Chapit 33
Nan kay Mwen, te gen yon epòk kote te gen moun ki te fè lwanj pou non sen Mwen an, ki te bay tout yo menm pou glwa Mwen sou tè a te kapab ranpli fimaman an. Poutèt sa, Mwen te gen anpil lajwa, epi kè Mwen te ranpli ak plezi—men kiyès ki ta kapab travay nan plas Mwen, san yo pa dòmi ni lajounen ni lannuit? Detèminasyon lòm devan Mwen fè Mwen plezi, men rebelyon li pwovoke kòlè Mwen, e konsa, poutèt lòm pa janm kapab respekte devwa li, lapenn Mwen pou li a vin pi gran. Poukisa moun yo toujou enkapab pou ofri tèt yo ban Mwen? Poukisa yo toujou ap chèche fè machanday avèk Mwen? Èske se Mwen ki direktè jeneral yon sant komèsyal? Poukisa Mwen akonpli sa moun yo mande Mwen ak tout kè Mwen, epoutan sa Mwen mande lòm pa bay okenn rezilta? Èske se ta paske Mwen pa fò nan zafè fè biznis, alòske lòm fò ladan l? Poukisa moun yo toujou ap twonpe Mwen ak bèl pawòl? Poukisa moun toujou ap vini ak «kado», pou mande pase nan pòt dèyè? Èske se sa Mwen te anseye lòm fè? Poukisa moun yo fè bagay sa yo rapid epi pwòp konsa? Poukisa moun yo toujou gen entansyon pou yo twonpe Mwen? Lè Mwen nan mitan lòm, moun yo gade Mwen kòm yon kreyati Bondye; lè Mwen nan twazyèm syèl la, yo konsidere Mwen kòm Toupisan an, ki dirije tout bagay; lè Mwen nan fimaman an, yo wè Mwen kòm Lespri a ki ranpli tout bagay. An rezime, pa gen yon plas ki apwopriye pou Mwen nan kè moun yo. Se kòmsi Mwen se yon etranje, moun yo gen degoutans pou Mwen, e konsa, lè Mwen pran yon tikè epi Mwen chita nan plas Mwen, yo mete Mwen deyò, epi yo di pa gen okenn kote pou Mwen chita la a e Mwen vin nan move kote a, e konsa Mwen pa gen okenn lòt chwa pase rale kò Mwen ak anpil kòlè. Mwen pran desizyon pou Mwen pa gen rapò ak lòm ankò, paske lespri moun yo twò fèmen, jenerozite yo twò piti. Mwen p ap manje sou menm tab ak yo ankò, Mwen p ap pase tan avèk yo sou tè a ankò. Men, lè Mwen pale, moun yo sezi; yo pè pou Mwen pa ale, e konsa yo kontinye ap kenbe Mwen. Lè Mwen wè jan y ap pran pòz yo, Mwen imedyatman santi Mwen yon ti jan tris epi poukont Mwen nan kè Mwen. Moun yo pè pou Mwen pa kite yo, e konsa lè Mwen separe avèk yo, bri moun k ap kriye ranpli tè a imedyatman, epi figi moun yo kouvri ak dlo nan je. Mwen siye dlo nan je yo, Mwen leve yo ankò, epi yo fikse je yo sou Mwen, je yo k ap sipliye Mwen sanble ap mande Mwen pou Mwen pa ale, e poutèt «senserite» yo, Mwen la avèk yo. Epoutan, kiyès ki kapab konprann doulè ki anndan kè Mwen? Kiyès ki pran bagay Mwen pa kapab pale de yo an konsiderasyon? Nan je moun yo, se kòmsi Mwen pa gen santiman lachè, e konsa nou te toujou soti nan de fanmi diferan. Kijan yo ta kapab wè santiman lapenn ki anndan kè Mwen an? Moun yo sèlman ap konvwate pwòp plezi pa yo, epi yo pa pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon, paske, jouk jounen jodi a, moun yo toujou pa konnen objektif plan jesyon Mwen an, e konsa jodi a yo toujou ap sipliye an silans—epi kisa sa itil?
Lè Mwen ap viv nan mitan lòm, Mwen okipe yon ti plas nan kè moun yo; poutèt Mwen parèt nan lachè epi moun yo ap viv nan «ansyen» lachè a, yo toujou trete Mwen avèk lachè. Poutèt moun yo posede sèlman lachè epi yo pa gen anyen anplis, yo ban Mwen «tout sa yo genyen». Epoutan yo pa konn anyen; yo senpleman «fè ofrann» devan Mwen. Sa Mwen resevwa a se fatra ki pa vo anyen—epoutan moun yo pa panse sa. Lè Mwen konpare «kado» yo bay yo avèk bagay Mwen yo, moun yo imedyatman rekonèt valè Mwen, epi se lè sa a sèlman yo wè jan Mwen gran san mezi. Mwen pa santi Mwen gen ògèy poutèt lwanj yo, men Mwen kontinye parèt devan lòm, yon fason pou tout moun kapab konnen Mwen okonplè. Lè Mwen montre yo tout sa Mwen ye, yo gade Mwen ak je yo byen gran ouvè, yo rete kanpe devan Mwen san yo pa fè yon mouvman, tankou yon poto sèl. Epi lè Mwen gade jan yo parèt dwòl, Mwen prèske pa kapab anpeche Tèt Mwen ri. Poutèt y ap lonje men yo pou mande Mwen bagay, Mwen ba yo bagay ki nan men Mwen yo, epi yo kenbe yo sou lestomak yo, y ap dòlote yo tankou yon ti bebe ki fenk fèt, yon aksyon yo fè pou yon ti moman sèlman. Lè Mwen chanje anviwònman kote y ap viv la, yo imedyatman voye «ti bebe» a jete sou kote epi yo kouri ale ak men yo nan tèt. Nan je moun yo, Mwen se èd ki prezan kèlkeswa lè a oswa kote a; se kòmsi Mwen se yon sèvè ki vini depi yo rele l. Konsa, moun yo te toujou «konte sou» Mwen, kòmsi Mwen posede konpetans ki pa gen limit pou konbat dezas, e konsa yo te toujou kenbe men Mwen, y ap mennen Mwen nan vwayaj toupatou sou tè a, pou tout bagay kapab wè yo gen yon Souveren, pou pèsonn pa oze twonpe yo. Depi lontan Mwen wè klè nan riz moun yo ki se « rena ki konsidere tèt li kòm tig », paske yo tout ap « louvri pwòp biznis yo », ak dezi pou yo fè pwofi pa mwayen twonpri. Depi lontan Mwen wè klè nan konplo trèt epi malveyan yo a, epi se tou senpleman paske Mwen pa vle kraze amoni ki genyen ant nou an. Mwen pa kreye pwoblèm kote ki pa genyen—pa gen okenn valè ni enpòtans nan sa. Mwen senpleman fè travay Mwen gen entansyon fè a pandan Mwen pran feblès moun yo an konsiderasyon; si se pa t sa, Mwen t ap fè yo tounen sann epi Mwen pa t ap pèmèt yo egziste ankò. Men travay Mwen fè a gen siyifikasyon, e konsa Mwen pa chatye lòm konsa konsa. Se pou rezon sa a moun yo te toujou bay lachè yo libète nèt. Yo pa obsève entansyon Mwen yo, men yo te toujou ap chèche pran Mwen nan bèl pawòl devan twòn jijman Mwen an. Moun yo tèlman brav: Lè tout «aparèy ki sèvi pou tòtire» yo menase yo, yo pa brannen ditou. Devan reyalite yo, yo rete enkapab pou di sa ki pase toutbonvre, epi sèl sa yo fè se reziste kont Mwen nan tèt di yo a. Lè Mwen mande yo pou yo mete tout sa ki sal deyò, yo toujou montre Mwen de men vid yo—kijan lòt moun pa ta sèvi ak sa kòm yon «modèl»? Se paske «lafwa» moun yo gran anpil ki fè yo «merite admirasyon».
Mwen kòmanse travay Mwen nan linivè; moun nan linivè yo reveye touswit epi y ap fè f laviwonn yon nwayo, ki se travay Mwen an, epi lè Mwen «vwayaje» anndan yo, yo tout chape anba esklavaj Satan, epi yo pa sibi touman nan mitan soufrans Satan lakòz yo. Poutèt jou Mwen an rive, moun yo ranpli ak bonè, lapenn ki anndan kè yo a disparèt, nyaj tristès ki nan syèl la tounen oksijèn k ap flote nan lè a, epi nan moman sa a, lòm avèk Mwen jwi bonè pou nou ansanm. Aksyon lòm yo ban Mwen yon bagay pou Mwen apresye, e konsa Mwen pa gen lapenn ankò. Epi, anmenmtan jou Mwen an rive a, bagay ki sou tè a ki posede lavi yo rejwenn rasin egzistans yo ankò. Mwen fè tout bagay sou tè a tounen vivan ankò, e konsa yo pran Mwen kòm poto mitan egzistans yo. Paske Mwen fè tout bagay briye avèk lavi, e konsa tou, Mwen fè yo disparèt an silans. Konsa, tout bagay ap tann lòd ki soti nan bouch Mwen, epi yo jwi sa Mwen fè ak sa Mwen di a. Nan mitan tout bagay, se Mwen menm ki Trèwo a—epoutan Mwen ap viv tou nan mitan yon kantite moun pèsonn pa ka konte, epi Mwen sèvi ak aksyon lòm yo kòm siy ki montre se Mwen ki te kreye syèl yo ak tè a. Lè moun yo fè gwo lwanj devan Mwen, Mwen jwenn egzaltasyon nan mitan tout bagay, e konsa flè ki sou tè a vin pi bèl anba solèy cho a, zèb yo vin pi vèt, epi nyaj ki nan syèl la vin gen yon ti koulè ki pi ble. Poutèt deklarasyon Mwen yo, moun yo ap kouri adwat agoch; jodi a figi moun ki nan wayòm Mwen an ranpli ak lajwa, epi lavi yo ap grandi. Mwen travay nan mitan tout moun Mwen chwazi yo, epi Mwen pa pèmèt travay Mwen an kontamine avèk lide lèzòm, paske se Mwen menm pèsonèlman k ap fè pwòp travay Mwen. Lè Mwen travay, syèl yo, tè a ak tout bagay chanje epi yo renouvle, epi lè Mwen fini travay Mwen, lòm renouvle nèt, epi li pa viv nan kè kase ankò poutèt sa Mwen mande a. Poutèt yo kapab tande bri kontantman toupatou sou tè a, Mwen pwofite okazyon sa a pou Mwen voye benediksyon Mwen yo nan mitan lòm. Lè Mwen se Wa nan wayòm nan, tout moun pè Mwen, epoutan lè Mwen se Wa nan mitan lòm, epi Mwen ap viv nan mitan lòm, moun yo pa jwenn okenn lajwa nan Mwen, paske konsepsyon yo genyen sou Mwen yo twò grav, yo tèlman anrasinen byen fon li difisil pou retire yo. Poutèt manifestasyon lòm yo, Mwen fè travay Mwen, ki apwopriye, epi lè Mwen monte byen wo nan syèl la epi Mwen dechaje gwo kòlè Mwen sou lòm, divès opinyon moun yo genyen sou Mwen tounen sann touswit. Mwen mande pou yo di plizyè lòt nan konsepsyon yo genyen sou Mwen, men yo pa jwenn mo pou yo reponn, kòmsi yo pa gen anyen, epi kòmsi yo enb. Plis Mwen viv nan konsepsyon moun yo, se plis yo vin renmen Mwen, epi plis Mwen viv andeyò konsepsyon moun yo, se plis yo pran distans ak Mwen, epi yo gen plis opinyon sou Mwen, paske, depi lè Mwen te kreye mond lan jouk jodi a, Mwen te toujou ap viv nan konsepsyon moun yo. Lè Mwen vini nan mitan lòm jodi a, Mwen fè tout konsepsyon moun yo genyen disparèt, e konsa moun yo senpleman refize—epoutan Mwen gen metòd apwopriye pou Mwen netwaye konsepsyon yo. Pèsonn pa ta dwe bay tèt li pwoblèm oswa gen enkyetid; Mwen pral sove tout limanite pa mwayen pwòp metòd pa Mwen, pou fè tout moun renmen Mwen, epi pèmèt yo jwi benediksyon Mwen yo nan syèl la.
17 Avril 1992