Konsènan Bib la (3)

Se pa tout sa ki ekri nan Bib la ki se yon rapò sou pawòl Bondye te pwononse pèsonèlman. Bib la sèlman dokimante de etap travay Bondye te akonpli anvan yo: yon pati se rapò prediksyon pwofèt yo, epi yon lòt pati se eksperyans ak konesans moun Bondye te itilize atravè tout tan yo te ekri. Eksperyans lèzòm pote mak opinyon ak konesans lèzòm, e sa yon bagay ki inevitab. Anpil nan liv ki nan Bib la gen nosyon lèzòm, prejije lèzòm ak konpreyansyon defòme lèzòm ladan yo. Natirèlman, pifò pawòl sa yo se rezilta ekleraj ak limyè Sentespri a, epi yo reprezante konpreyansyon ki kòrèk; sepandan, nou toujou pa ka di yo se ekspresyon verite a ki egzak nèt. Opinyon yo sou sèten bagay pa anyen lòt pase konesans yo tire nan eksperyans pèsonèl yo oswa limyè Sentespri a te ba yo. Se Bondye menm ki te bay pwofèt yo enstriksyon dirèk pou yo fè prediksyon yo. Pwofesi moun tankou Ezayi, Danyèl, Esdras, Jeremi ak Ezekyèl te soti dirèkteman nan enstriksyon Sentespri a. Moun sa yo se te vwayan; yo te resevwa Lespri pwofesi a, epi yo tout te pwofèt nan Ansyen Testaman an. Pandan Epòk Lalwa a, moun sa yo, ki te resevwa enspirasyon Jewova, te pwononse anpil pwofesi selon enstriksyon dirèk Jewova te ba yo. E poukisa Jewova te travay nan yo? Paske pèp Izrayèl la se te pèp Bondye te chwazi a, e travay pwofèt yo te dwe akonpli nan mitan pèp sa a; se rezon sa a ki fè pwofèt yo te kapab resevwa revelasyon sa yo. An reyalite, menm yo menm pa t konprann revelasyon yo te resevwa yo. Sentespri a te sèvi ak bouch yo pou Li pwononse pawòl sa yo, yon fason pou moun ki pral viv nan tan k ap vini yo te kapab konprann bagay sa yo, rekonèt se te vrèman travay Lespri Bondye a, Sentespri a, e yo pa t soti nan lide lèzòm, konsa, tout moun te kapab jwenn konfimasyon travay Sentespri a. Pandan Epòk Lagras la, se Jezi menm ki te akonpli tout travay sa a nan plas yo; se poutèt sa, moun yo pa t anonse pwofesi ankò. Donk, èske Jezi te yon pwofèt? Natirèlman, Jezi te yon pwofèt, men Li te kapab akonpli travay apot yo tou: Li te kapab anonse pwofesi, preche epi anseye moun toupatou nan peyi a. Sepandan, travay Li te akonpli a ak idantite Li te reprezante a pa t menm bagay. Li te vini pou rachte tout limanite, pou rachte lèzòm anba peche. Li te yon pwofèt ak yon apot, men, pi plis pase sa, Li te Kris la. Yon pwofèt kapab pwononse pwofesi, men sa pa vle di pwofèt sa a se Kris la. Nan epòk sa a, Jezi te pwononse anpil pwofesi; se poutèt sa, nou kapab di Li te yon pwofèt, men nou pa kapab di, paske Li te yon pwofèt, Li pa t Kris la. Rezon an se paske Li te reprezante Bondye Li menm nan akonplisman yon etap nan travay Bondye a, epi idantite Li te diferan ak idantite Ezayi. Li te vini pou akonpli travay redanmsyon an, epi Li te bay lèzòm sa ki nesesè pou lavi yo, e Lespri Bondye a te vin sou Li dirèkteman; nan travay Li t ap akonpli a, pa t gen enspirasyon Lespri Bondye a ni enstriksyon Jewova; olye de sa, Lespri a te travay dirèkteman. Sa sifi pou pwouve Jezi pa t menm ak yon pwofèt. Travay Li te akonpli a se te travay redanmsyon an; an dezyèm, Li te pwononse pwofesi. Li te yon pwofèt, yon apot, men, pi plis pase sa, Li te Redanmtè a. Kanta pwofèt yo, yo te ka anonse pwofesi sèlman; yo pa t kapab akonpli okenn lòt travay nan plas Lespri Bondye a. Paske Jezi te akonpli anpil travay lèzòm pa t janm fè anvan, epi Li te fè travay pou rachte limanite, Li te diferan de moun tankou Ezayi. Gen kèk moun ki pa aksepte kouran travay Bondye ap fè jodi a, paske sa vin tounen yon obstak pou yo. Yo di: «Nan Ansyen Testaman an, anpil pwofèt te pale anpil pawòl tou. Donk, poukisa yo pa t Bondye ki te vin nan lachè? Bondye jodi a ap pale pawòl; èske sa sifi pou pwouve Li se Bondye ki enkane? Ou pa egzalte Bib la, ni ou pa etidye l—donk, sou ki baz ou di Li se Bondye ki enkane? Ou di se Sentespri a ki te fè Li konnen pawòl sa yo, epi ou kwè etap travay sa a se Bondye menm k ap fè l pèsonèlman. Men, sou ki baz ou kwè sa? Ou konsantre atansyon ou sou pawòl Bondye jodi a, e sanble ou nye Bib la epi ou mete l sou kote.» Se poutèt sa, yo toujou di ou kwè nan erezi ak doktrin etewodòks.

Si ou vle temwaye sou travay Bondye nan dènye jou yo, ou dwe konprann istwa reyèl ki dèyè Bib la, estrikti Bib la ak esans Bib la. Jodi a, moun toujou konsidere Bib la kòm Bondye menm, epi yo konsidere Bondye kòm Bib la. Menm jan an tou, yo kwè pawòl ki nan Bib la se sèl pawòl Bondye te pale, e se Bondye ki te pwononse yo tout. Tout moun ki kwè nan Bondye yo menm panse ke, byenke se moun ki te ekri swasant-sis liv Ansyen ak Nouvo Testaman yo, se Bondye te enspire ekriti yo tout, e yo reprezante yon rejis pawòl Sentespri a te pwononse. Sa a se yon konpreyansyon defòme lòm genyen, ki pa koresponn totalman ak reyalite yo. An reyalite, apa liv pwofesi yo, pi fò nan Ansyen Testaman an se yon dokiman istorik. Gen kèk nan epit Nouvo Testaman an ki soti nan eksperyans lòm, tandiske gen lòt ki soti nan ekleraj Sentespri a. Epit Pòl yo, pa egzanp, te soti nan travay lòm; yo tout se rezilta ekleraj Sentespri a te ba li, epi li te ekri yo pou legliz yo, kòm konsèy ak ankourajman pou frè ak sè ki te nan legliz sa yo. Se pa pawòl Sentespri a li menm te pwononse yo te ye. Pòl pa t kapab pale nan plas Sentespri a; li pa t yon pwofèt nonplis, alevwa pou l ta resevwa menm vizyon ak sa Jan te konn wè yo. Li te ekri epit li yo pou legliz Efèz, Korent, Galasi ak lòt legliz nan epòk li a. Se poutèt sa, epit Pòl yo nan Nouvo Testaman an se lèt Pòl te ekri pou legliz yo, se pa pawòl Sentespri a te enspire dirèkteman, ni se pa pawòl Sentespri a li menm te pwononse. Yo se sèlman pawòl konsèy, konsolasyon ak ankourajman li te ekri pou legliz yo pandan l t ap fè travay li a. Menm jan an tou, yo se yon rejis yon bon pati nan travay Pòl te fè nan epòk sa a. Li te ekri yo pou tout moun ki se frè ak sè nan Seyè a, pou frè ak sè nan legliz yo nan epòk sa a te koute konsèy li epi swiv chemen repantans Seyè Jezi a. Pòl pa t janm di, kit se pou legliz ki te egziste nan epòk sa a, kit se pou legliz ki t ap egziste alavni, tout moun te dwe manje ak bwè pawòl li te ekri yo, ni li pa t di tout pawòl li yo te soti nan Bondye. Se tou senpleman selon sitiyasyon legliz yo nan epòk sa a li te pataje sa li te konprann ak frè ak sè yo, ba yo konsèy, ankouraje yo nan lafwa, preche yo, fè yo sonje kèk bagay epi egzòte yo. Pawòl li yo te baze sou pwòp chay li te pote nan travay li, e se grasa pawòl sa yo li te soutni moun yo. Li t ap fè travay yon apot nan legliz yo nan epòk sa a; li te yon travayè Seyè Jezi te itilize, se poutèt sa, li te gen responsablite pou l pran swen legliz yo, akonpli travay legliz yo epi chèche konnen nan ki eta frè ak sè yo te ye. Se poutèt sa li te ekri lèt pou tout frè ak sè ki nan Seyè a. Tout pawòl Pòl te di ki te edifyan pou lòm e ki te pozitif te kòrèk, men yo pa t reprezante pawòl Sentespri a, ni yo pa t kapab reprezante Bondye. Si lòm trete temwayaj sou eksperyans yon moun ak lèt li ekri kòm pawòl Sentespri a te pwononse pou legliz yo, se yon konpreyansyon ki grav anpil, e se yon gwo blasfèm! Verite sa pi klè toujou konsènan lèt Pòl te ekri pou legliz yo. Li te ekri lèt sa yo pou frè ak sè yo dapre sikonstans ak sitiyasyon chak legliz nan epòk sa a, nan objektif pou egzòte frè ak sè ki nan Seyè a, pou yo te kapab resevwa gras Seyè Jezi a. Lèt li yo te vize reveye frè ak sè yo nan epòk sa a. Nou kapab di sa te reprezante pwòp chay Pòl, men se te tou yon chay Sentespri a te ba li. Dayè, li te yon apot ki t ap dirije legliz nan epòk sa a; se te responsablite li pou l ekri lèt pou legliz yo epi egzòte yo. Idantite li se te sèlman idantite yon apot ki t ap akonpli yon travay; li te senpleman yon apot Bondye te voye, li pa t yon pwofèt, ni yon moun ki te konn predi sa ki pral rive. Pou li, pwòp travay li ak lavi frè ak sè yo te gen pi gwo enpòtans. Se poutèt sa, li pa t kapab pale nan non Sentespri a, e pawòl li yo pa t pawòl Sentespri a, alewè pou yo ta kapab konsidere yo kòm pawòl Bondye. Paske, li pa t anyen plis pase yon kreyati; sètènman, li pa t Bondye enkane. Idantite li pa t menm ak pa Jezi a. Pawòl Jezi yo se te pawòl Sentespri a, se te pawòl Bondye, paske Li te gen idantite Kris la, Pitit Bondye a. Ki jan yo ta kapab mete Pòl sou menm nivo ak Li? Si lòm konsidere lèt ak pawòl Pòl yo, kòm pawòl Sentespri a te pwononse, epi yo adore yo tankou Bondye, sèl sa nou kapab di, yo manke disènman anpil. Pou nou pale pi sevè, èske sa pa yon blasfèm tou senpleman? Ki jan yon moun ta kapab pale nan non Bondye? E ki jan lòm ta kapab pwostène devan lèt yon moun ekri ak pawòl moun sa a te pale, kòmsi se te yon liv sakre oswa yon liv ki soti nan syèl la? Èske yon moun kapab pwononse pawòl Bondye alalejè, jan li vle? Ki jan yon moun ta kapab pale nan non Bondye? Kidonk, kisa nou di sou sa? Èske lèt Pòl te ekri pou legliz yo pa t kapab gen pwòp lide pa li ladan yo? Ki jan yo ta kapab pa gen eleman ki soti nan pwòp panse li? Li te ekri lèt pou legliz yo sou baz eksperyans pèsonèl li ak konesans li. Pa egzanp, Pòl te ekri yon lèt pou legliz Galasi yo, kote li te prezante yon opinyon patikilye; Pyè, bò kote pa l, te ekri yon lòt lèt ki te eksprime yon lòt pwendvi. Kiyès nan pwendvi sa yo ki te soti nan Sentespri a? Pèsonn pa kapab di sa avèk sètitid. Se poutèt sa, nou kapab sèlman di yo toude te pote yon chay pou legliz yo. Sepandan, lèt yo reflete nivo espirityèl yo, sa yo te kapab bay frè ak sè yo kòm nouriti ak soutyen espirityèl, ansanm ak chay yo te pote pou legliz yo. Lèt sa yo reprezante travay lèzòm sèlman; yo pa t soti nan Sentespri a nèt. Si ou deklare lèt Pòl yo se pawòl Sentespri a, se yon deklarasyon ki absid, e se blasfèm w ap komèt! Lèt Pòl yo ansanm ak lòt lèt Nouvo Testaman an kapab konpare ak memwa pèsonalite espirityèl nan epòk ki pi resan yo. Yo nan menm nivo ak liv Watchman Nee yo, temwayaj sou eksperyans Lawrence yo, ak lòt ekriti menm jan an. Se senpleman paske liv pèsonalite espirityèl ki pi resan sa yo pa t antre nan konpilasyon Nouvo Testaman an. Men, nan sans fondamantal yo, moun sa yo pa t diferan: Yo te moun Sentespri a te itilize pandan yon sèten peryòd, men yo pa t kapab reprezante Bondye dirèkteman.

Levanjil Matye a, nan Nouvo Testaman an, dokimante jeneyaloji Jezi. Nan kòmansman an, li deklare Jezi se te yon desandan Abraram ak David, epi li se pitit Jozèf. Apre sa, li presize se Sentespri a ki te konsevwa Jezi, e se yon vyèj ki te akouche Jezi. Sa ta vle di Li pa t pitit Jozèf, ni Li pa t desandan Abraram ak David. Sepandan, jeneyaloji a ensiste pou l asosye Jezi ak liy desandans Jozèf la. Apre sa, jeneyaloji a kòmanse rakonte pwosesis nesans Jezi. Li di Jezi te konsevwa grasa Sentespri a, se yon vyèj ki te fè Li fèt, e Li pa t pitit Jozèf. Men, nan jeneyaloji a, yo ekri aklè Jezi se te pitit Jozèf. Epi, piske jeneyaloji a te ekri pou Jezi, li prezante karant-de jenerasyon. Lè li rive nan jenerasyon Jozèf la, li mansyone byen vit Jozèf kòm mari Mari; yo mete deklarasyon sa a pou pwouve Jezi se te yon desandan Abraram. Èske sa pa yon kontradiksyon? Jeneyaloji a dokimante zansèt Jozèf yo san okenn anbigwite. Li evidan se jeneyaloji Jozèf la li ye, men Matye ensiste pou l prezante l kòm jeneyaloji Jezi. Èske sa pa nye reyalite ke Jezi te konsevwa grasa Sentespri a? Kidonk, èske jeneyaloji Matye a pa yon lide lèzòm envante? Sa pi ridikil toujou! Se konsa ou kapab konnen liv sa a absoliman pa t soti nèt nan Sentespri a. Petèt gen moun ki panse Bondye dwe gen yon jeneyaloji sou tè a; se poutèt sa yo klase Jezi kòm karant-dezyèm jenerasyon depi Abraram. Sa vrèman absid! Apre Bondye fin vini sou tè a, ki jan Li ta kapab gen yon jeneyaloji? Si ou deklare Bondye gen yon jeneyaloji, èske ou pa mete L nan menm kategori ak kreyati yo? Bondye pa soti nan tè a; Li se Kreyatè a. Byenke Li pran yon kò lachè, Li pa gen menm nati ak lòm. Kidonk, ki jan ou ta kapab klase Bondye pami kreyati yo? Abraram pa kapab reprezante Bondye. Nan epòk sa a, se li menm Jewova t ap fè travay Li sou li; li te sèlman yon sèvitè fidèl Jewova te jije diy pou Li sèvi, e li te youn nan moun ki te fè pati pèp Izrayèl la. Ki jan li ta ka yon zansèt Jezi?

Kiyès ki te ekri jeneyaloji Jezi a? Èske se Jezi Li menm ki te ekri l? Èske Jezi te di yo pèsonèlman: «Ekri jeneyaloji Mwen»? Se Matye ki te mete l alekri apre yo te fin kloure Jezi sou kwa a. Nan epòk sa a, Jezi te akonpli anpil travay disip Li yo pa t kapab konprann, san Li pa t bay okenn esplikasyon sou yo. Apre Li te fin kite yo, disip yo te kòmanse preche epi akonpli travay yo toupatou. Pou yo te kapab reyalize objektif etap travay sa a, yo te kòmanse ekri epit yo ak liv Levanjil yo. Yo te ekri liv Levanjil Nouvo Testaman yo anviwon ven a trant ane apre yo te fin kloure Jezi sou kwa a. Anvan sa, moun Izrayèl yo te li Ansyen Testaman an sèlman. Sa vle di, nan kòmansman Epòk Lagras la, moun yo te konn li Ansyen Testaman. Nouvo Testaman an te parèt sèlman pandan Epòk Lagras la. Nouvo Testaman an pa t egziste pandan Jezi t ap akonpli travay Li a. Se apre Li te fin resisite epi monte nan syèl la moun yo te kòmanse mete travay Li alekri. Se lè sa a kat Levanjil yo te parèt, ansanm ak lèt Pòl ak Pyè yo, epi Liv Revelasyon an. Plis pase twasan ane apre Jezi te fin monte nan syèl la, jenerasyon ki te vin apre yo te fè yon seleksyon nan dokiman sa yo epi yo te rasanble yo. Se sèlman lè sa a Nouvo Testaman Bib la te pran fòm. Anvan sa, li pa t egziste. Bondye te akonpli tout travay sa a, pandan Pòl ak lòt apot yo te ekri anpil lèt pou legliz ki te nan divès lokalite. Moun ki te vin apre yo te rasanble lèt sa yo, epi yo te ajoute temwayaj Jan sou pi gwo vizyon li te wè sou zile Patmos la, yon vizyon kote li te pwofetize sou travay Bondye nan dènye jou yo. Se moun sa yo ki te òganize dokiman yo nan lòd sa a, yon lòd ki diferan ak pawòl Bondye ap pwononse jodi a. Sa ki anrejistre jodi a swiv etap travay Bondye yo. Sa moun ap viv jodi a, se travay Bondye menm k ap akonpli pèsonèlman, ansanm ak pawòl Li menm Li pwononse dirèkteman. Ou menm, lòm, ou pa bezwen entèvni nan sa. Pawòl ki soti dirèkteman nan Lespri a te òganize etap pa etap, e aranjman sa a diferan ak fason moun te fè anrejistreman pa yo. Nou kapab di sa lèzòm te anrejistre yo te reflete nivo edikasyon yo ak kalib yo kòm moun. Anrejistreman sa yo te baze sou eksperyans pèsonèl yo. Chak moun te gen pwòp metòd pa li pou anrejistre sa li te viv, ansanm ak pwòp konpreyansyon pa li; se poutèt sa, chak anrejistreman te diferan. Kidonk, si ou adore Bib la kòm si se Bondye Li menm li ye, ou montre ou gen yon inyorans ak yon sòtiz ki ekstrèm! Poukisa ou pa chèche dekouvri travay Bondye ap akonpli jodi a? Se travay Bondye sèlman ki kapab sove lòm. Bib la pa kapab sove lòm: moun kapab li l pandan plizyè milye ane san sa pa pote menm yon ti chanjman nan yo. Si ou adore Bib la, ou p ap janm jwenn travay Sentespri a. De etap travay Bondye te akonpli ann Izrayèl yo toude konsève nan Bib la. Se poutèt sa, nan tout anrejistreman sa yo, non yo se non moun Izrayèl, e evènman yo se evènman ki te pase ann Izrayèl. Menm non «Jezi» a se yon non izrayelit. Si ou kontinye li Bib la jodi a, èske sa pa vle di ou toujou ap respekte règleman yo? Sa ki anrejistre nan Nouvo Testaman Bib la konsène evènman ki te pase nan Jide. Tèks orijinal yo te ekri an grèk ak an ebre, epi non yo te ba li ansanm ak pawòl Jezi te pwononse nan epòk sa a te nan lang lòm. Lè yo te kloure Jezi sou kwa a, Li te di: «Eli, Eli, lama sabaktani?» Èske sa pa yon ekspresyon an ebre? Se sèlman paske Jezi te enkane nan Jide sa te rive konsa; men sa pa pwouve Bondye se yon Jwif. Jodi a, Bondye vin nan lachè nan peyi Lachin; kidonk, se san dout tout sa Li di se an chinwa Li di yo. Sepandan, pawòl sa yo pa ka konpare ak tèks chinwa ki tradwi apati Bib la, paske sous pawòl sa yo diferan. Youn soti nan pawòl an ebre moun te anrejistre, tandiske lòt la se pawòl Lespri a pwononse dirèkteman. Ki jan li ta posib pou pa gen okenn diferans ant yo?

Anvan: Konsènan Bib la (2)

Apre: Konsènan Bib la (4)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger