Chapit 32

Lè moun rasanble avèk Mwen, kè Mwen ranpli ak lajwa. Menm lè a, Mwen bay lòm benediksyon ki nan men Mwen yo, pou moun kapab rasanble avèk Mwen, epi pou yo pa lènmi k ap rebele kont Mwen, men pito zanmi ki konpatib ak Mwen. Konsa, Mwen trete lòm ak tout kè Mwen tou. Nan travay Mwen an, Mwen konsidere lòm kòm yon manm nan yon òganizasyon wo nivo, kidonk Mwen ba li plis atansyon, paske li te toujou objè travay Mwen an. Mwen etabli plas Mwen nan kè moun yo, yon fason pou kè yo kapab admire Mwen—epoutan yo toujou pa konnen ditou poukisa Mwen fè sa, epi yo pa fè anyen lòt pase tann. Malgre gen yon plas Mwen etabli nan kè moun yo, yo pa bezwen Mwen rete ladan l. Okontrè, y ap tann pou “Sen an” ki nan kè yo a rive bridsoukou. Paske idantite Mwen twò “ba”, Mwen pa satisfè egzijans moun yo, kidonk yo “elimine” Mwen. Sa yo vle a se “Mwen” ki gran epi ki wo a, men lè Mwen te vini, Mwen pa t parèt devan lòm konsa, kidonk yo te kontinye ap gade anlè byen lwen, ap tann sila a ki nan kè yo a. Lè Mwen te vini devan moun yo, yo te rejte Mwen devan tout foul moun yo. Mwen te kapab sèlman kanpe sou kote, ap tann pou lòm “regle zafè Mwen”, ap gade pou wè kisa moun yo t ap fini pa fè avèk Mwen, “pwodwi” sa a ki gen defo a. Mwen pa gade sikatris moun yo genyen, men Mwen gade kote yo pa gen sikatris; se la Mwen jwenn plezi. Nan je moun yo, Mwen se sèlman yon “ti zetwal” ki desann sot nan syèl la; Mwen se senpleman sila ki pi piti nan syèl la, epi Bondye te ban Mwen misyon pou Mwen vini sou tè a jodi a. Kòm rezilta, moun yo vin bay plis entèpretasyon sou mo “Mwen” ak “Bondye” yo, avèk gwo laperèz pou yo pa konsidere Bondye ak Mwen kòm yon sèl e menm. Paske aparans Mwen pa sanble ditou ak aparans Bondye a, moun yo tout kwè Mwen se yon sèvitè ki pa fè pati fanmi Bondye a, epi yo di sa a se pa imaj Bondye a. Petèt gen moun ki te wè Bondye—men akòz mank konesans Mwen sou tè a, Bondye pa janm “parèt” devan Mwen. Petèt “lafwa” Mwen twò piti, se sa k fè moun yo wè Mwen ba konsa. Moun yo imajine si yon moun se Bondye toutbon, lè sa a, li dwe sètènman konn lang lòm nan byen, paske Bondye se Kreyatè a. Men reyalite yo se egzakteman kontrè a: Non sèlman Mwen pa okenn ekspè nan lang lòm, men gen moman kote Mwen pa menm kapab “bay lòm sa li manke”. Kòm rezilta, Mwen santi Mwen yon ti jan “koupab”, paske Mwen pa aji jan moun yo mande a, men Mwen senpleman prepare materyèl yo epi travay dapre sa ki manke yo. Egzijans Mwen fè lòm yo pa gran ditou, epoutan moun yo kwè lekontrè. Konsa, “imilite” yo parèt aklè nan chak jès yo fè. Yo toujou gen tandans mache devan Mwen, pran devan pou Mwen, avèk gwo laperèz pou Mwen pa pèdi wout Mwen, yo pè anpil lè yo panse Mwen ta ka pèdi nan ansyen forè ki byen fon nan mòn yo. Kòm rezilta, moun yo te toujou ap mennen Mwen avanse, paske yo pè Mwen ta antre nan kacho a. Mwen gen yon “enpresyon favorab” sou lafwa moun yo, nan yon sèten mezi, paske yo te “travay di” pou Mwen san yo pa panse ak manje oswa dòmi, nan pwen kote travay di sa a fè yo rete san dòmi lajounen kou lannuit epi li menm fè cheve yo vin blan—sa sifi pou montre lafwa yo “transande” linivè yo, epi li “depase” apot yo ak pwofèt yo atravè epòk yo.

Mwen pa bat bravo ak lajwa pou gwo konpetans moun yo, ni Mwen pa gade yo frètman poutèt defo yo genyen. Mwen senpleman fè sa ki nan men Mwen. Mwen pa bay pèsonn okenn tretman espesyal, men Mwen senpleman travay selon plan Mwen an. Epoutan, moun yo pa konnen entansyon Mwen yo epi yo kontinye ap sipliye Mwen pou bagay, kòmsi richès Mwen ba yo a pa kapab satisfè egzijans yo, kòmsi demann lan depase sa ki disponib la. Men nan epòk jodi a, moun yo tout santi gen “enflasyon”—kòm rezilta, men yo plen ak sa Mwen ba yo pou yo jwi. Se poutèt sa yo gen repiyans pou Mwen, epi lavi yo chaje ak dezòd e yo pa konnen kisa yo ta dwe manje ak kisa yo pa ta dwe manje. Gen moun ki menm kenbe byen sere bagay Mwen ba yo pou yo jwi, y ap veye yo ak anpil atansyon. Paske moun yo te konn soufri anba gwo grangou, e li pa t fasil pou yo jwenn sa y ap jwi jodi a, yo tout “rekonesan san rete”, epi atitid yo anvè Mwen chanje yon ti jan. Yo kontinye ap kriye devan Mwen; paske Mwen ba yo tèlman anpil, yo kontinye ap pran men Mwen pou yo eksprime “rekonesans” yo. Mwen sikile anwo linivè yo, epi pandan M ap mache, Mwen obsève moun nan tout linivè a. Pami foul moun yo sou tè a, pa janm gen okenn moun ki apwopriye pou Mwen travay anndan yo oswa ki renmen Mwen toutbon. Konsa, nan moman sa a Mwen fè yon soupi plen dekourajman, epi moun yo gaye imedyatman, yo pa rasanble ankò, avèk gwo laperèz pou Mwen pa “trape yo tout nan yon sèl filè”. Mwen pwofite okazyon sa a pou Mwen vini nan mitan lòm, pou Mwen fè travay Mwen—travay ki apwopriye—nan mitan moun sa yo ki gaye, ap chwazi moun ki apwopriye pou Mwen travay anndan yo. Mwen pa swete “kenbe” moun yo nan mitan chatiman Mwen an pou yo pa janm kapab chape. Mwen senpleman fè travay Mwen gen entansyon fè a. Mwen vini pou mande lòm “èd”, paske zèv lòm yo manke nan jesyon Mwen an, e konsa li pa posib pou reyalize travay Mwen an avèk siksè, sa ki anpeche travay Mwen an avanse yon fason efikas. Mwen espere sèlman pou moun yo gen detèminasyon pou yo kopere avèk Mwen. Mwen pa mande pou yo kwit bon manje pou Mwen, ni pou yo prepare yon bon kote pou Mwen poze tèt Mwen, ni pou yo fè bèl rad pou Mwen—Mwen pa bay bagay sa yo okenn enpòtans ditou. Lè moun yo kapab konprann entansyon Mwen yo epi avanse avèk Mwen, kòtakòt, Mwen ap santi kè Mwen satisfè.

Kiyès sou tè a ki janm resevwa Mwen ak kè yo? Kiyès ki janm renmen Mwen ak kè yo? Lanmou moun yo toujou dilye; menm Mwen “pa konnen” poukisa yo pa ka seche lanmou yo pou retire dlo ladan l. Konsa, gen anpil “mistè” ki kache anndan lòm tou. Pami kreyati yo, yo konsidere lòm kòm sila a ki “mèveye” epi ki “ensondab”, e konsa li gen “kalifikasyon” devan Mwen, kòmsi li gen menm pozisyon ak Mwen—men li pa wè anyen etranj nan pozisyon li sa a. Sa pa vle di Mwen pa pèmèt moun yo kanpe nan pozisyon sa a epi jwi l; Mwen swete sèlman pou yo konn limit yo, pou yo pa konsidere tèt yo twò gran; gen yon distans ant syèl la ak tè a, alewè pou distans ki genyen ant Bondye ak lòm nan. Èske distans ant Bondye ak lòm nan pa pi gran toujou? Sou tè a, lòm ak Mwen “nan menm bato a”, epi nou “travèse tanpèt la ansanm”. Idantite Mwen pa anpeche Mwen viv difikilte ki genyen nan mond lòm nan, e se poutèt sa Mwen tonbe nan sitiyasyon Mwen ye jodi a. Mwen pa janm gen yon kote sou tè a pou Mwen viv anpè, se poutèt sa moun yo di, “Pitit lòm nan pa janm gen yon kote pou Li poze tèt Li.” Kòm rezilta, moun yo koule dlo nan je poutèt konpasyon yo gen pou Mwen epi yo mete kèk douzèn yuan sou kote pou fè yon “fon sekou” pou Mwen. Se sèlman akòz sa Mwen gen yon kote pou Mwen repoze; si se pa t pou “èd” moun yo, kiyès ki konnen ki kote Mwen ta ye!

Lè travay Mwen an fini, Mwen p ap chèche “sekou finansye” sa a nan men lòm ankò; okontrè, Mwen pral akonpli fonksyon natirèl Mwen, epi Mwen pral desann tout “bagay ki nan kay Mwen yo” bay moun yo pou yo ka jwi yo. Jodi a, tout moun ap pase tès nan mitan eprèv Mwen yo. Lè men Mwen desann ofisyèlman sou lòm, moun yo p ap gade Mwen ak je admirasyon ankò, men y ap trete Mwen avèk rayisman, epi nan moman sa a, Mwen pral rache kè yo imedyatman pou sèvi kòm yon echantiyon. Mwen egzamine kè lòm an pwofonde anba yon “mikwoskòp”—pa gen okenn vrè lanmou pou Mwen ladan l. Pandan plizyè ane, moun yo ap twonpe Mwen epi y ap pase Mwen nan betiz—an reyalite, ni oreyèt goch yo ni vantrikil dwa yo genyen pwazon rayisman anvè Mwen. Se pa etonan, donk, si Mwen gen yon atitid konsa anvè yo. Epoutan, yo pa konnen sa ditou, epi yo pa menm rekonèt li. Lè Mwen montre yo rezilta ankèt Mwen an, yo toujou pa reveye; se kòmsi, nan lespri yo, tout sa se bagay ki pase, epi yo pa ta dwe pale de yo ankò jodi a. Konsa, moun yo annik gade “rezilta laboratwa” yo ak endiferans. Yo remèt fòm nan epi yo vire do yo ale. Anplis, yo di bagay tankou, “Sa yo pa enpòtan, yo pa gen okenn efè sou sante mwen.” Yo souri yon ti jan avèk mepri, epi ansuit gen yon ti gade menasan nan je yo, kòmsi y ap fè Mwen konprann Mwen pa ta dwe tèlman fasil pou twonpe konsa, e Mwen dwe trete yo pou lafòm. Se kòmsi lefètke Mwen devwale sekrè yo kache anndan yo, Mwen vyole “lwa” lòm yo, e konsa rayisman yo gen pou Mwen an vin pi gran. Se sèlman lè sa a Mwen wè sous rayisman moun yo. Sa se paske lè Mwen ap gade, san yo ap koule, epi apre li fin pase nan atè ki nan kò yo li antre nan kè a, epi se sèlman nan moman sa a Mwen fè yon nouvo “dekouvèt”. Epoutan moun yo pa bay sa okenn enpòtans. Yo totalman neglijan epi yo pa panse ak sa yo jwenn oswa sa yo pèdi, sa ki sifi pou montre lespri devouman “san egoyis” yo genyen. Yo pa menm pran pwòp sante yo an konsiderasyon, epi yo “kouri toupatou” pou Mwen. Sa se “devouman” yo tou, epi se sa ki “ra e presye” lakay yo, kidonk Mwen voye yon lèt “lwanj” ba yo yon lòt fwa ankò, pou sa kapab fè yo kontan. Men, lè yo li lèt sa a, yo imedyatman santi yo yon ti jan vekse, paske lèt Mwen an, san li pa di yon mo, te rejte tout sa yo fè. Mwen toujou gide moun yo nan sa y ap fè, epoutan sanble yo gen repiyans pou pawòl Mwen yo; konsa, kou Mwen louvri bouch Mwen, yo fèmen je yo byen di epi yo bouche zòrèy yo ak men yo. Yo pa gade Mwen avèk respè poutèt lanmou Mwen gen pou yo, men yo toujou rayi Mwen, paske Mwen montre defo yo, Mwen devwale tout byen yo genyen, e konsa yo fè pèt nan biznis yo, epi mwayen yo te genyen pou yo siviv la disparèt. Se konsa, rayisman yo pou Mwen an vin ogmante.

14 Avril 1992

Anvan: Chapit 31

Apre: Chapit 33

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger