Chapit 36
Tout bagay ranje anba men Mwen. Kiyès ki oze aji jan li vle? Kiyès ki kapab chanje sa fasil konsa? Moun yo ap flote nan lè a, y ap deplase pandan pousyè a ap deplase, figi yo kouvri ak salte, jiskaske tout kò yo tounen yon espektak ki twò mizerab pou moun gade. Mwen gade nan mitan nwaj yo avèk kè M lou: Poukisa lòm, ki te konn chaje ak lavi, vin tounen konsa? Epi poukisa li pa rann li kont de sa, e li ensansib a sa? Poukisa li «bliye tèt li» epi li kite salte kouvri l? Se konsa li manke lanmou ak respè pou pwòp tèt li. Poukisa lòm toujou evite sa Mwen mande a? Èske Mwen reyèlman mechan epi san pitye anvè li? Èske Mwen vrèman otoritè e Mwen pa rezonab? Ebyen, poukisa moun yo toujou gade Mwen avèk yon ekla menasan nan je yo? Poukisa yo toujou rayi Mwen? Èske Mwen mennen yo sou yon wout ki pa gen sòti? Lòm pa janm dekouvri anyen nan chatiman Mwen an, paske sèl sa li fè se kenbe jouk ki nan kou l la ak de men l, de je li fikse sou Mwen, kòmsi l ap gade yon ènmi—epi se nan moman sa a sèlman Mwen santi jan l fin depafini. Se poutèt sa Mwen di pa gen pèsonn ki janm rete fèm nan mitan eprèv yo. Èske nivo espirityèl lòm pa egzakteman konsa? Èske Mwen bezwen ba li chif pou «mezi» l yo? «Wotè» lòm pa pi wo pase yon ti vè k ap trennen atè a, epi «lestomak» li gen sèlman lajè yon koulèv. Nan ka sa a, Mwen pa meprize lòm—èske chif sa yo pa montre egzakteman nivo espirityèl li? Èske Mwen rabese lòm? Lòm tankou yon timoun k ap jwe epi fè wondonmon. Gen moman menm kote li jwe ak zannimo, poutan li toujou kontan; epi li tankou yon chat, l ap mennen yon lavi san okenn sousi ni enkyetid. Petèt se akòz direksyon Lespri a, oswa aksyon Bondye nan syèl la, ki fè Mwen santi yon gwo repiyans pou fason moun k ap viv sou latè yo ap mennen yon vi ekstravagan. Poutèt lavi lòm—ki sanble ak lavi yon parazit—«enterè» Mwen pou mo «lavi imen» yo ogmante yon ti kras, epi Mwen vin gen yon ti jan plis «krentif» pou lavi imen. Paske sanble se sèlman lòm ki kapab kreye yon lavi ki gen sans, alòske Mwen menm Mwen pa kapab fè sa, sèl sa Mwen kapab fè se retire kò Mwen al nan «mòn» yo, paske Mwen pa kapab fè eksperyans ni obsève difikilte ki gen nan mitan lòm. Epoutan lòm ap fè gwo presyon sou Mwen—Mwen pa gen chwa! Sèl sa Mwen kapab fè se obeyi aranjman lòm, tire leson nan eksperyans ansanm avèk li epi viv lavi imen bò kote li. Nan syèl la, Mwen te fè yon toune nan tout vil la, epi anba syèl la, Mwen te fè yon toune nan tout peyi yo. Epoutan pèsonn pa t janm dekouvri Mwen; yo te senpleman tande bri mouvman Mwen. Nan je moun yo, Mwen ale vini san Mwen pa kite okenn tras ni lonbray. Se kòmsi Mwen te vin yon idòl envizib nan kè yo, poutan moun yo pa kwè sa. Èske tout bagay sa yo se pa reyalite lòm te konfese ak pwòp bouch li? Nan pwen sa a, kiyès ki pa rekonèt li ta dwe resevwa chatiman? Èske moun yo te ka toujou kenbe tèt yo byen wo devan prèv konkrè?
Mwen ap fè yon «tranzaksyon komèsyal» nan mitan lòm, Mwen efase tout enpite l ak sa ki pa jis nan li yo, epi konsa Mwen «fòme» li yon fason pou li ka ann akò ak entansyon Mwen yo. Epoutan koperasyon lòm endispansab pou etap travay sa a, paske li toujou ap ponpe tankou yon pwason yo fèk pran. Donk, pou evite tout aksidan, Mwen te touye tout «pwason» ki te pran nan filè a, aprè sa pwason yo te vin soumèt e obeyisan, epi yo pa t gen menm yon ti plent. Lè Mwen bezwen lòm, li toujou kache. Se kòmsi li pa t janm wè sèn ki etonan, kòmsi li te fèt andeyò epi l pa konn anyen nan zafè lavil. Mwen ajoute sajès Mwen nan pati kote lòm gen mank yo, epi Mwen fè li konnen Mwen; paske lòm twò pòv, Mwen menm pèsonèlman Mwen vini pami lòm epi Mwen ba li «chemen richès la», pou fè je li louvri. Lè Mwen fè sa, èske Mwen pa sove li? Èske sa a se pa mizèrikòd Mwen anvè lòm? Èske lanmou se vrèman bay san kondisyon? Ebyen èske rayisman se chatiman? Mwen te esplike lòm sa sou divès ang, men li trete sa senpleman tankou pawòl ak doktrin yo. Se kòmsi pawòl Mwen yo se yon machandiz ki gen defo, epi lòm vann yo tankou machandiz y ap likide. Konsa, lè Mwen di moun yo gen yon gwo tanpèt k ap vini pou anglouti vilaj ki nan mòn nan, pa gen pèsonn ki pran sa oserye, gen kèk ladan yo sèlman ki deplase kite kay yo, alòske kè yo gen dout. Rès moun yo pa deplase, kòmsi yo endiferan. Se kòmsi Mwen te yon iwondèl ki soti nan syèl la, epi moun yo tou senpleman pa kapab konprann sa Mwen ap di a. Se sèlman lè mòn yo ap tonbe epi tè a fann an de, moun yo sonje pawòl Mwen yo, se lè sa a sèlman yo leve nan dòmi yo, men lè a deja rive, gwo inondasyon an anglouti yo, epi kadav yo ap flote sou dlo a. Lè Mwen wè mizè ki nan monn nan, Mwen fè yon soupi pou malè lòm. Mwen te pase anpil tan, epi Mwen te peye yon gwo pri, poutèt desten lòm. Nan lespri moun yo, Mwen pa gen glann pou fè dlo sot nan je Mwen—men Mwen menm, «kreyati etranj» sa a ki pa gen glann pou fè dlo sot nan je L la, Mwen te vèse anpil dlo nan je pou lòm. Sepandan, lòm pa konn anyen nan sa, li sèlman ap jwe nan tè a avèk jwèt ki nan men l yo, kòmsi Mwen pa egziste. Konsa, nan sikonstans jodi a, moun yo rete angoudi epi entèlijans yo bouche; yo toujou «jele» nan kav yo, kòmsi yo toujou kouche nan yon gwòt. Lè Mwen wè aksyon lòm, sèl chwa Mwen genyen se ale...
Nan je moun yo, Mwen fè anpil bèl bagay pou lòm, e se konsa yo gade Mwen kòm yon modèl pou epòk prezan an. Epoutan, yo pa t janm konsidere Mwen kòm Souveren sou desten lòm nan ak Kreyatè tout bagay la. Se kòmsi yo pa konprann Mwen. Malgre gen yon lè moun yo te konn rele «Viv konpreyansyon», pèsonn pa te pase anpil tan ap analize mo «konpreyansyon» an, sa montre moun yo pa gen okenn dezi pou renmen Mwen. Nan epòk jodi a, moun yo pa janm bay Mwen valè, Mwen pa gen plas nan kè yo. Èske yo ta kapab renmen Mwen ak yon kè sensè nan jou soufrans k ap vini yo? Dwati lòm nan rete yon bagay ki pa gen fòm, yon bagay moun pa ka wè ni manyen. Sa kè lòm Mwen vle, paske nan lòm, kè a se sa k pi presye a. Èske zèv Mwen yo pa merite genyen kè lòm? Poukisa moun yo pa ban Mwen kè yo? Poukisa yo toujou sere yo sou lestonmak yo, epi yo pa vle lage yo? Èske kè lòm kapab asire lapè ak kè kontan pandan tout lavi moun yo? Poukisa, lè Mwen mande moun yo yon bagay, yo toujou pran yon ponyen pousyè atè a epi yo voye l sou Mwen? Èske sa ta kapab yon riz yo sèvi avè l pou twonpe? Se kòmsi y ap eseye twonpe yon pasan ki pa gen kote pou l ale, yo atire l lakay yo, kote move entansyon leve nan kè yo. Nan kondisyon sa yo, yo asasinen pasan an. Moun yo te anvi fè Mwen bagay konsa tou. Se kòmsi yo se yon bouwo ki t ap touye yon moun san l pa bat je l, kòmsi yo se wa dyab yo, e touye moun se yon dezyèm nati pou yo. Men kounye a, menm lè moun yo vin devan Mwen, yo toujou vle itilize mwayen sa yo. Sepandan, moun yo gen plan yo, epi Mwen gen mezi pa pou M kontrekare plan yo. Menmsi moun yo pa renmen Mwen, kòman Mwen pa ta fè moun yo konnen piblikman mezi Mwen pran pou M kanpe anfas plan yo nan moman sa a? Mwen gen yon ladrès enfini, san limit, pou Mwen trete moun yo; chak pati nan yo, se Mwen menm pèsonèlman ki okipe l, epi se Mwen menm pèsonèlman ki fòme l. Alafen, Mwen ap fè lòm andire doulè pou l separe ak sa li renmen yo, epi fè li soumèt anba aranjman Mwen yo, epi nan epòk sa a, sou kisa moun yo ap genyen pou yo plenyen? Èske tout sa Mwen fè se pa pou byen lòm? Nan tan ki pase yo, Mwen pa t janm fè lòm konnen etap travay Mwen an—men jodi a, nan yon epòk ki pa menm ak sa ki pase yo, poutèt kontni travay Mwen an ki diferan, Mwen fè moun yo konnen travay Mwen an alavans pou anpeche yo tonbe poutèt sa. Èske sa a se pa vaksen Mwen enjekte nan lòm nan? Kèlkeswa rezon an, moun yo pa janm egzamine pawòl Mwen yo oserye; se kòmsi gen gwo grangou nan vant yo epi yo pa chwazi sa y ap manje, sa ki afebli lestomak yo. Men moun yo pran «bon kondisyon fizik» yo kòm yon atou epi yo pa okipe avètisman «doktè a». Lè Mwen wè jan yo endiferan nèt, Mwen twouve M ap bay tèt Mwen pwoblèm pou lòm. Paske moun yo poko gen matirite, epi yo poko fè eksperyans lavi imen an, yo pa gen laperèz. Nan kè yo, mo «lavi imen» an pa egziste, yo pa gen okenn respè pou yo, epi yo tou senpleman santi yon repiyans pou pawòl Mwen yo, kòmsi Mwen te tounen yon granmoun fanm k ap pale anpil. An brèf, kèlkeswa jan sa ye a, Mwen espere moun yo ka konprann kè Mwen, paske Mwen pa gen okenn dezi pou Mwen voye lòm nan peyi lanmò a. Mwen espere lòm ka konprann ki santiman Mwen genyen nan moman sa a, epi montre konsiderasyon pou fado Mwen pote nan menm moman sa a.
26 Avril 1992