Chapit 22

Lòm ap viv nan mitan limyè a, poutan li pa rann li kont jan limyè a presye. Li pa konnen esans limyè a, ni sous limyè a, epi, sa ki pi rèd la, li pa konnen pou kiyès limyè a ye. Lè Mwen mete limyè a nan mitan lèzòm, touswit Mwen egzamine kondisyon ki genyen nan mitan lèzòm: Akoz limyè a, tout moun ap chanje epi y ap grandi, epi yo kite tenèb la. Mwen gade nan chak kwen linivè a, epi Mwen wè mòn yo kouvri anba bwouya, dlo yo tounen glas akoz fredi a, epi, akoz limyè a ki vini, moun yo gade nan direksyon Lès pou yo ka dekouvri yon bagay ki pi presye — poutan yo toujou pa kapab disène yon direksyon klè nan mitan bwouya a. Paske bwouya kouvri lemonn antye, lè Mwen rete nan mitan nyaj yo M ap gade, pa janm gen pèsonn ki dekouvri egzistans Mwen. Lòm ap chèche yon bagay sou latè; li sanble ap fouye chèche bagay pou l manje; sanble li gen entansyon tann Mwen rive — poutan li pa konnen jou Mwen an, epi sèl sa li ka fè se voye je l souvan pou l gade ti limyè fèb ki nan Lès la. Pami kantite moun Mwen chwazi yo pèsonn pa ka konte, Mwen ap chèche moun ki vrèman ann akò ak entansyon Mwen yo. Mwen mache nan mitan kantite moun Mwen chwazi yo pèsonn pa ka konte, epi Mwen viv nan mitan yo, men lòm sou latè an sekirite, konsa pa gen pèsonn ki vrèman ann akò ak entansyon Mwen yo. Moun yo pa konnen ki jan pou yo montre konsiderasyon pou entansyon Mwen yo, yo pa kapab wè aksyon Mwen yo, epi yo pa kapab mache nan limyè a pou limyè a klere yo. Menmsi lòm te konn bay pawòl Mwen yo anpil valè, li pa kapab wè klè nan mannèv Satan yo; paske nivo espirityèl lòm twò ba, li pa kapab fè sa kè l vle. Lòm pa janm renmen Mwen ak senserite. Lè Mwen leve l wo, li santi li pa diy, men sa pa pouse l chèche satisfè Mwen. Li annik kenbe « pozisyon » Mwen ba li a nan men l epi li egzamine l ak anpil atansyon; bèlte Mwen pa fè l ni cho ni frèt, okontrè, li kontinye pran plezi san rete nan avantaj ki mache ak pozisyon li. Èske se pa yon feblès lòm genyen? Lè mòn yo deplase, èske yo ta ka fè yon detou pou evite w akoz pozisyon w? Lè dlo yo ap koule, èske yo ta ka sispann devan pozisyon lòm? Èske pozisyon lòm ta ka fè syèl yo ak tè a vire tèt anba? Mwen te montre lòm mizèrikòd anpil fwa—poutan pèsonn pa t apresye sa ni bay sa anpil valè. Yo te annik koute sa tankou yon istwa, oswa yo te li sa tankou yon woman. Èske pawòl Mwen yo vrèman pa touche kè lòm? Èske deklarasyon Mwen yo vrèman pa gen okenn efè? Èske li posib pou pèsonn pa kwè nan egzistans Mwen? Lòm pa renmen tèt li; okontrè, li mete tèt li ansanm ak Satan pou atake Mwen, epi li sèvi ak Satan kòm yon « atou » pou l sèvi Mwen. Mwen pral demaske tout mannèv Satan yo, pou depi kounye a Satan pa twonpe moun sou latè ankò, epi pou yo pa opoze ak Mwen akoz egzistans li.

Nan wayòm nan, Mwen se Wa—men olye lòm trete Mwen kòm Wa li, li trete Mwen kòm « Sovè ki desann soti nan syèl la ». Kòm rezilta, li swete Mwen ba li kichòy epi li pa chèche konnen Mwen. Tèlman gen moun ki sipliye devan Mwen tankou mandyan; tèlman gen moun ki louvri « sak » yo devan Mwen epi ki sipliye Mwen pou Mwen ba yo manje pou yo ka siviv; tèlman gen moun ki fikse je yo plen avaris sou Mwen tankou lou ki grangou, yo swete yo ta ka devore Mwen pou plen vant yo; tèlman gen moun ki bese tèt yo an silans akoz transgresyon yo epi ki santi yo wont, yo sipliye Mwen pou Mwen fè yo gras, oswa yo aksepte chatiman Mwen ak tout volonte yo. Lè Mwen pwononse deklarasyon Mwen yo, divès eta lèd lòm yo parèt sou tout kalite fòm etranj, epi vrè fòm li revele nan limyè a; e nan limyè k ap klere a, lòm pa kapab padone tèt li. Konsa, li prese vin devan Mwen pou li pwostène epi konfese peche li yo. Akoz « onètete » lòm, Mwen rale l monte yon lòt fwa ankò sou charyo sali a, epi, poutèt sa, li rekonesan anvè Mwen e li ban Mwen yon koudèy plen lanmou. Poutan, li toujou pa vrèman gen entansyon pran refij nan Mwen, epi li pa ban Mwen tout kè l nèt. Li senpleman vante Mwen, men li pa vrèman renmen Mwen, paske li pa oryante panse l sou Mwen; kò li devan Mwen, men kè li dèyè Mwen. Piske lòm pa konnen ditou ki jan pou li konpòte l epi li pa enterese vin devan Mwen, Mwen ba li sipò ki apwopriye, pou l ka soti nan tèt di ki fè l pèsiste nan move chemen li yo, epi vire vin jwenn Mwen. Se egzakteman mizèrikòd sa a Mwen montre lòm, epi se metòd sa a Mwen itilize pou Mwen fè tout efò pou sove l.

Tout moun nan linivè a selebre jou Mwen an ki rive, epi zanj yo mache nan mitan moun Mwen chwazi yo. Lè Satan lakòz twoub, zanj yo toujou ede pèp Mwen an akoz sèvis yo nan syèl la. Zanj yo pa kite dyab la twonpe yo akoz feblès lòm, okontrè, akoz gwo atak fòs fènwa yo, yo fè plis efò toujou pou yo fè eksperyans lavi lòm atravè bwouya a. Tout moun Mwen chwazi yo soumèt devan non Mwen, epi pa janm gen pèsonn ki leve pou opoze ak Mwen aklè. Akoz travay zanj yo, lòm aksepte non Mwen, epi tout moun twouve yo anndan kouran travay Mwen an. Mond lan ap tonbe! Babilòn paralize! Mezanmi, mond relijye a! Ki jan pou otorite Mwen sou latè pa ta detwi li? Kiyès ki kontinye oze rebele kont Mwen epi opoze ak Mwen? Eskrib yo? Tout responsab relijye yo? Dirijan yo ak otorite yo sou latè? Zanj yo? Kiyès ki pa selebre pèfeksyon ak plenitid kò Mwen? Pami kantite moun Mwen chwazi yo pèsonn pa ka konte, kiyès ki pa chante lwanj san rete, epi kiyès ki pa toujou kontan akoz Mwen? Mwen ap viv nan peyi kote twou gwo dragon wouj la ye a, poutan sa pa fè Mwen tranble ak laperèz ni kouri ale, paske tout moun pa l yo deja kòmanse rayi l. Pa janm gen anyen ki fè « devwa » li devan dragon an pou byen dragon an; okontrè, tout bagay aji jan yo wè ki bon, epi yo chak pran pwòp chemen yo. Ki jan pou peyi sou latè yo pa ta peri? Ki jan pou peyi sou latè yo pa ta tonbe? Ki jan pou pèp Mwen an pa ta rele tèlman li kontan? Ki jan pou yo pa ta chante ak kè kontan? Èske sa se travay lòm? Èske se men lòm ki fè sa? Mwen te bay lòm fondasyon egzistans li, epi Mwen te ba li bagay materyèl, poutan li pa satisfè ak sikonstans li kounye a epi li mande pou li antre nan wayòm Mwen an. Men, ki jan li ta ka antre nan wayòm Mwen an fasil konsa, san li pa peye yon pri, san li pa dispoze konsakre tèt li san enterè pèsonèl? Olye Mwen mande lòm remèt Mwen nenpòt bagay, Mwen fikse egzijans pou li, pou wayòm Mwen an sou latè ka plen ak glwa. Mwen te gide lòm pou l antre nan epòk prezan an, se nan kondisyon sa li egziste, epi li viv anba direksyon limyè Mwen an. Si se pa t konsa, kiyès pami moun sou latè ki t ap konnen sa lavni rezève pou li? Kiyès ki t ap konprann entansyon Mwen yo? Mwen ajoute kondisyon Mwen yo sou sa lòm mande yo; èske sa pa ann akò ak lwa lanati yo?

Yè, nou te viv nan mitan van ak lapli; jodi a, nou antre nan wayòm Mwen an epi nou vin tounen pèp li a; epi demen, nou pral jwi benediksyon Mwen yo. Kiyès ki te janm imajine bagay konsa? Konbyen pwoblèm ak difikilte nou pral sibi nan lavi nou—èske nou konnen? Mwen avanse nan mitan van ak lapli, epi Mwen pase ane apre ane nan mitan lèzòm, jouk Mwen rive nan jou jodi a. Èske sa yo se pa egzakteman etap plan jesyon Mwen an? Kiyès ki janm ajoute yon bagay nan plan Mwen an? Kiyès ki ka chape anba etap plan Mwen an? Mwen ap viv nan kè plizyè santèn milyon moun, Mwen se Wa nan mitan plizyè santèn milyon moun, epi plizyè santèn milyon moun rejte Mwen e yo fè manti sou Mwen. Imaj Mwen pa vrèman nan kè lòm. Se sèlman yon fason vag lòm wè vizaj gloriye Mwen an nan pawòl Mwen yo, men akoz panse li yo k ap twouble l, li pa fè santiman pa l yo konfyans; se sèlman yon « Mwen » ki pa klè ki nan kè li, epi li pa dire lontan. Konsa, lanmou li pou Mwen se menm jan tou: Lanmou li parèt devan Mwen detanzantan, kòmsi chak moun te renmen Mwen selon pwòp tanperaman li, kòmsi lanmou li parèt epi li disparèt nan yon limyè lalin ki fèb. Jodi a, se sèlman akoz lanmou Mwen ki fè lòm toujou la e ki fè li gen chans siviv. Si se pa t konsa, kiyès pami lèzòm, akoz kò yo ki fin depafini, ki pa t ap tonbe anba lazè a? Lòm toujou pa konnen tèt li. Li ap fè wè devan Mwen, epi li vante tèt li dèyè do Mwen, poutan pèsonn pa oze opoze ak Mwen anfas Mwen. Sepandan, lòm pa konnen sa opozisyon Mwen pale a vle di; okontrè, li kontinye eseye twonpe Mwen, epi li kontinye leve tèt li wo—lè li fè sa, èske li pa opoze ak Mwen aklè? Mwen tolere feblès lòm, men Mwen pa sitire opozisyon li chwazi fè a ditou. Menmsi li konnen ki sans sa genyen, li pa vle aji ann akò ak sans sa a epi li annik aji selon preferans li yo, l ap eseye twonpe Mwen. Mwen montre dispozisyon Mwen aklè nan pawòl Mwen yo toutan, poutan lòm pa vle aksepte defèt—anmenmtan, li revele dispozisyon pa li. Nan mitan jijman Mwen, lòm pral fin dakò nèt, epi nan mitan chatiman Mwen, finalman li pral viv selon imaj Mwen epi li pral tounen manifestasyon Mwen sou latè!

22 Mas 1992

Anvan: Chapit 21

Apre: Chapit 24

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger