Pran Entansyon Bondye yo an Konsiderasyon pou w Rive nan Pèfeksyon.
Plis ou pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon, se plis chay ou pral lou; epi plis chay ou lou, se plis eksperyans ou ap vin rich. Lè ou pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon, Bondye ap mete yon chay sou do w, epi apre sa, L ap eklere ou sou travay Li konfye ou yo. Lè Bondye ba ou chay sa a, w ap bay verite ki gen rapò ak li yo yon atansyon espesyal pandan w ap manje ak bwè pawòl Bondye yo. Si ou gen yon chay nan kè ou pou eta lavi frè ak sè yo, ebyen se yon chay Bondye konfye ou, epi w ap toujou pote chay sa a nan lapriyè ou fè chak jou. Sa Bondye fè vin tounen yon chay Li mete sou ou, epi ou dispoze fè sa Bondye vle fè; se sa sa vle di pou w pran chay Bondye a kòm pwòp chay pa ou. Lè sa a, lè w ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, w ap konsantre w sou kalite pwoblèm sa yo, epi w ap reflechi: “Kijan m ap rezoud pwoblèm sa yo? Kijan m ka ede frè ak sè m yo libere epi jwenn lajwa nan lespri yo?” Pandan w ap fè kominyon, w ap konsantre w tou sou rezoud pwoblèm sa yo; epi lè w ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, w ap konsantre w sou pawòl ki gen rapò ak pwoblèm sa yo. Lè ou manje ak bwè pawòl Bondye yo avèk yon chay nan kè w, ou vin konprann egzijans Li yo, epi lè sa a, chemen ou dwe pran an ap vin pi klè. Se travay Sentespri a fè pou eklèsi ak klere ou lè ou gen yon chay; se tou direksyon Bondye ba ou. Poukisa M di sa? Si ou pa gen okenn chay, ou p ap bay pawòl Bondye yo atansyon lè w ap manje ak bwè yo; men lè ou manje ak bwè pawòl Bondye yo avèk yon chay nan kè ou, w ap kapab konprann sans esansyèl pawòl Li yo, jwenn chemen ou dwe pran an, epi pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon. Se poutèt sa, ou ta dwe priye Bondye pou Li mete plis chay sou ou epi konfye ou pi gwo komisyon, pou ou ka gen yon chemen pratik ki pi klè pou lavni; pou manje ak bwè pawòl Bondye yo ka bay pi bon rezilta; pou ou ka vin kapab konprann sans esansyèl pawòl Li yo; epi pou ou ka vin pi dispoze pou Sentespri a touche ou.
Manje ak bwè pawòl Bondye yo, fòme tèt ou nan lapriyè, aksepte chay Bondye mete sou ou, epi aksepte komisyon Li konfye ou yo—tout bagay sa yo se pou ou ka gen yon chemen pwogrè. Plis ou gen yon chay pou komisyon Bondye a, se plis l ap fasil pou Li pèfeksyone ou. Gen kèk moun ki menm pa vle kolabore ak lòt moun pou sèvi Bondye lè yo rele yo pou fè sa; moun sa yo se moun parese ki anvi viv nan konfò. Plis yo mande ou kolabore ak lòt moun pou sèvi Bondye, se plis eksperyans w ap genyen. Piske w ap gen plis chay ak plis eksperyans, w ap jwenn plis opòtinite pou Bondye pèfeksyone ou. Se poutèt sa, si ou kapab sèvi Bondye avèk senserite, w ap pran chay Bondye an konsiderasyon; konsa, w ap gen plis opòtinite pou Bondye pèfeksyone ou. Se yon gwoup moun konsa k ap sibi pèfeksyon kounye a. Plis Sentespri a touche ou avèk fòs, se plis w ap pran chay Bondye an konsiderasyon, se plis Bondye ap pèfeksyone ou, epi se plis w ap vin pou Li—jouk finalman ou vin yon moun Bondye sèvi ak li. Kounye a, gen kèk moun ki pa pote okenn chay pou legliz la. Moun sa yo neglijan e yo pa aktif, epi yo sèlman sousye de pwòp lachè pa yo. Moun konsa trè egoyis, epi yo avèg tou. Si ou pa ka wè bagay sa a aklè, ou p ap pote okenn chay. Plis ou pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon, se pi gwo chay Li ap ba ou. Moun egoyis yo pa vle soufri bagay konsa; yo pa vle peye pri a, epi kòm rezilta, yo pral rate opòtinite pou Bondye pèfeksyone yo. Èske se pa pwòp tèt yo y ap fè mal? Si ou se yon moun ki pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon, lè sa a w ap devlope yon vrè chay pou legliz la. An reyalite, olye pou yo rele sa yon chay ou pote pou legliz la, li ta pi bon pou yo rele l yon chay ou pote pou pwòp lavi pa ou, paske ou devlope yon chay pou legliz la pou Bondye ka pèfeksyone ou atravè eksperyans konsa. Se poutèt sa, nenpòt moun ki pote pi gwo chay pou legliz la, nenpòt moun ki pote yon chay pou antre nan lavi—se moun sa yo Bondye ap pèfeksyone. Èske ou te wè sa klèman? Si legliz kote ou ye a gaye tankou sab men ou pa enkyete ou, ou pa boulvèse, epi ou menm fèmen je ou lè frè ak sè ou yo pa kapab manje ak bwè pawòl Bondye yo nòmalman, alò sa se yon manifestasyon ki montre ou pa gen okenn chay. Moun konsa se pa moun Bondye renmen. Moun Bondye renmen yo grangou ak swaf pou dwati, epi yo pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon. Se poutèt sa, nou ta dwe pran chay Bondye an konsiderasyon depi kounye a; nou pa ta dwe tann pou Bondye manifeste dispozisyon dwat Li devan kantite moun yo ka rive konte yo anvan nou vin pran chay Bondye an konsiderasyon. Lè sa a, èske li pa t ap twò ta? Kounye a se yon bon okazyon pou Bondye pèfeksyone nou. Si ou kite okazyon sa a glise nan men ou, ou ap regrèt sa pandan tout lavi ou, menm jan Moyiz pa t kapab antre nan bon peyi Kanaran an epi li te regrèt sa pandan tout lavi li, li te mouri ak remò. Lè Bondye manifeste dispozisyon dwat Li devan bann pèp moun pa ka konte yo, ou ap plen ak remò. Menm si Bondye pa pini ou, ou ap pini tèt ou akoz pwòp remò ou. Gen kèk moun ki pa kwè sa, men si ou pa kwè l, tann epi ou ap wè. Gen moun ki se egzakteman moun ki pral wè pawòl sa yo vin reyalize nan pwòp eksperyans yo. Èske ou dispoze fè tèt ou tounen yon sakrifis pou pawòl sa yo?
Si ou pa chèche opòtinite pou Bondye pèfeksyone ou, epi si ou pa fè efò pou ou pran devan nan pouswit pou Bondye pèfeksyone ou, alò, finalman, ou ap regrèt sa. Pi bon opòtinite pou Bondye pèfeksyone moun se moman prezan an; kounye a se yon moman ki trè favorab. Si ou pa chèche pou Bondye pèfeksyone ou avèk tout kè ou, lè travay Li a fini, ou ap deja rate opòtinite a—l ap twò ta. Kèlkeswa jan rezolisyon ou ka fò, si Bondye pa fè travay sa a ankò, ou p ap janm kapab rive nan pèfeksyon, menm si ou fin epwize tèt ou nan fè efò. Ou dwe sezi opòtinite sa a epi kolabore pandan Sentespri a ap fè gwo travay Li a. Si ou rate okazyon sa a, yo p ap ba ou yon lòt, kèlkeswa efò ou ta fè. Gen kèk nan nou ki rele: “Bondye, mwen dispoze pran chay Ou an konsiderasyon, e mwen dispoze satisfè entansyon Ou yo!” Men, ou pa gen okenn chemen pou pratike, kidonk chay ou yo p ap ka dire. Si ou gen yon chemen devan ou, lè sa a ou ap fè eksperyans etap pa etap, epi eksperyans ou yo ap vin gen yon estrikti ak yon lòd. Lè ou fin akonpli yon chay, yo pral ba ou yon lòt. Pandan eksperyans lavi ou ap vin pi pwofon, chay ou yo, yo menm tou, ap vin pi pwofon. Gen kèk moun ki pote yon chay sèlman lè Sentespri a touche yo; apre yon sèten tan, lè yo pa gen yon chemen pratik ankò, yo sispann pote nenpòt chay. Ou pa kapab devlope chay yo nèt tou senpleman nan manje ak bwè pawòl Bondye yo. Se sèlman lè ou konprann anpil verite, lè ou vin gen disènman, lè ou kapab rezoud pwoblèm avèk verite a, epi konsa vin gen yon konpreyansyon ki pi egzak sou pawòl Bondye yo ak entansyon Bondye yo, se lè sa a ou pral devlope yon chay toutbon. Se sèlman lè ou gen chay ou ap kapab fè travay la kòmsadwa. Si ou gen yon chay san ou pa gen yon konpreyansyon klè sou verite a, sa p ap mache nonplis; ou dwe fè eksperyans pawòl Bondye yo pèsonèlman epi konnen kijan pou ou mete yo an pratik. Se sèlman apre ou menm ou fin antre nan reyalite a ou ap kapab bay lòt moun, dirije lòt moun, epi Bondye ap kapab pèfeksyone ou.
Nan “Chemen an… (4)”, li ekri nou tout se pèp wayòm nan, Bondye te predestine nou anvan tan yo, e pèsonn pa kapab retire nou. Li di tou Bondye vle sèvi ak chak moun epi pèfeksyone yo, e Li egzije pou yo kanpe kòm pèp Bondye; se sèlman lè yo vin pèp Bondye yo kapab satisfè entansyon Bondye yo. Nan epòk sa a, nou tout te fè kominyon sou kesyon sa a, nou t ap fè kominyon sou chemen pou antre nan lavi a dapre kritè yo pou pèp Bondye a. Se poutèt sa, travay Sentespri a t ap fè nan epòk sa a se te pou retire tout moun nan eta negatif yo epi mennen yo antre nan yon eta pozitif. Nan epòk sa a, tandans travay Sentespri a se te pèmèt tout moun pran plas yo kòm pèp Bondye, pou yo jwi pawòl Bondye yo, epi pou Li pèmèt chak moun pami nou konprann aklè nou se pèp Bondye—jan Li te predestine sa anvan tout tan—ke Satan pa kapab pran. Se konsa, nou tout te priye: “Bondye! Mwen dispoze vin youn nan pèp Ou yo, paske Ou te predestine nou anvan tout tan e paske se Ou menm ki ban nou estati sa a. Nou dispoze satisfè Ou pandan nou kanpe nan pozisyon sa a.” Lè ou te priye konsa, Sentespri a t ap touche kè ou; se konsa travay Sentespri a t ap avanse nan epòk sa a. Pandan peryòd sa a, nou ta dwe priye epi fòme tèt nou pou nou kalme kè nou devan Bondye, epi nou ta dwe kapab pouswiv lavi a epi pouswiv antre nan fòmasyon wayòm nan. Sa a se premye etap la. Kounye a, travay Bondye a se pou Li fè tout moun antre sou bon chemen an, pou yo gen yon lavi espirityèl nòmal ak vrè eksperyans, pou Sentespri a touche kè yo, epi, avèk bagay sa yo kòm fondasyon, pou yo aksepte komisyon Bondye konfye yo. Objektif antre nan fòmasyon wayòm nan se pou chak pawòl, chak aksyon, chak mouvman, chak panse ak chak lide pa nou antre nan pawòl Bondye yo; pou Bondye touche nou plis toujou epi konsa nou devlope yon kè ki renmen Bondye; epi pou nou pote yon chay ki pi gwo pou entansyon Bondye yo, pou tout moun ka sou chemen kote Bondye ap pèfeksyone yo, pou tout moun ka sou bon chemen an. Lè ou sou chemen sa a kote Bondye ap pèfeksyone ou, se lè sa a ou sou bon chemen an. Lè panse ak lide ou yo, ansanm ak move entansyon ou yo, kapab korije, epi ou kapab sispann konsidere enterè kò a pou ou pran entansyon Bondye an konsiderasyon pito, epi lè ou pa kite move entansyon yo boulvèse ou lè yo parèt, pou ou aji pito selon entansyon Bondye—si ou kapab rive fè yon chanjman konsa, se lè sa a ou sou bon chemen eksperyans lavi a. Lè fòmasyon ou nan lapriyè antre sou bon chemen an, Sentespri a ap touche ou nan lapriyè ou yo. Chak fwa ou priye, Sentespri a ap touche kè ou; chak fwa ou priye, ou ap kapab kalme kè ou devan Bondye. Chak fwa ou manje ak bwè yon chapit nan pawòl Bondye yo, si ou kapab konprann travay Li ap fè kounye a, epi ou kapab konprann kijan pou ou priye, kijan pou ou kolabore, ak kijan pou ou antre ladan yo, se sèlman lè sa a manje ak bwè pawòl Bondye yo pral bay rezilta. Lè, nan pawòl Bondye yo, ou kapab jwenn chemen pou antre nan lavi a, epi ou kapab konprann dinamik travay Bondye ap fè kounye a, ansanm ak tandans travay Sentespri a, se lè sa a ou pral fin antre sou bon chemen an. Si ou pa rive konprann pwen kle yo pandan ou ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, epi apre sa ou pa kapab jwenn yon chemen pratik, sa ap montre ou pa konnen kijan pou ou manje ak bwè pawòl Bondye yo toujou, e ou poko dekouvri metòd oswa prensip pou fè sa. Si ou pa kapab konprann travay Bondye ap fè kounye a, alò ou p ap kapab aksepte travay Li ta konfye ou pou ou fè. Travay Bondye ap fè kounye a se egzakteman sa lèzòm dwe antre anndan an epi konprann. Èske nou konprann bagay sa yo?
Si ou manje ak bwè pawòl Bondye yo yon fason ki efikas, lavi espirityèl ou ap vin nòmal, epi kèlkeswa eprèv ou ka rankontre, kèlkeswa sikonstans ou ka fè fas ak yo, kèlkeswa maladi fizik ou ka sibi, kèlkeswa distans ki ka vin genyen ant ou menm avèk frè ak sè yo oswa difikilte ou ka rankontre nan fanmi ou, ou ap kapab manje ak bwè pawòl Bondye yo nòmalman, priye nòmalman, epi kontinye viv lavi legliz la nòmalman; si ou kapab rive fè tout bagay sa yo, sa ap montre ou antre sou bon chemen an. Gen kèk moun ki twò frajil e ki pa gen pèseverans. Lè yo rankontre yon ti pwoblèm, yo kòmanse plenyen epi yo vin negatif. Pouswit verite a mande pèseverans ak rezolisyon. Si fwa sa a ou pa rive satisfè entansyon Bondye yo, lè sa a ou dwe kapab rayi tèt ou epi, nan fon kè ou, pran detèminasyon an silans pou w reyisi pwochèn fwa. Si, fwa sa a, ou pa t pran chay Bondye an konsiderasyon, lè sa a ou ta dwe pran detèminasyon pou w rebele kont lachè a lè w ap fè fas ak menm pwoblèm nan alavni, epi pran rezolisyon pou w satisfè entansyon Bondye yo. Se konsa w ap vin merite lwanj. Gen kèk moun ki pa menm konnen si pwòp panse oswa lide pa yo kòrèk; moun sa yo se moun sòt ki nan konfizyon. Si ou vle soumèt kè ou epi rebele kont lachè a, ou dwe konnen anvan tout bagay si entansyon ou yo kòrèk; se sèlman lè sa a ou kapab soumèt kè ou. Si ou pa konnen si entansyon ou yo kòrèk, èske ou kapab soumèt kè ou epi rebele kont lachè a toutbon? Menm si ou ta rebele, ou t ap fè sa nan konfizyon. Ou ta dwe konnen pou w rebele kont move entansyon ou yo; se sa rebele kont lachè a vle di. Lè ou rekonèt entansyon ou yo, panse ou yo ak lide ou yo pa kòrèk, ou ta dwe byen vit chanje direksyon epi mache sou bon chemen an. Fè yon gwo pwogrè sou kesyon sa a an premye, epi fòme tèt ou nan domèn sa a pou w antre ladan l, paske se ou menm ki konnen pi byen si entansyon ou yo kòrèk oswa non. Yon fwa ou korije entansyon ki pa kòrèk ou yo, pou entansyon ou yo vin oryante sou Bondye, lè sa a w ap rive atenn objektif pou soumèt kè ou.
Bagay ki pi enpòtan pou nou fè kounye a se vin gen konesans sou Bondye ak travay Li; ou dwe konnen tou kijan Sentespri a fè travay Li sou moun. Sa esansyèl pou antre sou bon chemen an. Li pral pi fasil pou ou fè sa lè ou fin konprann pwen enpòtan sa a. Ou kwè nan Bondye, epi ou konnen Bondye, sa ki montre lafwa ou nan Bondye merite non li. Si ou kontinye fè eksperyans, men finalman ou toujou pa kapab konnen Bondye, lè sa a siman ou se yon moun ki opoze ak Bondye. Moun ki kwè sèlman nan Jezikri san yo pa kwè nan Bondye ki enkane jodi a, yo tout kondane. Yo tout se Farizyen dènye jou yo, paske yo pa rekonèt Bondye jodi a e yo tout nan opozisyon ak Bondye. Menm si yo kwè nan Jezi nan fason ki pi kòrèk la, tout bagay sa yo ap anven; Bondye p ap apwouve yo. Tout moun ki gen yon pankat ki fè konnen yo kwè nan Bondye, men ki pa gen yon vrè konesans sou Bondye nan kè yo, se ipokrit!
Pou chèche pou Bondye pèfeksyone ou, ou dwe anvan tout bagay konprann sa sa vle di pou Bondye pèfeksyone ou, ansanm ak kondisyon ou dwe ranpli pou Bondye pèfeksyone ou. Lè yon moun fin konprann bagay sa yo, li dwe jwenn yon chemen pou pratike. Pou Bondye pèfeksyone ou, ou dwe gen yon sèten kalib. Anpil moun pa fèt ak yon kalib ki ase wo; nan ka sa a, ou dwe peye yon pri epi fè anpil efò sou plan pèsonèl. Plis kalib ou fèb, se plis efò pèsonèl ou dwe fè. Plis konpreyansyon ou genyen sou pawòl Bondye yo ap grandi epi plis ou mete yo an pratik, se pi vit ou kapab mete pye sou chemen kote Bondye ap pèfeksyone ou. Atravè lapriyè, ou kapab jwenn pèfeksyon pandan w ap priye; ou kapab jwenn pèfeksyon tou lè w ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, lè ou konprann sans esansyèl yo epi w ap viv reyalite yo. Lè w ap fè eksperyans pawòl Bondye yo chak jou, ou ta dwe rive konnen sa ki manke nan ou; pi plis toujou, ou ta dwe rekonèt defo fatal ou a ak feblès ou yo, epi priye Bondye epi sipliye Li. Lè ou fè sa, Bondye ap pèfeksyone ou piti piti. Chemen pou rive nan pèfeksyon an se: priye; manje ak bwè pawòl Bondye yo; konprann esans pawòl Bondye yo; antre nan eksperyans pawòl Bondye yo; vin konnen sa ki manke nan ou; soumèt devan travay Bondye a; pran chay Bondye yo an konsiderasyon epi rebele kont lachè a grasa kè ou ki renmen Bondye; epi fè kominyon souvan avèk frè ak sè ou yo, sa ki kapab anrichi eksperyans ou yo. Kit se lavi kominotè oswa lavi pèsonèl ou, kit se gwo asanble oswa ti asanble, tout bagay sa yo kapab pèmèt ou fè eksperyans, resevwa fòmasyon, epi pèmèt kè ou vin kalm devan Bondye epi vire vin jwenn Li. Tout bagay sa yo fè pati pwosesis kote Bondye ap pèfeksyone ou. Fè eksperyans pawòl Bondye yo, jan li te mansyone pi wo a, vle di kapab vrèman fè eksperyans yo pèsonèlman epi pèmèt tèt ou viv yo—konsa, w ap vin gen plis lafwa ak lanmou pou Bondye—e, lè w fè sa, piti piti w ap rejte dispozisyon kòwonpi satanik ou yo, w ap rejte move entansyon ou yo, epi w ap viv resanblans yon moun nòmal. Pral gen plis ak plis lanmou pou Bondye nan ou; sa vle di pral gen plis ak plis pati nan ou Bondye fin pèfeksyone, epi pati nan ou Satan kòwonpi yo ap vin ap vin mwens chak fwa. Atravè eksperyans pratik ou yo, piti piti w ap mete pye sou chemen pèfeksyon an. Se poutèt sa, si ou vle Bondye pèfeksyone ou, li sitou enpòtan pou ou pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon epi fè eksperyans pawòl Li yo.