Chapit 37

Atravè epòk yo, nan tout travay Mwen fè, ki vle di nan chak etap ladan l, Mwen te itilize metòd travay Mwen yo ki apwopriye. Pou rezon sa a, moun Mwen renmen yo vin pi pwòp chak jou epi yo vin pi apwopriye pou Mwen sèvi avèk yo. Sepandan, pou menm rezon an, «malerezman», tank metòd travay Mwen yo ap ogmante, se tank kantite moun yo ap diminye, epi sa fè moun yo plonje nan yon refleksyon pwofon. Se sèten, travay jodi a pa yon eksepsyon nonplis, epi pifò moun twouve yo ap reflechi anpil ankò; konsa, akoz chanjman nan metòd Mwen yo, ap toujou gen kèk moun ki pral oblije retire kò yo. Ou ta kapab dekri l konsa: Se yon bagay Mwen te predestine, men se pa yon bagay Mwen fè. Depi kreyasyon an, tèlman gen moun ki tonbe, epi tèlman gen moun ki pèdi wout yo, akoz metòd travay Mwen yo. Sepandan, Mwen pa okipe sa moun yo panse—kit yo santi Mwen pa bay afeksyon ak lwayote enpòtans oswa Mwen twò mechan—kit konpreyansyon yo a kòrèk oswa li pa kòrèk, Mwen p ap diskite sa kounye a. Toudabò, an nou fè echanj sou pwen prensipal diskisyon sa a pou tout moun kapab gen yon konpreyansyon konplè, pou anpeche yo soufri san yo pa konprann poukisa. Mwen p ap fòse moun yo soufri an silans tankou moun bèbè; okontrè, Mwen ap esplike tout bagay aklè pou anpeche yo plenyen kont Mwen. Yon jou, Mwen ap fè tout moun pwononse yon louwanj sensè nan mitan chatiman an. Èske sa bon pou nou? Èske sa reponn ak egzijans moun yo?

Nan kòmansman tan chatiman an, Mwen ap di moun yo toudabò sans jeneral ki dèyè «tan» sa a yon fason pou yo pa komèt yon ofans kont Mwen. Sa vle di, Mwen ap fè aranjman pou travay Mwen an. Pèsonn pa dwe chanje yo. Mwen p ap bay okenn moun ki chanje yo yon pinisyon ki lejè ditou: Mwen ap kondane yo. Èske nou kenbe sa nan tèt nou? Tout bagay sa yo se «vaksen». Nan nouvo metòd la, tout moun dwe konprann toudabò ke rive konprann pwòp eta reyèl pa yo se sa ki dwe vini an premye. Anvan yo rive konnen tèt yo nan yon sèten nivo, pèsonn p ap gen pèmisyon pou pale san kontwòl nan legliz la, epi Mwen ap chatye san mank nenpòt moun ki vyole règ sa a. Apati jodi a, y ap mete non tout apot yo sou lis nan legliz yo epi y ap defann yo deplase al pasi pala jan yo vle—sa p ap bay anpil fwi. Yo tout te sanble ap fè devwa yo, men an reyalite yo t ap twonpe Mwen. Kèlkeswa sa k te pase, jodi a tout sa anile, epi nou pa dwe pale de sa ankò. Apati kounye a, tèm «apot» la dwe aboli epi yo pa dwe janm itilize l ankò, pou tout moun kapab desann sot nan «pozisyon» yo epi rive konnen tèt yo. Sa a, se sèten, se poutètsali yo. Yon «pozisyon» pa yon kouwòn; se senpleman yon tit. Èske nou konprann sa Mwen vle di a? Moun k ap dirije legliz yo ap kontinye viv lavi legliz la anndan pwòp legliz yo, menmsi se sèten sa pa yon règleman strik. Lè sa nesesè, yo kapab vizite legliz yo an kolaborasyon avèk ansyen apot yo. Kominyon pami legliz yo dwe ogmante—sa a se bagay ki pi enpòtan an. Amwenske pa gen okenn nan manm yo k ap viv lavi legliz la vrèman. Sepandan, Mwen dwe ensiste sou lefètke nou tout dwe reyini ansanm pou nou konnen tèt nou epi kanpe ini nan rebelyon kont gwo dragon wouj la: Sa a se entansyon Mwen. Kantite pawòl moun yo di pa enpòtan; okontrè, li esansyèl pou tout moun nan pèp Mwen an kapab reyini ansanm pou fè yon sèl. Se sèl fason sa a pou yo rann temwayaj toutbon. Nan tan pase, tout moun te konn di yo ap rive konnen tèt yo, epoutan Mwen pwononse yon pakèt pawòl—epi nan ki nivo nou rive konprann pwòp tèt nou? Plis pozisyon yon moun wo, se plis li difisil pou li bliye tèt li, se plis espwa li gwo, epi se plis l ap soufri lè y ap chatye l. Sa a se sali Mwen pou moun yo. Èske nou konprann? Pa annik rete sou sans literal pawòl Mwen yo; fè sa t ap twò lejè epi sa pa t ap gen okenn valè. Èske nou konprann sans kache ki gen nan pawòl Mwen yo? Si moun yo vrèman kapab konprann pwòp tèt yo anndan legliz la, lè sa a, sa ap demontre ke kalite moun sa yo vrèman renmen Mwen. Sa vle di, si ou pa manje avèk pèp la, ou p ap konprann difikilte yo. Kijan ou entèprete pawòl sa a? Alafen, Mwen ap fè tout moun konnen tèt yo pandan tan chatiman yo a, epi Mwen ap fè yo chante e ri pandan sa ap fèt. Èske nou vrèman gen lafwa pou nou satisfè Mwen? Kidonk, kisa nou ta dwe fè nan pratik nou? Apati kounye a, se moun ki apwopriye nan chak legliz ki pral jere zafè jeneral legliz la, epi apot yo pral senpleman viv lavi legliz la. Se sa yo rele «fè eksperyans lavi a». Èske nou konprann?

Anvan chatiman an rive ofisyèlman sou limanite, Mwen ap fè «travay akèy la» sou moun yo toudabò yon fason pou, alafen, yo tout kapab satisfè Mwen. Menm moun ki pral retire kò yo dwe soufri epi fini rann temwayaj anvan yo ale, si se pa sa Mwen p ap ba yo yon pinisyon ki lejè. Sa demontre dispozisyon Mwen genyen kote Mwen pa tolere ofans moun fè, ansanm ak dispozisyon Mwen genyen pou Mwen akonpli sa Mwen di. Konsa, Mwen ap fin akonpli pawòl Mwen yo kote Mwen di «Mwen vle di sa Mwen di, sa Mwen vle di a ap fèt, epi sa Mwen fè a ap dire pou toutan». Kou pawòl yo sot nan bouch Mwen, konsa tou Lespri Mwen kòmanse travay Li. Kiyès ki ta oze jwe jan l vle ak «jwèt» li kenbe nan men l yo? Tout moun dwe aksepte chatiman Mwen avèk soumisyon ak obeyisans. Kiyès ki ta kapab chape anba li? Èske ta ka gen yon lòt chemen andeyò Mwen? Jodi a Mwen pèmèt ou rete sou tè a, epi ou fè fèt; demen Mwen ap pèmèt ou antre nan syèl la, epi ou ap fè louwanj. Apre demen, Mwen ap mete ou anba tè, kote yo pral chatye ou. Èske tout sa yo se pa egzijans travay Mwen an? Kiyès ki pa soufri dezas poutèt egzijans Mwen yo? Kiyès ki pa resevwa benediksyon poutèt egzijans Mwen yo? Èske nou ta kapab se eksepsyon an? Kòm pèp Mwen an sou tè a, kisa nou ta dwe fè poutèt egzijans Mwen yo ak volonte Mwen? Èske nou ta fè louwanj pou non sen Mwen avèk bouch nou alòske nou rayi Mwen nan kè nou? Fè travay pou Mwen epi satisfè kè Mwen, ansanm ak rive konprann tèt nou epi rebele kont gwo dragon wouj la—sa yo pa travay ki fasil ditou, epi nou dwe peye pri a pou nou fè sa. Lè Mwen di «pri», kisa nou panse Mwen vle di? Mwen p ap diskite sa kounye a epi Mwen p ap bay moun yo repons dirèk. Okontrè, Mwen pèmèt yo byen reflechi sou sa poukont yo, epi apre sa, pou yo reponn kesyon Mwen an yon fason pratik pa mwayen aksyon yo ak konpòtman yo. Èske nou kapab fè sa?

27 Avril 1992

Anvan: Chapit 36

Apre: Sou lavi Pyè

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger