Chapit 35
Mwen kòmanse fè travay Mwen pami limanite, kote Mwen pèmèt moun yo viv nan menm kouran avèk Mwen. Lè Mwen fini travay Mwen an, se toujou pami limanite sa ap fèt, paske se yo menm Mwen jere atravè tout plan jesyon Mwen an, epi Mwen pral fè limanite tounen mèt tout bagay. Pou rezon sa a, Mwen kontinye ap mache pami limanite. Pandan limanite avèk Mwen ap antre nan epòk aktyèl la, Mwen santi Mwen trè alèz, paske vitès travay Mwen an ogmante. Kijan lèzòm ka suiv vitès sa a? Mwen fè anpil travay sou moun ki angoudi e ki san konprann, poutan yo pa jwenn prèske anyen paske yo pa bay Mwen valè. Mwen te viv pami tout moun epi Mwen te obsève chak mouvman ni moun ki sou tè a ni moun ki anba tè a. Tout moun yo klase kòm “moun” ap fè travay pou reziste kont Mwen, kòmsi “reziste kont Mwen” se te travay lòm, kòmsi si yo pa t fè travay sa a, sa t ap fè yo tounen òfelen k ap pwonmennen san pèsonn pa adopte yo. Sepandan, Mwen pa kondane moun abitrèman sou baz aksyon yo ak zèv yo. Okontrè, Mwen soutni yo epi Mwen ba yo sa yo bezwen selon nivo espirityèl yo. Paske lèzòm se pèsonaj santral nan tout plan jesyon Mwen an, Mwen bay moun ki jwe wòl “moun” nan plis direksyon, pou pèmèt yo jwe wòl sa a ak tout kè yo epi ak tout kapasite yo, yon fason pou pyès teyat Mwen ap dirije a kapab yon gwo siksè. Se sa Mwen mande limanite. Èske sa vle di si Mwen pa t priye limanite yo pa t ap kapab fè sa? Èske sa ta vle di Mwen kapab akonpli sa moun yo mande Mwen, men yo pa kapab akonpli sa Mwen mande yo? Nou ka di Mwen pa sèvi ak pisans Mwen pou Mwen oprime limanite. Olye de sa, sa se dènye demann Mwen fè yo, e Mwen sipliye yo avèk tout senserite epi ak tout kè Mwen. Èske yo vrèman pa kapab fè sa Mwen mande a? Mwen pase plizyè ane ap bay moun, poutan Mwen rete de men vid an retou. Kiyès ki janm ban Mwen yon bagay? Èske tout efò, enèji ak sakrifis Mwen te bay yo ap tounen tankou bwouya nan mòn? Mwen te “vaksinen” moun yo plizyè fwa, epi Mwen te di yo egzijans Mwen yo pa t twò difisil. Poukisa, alò, moun yo toujou ap evite Mwen? Èske se paske Mwen pral trete yo tankou ti poul, pou Mwen touye yo kou Mwen kenbe yo? Èske Mwen vrèman brital e san limanite konsa? Lèzòm toujou sèvi ak pwòp konsepsyon pa yo pou yo mezire Mwen. Èske jan yo wè Mwen nan konsepsyon yo a koresponn ak jan Mwen ye nan syèl la? Mwen pa konsidere konsepsyon moun yo kòm objè pou Mwen jwi. Okontrè, Mwen wè kè yo kòm bagay pou Mwen apresye. Sepandan, Mwen santi yon gwo repiyans pou konsyans yo, paske, daprè yo, Mwen menm Mwen pa genyen youn. Se poutèt sa Mwen gen plis opinyon sou konsyans yo toujou. Sepandan, Mwen pa kritike konsyans yo dirèkteman; okontrè, Mwen kontinye gide yo avèk pasyans epi yon fason sistematik. Apre tou, lèzòm fèb, epi yo pa kapab fè okenn travay.
Jodi a, Mwen antre ofisyèlman nan domèn chatiman ki san limit la, yon bagay Mwen jwi ansanm avèk limanite. Avèk yon mouvman men Mwen, Mwen bay kòmandman tou, epi anba kòmandman Mwen, limanite konpòte l byen; pèsonn pa oze opoze ak Mwen. Anba direksyon Mwen, tout moun ap reyalize travay Mwen te bay yo fè a, paske sa se “djòb” yo. Pami tout bagay ki nan syèl la ak anba syèl la, kiyès ki pa soumèt devan plan Mwen yo? Kiyès ki pa nan men Mwen? Kiyès ki pa fè louwanj ak elòj pou pawòl Mwen yo ak zèv Mwen yo? Lèzòm admire zèv Mwen ak aksyon Mwen yo, epi poutèt chak mouvman Mwen fè, yo lage kò yo nèt nan kouran travay Mwen an. Kidonk, kiyès ki ka libere tèt li? Kiyès ki ka chape anba travay Mwen ranje a? Grasa dekrè administratif Mwen yo, lèzòm oblije rete; san yo, yo tout t ap fofile soti nan “premye liy” lan pou yo tounen “sovadò”. Kiyès ki pa pè lanmò? Èske moun yo vrèman riske lavi yo? Mwen pa fòse pèsonn, paske depi lontan Mwen te vin gen yon konpreyansyon pwofon sou nati imen an. Kidonk, Mwen toujou ap antreprann pwojè moun nan tan lontan pa t janm fè anvan. Paske pèsonn pa t kapab reyalize travay Mwen an, Mwen menm an pèsòn Mwen mete pye Mwen sou chan batay la pou Mwen angaje Mwen nan yon batay lavi ak lanmò avèk Satan. Sèjousi, Satan ap dechennen nan dènye degre. Poukisa Mwen pa pwofite okazyon sa a pou Mwen souliye pwen santral travay Mwen an pou Mwen revele gwo pouvwa Mwen an? Se paske Mwen te di anvan Mwen t ap itilize konplo Satan an kòm eleman kontras Mwen; èske sa a se pa pi bon okazyon an? Se sèlman kounye a Mwen montre yon souri satisfaksyon, paske Mwen atenn objektif Mwen. Mwen p ap kouri pasipala ankò pou Mwen mande lèzòm “èd”. Mwen sispann kouri adwat agoch, epi Mwen pa viv lavi yon vagabon ankò. Apati kounye a, Mwen pral viv nan lapè, epi lèzòm ap an sekirite epi sennesòf tou, paske jou Mwen an rive. Sou tè a, Mwen pase yon lavi moun ki okipe anpil, epi sanble gen anpil enjistis ki rive pandan lavi Mwen. Nan je lèzòm, Mwen te pataje lajwa ak lapenn yo, ansanm ak moman difisil yo, epi menm jan avèk yo Mwen te viv sou tè a ak anba syèl la. Se poutèt sa, yo toujou wè Mwen kòm yon kreyati Bondye. Paske lèzòm pa t wè Mwen jan Mwen ye nan syèl la, yo pa t janm fè anpil efò pou Mwen. Sepandan, etandone sitiyasyon jodi a, moun yo pa gen lòt chwa ke admèt se Mwen menm ki Souveren sou desten yo epi moun k ap pale nan nyaj yo. Se poutèt sa, lèzòm met tèt yo atè devan Mwen pou yo adore Mwen. Èske sa se pa prèv retou triyonfan Mwen an? Èske sa se pa yon imaj ki montre viktwa Mwen sou tout fòs kontrè yo? Tout moun te gen presantiman lemonn ap rive nan bout li, epi limanite pral sibi yon gwo pirifikasyon. Sepandan, an reyalite yo pa kapab fè sa Mwen mande yo ak konsyans yo, kidonk yo pa gen lòt chwa ke kriye anba chatiman Mwen. Kisa ki ka fèt? Kiyès ki te di lèzòm pou yo dezobeyi? Kiyès ki te di yo pou yo antre nan epòk final la? Poukisa yo te fèt nan mond imen an nan dènye jou yo? Se Mwen menm pèsonèlman ki ranje epi planifye chak ti bagay. Kiyès ki ka pwononse yon plent?
Depi kreyasyon mond lan, Mwen pwonmennen pami limanite, kote Mwen akonpanye yo nan lavi yo sou tè a. Sepandan, nan jenerasyon ki te pase yo, Mwen pa t janm chwazi okenn moun; lèt an silans Mwen an te rejte yo tout. Se paske moun nan tan lontan yo pa t sèvi Mwen san pataj, kidonk, an retou, Mwen pa t renmen yo san pataj. Yo te pran “kado” Satan yo epi apre sa, yo tounen vin ofri Mwen yo. Èske sa se pa t yon fason pou yo pale Mwen mal? Epi pandan yo t ap fè ofrann yo, Mwen pa t revele repiyans Mwen; okontrè, Mwen te itilize konplo yo a nan pwòp avantaj pa Mwen lè Mwen te ajoute “kado” sa yo nan materyèl jesyon Mwen yo. Pita, yon fwa aparèy te fin trete yo, Mwen te konn boule tout dechè ki te ladan yo. Nan epòk aktyèl la, lèzòm pa ofri Mwen anpil “kado”, poutan Mwen pa repwoche yo pou sa. Moun sa yo te toujou nan lamizè epi de men vid; kidonk, depi Mwen te vini nan mond imen an apre Mwen te fin obsève reyalite sitiyasyon yo a, Mwen pa t janm soumèt yo anba okenn egzijans ki pa rezonab. Okontrè, apre Mwen te fin ba yo “materyèl”, Mwen te chèche “pwodui fini” Mwen vle a, paske se sèl sa lèzòm kapab atenn. Pandan plizyè ane Mwen te viv nan mitan tanpèt yo. Se sèlman apre Mwen fin fè eksperyans lavi moun, Mwen fè moun yo egzijans ki apwopriye. Si Mwen pa t fè eksperyans lavi moun, kijan Mwen ta kapab konprann zafè moun yo twouve difisil pou yo pale de yo? Malgre sa, lèzòm pa wè li konsa; yo di se Mwen menm ki Bondye Li menm, ki toupisan, ki sinatirèl. Èske se pa egzakteman konsepsyon tout moun te gen nan tèt yo atravè epòk yo e yo toujou genyen jodi a menm? Mwen te di sou tè a, pa gen pèsonn ki ka konnen Mwen vrèman e totalman. Remak sa a gen enplikasyon pa li; se pa pawòl vid. Mwen menm, Mwen fè eksperyans sa a epi Mwen obsève l, kidonk Mwen gen yon konpreyansyon sou detay yo. Si Mwen pa t desann nan mond imen an, kiyès ki t ap gen chans konnen Mwen? Kiyès ki t ap ka koute pawòl Mwen yo an pèsòn? Kiyès ki t ap ka wè fòm Mwen pami yo? Atravè epòk yo, Mwen te toujou rete kache nan nyaj yo. Depi okòmansman, Mwen te fè yon prediksyon: “Mwen pral desann nan mond imen an nan dènye jou yo pou Mwen sèvi kòm yon egzanp pafè pou yo.” Kidonk, se sèlman jodi a moun yo gen bon chans pou yo kapab elaji orizon yo. Èske sa se pa gras Mwen vide sou yo a? Èske yo vrèman pa kapab konprann gras Mwen an ditou? Poukisa lèzòm tèlman angoudi epi yo san konprann? Yo rive lwen konsa; poukisa yo toujou poko reveye? Mwen te nan mond sa a pandan plizyè ane, men kiyès ki konnen Mwen? Se pa etonan Mwen chatye moun. Sanble yo se objè pou Mwen egzèse otorite Mwen sou yo; sanble yo se bal nan zam Mwen, ki, yon fwa Mwen fin tire yo, tout ap “chape pou l yo”. Moun yo imajine li konsa. Mwen te toujou respekte lèzòm; Mwen pa t janm eksplwate yo abitrèman ni fè komès ak yo tankou esklav. Se paske Mwen pa kapab kite yo, ni yo pa kapab kite Mwen. Kidonk, yon lyen lavi ak lanmò fòme ant nou. Mwen te toujou cheri limanite. Byenke limanite pa janm cheri Mwen, yo te toujou konte sou Mwen, se poutèt sa Mwen kontinye ap fè efò pou yo. Mwen renmen moun yo tankou pwòp trezò pa Mwen, paske yo se “kapital” jesyon Mwen sou tè a; kidonk, se sèten Mwen p ap elimine yo. Entansyon Mwen pou lèzòm p ap janm chanje. Kòm èt imen, èske yo kapab vrèman mete konfyans yo nan sèman Mwen an? Kijan yo ka satisfè Mwen pa konsiderasyon pou Mwen? Sa a se travay ki te fikse pou tout limanite; se “devwa” Mwen asiyen yo a. Mwen espere yo tout pral travay di pou yo konplete li.
23 Avril 1992