Chapit 30

Nan mitan lòm, yon lè Mwen te evalye rebelyon ak feblès lòm, epi konsa, Mwen te rive wè feblès lòm epi Mwen te vin konnen rebelyon li. Anvan Mwen te rive nan mitan lòm, Mwen te deja rive konprann depi lontan jwa ak lapenn lòm—epi poutèt sa, Mwen kapab fè sa lòm pa kapab fè, epi di sa lòm pa kapab di, epi Mwen fè sa avèk fasilite. Èske se pa sa ki fè diferans ant Mwen menm ak lòm? Epi èske se pa yon diferans ki klè? Èske l posib pou moun ki fèt ak chè ak san ta reyalize travay Mwen an? Èske l posib pou Mwen se menm kalite èt ak kreyati Bondye yo? Moun yo klase Mwen kòm yon «tèm ki sanblab»—èske se pa paske yo pa konnen Mwen? Poukisa, olye Mwen monte nan pozisyon ki pi wo a nan mitan lòm, Mwen dwe rabese tèt Mwen? Poukisa limanite toujou ap abandone Mwen, epi li pa kapab pwoklame non Mwen? Gen yon gwo lapenn nan kè Mwen, men ki jan moun yo ta kapab konnen? Ki jan yo ta kapab wè sa? Lefètke yo pa janm bay sa ki konsène Mwen yo pi gwo enpòtans nan tout lavi yo, sa rann moun yo etoudi ak nan konfizyon, kòmsi yo te fèk pran yon grenn pou dòmi; lè Mwen rele yo, yo tou senpleman nan yon rèv, epi konsa, pèsonn pa t janm okouran zèv Mwen yo. Jodi a, pifò moun nan fon somèy toujou. Se sèlman lè im wayòm kòmanse jwe yo louvri je yo ki lou ak somèy epi yo santi yon ti tristès nan kè yo. Lè baton Mwen an frape nan mitan limanite, yo toujou pa bay sa anpil atansyon, kòmsi desten yo pa gen valè menm jan ak sab ki nan lanmè a. Malgre pifò nan yo yon ti jan okouran sa k ap pase, yo toujou pa konnen jis ki kote pa Mwen yo rive—paske moun yo pa enterese pou yo byen konprann kè Mwen, epi konsa Satan toujou mare yo, e yo pa kapab libere tèt yo. Mwen an mouvman anwo tout bagay, epi Mwen viv nan mitan tout bagay, epi anmenmtan, Mwen okipe plas santral la nan kè bann moun sa yo ki tèlman anpil yo pa ka konte yo. Poutèt sa, moun yo wè Mwen yon fason diferan, yo kwè Mwen ekstraòdinè, oubyen yo kwè yo p ap janm ka fin konprann Mwen—epi kòm rezilta, konfyans yo gen nan Mwen an vin pi solid chak jou. Yon lè, Mwen te lonje kò M nan twazyèm syèl la, Mwen t ap obsève tout moun ak tout bagay nan linivè a. Lè Mwen nan fon somèy, moun yo fè silans, paske yo pè anpil pou yo pa deranje repo Mwen. Lè Mwen reveye, yo vin aktif touswit, kòmsi y ap fè travay la espre pou yo ka fè kè M kontan. Èske se pa atitid sa a moun sou tè a genyen anvè Mwen? Kiyès pami moun alèkile ki wè Mwen menm ki nan syèl la ak Mwen menm ki sou tè a kòm yon sèl? Kiyès ki pa admire Mwen menm ki nan syèl la? Epi kiyès ki pa meprize Mwen menm ki sou tè a? Poukisa lòm toujou ap dechire Mwen an de? Poukisa lòm toujou gen de atitid diferan anvè Mwen? Èske Bondye enkane sou tè a se pa Bondye k ap gouvènen sou tout bagay nan syèl la? Èske Mwen menm ki nan syèl la pa sou tè a kounye a? Poukisa moun yo wè Mwen men yo pa konnen Mwen? Poukisa gen yon gwo distans konsa ant syèl la ak tè a? Èske bagay sa yo pa merite pou lòm egzamine yo pi fon?

Lè Mwen fè travay Mwen, epi pandan moman kote Mwen fè deklarasyon yo, moun yo toujou vle ajoute « magi» ladan l, kòmsi yo gen pi bon nen pase M, kòmsi yo pito gou ki fò, epi kòmsi Mwen pa okouran sa lòm bezwen, epi konsa Mwen dwe «deranje» lòm pou li «konplete» travay Mwen an. Mwen pa fè espre dekouraje moun yo, men Mwen mande yo pou yo pirifye tèt yo sou baz konesans yo genyen sou Mwen. Paske yo manke twòp bagay, Mwen sijere pou yo fè plis efò, epi konsa konpanse mankman yo genyen yon fason pou yo satisfè kè Mwen. Yon lè, moun yo te konnen Mwen nan nosyon yo, epoutan yo pa t menm rann yo kont de sa ditou, epi konsa fason yo te bay sa valè a se tankou yo pran sab pou lò. Lè Mwen te fè yo sonje sa, se yon pati ladan l sèlman yo te abandone, men olye yo ranplase pati ki ale a ak bagay ki fèt ann ajan ak lò, yo kontinye ap pwofite pati ki toujou rete nan men yo a—epi kòm rezilta, yo toujou enb epi pasyan devan Mwen; yo pa kapab konpatib ak Mwen, paske yo gen twòp nosyon. Konsa, Mwen te pran desizyon pou Mwen sezi tout sa lòm genyen ak sa li ye epi voye l jete byen lwen, pou tout moun kapab viv avèk Mwen epi pou yo pa separe ak Mwen ankò. Se akòz travay Mwen an ki fè lòm pa konprann entansyon Mwen yo. Gen moun ki kwè Mwen pral fini travay Mwen an yon dezyèm fwa epi Mwen pral jete yo nan lanfè. Gen moun ki kwè Mwen pral kòmanse itilize yon fason «estratejik» pou Mwen pale ankò, epi pifò nan yo tranble tèlman yo pè: Yo pè anpil pou Mwen pa fini travay Mwen epi kite yo san okenn kote pou yo ale, epi yo pè anpil pou Mwen pa abandone yo yon lòt fwa. Moun toujou itilize ansyen nosyon pou yo mezire nouvo travay Mwen an. Mwen te di moun yo pa t janm byen konprann metòd Mwen itilize pou Mwen travay la—èske fwa sa a yo ta ka vrèman fè yon gwo demonstrasyon kapasite yo? Èske ansyen nosyon moun yo se pa zam ki deranje travay Mwen an? Lè Mwen pale ak moun yo, yo toujou evite gade M nan je, yo pè anpil pou je Mwen pa fikse sou yo. Konsa, yo bese tèt yo, kòmsi yo aksepte pou Mwen enspekte yo—èske se pa nosyon yo ki lakòz sa? Poukisa Mwen rabese tèt Mwen jouk jodi a, men pèsonn pa janm remake sa? Èske Mwen dwe koube byen ba pou lòm? Mwen te soti nan syèl la pou Mwen vin sou tè a, Mwen te desann sot anwo pou m vini yon kote sekrèki, epi Mwen te vini nan mitan lòm ankò epi Mwen te montre lòm sa Mwen genyen ak sa Mwen ye. Pawòl Mwen yo sensè e serye, e Mwen pale avèk pasyans ak bonte—men kiyès ki janm wè sa Mwen ye ak sa Mwen genyen? Èske Mwen kache pou lòm toujou? Poukisa li difisil konsa pou Mwen rankontre ak lòm? Èske se paske moun yo twò okipe nan travay yo? Èske se paske Mwen neglije devwa Mwen epi tout moun ap lite pou yo reyisi?

Nan lespri moun yo, Bondye se Bondye, epi li pa fasil pou moun apwoche Li, tandiske lòm se lòm, epi li pa ta dwe lage kò l fasil nan libètinaj—epoutan zèv moun yo toujou pa kapab parèt devan Mwen. Èske l posib pou egzijans Mwen yo twò wo? Èske l posib pou lòm twò fèb? Poukisa moun yo toujou rete byen lwen ap gade nivo Mwen egzije yo? Èske lòm vrèman pa ka atenn yo? Mwen fikse egzijans mwen yo dapre “sa moun yo ka fè”, epi konsa yo pa janm depase nivo espirityèl lòm—men malgre sa, moun yo toujou pa kapab rive nan nivo Mwen egzije yo. Mwen pa ka konte konbyen fwa yo abandone Mwen nan mitan lòm, Mwen pa ka konte konbyen fwa moun yo gade Mwen avèk je k ap moke, kòmsi kò Mwen te kouvri ak pikan epi li te ba yo degoutans, se konsa moun yo rayi Mwen, epi yo kwè Mwen pa vo anyen ditou. Nan fason sa a, lòm pouse Mwen ale vini. Mwen pa konte konbyen fwa moun yo pote Mwen lakay yo kòm bagay ki bon mache, epi Mwen pa ka konte konbyen fwa yo revann Mwen byen chè yon lòt kote, epi se poutèt sa Mwen twouve Mwen nan sitiyasyon kote Mwen ye jodi a. Se kòmsi moun yo kontinye ap fè konplo sou do Mwen; pifò nan yo menm vle vann Mwen pou yon benefis plizyè santèn milyon dola, paske lòm pa janm ban Mwen valè. Se kòmsi Mwen tounen yon entèmedyè nan mitan moun yo, oswa yon zam nikleyè yo itilize pou yo goumen youn ak lòt, oswa yon akò yo siyen antre yo—epi kòm rezilta, an brèf, Mwen pa gen okenn valè ditou nan kè lòm, Mwen se yon objè nan kay la yo ka viv san li. Epoutan Mwen pa kondane lòm poutèt sa; tout sa Mwen fè se sove lòm, epi Mwen toujou gen mizèrikòd anvè lòm.

Moun kwè Mwen ap santi M alèz lè Mwen jete moun nan lanfè, kòmsi Mwen ap fè yon dil espesyalman ak lanfè, epi kòmsi Mwen se yon kalite depatman ki espesyalize nan vann moun, kòmsi Mwen se yon espesyalis nan twonpe moun epi Mwen pral vann yo byen chè yon fwa Mwen genyen yo nan men Mwen. Bouch moun pa di sa, men nan kè yo se sa yo kwè. Malgre yo tout renmen Mwen, yo fè sa an kachèt. Èske Mwen te peye gwosè pri sa epi Mwen te fè gwosè depans sa a pou M ta jwenn ti kras lanmou sa a nan men yo kòm rekonpans? Moun yo se blofè, epi se Mwen ki toujou jwe wòl moun y ap twonpe a. Se kòmsi Mwen twò onèt: Yon fwa yo fin wè pwen fèb sa a, yo kontinye ap twonpe Mwen. Pawòl ki soti nan bouch Mwen pa gen pou objektif pou yo fè moun mouri oswa pou yo kole etikèt sou yo nenpòt ki jan—yo se reyalite lòm. Petèt kèk nan pawòl Mwen yo «ale twò lwen», epi nan ka sa a Mwen kapab sèlman «sipliye» pou moun padone Mwen; paske Mwen pa «abil» nan langaj lòm, anpil nan sa Mwen di pa kapab satisfè egzijans moun yo. Petèt kèk nan pawòl Mwen yo pèse kè moun yo, kidonk Mwen kapab sèlman «sipliye» pou yo toleran; paske Mwen pa metrize prensip lòm pou jere zafè mond lan epi Mwen pa fè atansyon nan fason Mwen pale. Anpil nan pawòl Mwen yo gendwa fè moun yo santi yo mizerab. Petèt kèk nan pawòl Mwen yo pale sou rasin maladi moun yo epi yo devwale maladi yo, epi konsa Mwen konseye ou pran nan medikaman Mwen prepare pou ou a, paske Mwen pa gen okenn entansyon pou Mwen fè ou mal epi medikaman sa a pa gen okenn efè segondè. Petèt kèk nan pawòl Mwen yo pa sanble «pratik», men Mwen «sipliye» moun yo pou yo pa enkyete twòp—Mwen pa «abil» ak men M ni pye M, kidonk pawòl Mwen yo poko reyalize. Mwen mande pou moun yo «gen tolerans» anvè Mwen. Èske pawòl sa yo se yon èd pou lòm? Mwen swete moun yo kapab jwenn yon bagay nan pawòl sa yo—se sèten ou p ap kite Mwen di tout pawòl sa yo pou granmesi!

9 avril 1992

Anvan: Chapit 25

Apre: Chapit 31

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger