Konsènan Bib la (2)
Yo rele Bib la tou Ansyen Testaman ak Nouvo Testaman. Èske nou konnen kisa mo «testaman» an vle di? «Testaman» nan Ansyen Testaman an soti nan alyans Jewova te fè ak pèp Izrayèl la lè Li te frape Ejipsyen yo atè epi Li te delivre Izrayelit yo anba men Farawon an. Natirèlman, prèv alyans sa a se te san ti mouton an yo te pase sou lento pòt yo. Se konsa, Bondye te fè yon alyans ak lòm, kote yo te di tout moun ki te gen san ti mouton an sou lento pòt la ak sou de bò pòt la se Izrayelit; yo te pèp Bondye te chwazi a, e Jewova t ap epanye yo tout (paske lè sa a, Jewova ta pral touye tout premye pitit gason nan peyi Ejip la, ansanm ak premye pitit mouton ak bèf). Alyans sa a gen de nivo siyifikasyon. Jewova pa t ap sove ni moun ni betay nan peyi Ejip; Li t ap touye tout premye pitit gason yo, ansanm ak premye pitit mouton ak bèf yo. Se poutèt sa, nan anpil liv pwofetik, yo te anonse davans Bondye t ap chatye Ejipsyen yo sevèman. Sa te rezilta alyans Jewova te fè a. Se premye nivo siyifikasyon alyans sa a. Jewova te touye tout premye pitit gason nan peyi Ejip la ansanm ak tout premye pitit bèt yo, epi Li te epanye tout Izrayelit yo. Sa vle di Jewova te kenbe tout moun ki te fè pati pèp Izrayèl la nan kè Li, e Li t ap epanye yo tout. Li te gen entansyon travay sou yo pandan anpil tan, e Li te etabli alyans sa a avèk yo grasa san ti mouton an. Depi lè sa a, Jewova pa t ap touye Izrayelit yo ankò, e Li te di yo t ap toujou pèp Li te chwazi a. Pami douz tribi Izrayèl yo, Li t ap fè travay Li pandan tout Epòk Lalwa a. Li t ap fè Izrayelit yo konnen tout lwa Li yo, epi Li t ap chwazi pwofèt ak jij pami yo, e yo t ap nan sant travay Li a. Jewova te fè yon alyans avèk yo: toutotan epòk la pa t chanje, Li t ap travay sèlman nan mitan pèp Li te chwazi a. Alyans Jewova a pa t kapab chanje, paske Li te etabli l nan san, e Li te fè l avèk pèp Li te chwazi a. Sa ki pi enpòtan toujou, Li te chwazi yon limit ak yon gwoup moun ki apwopriye pou Li te ka fè travay Li pandan tout epòk sa a. Kòm rezilta, moun yo te konsidere alyans sa a kòm yon bagay ki enpòtan anpil. Sa a se dezyèm nivo siyifikasyon alyans lan. Eksepte liv Jenèz la, ki rakonte sa ki te pase anvan alyans lan te etabli, tout lòt liv Ansyen Testaman an rakonte travay Bondye te fè nan mitan Izrayelit yo apre Li te fin etabli alyans lan. Natirèlman, pafwa gen istwa ki pale de moun lòt nasyon yo, men an jeneral, Ansyen Testaman an rakonte travay Bondye te fè ann Izrayèl. Akoz alyans Jewova te fè ak Izrayelit yo, yo rele liv ki te ekri pandan Epòk Lalwa a Ansyen Testaman. Yo ba yo non sa a akoz alyans Jewova te fè ak Izrayelit yo.
Nouvo Testaman an pote non sa a akoz san Jezi te koule sou kwa a ak alyans Li te fè ak tout moun ki te kwè nan Li. Men sa alyans Jezi a te ye: moun yo te sèlman bezwen kwè nan Li pou peche yo te ka jwenn padon grasa san Li te koule a. Kidonk, Li t ap rachte yo epi yo t ap fèt yon lòt fwa grasa Li, e yo pa t ap pechè ankò; moun yo te sèlman bezwen kwè nan Li pou yo te resevwa gras Li, e yo pa t ap soufri nan lanfè apre yo te mouri. Tout liv ki te ekri pandan Epòk Lagras la te ekri apre alyans sa a, e yo tout rakonte travay ak pawòl ki nan alyans sa a. Yo pa depase gras sali krisifiksyon Seyè Jezi a, ni depase alyans lan. Tout se liv frè nan Seyè a ki te fè eksperyans sa yo te ekri. Se poutèt sa, liv sa yo pote non yon alyans tou: yo rele yo Nouvo Testaman. De testaman sa yo gen Epòk Lalwa ak Epòk Lagras ladan yo sèlman, e yo pa gen okenn rapò ak dènye epòk la. Konsa, Bib la pa itil anpil pou moun k ap viv nan dènye jou yo jodi a. Plis li ka fè se sèvi kòm yon referans tanporè, men an reyalite, li pa gen anpil valè pratik. Men, moun relijye yo toujou bay Bib la plis enpòtans pase tout lòt bagay. Yo pa konnen Bib la; yo konnen ki jan pou yo eksplike Bib la sèlman, e yo pa konnen anyen sou orijin li. Men ki atitid yo genyen anvè Bib la: Tout sa ki ekri nan Bib la kòrèk; li pa gen okenn enfòmasyon ki pa egzak ni okenn erè. Paske yo te deja deside davans Bib la kòrèk e li pa gen okenn erè, yo te kòmanse etidye l epi egzamine l avèk anpil atansyon. Etap travay k ap fèt jodi a pa t anonse davans nan Bib la; yo pa t mansyone travay konkèt la nan kote ki pi fènwa nan tout kote yo. Se paske sa a se travay ki pi resan. Kòm epòk travay la diferan, menm Jezi Li menm pa t konnen etap travay sa a ta pral fèt nan dènye jou yo. Donk, ki jan moun dènye jou yo ta ka jwenn etap travay sa a nan Bib la lè y ap egzamine l?
Pifò moun ki eksplike Bib la sèvi ak lojik pou yo fè dediksyon, san yo pa baze sou reyalite. Yo jis sèvi ak rezònman pou egzamine Bib la sou plizyè ang. Pandan plizyè ane, pèsonn pa t janm oze analize Bib la an pwofondè oswa rejte Bib la, paske yo konsidere liv sa a kòm «liv ki sen» an, e yo adore l kòmsi se Bondye li ye. Sa te kontinye pandan plizyè milye ane. Bondye pa t okipe sa, e pèsonn pa t dekouvri vrè istwa Bib la. Nou di lè moun konsidere Bib la kòm yon trezò, se adore zidòl, men okenn nan kwayan sa yo ki gen anpil devosyon pa oze wè bagay la konsa. Epi y ap egzòte w, y ap di w: «Frè m! Pa di sa, se yon bagay terib! Ki jan ou ka blasfeme kont Bondye konsa?» Apre sa, y ap pran yon pòz ki montre jan yo jennen e yo malalèz: «O Jezi, Sovè ki gen mizèrikòd, mwen sipliye W pou W padone peche li, paske Ou se Seyè ki renmen lòm, e nou tout peche. Tanpri, fè nou anpil mizèrikòd, amèn.» Se konsa yo montre jan yo «gen anpil pyete». Ki jan yo ta ka aksepte laverite a fasil konsa? Lè w di yon bagay konsa, w ap fè yo pè anpil. Sa k pi rèd toujou, pèsonn pa ta oze panse Bib la ka tache ak lide ak konsepsyon lòm. Pèsonn pa rive wè defo sa a. Gen kèk bagay nan Bib la ki soti nan eksperyans ak konesans moun yo, gen lòt ki soti nan ekleraj Sentespri a, epi gen kèk ladan yo tou ki melanje ak panse lòm. Bondye pa janm entèvni nan bagay sa yo, men gen yon limit: bagay sa yo pa dwe depase sa ki nòmal nan panse lòm. Si yo depase limit sa a, yo twouble epi yo deranje travay Bondye a. Se travay Satan sa ye, paske yo anpeche moun yo akonpli devwa yo, yo fè yo fè travay Satan epi yo fè yo tonbe anba dominasyon li. Nan moman sa a, Sentespri a p ap pèmèt yo aji konsa. Pafwa, gen kèk frè ak sè ki mande M: «Èske li bon pou m travay nan fason sa a?» Mwen gade nivo espirityèl yo epi Mwen di: «Wi, sa bon!» Gen lòt moun tou ki di: «Si m travay nan fason sa a, èske eta mwen nòmal?» E Mwen di: «Wi! Li nòmal nèt, li nòmal anpil!» Gen lòt ki mande: «Èske li bon pou m travay nan fason sa a?» E Mwen di: «Non!» Yo mande: «Poukisa li bon pou li, men li pa bon pou mwen?» E Mwen di: «Paske sa w ap fè a soti nan Satan. Se yon bagay k ap deranje travay la, e motivasyon w ansanm ak sous ki pouse w aji konsa pa bon.» Gen kèk fwa tou, travay la pa rive nan pwen sa a, e frè ak sè yo pa rann yo kont sa. Gen kèk ki mande M si li bon pou yo travay yon fason presi, e lè M wè aksyon yo p ap deranje travay ki gen pou fèt pi devan an, M di yo pa gen pwoblèm pou yo fè sa. Travay Sentespri a bay moun yo yon sèten kad; moun yo pa oblije swiv entansyon orijinal Sentespri a egzakteman, paske moun yo gen yon fason nòmal pou yo panse ansanm ak feblès pa yo. Yo gen kèk bezwen lachè, yo gen pwoblèm reyèl, epi gen kèk panse ki nan lespri yo yo pa ka kontwole ditou. Tout sa M mande moun yo gen yon limit. Gen kèk moun ki panse pawòl Mwen yo pa klè, kòmsi M ap di yo pou yo aji jan yo vle. Se paske ou pa konprann gen yon kad ki apwopriye nan egzijans Mwen yo. Si bagay yo te jan ou imajine l la, sa vle di si M te mande tout moun menm bagay la san okenn eksepsyon epi M te egzije pou yo tout rive nan menm nivo espirityèl la — sa pa t ap mache. Sa vle di mande moun yo fè sa ki enposib, e se prensip travay lòm, se pa prensip travay Bondye. Bondye fè travay Li selon sitiyasyon reyèl moun yo, e Li baze travay Li sou kalib natirèl yo. Sa a se prensip pou preche levanjil la tou: Ou dwe avanse dousman, kite bagay yo suiv kou natirèl yo. Se sèlman lè ou fin eksplike laverite a aklè bay yon moun li pral konprann, e se sèlman lè sa a li pral kapab mete Bib la sou kote. Si Bondye pa t fè etap travay sa a, kiyès ki t ap kapab kraze tradisyon yo? Kiyès ki t ap kapab fè nouvo travay la? Kiyès ki t ap kapab jwenn yon nouvo chemen ki pa nan Bib la? Moun yo tèlman anrasinen nan nosyon tradisyonèl ak prensip etik feyodal yo, yo pa gen kapasite pou yo chase bagay sa yo poukont yo, ni yo pa gen kouraj pou yo fè sa. San pale de jan, jounen jodi a, kèk pawòl mouri nan Bib la pran moun yo nan pyèj, e pawòl sa yo pran tout plas nan kè yo. Kidonk, ki jan yo ta ka dispoze abandone Bib la? Ki jan yo ta ka aksepte yon chemen ki pa nan Bib la fasil konsa? Sa pa t ap posib sof si ou ta ka eksplike aklè vrè istwa ki dèyè Bib la ansanm ak prensip travay Sentespri a, yon fason pou tout moun vin totalman konvenki. Sa a se yon bagay ki endispansab. Se paske tout moun nan relijyon yo bay Bib la yon plas ki twò enpòtan, e yo adore l kòmsi se Bondye li ye. Yo vle limite Bondye nan kad Bib la tou, e menm kloure L sou kwa a yon lòt fwa ankò. Se sèlman lè sa a yo pral atenn objektif yo.