Chapit 24

Chatiman Mwen an tonbe sou tout moun, poutan li rete lwen tout moun tou. Tout lavi chak moun chaje ak lanmou pou Mwen ansanm ak rayisman pou Mwen, epi pèsonn pa janm konnen Mwen—se sa ki fè atitid lòm anvè Mwen pa janm fin nòmal, yon lè li cho, yon lè li frèt. Poutan, Mwen te toujou pran swen lòm epi pwoteje l, e se sèlman paske lespri l lou ki fè li pa kapab wè tout zèv Mwen yo ni konprann entansyon Mwen yo ak tout anvi Mwen genyen pou reyalize yo. Mwen se Sila ki alatèt nan mitan pakèt nasyon yo pa ka konte yo, epi Mwen se Trèwo a nan mitan bann moun sa yo ki tèlman anpil yo pa ka konte yo; se jis paske lòm pa konnen Mwen. Pandan anpil ane, Mwen te viv nan mitan lòm e Mwen te fè eksperyans lavi nan monn lòm nan, poutan lòm te toujou inyore Mwen epi konsidere Mwen kòm yon èt ki soti nan lespas. Se poutèt sa, akoz diferans ki genyen ant nou nan dispozisyon ak lang, moun trete Mwen tankou yon etranje yo kwaze nan lari. Sanble fason Mwen abiye ak fason Mwen pran swen aparans Mwen twò depaman ak koutim yo, e se sa ki fè lòm manke “lafwa” pou li pwoche bò kote Mwen. Se lè sa a sèlman Mwen santi dezolasyon ak enjistis ki nan monn lòm nan. Mwen mache nan mitan moun k ap pase yo, epi Mwen obsève figi yo tout. Se kòmsi yo t ap viv anba yon maladi ki ranpli figi yo ak tristès; e se kòmsi yo t ap viv anba chatiman tou, sa ki anpeche yo jwenn liberasyon. Lòm mete limit sou tèt li epi li pran pòz li enb. Pifò moun fè tèt yo parèt sa yo pa ye devan Mwen pou Mwen ka bat bravo pou yo, e pifò moun vin pran pòz yo devan Mwen pou yo fè Mwen pitye pou yo e pou yo ka jwenn èd Mwen. Dèyè do Mwen, tout moun chèche twonpe Mwen ak bèl pawòl epi yo fè rebèl kont Mwen. Èske Mwen pa gen rezon? Èske se pa fason sa a lòm siviv? Ki moun ki janm viv yon fason ki reflete Mwen? Ki moun ki janm leve Mwen wo nan mitan lòt moun? Ki moun ki janm kenbe tèt li sou kontwòl devan Lespri a? Ki moun ki janm rete fèm nan temwayaj li pou Mwen devan Satan? Ki moun ki janm mete senserite nan “lwayote” li genyen pou Mwen an? Ki moun gwo dragon wouj la janm elimine poutèt Mwen? Moun woule nan labou ansanm ak Satan; yo se “ekspè” nan fè rebèl kont Mwen, yo se “envantè” nan fason pou opoze ak Mwen, epi yo se “etidyan nan nivo metriz” nan fason yo trete Mwen pou lafòm. Pou pwòp desten li, lòm ap chèche adwat agòch sou latè, epi lè Mwen fè l siy pou l vini, li toujou pa kapab santi jan Mwen presye; li kontinye konte sou tèt li avèk “lafwa”, san li pa vle vin yon “chay” pou lòt moun. “Rezolisyon” lòm yo gen anpil valè, poutan rezolisyon pèsonn pa janm fè nòt maksimòm: Yo tout tranble devan Mwen, epi yo tonbe san fè bri.

Mwen pale chak jou, epi chak jou Mwen fè nouvo bagay. Si lòm pa sèvi ak tout fòs li, l ap gen difikilte pou li tande vwa Mwen epi wè fas Mwen. Byeneme a ka gen yon bote ekstrèm, e fason Li pale ka kite dousè dèyè, men lòm pa ka fasilman kontanple fas gloriye Li a ni tande vwa Li. Pandan tout epòk yo, pèsonn pa janm wè fas Mwen fasilman. Yon lè, Mwen te pale ak Pyè, e Mwen te “parèt” devan Pòl, men pa gen lòt moun—eksepte Izrayelit yo—ki janm wè fas Mwen toutbon. Jodi a, Mwen vini pèsonèlman nan mitan lòm pou Mwen viv ansanm ak li. Èske sa pa sanble yon bagay ki ra e ki gen anpil valè pou nou? Èske nou pa vle bay tan nou valè? Èske nou vle kite l pase konsa san nou pa pwofite l? Èske zegwi ki make tan an ta sispann vire nan lespri moun yo toudenkou? Oubyen èske tan an ka fè bak? Oubyen èske lòm ta ka vin jèn ankò? Èske lavi ki chaje ak benediksyon jodi a ta ka tounen ankò? Mwen pa bay lòm yon “bonis” ki koresponn ak “gaspiyaj” li a. Mwen sèlman ap pèsiste nan fè travay Mwen, san Mwen pa kite okenn lòt bagay afekte Mwen, epi Mwen pa kanpe tan an poutèt lòm okipe, ni poutèt bri rèl li yo. Pandan plizyè milye ane, pèsonn pa t kapab fè Mwen gaye enèji Mwen, e pèsonn pa t kapab boulvèse plan Mwen te genyen depi nan kòmansman an. Mwen pral depase limit espas yo, travèse tout epòk yo, epi kòmanse reyalize pati santral tout plan Mwen an ni anlè tout bagay ni nan mitan tout bagay. Pa gen yon sèl moun ki te kapab jwenn tretman espesyal nan men M oswa “rekonpans” nan men Mwen. Menm lè yo louvri bouch yo pou yo sipliye Mwen, menm lè yo bliye tout lòt bagay epi yo lonje men yo pou yo egzije bagay sa yo nan men Mwen, pa gen yon sèl nan moun sa yo ki janm touche kè Mwen, e vwa Mwen ki “san pitye” te repouse yo tout. Pifò moun kwè yo “twò jèn”, e se poutèt sa y ap tann Mwen montre anpil konpasyon epi fè yo mizèrikòd yon dezyèm fwa; yo mande M pou M kite yo antre nan pòt dèyè a. Men, kòman Mwen ta ka chanje plan Mwen konsa konsa? Èske Mwen ta ka fè latè sispann vire paske lòm “jèn”, pou li ka viv kèk ane anplis sou latè? Sèvo lòm tèlman konplike, poutan sanble gen bagay li manke tou. Se sa ki fè souvan gen “bèl metòd” ki parèt nan lespri lòm pou li fè espre li deranje travay Mwen.

Malgre anpil fwa Mwen te padone peche lòm epi Mwen te pran swen l yon fason espesyal poutèt feblès li, anpil fwa tou Mwen te trete l jan sa te nesesè poutèt inyorans li. Se jis paske lòm pa janm konn apresye bonte Mwen ki fè li degrade jouk li rive nan sitiyasyon li ye kounye a: li kouvri ak pousyè, rad li an miyèt moso, cheve l kouvri tèt li tankou yon touf raje, figi l kouvri ak yon kouch kras, pye l nan soulye mal fèt li fabrike li menm, epi de bra l yo pandye sou kò l san fòs tankou grif yon èg ki mouri. Lè Mwen louvri je Mwen pou Mwen gade, se kòmsi lòm fèk grenpe soti nan gwo twou san fon an. Mwen pa ka pa fache: Mwen te toujou toleran ak lòm, men kòman Mwen ta ka pèmèt yon dyab antre soti jan li vle nan wayòm sen Mwen an? Kòman Mwen ta ka pèmèt yon mandyan manje gratis lakay Mwen? Kòman Mwen ta ka tolere yon lespri enpi kòm envite lakay Mwen? Lòm te toujou “sevè ak tèt li” epi “toleran ak lòt moun”, poutan li pa janm montre menm yon ti jantiyès ak Mwen, paske Mwen se Bondye ki nan syèl la, se poutèt sa li trete Mwen yon lòt jan, e li pa janm gen menm yon ti afeksyon pou Mwen. Se kòmsi je lòm espesyalman vijilan: Kou li rankontre Mwen, aparans figi l chanje tousuit, epi li mete yon ti ekspresyon anplis sou figi frèt san emosyon l lan. Mwen pa enpoze sou lòm sanksyon ki koresponn ak atitid li anvè Mwen; Mwen senpleman gade fimaman an nan pozisyon ki anlè linivè yo, e se nan pozisyon sa a Mwen fè travay Mwen sou latè. Nan souvni lòm, Mwen pa janm montre bonte pou pèsonn, men Mwen pa janm maltrete pèsonn nonplis. Paske lòm pa kite yon “plas vid” pou Mwen nan kè l, lè Mwen mete tout prekosyon sou kote pou Mwen abite anndan li, li mete Mwen deyò san okenn konsiderasyon; apre sa, li sèvi ak bèl pawòl pou li bay eskiz, li di li gen twòp mank e li pa kapab bay tèt li pou jwisans Mwen. Pandan l ap pale, souvan gen “nyaj nwa” ki anvayi figi l, se kòmsi gen yon katastwòf ki ka frape lòm nenpòt ki lè. Poutan, li toujou mande M ale, san li pa reflechi sou danje ki gen nan sa. Malgre sa Mwen bay lòm atravè pawòl Mwen ak chalè akolad Mwen, sanble li pa gen zòrèy pou l tande, e se sa ki fè li pa bay vwa Mwen menm yon ti atansyon; olye de sa, li mete de men nan tèt epi l kouri soti. Mwen vire kite lòm paske M yon jan desi, epi yon ti jan an kòlè tou. Lòm, bò kote pa l, disparèt tousuit anba atak gwo van ak gwo vag. Yon ti tan apre, li vin pouse rèl devan Mwen, men kòman li ta ka chanje mouvman van an ak vag yo? Piti piti, tout tras lòm disparèt, jouk yo pa ka jwenn li okenn kote.

Anvan tout epòk yo, Mwen te rete anlè tèt linivè yo pou M gade tout tè yo. Mwen te planifye pou Mwen antreprann yon gwo travay sou latè: kreye yon limanite ki ann amoni ak entansyon Mwen yo, epi tabli yon wayòm sou latè tankou sa ki nan syèl la, pou pouvwa Mwen ranpli fimaman an e pou sajès Mwen gaye nan tout linivè a. Se konsa jodi a, plizyè milye ane apre, Mwen kontinye ak plan Mwen an. Poutan, pèsonn pa konnen plan Mwen oswa jesyon Mwen sou latè, e ankò mwens pou yo ta wè wayòm Mwen an sou latè. Se sa ki fè lòm kouri dèyè lonbraj epi li vin devan Mwen pou li eseye twonpe Mwen, paske li vle peye yon “pri an silans” pou jwenn benediksyon Mwen yo nan syèl la. Konsa, li pwovoke kòlè Mwen, epi Mwen fè jijman tonbe sou li, men li toujou pa reveye l. Se kòmsi li t ap travay anba tè, san li pa konnen anyen ditou sou sa ki anlè tè a, pandan li pa chèche lòt bagay ke pwòp avni li. Pami tout moun yo, Mwen pa janm wè youn k ap viv anba limyè klere Mwen an. Yo viv nan yon monn fènwa, e sanble yo abitye viv nan fènwa a. Lè limyè a vini, yo rete lwen li, e se kòmsi limyè a te deranje travay yo; se sa ki fè yo montre yo yon jan pa vle wè l, se kòmsi limyè a te kraze tout lapè yo epi anpeche yo dòmi byen. Se poutèt sa lòm rasanble tout fòs li pou li chase limyè a. Limyè a tou sanble “pa konn tèt li”, e se konsa li reveye lòm nan dòmi. Lè lòm reveye, je l fèmen e kè l chaje ak kòlè. Li yon ti jan pa kontan ak Mwen, men nan kè Mwen, Mwen konnen sa k ap pase. Mwen ogmante fòs limyè a piti piti, pou tout moun vin viv nan limyè Mwen an youn apre lòt; konsa, anvan lontan, yo vin abitye viv byen ak limyè a, e anplis, yo tout bay limyè a anpil valè. Lè sa a, wayòm Mwen an rive nan mitan lòm, tout moun danse ak kè kontan epi yo fete, latè chaje ak lajwa tousuit, epi vini limyè a koupe silans ki te dire plizyè milye ane a…

26 Mas 1992

Anvan: Chapit 22

Apre: Chapit 25

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger