Chapit 25

Tan ap pase, epi nan yon bat je, nou rive nan jou nou ye jodi a. Anba direksyon Lespri Mwen, tout moun ap viv nan mitan limyè Mwen an, e pèsonn pa ret ap panse ak tan lontan ankò ni bay sa ki te pase yè okenn atansyon. Ki moun ki pa t janm viv epi egziste nan epòk nou ye jodi a? Ki moun ki pa t pase bèl jou ak bèl mwa nan wayòm nan? Ki moun ki pa t viv anba solèy la? Malgre wayòm nan desann nan mitan lòm, pèsonn pa vrèman fè eksperyans chalè li; lòm sèlman wè aparans li epi li pa konprann esans li. Lè wayòm Mwen an fòme, ki moun ki pa kontan poutèt sa? Èske peyi sou latè yo ka chape toutbon? Èske gwo dragon wouj la ka chape toutbon grasa riz li? Yo anonse dekrè administratif Mwen yo nan linivè a, yo tabli otorite Mwen nan mitan tout moun, epi yo antre ann aplikasyon nan linivè a; poutan, lòm pa janm vrèman konnen sa. Lè yo rann dekrè administratif Mwen yo piblik nan linivè a, se lè sa a tou travay Mwen sou latè pral fini. Lè Mwen egzèse pouvwa kòm Wa nan mitan tout moun epi yo rekonèt Mwen kòm sèl Bondye a Li menm, wayòm Mwen an pral desann sou latè nèt. Jodi a, tout moun gen yon nouvo kòmansman sou yon nouvo chemen. Yo kòmanse yon nouvo lavi, poutan pèsonn pa janm vrèman fè eksperyans yon lavi sou latè menm jan ak sa ki nan syèl la. Èske nou vrèman ap viv nan limyè Mwen an? Èske nou vrèman ap viv nan pawòl Mwen yo? Ki moun ki pa panse ak pwòp avni li? Ki moun ki pa tris poutèt pwòp desten li? Ki moun ki p ap lite nan yon lanmè soufrans? Ki moun ki pa swete libere tèt li? Èske benediksyon wayòm nan se yon echanj pou travay di lòm fè sou latè? Èske tout dezi lòm yo ta ka reyalize egzakteman jan li swete a? Yon lè, Mwen te mete bèl peyizaj wayòm nan devan lòm, poutan li te sèlman fikse je l sou li avèk anvi, e pa t gen pèsonn ki te vrèman pran rezolisyon pou li antre ladan l. Yon lè, Mwen te “rapòte” sitiyasyon reyèl latè a bay lòm, men li te sèlman koute, epi li pa t resevwa pawòl ki soti nan bouch Mwen yo ak tout kè l; yon lè, Mwen te pale lòm de sa ki nan syèl la, poutan pandan li t ap koute, li te pran pawòl Mwen yo pou bèl istwa, epi li pa t aksepte ak yon kè sensè sa bouch Mwen te dekri a. Jodi a, sèn nan wayòm nan ap flache nan mitan lòm, men èske gen moun ki janm “travèse mòn ak vale” nan rechèch li? Si Mwen pa t pouse l, lòm t ap toujou pa reveye nan rèv li yo. Èske lavi li sou latè vrèman kaptive l konsa? Èske vrèman pa gen okenn egzijans ki wo nan kè l?

Moun Mwen te predestine kòm pèp Mwen yo kapab ofri tèt yo ban Mwen epi viv ann amoni ak Mwen. Yo presye nan je Mwen, epi yo klere ak lanmou pou Mwen nan wayòm Mwen an. Pami moun jodi a yo, ki moun ki ranpli kondisyon sa yo? Ki moun ki kapab satisfè egzijans Mwen yo? Èske egzijans Mwen yo vrèman bay lòm difikilte? Èske Mwen fè espre Mwen fè l fè erè? Mwen trete tout moun ak “tolerans”, epi Mwen ba yo tretman espesyal. Sepandan, sa konsène sèlman pèp Mwen an ki nan Lachin. Se pa paske Mwen souzestime nou, ni paske Mwen gade nou ak mefyans, men paske Mwen trete nou yon fason ki pratik e ki reyalis. Li inevitab pou moun rankontre difikilte nan lavi yo, kit se nan fanmi yo, kit se nan monn nan an jeneral. Poutan, ki moun ki planifye pwòp soufrans li ak pwòp men l? Lòm pa kapab konnen Mwen. Li konprann kèk bagay sou aparans ekstèn Mwen, men li pa konnen esans Mwen; li pa konnen ki engredyan ki nan manje li manje a. Ki moun ki kapab pran tan pou li byen konprann kè Mwen? Ki moun ki kapab vrèman konprann entansyon Mwen yo nan prezans Mwen? Lè Mwen desann sou latè, li kouvri ak fènwa epi lòm “nan fon somèy”. Mwen mache nan tout kote, epi tout sa Mwen wè an dezòd, chire an miyèt moso, e li bay lapenn pou gade. Se kòmsi lòm vle pran plezi l sèlman, e li pa enterese ditou ak “sa k ap pase deyò nan monn nan”. San okenn moun pa konnen, Mwen egzamine tout latè an pwofondè, men Mwen pa wè okenn kote ki chaje ak lavi. Tousuit, Mwen fè limyè ak chalè Mwen klere ak tout fòs, epi Mwen gade latè a depi nan twazyèm syèl la. Malgre limyè a tonbe sou tè a epi chalè a gaye sou li, sanble se sèlman limyè a ak chalè a k ap rejwi; yo pa kapab ditou reveye lòm, ki lage kò l nan konfò. Lè Mwen wè sa, tousuit Mwen fè “baton” Mwen te prepare a tonbe nan mitan lòm. Pandan baton an ap tonbe, limyè a ak chalè ap disparèt piti piti, epi tousuit latè a vin tankou yon dezè e li vin fè nwa — epi akoz fènwa a, lòm pwofite okazyon an pou li kontinye pran plezi l. Lòm gen yon ti lide vag sou vini baton Mwen an, men li pa reyaji, epi li kontinye jwi “benediksyon li yo sou latè”. Apre sa, Mwen fè tande vwa Mwen pou M chatye tout moun, epi yo kloure tout moun nan linivè a sou kwa a, tèt anba. Lè chatiman Mwen an rive, bri mòn yo k ap tonbe ak tè a k ap fann fè lòm tranble, epi apre sa li reveye ak sezisman. Li sezi e li pè anpil, li vle chape poul li, men li twò ta. Pandan chatiman Mwen an ap tonbe, wayòm Mwen an desann sou latè epi chak peyi kraze an miyèt moso, yo disparèt san okenn tras e yo pa kite anyen dèyè.

Chak jou, Mwen gade fas linivè a, epi chak jou, Mwen fè nouvo travay Mwen nan mitan lòm. Poutan, tout moun plonje nan travay pa yo, epi pèsonn pa pòte atansyon sou fason travay Mwen ap dewoule, ni remake ki jan bagay yo ye andeyò pwòp zafè pa yo. Se kòmsi moun yo ap viv nan yon nouvo syèl ak yon nouvo latè yo menm yo fè, epi yo pa vle pèsonn lòt moun vin deranje yo. Yo tout okipe nan zafè pran plezi yo, ak nan “egzèsis fizik” pou admire tèt yo. Èske vrèman pa gen okenn plas ditou pou Mwen nan kè lòm? Èske Mwen vrèman pa kapab Souvren an nan kè lòm? Èske lespri lòm vrèman kite l? Ki moun ki janm pran tan pou li byen reflechi sou pawòl ki soti nan bouch Mwen yo? Ki moun ki janm konprann dezi ki nan kè Mwen? Èske gen yon lòt bagay ki vrèman pran kontwòl kè lòm? Anpil fwa Mwen rele fò pou M adrese lòm, men èske gen moun ki janm santi konpasyon pou Mwen? Èske gen moun ki janm viv avèk imanite? Lòm ka viv nan lachè, men li pa gen imanite. Èske li fèt nan wayòm zannimo yo? Oubyen èske li fèt nan syèl la epi li posede divinite? Mwen fè lòm konnen egzijans Mwen yo, poutan sanble li pa konprann pawòl Mwen yo — se kòmsi Mwen se yon mons ki etranje pou li, e sa fè li difisil pou li pwoche bò kote Mwen. Se pa ni de ni twa fwa lòm fè Mwen desi, se pa ni de ni twa fwa Mwen vin an kòlè poutèt li pa aji byen, e se pa ni de ni twa fwa Mwen vin tris poutèt feblès li. Poukisa Mwen pa janm kapab reveye sansiblite espirityèl ki nan kè lòm? Poukisa Mwen pa janm kapab enspire lanmou nan kè lòm? Poukisa lòm pa janm vle trete Mwen tankou de je nan tèt li? Èske kè lòm pa pou li? Èske gen yon lòt bagay ki vin abite nan lespri l? Poukisa lòm ap plenn san rete? Poukisa li toujou chaje ak tristès? Poukisa, lè li tris, li inyore egzistans Mwen? Èske se ta paske Mwen blese l? Èske se ta paske Mwen fè espre Mwen abandone l?

Nan je Mwen, lòm se chèf tout bagay. Mwen ba li yon otorite konsiderab, Mwen pèmèt li jere tout bagay sou latè — zèb sou mòn yo, bèt nan forè yo, ak pwason nan dlo yo. Poutan, olye li kontan poutèt sa, enkyetid anvayi lòm. Tout lavi li se tristès ak chagren, epitou, tout lavi li l ap kouri adwat agòch, epi tout lavi li se vid ki melanje ak plezi; nan tout lavi li, pa gen okenn nouvo “envansyon” ni “kreyasyon”. Pèsonn pa kapab retire kò l nan lavi vid sa a, pèsonn pa janm dekouvri yon lavi ki gen sans, epi pèsonn pa janm fè eksperyans yon lavi reyèl. Malgre moun jodi a yo tout ap viv anba limyè klere Mwen an, yo pa konnen anyen sou lavi nan syèl la. Si Mwen pa montre mizèrikòd pou lòm ni sove limanite, tout moun ta vini pou granmesi, lavi yo sou latè pa gen sans, epi yo prale pou granmesi, san yo pa gen anyen pou yo vante tèt yo. Moun ki soti nan tout relijyon, tout sektè nan sosyete a, tout nasyon, ak tout denominasyon konnen jan lavi sou tè a vid, e yo tout ap chèche Mwen e y ap tann retou Mwen — poutan, ki moun ki kapab konnen Mwen lè Mwen rive? Mwen te fè tout bagay, Mwen te kreye limanite, epi jodi a, Mwen desann nan mitan lòm. Men, lòm riposte kont Mwen epi li fè Mwen “peye pou sa M te fè”. Èske travay Mwen fè sou lòm nan pa pote okenn benefis pou li? Èske Mwen vrèman pa kapab satisfè lòm? Poukisa lòm rejte Mwen? Poukisa lòm frèt e endiferan konsa anvè Mwen? Poukisa latè kouvri ak kadav? Èske se vrèman nan eta sa a monn Mwen te fè pou lòm nan ye? Poukisa Mwen bay lòm richès san parèy, poutan se de men l vid li ofri Mwen an retou? Poukisa lòm pa renmen Mwen ak tout senserite? Poukisa li pa janm nan prezans Mwen? Èske tout pawòl Mwen yo se vrèman pou gremesi? Èske pawòl Mwen yo disparèt tankou chalè ki soti nan dlo? Poukisa lòm pa vle kopere ak Mwen? Èske lè jou Mwen an rive toutbon sa vle di se moman lanmò lòm? Èske Mwen ta ka vrèman detwi lòm lè wayòm Mwen an fòme? Poukisa, pandan tout plan jesyon Mwen an, pèsonn pa janm byen sezi entansyon Mwen yo? Poukisa, olye lòm bay pawòl ki soti nan bouch Mwen yo anpil valè, li meprize yo? Mwen pa kondane pèsonn, men Mwen sèlman mande tout moun pou yo kalme yo epi fè yon travay refleksyon sou tèt yo.

27 Mas 1992

Anvan: Chapit 24

Apre: Chapit 30

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger