Bondye Rann Pafè Sila Yo ki Ann Akò ak Volonte Li

Kounye a Bondye vle jwenn yon gwoup moun, yon gwoup ki gen ladan l moun ki fè tout sa yo kapab pou yo kolabore avèk Li, ki kapab soumèt yo devan travay Li, ki kwè pawòl Bondye pale yo se verite, epi ki kapab mete sa Bondye mande yo an pratik. Se moun sa yo ki gen yon konpreyansyon toutbon nan kè yo; se yo menm Bondye kapab mennen nan pèfeksyon, e yo pral nesesèman kapab mache sou chemen pèfeksyon an. Moun ki pa kapab rive nan pèfeksyon yo se moun ki pa gen yon konpreyansyon klè de travay Bondye, ki pa manje ak bwè pawòl Bondye yo, ki pa bay pawòl Li yo okenn enpòtans, epi ki pa genyen lanmou pou Bondye nan kè yo. Moun ki gen dout sou Bondye ki vin lachè a, ki toujou rete nan ensètitid konsènan Li, ki pa janm pran pawòl Li yo oserye epi ki toujou ap chèche twonpe Li, se moun ki reziste kont Bondye e ki pou Satan; pa gen okenn fason pou Bondye mennen moun konsa nan pèfeksyon.

Si ou vle Bondye mennen ou nan pèfeksyon, anvan tout bagay, ou dwe jwenn favè nan je Bondye, paske Li rann pafè moun ki resevwa favè nan je Li epi ki ann akò ak volonte Li. Si ou vle ann akò ak volonte Bondye, ou dwe gen yon kè ki soumèt devan travay Li, ou dwe fè tout sa ou kapab pou chèche laverite, epi ou dwe aksepte pou Bondye egzamine ou nan tout bagay. Èske tout sa ou fè pase anba egzamen Bondye? Èske entansyon ou yo dwat? Si entansyon ou dwat, Bondye ap apwouve ou; men si entansyon ou pa dwat, sa montre sa kè ou renmen an se pa Bondye, men se lachè ak Satan. Se poutèt sa, ou dwe sèvi ak lapriyè kòm yon mwayen pou aksepte egzamen Bondye nan tout bagay. Lè ou ap lapriyè, byenke Mwen pa kanpe fizikman devan ou, Lespri Sen an avèk ou, epi w ap priye ni Moun Mwen ye a, ni Lespri Bondye a. Poukisa ou kwè nan chè sa a? Ou kwè paske Lespri Bondye a nan Li. Èske ou t ap kwè nan moun sa a si Li pa t gen Lespri Bondye a? Lè ou kwè nan moun sa a, se nan Lespri Bondye a ou kwè. Fè ou gen krentif pou moun sa a, se fè ou gen krentif pou Lespri Bondye a. Gen lafwa nan Lespri Bondye a se gen lafwa nan moun sa a, epi gen lafwa nan moun sa a se gen lafwa tou nan Lespri Bondye a. Lè ou ap priye, ou santi Lespri Bondye a avèk ou e Bondye devan ou; se poutèt sa, se Lespri Li ou priye. Jodia, pifò moun pè mete sa yo fè devan Bondye; menmsi ou ta ka twonpe chè Li, ou pa kapab twonpe Lespri Li. Nenpòt bagay ki pa kapab kanpe devan egzamen Bondye pa ann akò ak laverite, e ou ta dwe voye l jete; lè ou fè kontrè a, se Bondye ou ofanse. Se poutèt sa, kit ou ap priye, kit ou ap pale epi fè kominyon ak frè ak sè ou yo, kit ou ap akonpli devwa ou oswa ou ap fè travay ou gen pou ou fè, ou dwe mete kè ou devan Bondye. Lè ou ranpli fonksyon ou, Bondye avèk ou; depi entansyon ou dwat epi se pou kay Bondye a ou ap travay, Li ap aksepte tout sa ou fè; ou dwe akonpli fonksyon ou avèk senserite. Lè ou ap priye, ou dwe gen yon kè ki renmen Bondye epi chèche swen, pwoteksyon ak egzamen Bondye. Si se entansyon sa yo ou genyen, lapriyè ou yo ap efikas. Pa egzanp, lè ou ap priye nan rasanbleman yo, si ou louvri kè ou, epi ou priye Bondye epi di Li sa ki nan kè ou san ou pa bay manti, lè sa, lapriyè ou yo ap sètenman efikas. Si ou gen yon kè sensè ki renmen Bondye vre, lè sa a, fè yon sèman devan Bondye: “Bondye, Ou menm ki nan syèl la, sou tè a, ak nan mitan tout bagay, mwen fè sèman devan Ou: Se pou Lespri Ou egzamine tout sa mwen fè, epi pwoteje m ak pran swen m tout tan, konsa tout sa mwen fè kapab kanpe fèm devan Ou. Si kè mwen pa ta renmen Ou, oswa si li ta janm trayi Ou, tanpri, pini m sevèman epi modi m. Pa padonnen m ni nan lavi sa a, ni nan monn k ap vini an!” Èske ou oze fè yon sèman konsa? Si ou pa oze fè li, sa montre ou lach epi ou renmen tèt ou toujou. Èske nou gen detèminasyon sa a? Si nou gen detèminasyon sa vrèman, nou ta dwe fè sèman sa a. Si ou gen detèminasyon sa a epi ou fè yon sèman konsa, lè sa Bondye ap fè detèminasyon ou lan vin yon reyalite. Lè ou fè yon sèman devan Bondye, Li tande ou. Bondye detèmine si ou se pechè oswa si ou jis daprè lapriyè ou ak sa w mete an pratik. Kounye a, nou nan pwosesis pou Bondye rann nou pafè; si ou gen yon lafwa toutbon ke Bondye ap rann ou pafè, lè sa a, ou ap pote tout sa ou fè devan Bondye epi ou ap aksepte pou Li egzamine ou. Si ou fè yon bagay ki montre yon rebelyon grav anpil oswa si ou trayi Bondye, Li ap fè sèman ou an vin reyalite; lè sa a, kit ou fè fas ak pèdisyon, kit ou sibi chatiman, se pwòp aksyon pa ou ki lakòz sa. Ou te fè sèman an, ou dwe respekte li. Si ou fè yon sèman, men ou pa respekte li, ou ap soufri pèdisyon. Piske se ou menm ki te fè sèman an, Bondye ap fè sèman ou an vin reyalite. Gen kèk moun ki pè aprè yo fin priye, epi yo di: “Tout bagay fini! Mwen pa gen chans ankò pou m viv nan debòch; mwen pa gen chans ankò pou m fè move bagay; mwen pa gen chans ankò pou m satisfè dezi m nan monn sa a!” Moun sa yo toujou renmen monn nan ak peche; se sèten yo pral soufri pèdisyon.

Antanke kwayan nan Bondye, ou dwe kapab mete tout zèv ak tout aksyon ou yo devan Li epi aksepte pou Li egzamine ou. Si ou ka pote sa ou fè yo devan Lespri Bondye a, men ou pa ka pote yo devan Bondye ki nan lachè a, sa montre ou poko aksepte egzamen Lespri Li a. Ki moun Lespri Bondye a ye? Ki moun Bondye rann temwayaj pou li a ye? Èske se pa yon sèl e menm Moun nan? Pifò moun konsidere Yo kòm de moun apa; yo kwè Lespri Bondye a se Lespri Bondye, epi moun Bondye rann temwayaj pou li a se sèlman yon moun. Men, èske ou pa twonpe ou? Nan non kiyès moun sa a ap travay? Moun ki pa konnen Bondye ki vin nan lachè a pa gen konpreyansyon espirityèl. Lespri Bondye a ak chè Li te pran pou l vin moun nan se yon sèl, paske se Lespri Bondye a ki manifeste nan lachè. Si moun sa a pa janti avèk ou, èske Lespri Bondye a ap janti avèk ou? Èske ou pa nan konfizyon? Jodi a, tout moun ki pa kapab aksepte egzamen Bondye pa kapab resevwa apwobasyon Li, epi moun ki pa konnen Bondye ki vin nan lachè a pa kapab rive nan pèfeksyon. Gade tout sa ou fè, epi egzamine si ou kapab pote yo devan Bondye. Si ou pa kapab pote tout sa ou fè devan Bondye, sa montre ou se moun k ap fè sa ki mal. Èske moun k ap fè sa ki mal kapab vin pafè? Tout sa ou fè, chak aksyon, chak entansyon ak chak reyaksyon ou genyen ou dwe pote devan Bondye pou Li egzamine yo. Sa vle di tout bagay ki gen rapò ak lavi espirityèl ou chak jou—lapriyè, pwoche bò kote Bondye, manje ak bwè pawòl Bondye yo, fè kominyon ak frè ak sè ou yo, epi viv lavi legliz la—rive jis nan sèvis ou lè ou ap kolabore avèk lòt moun, dwe pote devan Bondye pou Li egzamine yo. Se pratik sa yo k ap ede ou grandi nan lavi. Pwosesis pou aksepte egzamen Bondye a se yon pwosesis pou pirifye ou. Plis ou kapab aksepte egzamen Bondye, se plis ou vin pirifye, epi se plis ou vin ann akò ak volonte Bondye; konsa, ou p ap tonbe nan debòch, epi kè ou ap kapab viv nan prezans Li. Plis ou aksepte egzamen Li, se plis Satan sibi imilyasyon, epi se plis kapasite ou genyen pou ou fè rebelyon kont lachè a ap grandi. Se poutèt sa, aksepte egzamen Bondye se yon chemen pratik moun dwe suiv. Kèlkeswa sa ou ap fè, menm lè ou ap fè kominyon ak frè ak sè ou yo, ou dwe mete aksyon ou yo devan Bondye epi chèche pou Li egzamine yo, epi ou dwe soumèt tèt ou volontèman devan Bondye Li menm; sa ap fè fason ou pratike vin pi egzak. Se sèlman lè ou pote tout sa ou fè devan Bondye epi aksepte egzamen Li, ou kapab vin moun k ap viv nan prezans Bondye.

Moun ki pa gen konpreyansyon sou Bondye p ap janm ka soumèt nèt devan Bondye. Moun konsa se pitit rebelyon yo ye. Yo gen twòp anbisyon, epi gen twòp rebelyon anndan yo; se poutèt sa yo pran distans yo ak Bondye epi yo pa vle aksepte egzamen Li. Moun konsa pa fasil pou Bondye rann yo pafè. Gen kèk moun ki chwazi ki pati nan pawòl Bondye yo pou yo manje ak bwè epi ki pati yo vle aksepte. Yo aksepte kèk pati nan pawòl Bondye yo ki ann akò ak konsepsyon pa yo, pandan yo rejte sa ki pa ann akò avèk yo. Èske sa pa pi gwo fòm rebelyon ak rezistans kont Bondye? Si yon moun kwè nan Bondye pandan plizyè ane san li pa rive gen menm yon ti kras konpreyansyon sou Bondye, li klè moun sa a se yon moun ki pa kwè toutbon. Moun ki dispoze aksepte egzamen Bondye se moun k ap chèche konprann Bondye, e ki dispoze aksepte pawòl Li yo. Se moun sa yo ki pral resevwa eritaj Bondye a, ki pral eritye benediksyon Li yo, e se yo menm ki pi beni. Bondye modi moun ki pa gen plas pou Li nan kè yo, e Li chatye ak abandone mòd moun sa yo. Si ou pa renmen Bondye, Li ap abandone ou; epi si ou pa koute sa Mwen di, Mwen garanti ou Lespri Bondye a ap abandone ou. Eseye li, si ou pa kwè sa! Jodia, Mwen montre ou yon chemen pratik pou ou suiv, men se oumenm ki pou deside si ou ap mete li an pratik. Si ou pa kwè li, si ou pa mete li an pratik, ou ap wè pou tèt pa ou si wi ou non Lespri Sen an ap travay nan ou! Si ou pa chèche konprann Bondye, Lespri Sen an p ap travay nan ou. Bondye travay nan moun ki chèche pawòl Li yo epi ki bay yo anpil valè. Plis ou bay pawòl Bondye yo valè, se plis Lespri Li ap travay nan ou. Plis yon moun bay pawòl Bondye yo valè, se plis li ap jwenn okazyon pou Bondye rann li pafè. Bondye rann moun ki renmen Li toutbon yo pafè, epi Li rann moun ki gen kè yo anpè devan Li yo pafè. Ou dwe bay tout travay Bondye a anpil valè, bay limyè Bondye fè ou jwenn nan anpil valè, bay prezans Bondye, swen Li ak pwoteksyon Li anpil valè, epi bay fason pawòl Bondye yo vin tounen reyalite nan lavi ou epi nouri lavi ou anpil valè; se sa ki pi vrèman ann akò ak volonte Bondye. Si ou bay travay Bondye a anpil valè, sa vle di, si ou bay tout travay Li fè nan ou anpil valè, lè sa a, Li ap beni ou epi Li ap miltipliye tout sa ki pou ou. Si ou pa bay pawòl Bondye yo valè, Li p ap travay nan ou; Li ap sèlman ba ou yon ti favè poutèt ou kwè nan Li, Li ap kite ou jwenn kèk benediksyon materyèl oswa Li bay fanmi ou yon ti pwoteksyon. Ou dwe chèche fè pawòl Bondye yo vin tounen reyalite nan lavi ou, pou ou kapab fè Li plezi epi pou ou kapab ann akò ak volonte Li; ou pa dwe sèlman chèche jwi favè Li. Pou moun ki kwè nan Bondye, pa gen anyen ki pi enpòtan pase resevwa travay Bondye a, kite Bondye rann yo pafè, epi vin moun ki suiv volonte Bondye. Se objektif sa a ou dwe chèche atenn.

Tout sa moun t ap chèche nan Laj Gras la pa valab ankò, paske kounye a gen yon nivo egzijans ki pi wo pou sa moun dwe chèche; sa y ap chèche a pi wo, men li pi pratik tou, epi li kapab satisfè pi byen bezwen ki nan fon kè lòm. Bondye pa t travay nan moun ki te viv nan epòk ak jenerasyon anvan yo menm jan Li ap travay jodia; Li pa t pale avèk yo nan menm mezi Li pale avèk nou jodia, e egzijans Li te genyen pou yo pa t osi wo ke egzijans Li genyen pou nou jodia. Lefètke Bondye gen egzijans sa yo pou nou kounye a montre entansyon final Bondye konsantre sou nou, sou gwoup moun sa a. Si ou vle toutbon pou Bondye rann ou pafè, ou dwe fè li tounen objektif prensipal ou. Kèlkeswa sa ou ap fè a, si ou ap ale vini, si ou ap bay tout fòs ou nan travay la, si ou ap akonpli yon fonksyon, oswa si ou ap aksepte komisyon Bondye ba ou a, ou dwe toujou vize pou Bondye rann ou pafè epi pou ou satisfè volonte Li, pou ou rive atenn objektif sa a. Si yon moun di li pa chèche pou Bondye rann li pafè ni li pa chèche antre nan lavi a, men li sèlman chèche lapè ak lajwa dapre lachè, lè sa a, se moun sa ki pi avèg nan mitan moun yo. Moun ki pa chèche reyalite lavi a, men ki sèlman chèche lavi etènèl nan monn k ap vini an ak sekirite nan lavi sa a, se yo menm ki pi avèg nan mitan moun yo. Se poutèt sa, tout sa ou fè dwe fèt nan objektif pou Bondye rann ou pafè epi pou Li vin genyen ou kòm moun pa Li.

Travay Bondye fè nan moun se bay yo sa yo bezwen selon bezwen chak moun. Plis lavi yon moun ap grandi, se plis bezwen li vin genyen, epi se plis li ap chèche genyen. Si, nan etap sa a, ou pa gen okenn bagay ou ap chèche ankò, sa montre Lespri Sen an abandone ou. Tout moun k ap chèche lavi, Lespri Sen an p ap janm abandone yo; moun konsa toujou gen yon bagay y ap chèche, epi yo toujou gen yon gwo anvi nan kè yo. Moun konsa pa janm satisfè ak eta yo ye kounye a. Objektif chak etap nan travay Lespri Sen an se pou pwodui yon rezilta nan ou; men si ou vin satisfè ak eta ou ye kounye a, si ou pa gen okenn bezwen ankò, epi si ou pa aksepte travay Lespri Sen an ankò, lè sa a Li ap abandone ou. Moun bezwen egzamen Bondye chak jou; yo bezwen resevwa pwovizyon Bondye an abondans chak jou. Èske moun ka kontinye viv san yo pa manje ak bwè pawòl Bondye yo chak jou? Si yon moun toujou santi li pa janm jwenn ase nan pawòl Bondye yo pou li manje ak bwè, si li toujou ap chèche, si li toujou grangou epi swaf jistis, Lespri Sen an ap toujou travay nan li. Plis yon moun grangou epi swaf jistis, se plis li kapab fè kominyon sou bagay ki pratik. Plis yon moun konsantre l sou chèche laverite, se pi vit li grandi nan lavi li; konsa, li vin rich nan eksperyans epi li vin yon moun ki rich nan kay Bondye a.

Anvan: Pran Entansyon Bondye yo an Konsiderasyon pou w Rive nan Pèfeksyon.

Apre: Se Sèlman lè Ou Pase Anba Doulè Zeprèv W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger