Chapit 31
Mwen pa janm gen yon plas nan kè moun yo. Lè Mwen «chèche» nan men moun yo toutbon, yo fèmen je yo byen di epi yo inyore aksyon Mwen yo, kòmsi tout sa Mwen fè se yon tantativ pou Mwen fè yo plezi, sa ki fè yo toujou gen repiyans pou aksyon Mwen yo. Se kòmsi Mwen pa konnen tèt Mwen ditou, kòmsi Mwen toujou ap fè wè devan moun yo, konsa Mwen fè yo fache anpil, yo menm ki «dwat epi jis». Poutan, Mwen kenbe fèm menm anba kalite move kondisyon sa yo, epi Mwen kontinye travay Mwen. Konsa, Mwen di Mwen goute savè dous, si, anmè ak pike nan eksperyans imen an, epi Mwen vini nan van epi Mwen ale nan lapli; Mwen di Mwen sibi pèsekisyon nan fanmi, Mwen fè eksperyans bon ak move moman lavi a, epi Mwen fè eksperyans doulè separasyon ak kò a. Sepandan, lè Mwen te vini sou tè a, olye pou yo te resevwa Mwen poutèt difikilte Mwen te soufri pou yo a, moun yo te refize bon entansyon Mwen yo avèk «politès». Kijan pou Mwen pa t santi doulè poutèt sa? Kijan pou Mwen pa t gen lapenn? Èske se ta posib Mwen te enkane jis pou tout bagay ta fini konsa? Poukisa lòm pa renmen Mwen? Poukisa lòm reponn lanmou Mwen ak rayisman? Èske Mwen sipoze soufri nan fason sa a? Dlo te koule nan je moun yo akoz konpasyon yo te gen pou Mwen poutèt difikilte Mwen sou tè a, epi moun yo te pwoteste kont enjistis malè Mwen an. Poutan, kiyès ki te janm vrèman konnen kè Mwen? Kiyès ki ka janm konprann santiman Mwen? Yon lè, lòm te gen yon gwo afeksyon pou Mwen, epi li te konn anvi Mwen souvan nan rèv li—men kijan moun sou tè a ta ka konprann entansyon Mwen nan syèl la? Malgre yon lè moun yo te santi tristès Mwen, kiyès ki te janm gen konpasyon pou afliksyon Mwen yo antanke yon moun ki nan menm soufrans avè Mwen? Èske «konsyans» moun sou tè a ta ka touche epi chanje kè Mwen ki tris la? Èske moun sou tè a pa kapab pale ak Mwen sou doulè yo pa ka eksplike ki anndan kè yo a? Lespri a ak lespri yo depann youn de lòt, men poutèt baryè lachè yo, sèvo moun yo «pèdi kontwòl». Yon lè, Mwen te fè moun yo sonje pou yo vin devan Mwen, men apèl Mwen yo pa t fè moun yo akonpli sa Mwen te mande a; yo te annik gade nan syèl la, je yo plen ak dlo, kòmsi yo t ap sipòte yon doulè yo pa ka eksplike, kòmsi te gen yon bagay ki te bare wout yo. Konsa, yo te kole de men yo ansanm epi yo te koube byen ba anba syèl la pou yo te sipliye Mwen pou M ba yo bagay. Paske Mwen gen pitye, Mwen vide benediksyon Mwen sou lòm, epi nan yon bat je, moman pou Mwen menm Mwen vini nan mitan lòm nan rive—poutan lòm gen lontan li bliye sèman li te fè devan Syèl la. Èske se pa egzakteman rebelyon lòm sa ye? Poukisa lòm toujou soufri «pèt memwa»? Èske Mwen te ba l kout kouto? Èske Mwen te kraze kò li? Mwen rakonte lòm santiman ki nan kè Mwen; poukisa li toujou evite Mwen? Nan memwa moun yo, se kòmsi yo te pèdi yon bagay epi yo pa jwenn li okenn kote, men se kòmsi memwa yo pa egzak tou. Konsa, moun yo toujou gen lespri yo gaye nan lavi yo, epi jou lavi tout limanite yo an dezòd. Poutan, pèsonn pa fè anyen pou regle sa; moun yo pa fè anyen eksepte pilonnen epi masakre youn lòt, sa ki mennen nan yon defèt terib jodi a, epi ki fè tout bagay nan linivè a tonbe nèt nan dlo sal la ak nan labou a, san okenn chans pou yo refè.
Lè Mwen te rive nan mitan bann ak pakèt moun yo se te egzakteman lè moun yo t ap montre lwayote yo pou Mwen. Nan moman sa a, gwo dragon wouj la te kòmanse mete men l sou moun yo pou l touye yo. Mwen te aksepte «envitasyon» an, epi Mwen te vini pou «chita bò tab resepsyon an» nan mitan lòm, pandan Mwen kenbe «lèt envitasyon» limanite te bay Mwen an. Lè yo te wè Mwen, moun yo pa t okipe Mwen, paske Mwen pa t abiye tèt Mwen ak rad chè epi Mwen te pote sèlman «kat idantite» Mwen pou Mwen chita bò tab ak lòm. Pa t gen makiyaj chè sou figi Mwen, pa t gen kouwòn sou tèt Mwen, epi Mwen pa t mete anyen nan pye Mwen eksepte yon pè soulye òdinè ki fèt lakay. Sa ki te plis desevwa moun yo se te absans fa sou bouch Mwen, ak lefètke Mwen pa t konnen kijan pou Mwen echanje «ti pawòl politès», epi lang Mwen pa t tankou plim yon ekriven ki gen talan, e olye sa, chak pawòl Mwen te pèse lòm jis nan fon kè l. Sa te ajoute yon ti jan sou enpresyon «favorab» moun yo genyen sou bouch Mwen. Aparans Mwen sot dekri la a te sifi pou moun yo ban Mwen yon «tretman espesyal», epi konsa yo te trete Mwen tankou yon senp nèg mòn ki soti andeyò ki pa t gen konesans sou mond lan, epi ki te san sajès. Poutan, lè tout moun te bay «lajan kòm kado», moun yo te toujou pa konsidere Mwen kòm onorab, men yo te senpleman vin devan Mwen san okenn respè, yo t ap trennen pye yo epi yo te fache fasil. Lè Mwen te lonje men Mwen, yo te sezi lapoula, epi yo te mete ajenou epi yo te pouse gwo rèl. Yo te ranmase tout «kado lajan» Mwen yo. Paske kantite a te anpil, yo te panse Mwen te yon milyonè menm lè a epi yo te rache rad chire yo sou kò Mwen, yo ranplase yo ak rad tou nèf san pèmisyon Mwen—poutan sa pa t fè Mwen kontan. Paske Mwen pa t abitye ak yon lavi fasil konsa epi Mwen te rayi tretman «premye klas» sa a, paske Mwen te fèt nan kay sen an, e, nou ta ka di, paske Mwen te fèt nan «povrete», Mwen pa t abitye ak yon lavi nan liks kote moun ap fè tout bagay pou Mwen. Mwen sèlman swete pou moun yo ta kapab konprann santiman ki nan kè Mwen, pou yo ta kapab andire yon ti difikilte pou yo ka aksepte pawòl di ki soti nan bouch Mwen yo. Paske Mwen pa janm kapab pale de teyori, ni Mwen pa kapab itilize fason sekrè limanite genyen pou jere zafè mond lan pou Mwen gen rapò ak moun yo, e paske Mwen pa kapab adapte pawòl Mwen yo selon ekspresyon figi moun yo oswa sikoloji yo, moun yo toujou deteste Mwen, yo kwè Mwen pa diy pou yo fè afè avè Mwen, epi yo di Mwen gen lang file epi Mwen toujou fè moun mal. Poutan, Mwen pa gen chwa: yon fwa, Mwen te «etidye» sikoloji lòm, Mwen te «imite» filozofi pou jere zafè mond lan, epi Mwen te ale nan «inivèsite lang» pou aprann lang lòm, pou Mwen ta ka metrize mwayen moun yo itilize pou yo pale a, epi pale selon ekspresyon figi yo—men malgre Mwen te fè anpil efò epi Mwen te vizite anpil «ekspè», tout sa te vin pou granmesi. Pa janm gen anyen limanite ki nan Mwen. Pou tout ane sa yo, efò Mwen yo pa janm bay menm tikras rezilta, epi Mwen pa janm konprann yon mo nan lang lòm nan. Konsa, pawòl lòm ki di «travay di bay rezilta» a te «rebondi» lwen Mwen, epi kòm rezilta, pawòl sa yo rive nan bout yo sou tè a. San moun yo pa rann yo kont, Bondye ki soti nan syèl la demanti pwovèb sa a, epi Li konplètman pwouve jan pawòl sa yo pa gen fondman. Konsa Mwen mande lòm eskiz, men pa gen anyen ki ka fèt—se sa Mwen rekòlte paske Mwen tèlman «sòt». Mwen pa kapab aprann lang lòm nan, Mwen pa kapab metrize filozofi pou jere zafè mond lan, epi Mwen pa kapab sosyalize ak moun. Mwen sèlman konseye moun yo pou yo gen pasyans, pou yo kenbe kòlè ki anndan kè yo a anba kontwòl, epi pou yo pa blese tèt yo poutèt Mwen. Kiyès ki te fè nou gen rapò youn ak lòt? Kiyès ki te fè nou rankontre nan moman sa a? Kiyès ki te fè nou gen menm aspirasyon?
Dispozisyon Mwen travèse tout pawòl Mwen yo, poutan moun yo pa kapab kapte l nan pawòl Mwen yo. Yo senpleman ap chèche kont sou ti detay nan sa Mwen di—kisa sa itil? Èske nosyon yo genyen sou Mwen yo ka rann yo pafè? Èske bagay sou tè a ta ka akonpli volonte Mwen? Mwen te kontinye ap eseye montre moun yo kijan pou yo di pawòl Mwen yo, men se te kòmsi lòm pa t ka pale klè, epi li pa t janm kapab aprann kijan pou li di pawòl Mwen yo jan Mwen ta swete a. Mwen te anseye li bouch a bouch, poutan li pa t janm kapab aprann. Se sèlman apre sa Mwen te fè yon nouvo «dekouvèt»: Kijan moun sou tè a ta ka di pawòl ki soti nan syèl la? Èske sa pa vyole lwa lanati yo? Men, poutèt zèl moun yo ak gwo kiryozite yo anvè Mwen, Mwen te antreprann yon lòt pati nan travay sou lòm. Mwen pa janm fè lòm wont poutèt mankman li yo, men okontrè Mwen bay lòm sa li bezwen selon mankman sa yo. Se sèlman poutèt sa ki fè moun yo genyen yon enpresyon yon ti jan favorab de Mwen, epi Mwen itilize okazyon sa a pou Mwen rasanble moun yo ansanm yon lòt fwa ankò, pou yo kapab jwi yon lòt pati nan richès Mwen yo. Nan moman sa a, moun yo plonje yon lòt fwa ankò nan kontantman, aklamasyon ak ri ap flote toutotou nwaj plizyè koulè yo nan syèl la. Mwen louvri kè lòm, epi imedyatman lòm vin gen nouvo vitalite, epi li pa dispoze pou li kache pou Mwen ankò, paske li goute gou dous siwo myèl la, epi konsa li pote tout vye fatra li yo deyò pou li fè echanj—kòmsi Mwen te tounen yon kote pou ranmase fatra, oswa yon estasyon pou jere dechè. Konsa, apre yo fin wè «piblisite» ki te afiche yo, moun yo vin devan Mwen epi yo patisipe avèk anpil anvi. Nan lespri moun yo se kòmsi yo kapab jwenn kèk «souvni», konsa yo tout voye «lèt» ban Mwen, pou yo ta ka patisipe nan evènman Mwen prepare yo. Nan moman sa a yo pa pè okenn pèt, paske «kapital» yo mete nan aktivite sa yo pa gwo, epi konsa yo oze pran ris pou yo patisipe. Si pa t gen okenn souvni pou yo te jwenn nan patisipe, moun yo t ap kite teren an epi yo t ap mande pou yo remèt yo kapital yo, epi tou yo t ap kalkile «enterè» Mwen dwe yo a. Se paske nivo vi moun yo ogmante jodi a, yo rive nan «nivo kote yo gen yon ti pwosperite» epi yo atenn «modènizasyon», epi «gwo responsab» la «desann andeyò» pèsonèlman pou òganize travay la, ki fè lafwa moun yo imedyatman miltipliye plizyè fwa—epi paske «kondisyon» yo ap vin pi bon de jou an jou, yo gade Mwen avèk admirasyon, epi yo vle fè afè avè Mwen pou yo ka genyen konfyans Mwen.
11 avril 1992