, sa vle di, moun k ap chèche laverite epi ki vle Bondye toutbon; yo tout resevwa limyè Sentespri a epi Li touche yo. Yo tout kapab resevwa direksyon Bondye.

Lè yon moun kapab santi li dwe Bondye, se paske Lespri a touche li; moun sa yo ki santi sa gen tandans gen yon kè ki anvi Bondye, epi y ap kapab chèche antre nan lavi a. Men, si ou rete nan yon etap, ou pap kapab antre pi fon; toujou gen danje pou ou pran nan pèlen Satan, e rive yon moman, Satan ap fè ou tounen prizonye li. Limyè Bondye bay la pèmèt moun konnen tèt yo, epi apre sa, yo vin santi yo gen yon dèt anvè Bondye. Lè sa a, yo vin dispoze kolabore avèk Li epi abandone bagay ki pa fè Li plezi. Se prensip travay Bondye a. Nou tout vle fè pwogrè nan lavi nou epi grandi nan lanmou nou pou Bondye a. Men, èske ou deja abandone konpòtman sipèfisyèl ou yo? Si ou sèlman abandone konpòtman sipèfisyèl sa yo, evite lakòz dezòd ak fè wè ou, èske sa vle di w ap chèche grandi nan lavi ou? Si ou abandone tout konpòtman sipèfisyèl sa yo, men ou pa antre nan pawòl Bondye yo, sa montre ke ou p ap fè efò pou w avanse. Ki sa ki lakòz konpòtman sipèfisyèl sa yo? Èske aksyon ou yo fèt pou ede w grandi nan lavi ou? Èske w ap chèche vin yon moun pami pèp Bondye a ki satisfè kondisyon Li yo? Kèlkeswa sa ou konsantre sou li a, se sa w ap viv. Si ou konsantre sou konpòtman sipèfisyèl, kidonk kè w ap souvan vire sou bagay ki deyò, e ou pap jwenn okenn mwayen pou grandi nan lavi ou. Bondye mande yon chanjman nan dispozisyon, men ou menm, ou toujou ap chèche bagay ki deyò. Yon moun konsa pa kapab chanje dispozisyon li! Pou tout moun, anvan lavi yo rive nan yon nivo matirite, gen yon chemen yo dwe suiv: Yo dwe aksepte jijman, chatiman ak pèfeksyonman pawòl Bondye yo pote. Si ou pa gen pawòl Bondye yo, men ou konte sèlman sou lafwa pa ou ak detèminasyon pa ou, tout sa w ap fè ap baze sèlman sou antouzyas ou. Sa vle di, si ou vle grandi nan lavi ou, ou dwe manje, bwè epi konprann plis nan pawòl Bondye yo. Tout moun pawòl Li yo pèfeksyone kapab viv pawòl sa yo. Moun ki pa pase anba rafinman pawòl Li yo, ki pa pase anba jijman pawòl Li yo, pa kapab pare pou Li sèvi ak yo. Kidonk, nan ki nivo nou rive viv pawòl Li yo? Se sèlman si, pandan n ap manje epi bwè pawòl Bondye yo, nou kapab konpare yo ak eta lavi pa nou epi jwenn yon chemen pou mete yo an pratik dapre pwoblèm Mwen sot pale yo, pratik nou ap kòrèk epi ann akò ak volonte Bondye. Se sèlman yon moun ki pratike konsa ki gen detèminasyon pou renmen Bondye.

Anvan: Se Sèlman Sila yo ki Konnen Travay Bondye Jodi a ki ka Sèvi Bondye

Apre: Moun dispozisyon yo chanje yo se moun ki antre nan reyalite pawòl Bondye yo

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger