Chapit 21

Lòm tonbe plat atè nan mitan limyè Mwen, epi li rete fèm grasa sali Mwen. Lè Mwen pote sali pou tout linivè a, lòm eseye chèche mwayen pou li antre nan kouran restorasyon Mwen an, epoutan gen anpil moun gwo kouran restorasyon sa a pote ale san kite okenn tras; gen anpil ki nwaye, epi dlo gwo kouran an vale yo; epi gen anpil tou ki rete fèm nan mitan gwo kouran an, ki pa janm pèdi direksyon yo, e konsa ki swiv gwo kouran an jouk jodi a. Mwen avanse menm pa ak lòm, epoutan, lòm pa janm konnen Mwen; li konnen sèlman aparans deyò Mwen ak fason Mwen abiye, men li pa konnen richès ki kache anndan Mwen. Malgre Mwen fè pwovizyon pou lòm epi Mwen ba li chak jou, li toujou pa kapab aksepte sa Mwen ba li yo toutbon vre; li toujou pa kapab aksepte tout richès Mwen ba li yo. Mwen byen konprann nan ki pwen lòm fin kòwonpi; pou Mwen, mond anndan l lan klè tankou lalin k ap klere sou dlo a. Mwen pa trete lòm yon fason neglijan e sipèfisyèl, ni Mwen pa aji avèk li pou lafòm; se jis lòm pa kapab pran responsablite pwòp tèt li, e konsa tout limanite te toujou deprave, e menm jodi a li rete enkapab pou l rale tèt li soti nan depravasyon sa a. Podyab limanite, pitye pou li! Poukisa lòm renmen Mwen, men li pa kapab swiv entansyon Lespri Mwen yo? Èske Mwen reyèlman pa t fè limanite konnen Mwen? Èske lòm vrèman pa janm wè vizaj Mwen? Èske Mwen te montre twò piti mizèrikòd anvè limanite? O, rebèl nan tout limanite! Yo dwe detwi anba pye Mwen; yo dwe disparèt nan mitan chatiman Mwen an, epi yo dwe, nan jou kote gwo travay Mwen an ap fini an, mete yo deyò nan mitan limanite, yon fason pou tout limanite ka konnen vizaj lèd yo. Li difisil pou lòm wè vizaj Mwen oswa tande vwa Mwen paske tout mond lan twò twoub epi bri li twò fò; konsa, lòm twò parese pou l chèche vizaj Mwen epi chèche konprann kè Mwen. Èske se pa sa ki kòz koripsyon lòm? Èske se pa poutèt sa lòm nan bezwen? Tout limanite te toujou nan mitan pwovizyon Mwen; si se pa t sa, si Mwen pa t gen mizèrikòd, kiyès ki t ap siviv jouk jodi a? Richès ki nan Mwen yo pa gen parèy; sepandan, tout dezas tou rete nan pla men Mwen. Kiyès ki kapab chape anba dezas nenpòt lè yo vle? Èske siplikasyon lòm yo, oswa rèl ki anndan kè l pèmèt li fè sa? Lòm pa janm sipliye Mwen toutbonvre; se poutèt sa, pami tout limanite, pa gen pèsonn ki janm viv tout lavi li nan mitan vrè limyè a; yo viv sèlman nan limyè k ap flache yon fason iregilye, k ap parèt epi disparèt. Se sa ki mennen nan mank limanite genyen jodi a.

Tout moun ap prepare yo avèk enpasyans, yo chofe pou yo fè tout sa yo kapab pou Mwen dekwa pou yo jwenn yon bagay nan men Mwen, e konsa, an konfòmite ak sikoloji lòm, Mwen ba li pwomès pou Mwen kapab enspire vrè lanmou anndan l. Èske se reyèlman vrè lanmou lòm ki ba li fòs? Èske se lwayote lòm anvè Mwen ki touche Lespri Mwen nan syèl la? Aksyon lòm pa janm touche Syèl la menm yon ti kras, epi si fason Mwen trete lòm te baze sou chak aksyon l, lè sa a, tout limanite t ap viv nan mitan chatiman Mwen. Mwen wè anpil moun ak dlo nan je k ap koule sou figi yo, epi Mwen wè anpil moun ofri kè yo an echanj pou richès Mwen yo. Malgre kalite “pyete” sa a, Mwen pa janm bay lòm tout Mwen menm nan yon fason ki san kontwòl akòz anvi sibit li yo, paske lòm pa janm dispoze avèk kè kontan pou devwe tèt li devan Mwen. Mwen rache mas ki sou vizaj tout moun yo e Mwen voye mas sa yo nan letan dife a, e kòm rezilta, swadizan lwayote ansanm ak rèl lòm pa janm rete fèm devan Mwen. Lòm tankou yon nwaj nan syèl la: Lè van an ap gwonde, li pè fòs li ki gen anpil pisans, konsa li prese flote dèyè l, tèlman li pè anpil pou yo pa abat li akòz rebelyon l. Èske se pa vizaj lèd lòm sa a ye? Èske sa a se pa swadizan soumisyon lòm nan? Èske se pa “vrè santiman” ak fo senserite lòm sa a ye? Anpil moun refize kite tout deklarasyon ki soti nan bouch Mwen yo konvenk yo, epi anpil pa aksepte evalyasyon Mwen an, e konsa pawòl yo ansanm ak aksyon yo revele entansyon yo genyen pou yo trayi Mwen. Èske sa Mwen di a kontrè ak ansyen nati lòm nan? Èske Mwen pa t bay lòm yon definisyon apwopriye selon “lwa lanati yo”? Lòm pa reyèlman soumèt devan Mwen; si l te vrèman chèche Mwen, Mwen pa t ap bezwen di anpil pawòl konsa. Lòm se fatra initil, epi Mwen dwe sèvi ak chatiman Mwen pou fòse l avanse; si Mwen pa t fè sa, kijan kè l ta ka touche, menmsi pwomès Mwen ba li yo sifi pou l jwi yo? Lòm te toujou ap viv nan mitan lit ki plen doulè pandan anpil ane; ou kapab di li te toujou viv nan dezespwa. Kòm rezilta, sa kite l nan touman jiskaske l rive nan dekourajman pwofon, lespri l bouke epi fòs li fini, e konsa li pa aksepte ak kè kontan richès Mwen ba li yo. Menm jodi a, pa gen pèsonn ki kapab aksepte tout dousè lespri a nan men Mwen. Moun yo sèlman rete pòv, epi y ap tann dènye jou a.

Anpil moun swete renmen Mwen toutbonvre, men piske kè yo pa pou yo, yo pa gen okenn kontwòl sou pwòp tèt yo. Anpil moun renmen Mwen toutbon pandan y ap fè eksperyans eprèv Mwen ba yo, epoutan yo pa kapab byen konprann vrè egzistans Mwen, epi yo sèlman renmen Mwen nan vid, men se pa akòz vrè egzistans Mwen. Anpil moun depoze kè yo devan Mwen epi apre sa yo pa bay kè yo okenn atansyon, e konsa Satan rache kè yo ale nenpòt lè li jwenn okazyon an, epi apre sa yo kite Mwen. Anpil moun renmen Mwen toutbonvre lè pawòl Mwen yo ba yo sa yo bezwen, epoutan yo pa bay pawòl Mwen yo valè nan lespri yo, olye de sa yo sèvi avèk yo yon fason neglijan tankou pwopriyete piblik epi yo voye yo tounen kote yo te soti a nenpòt lè yo santi yo anvi fè sa. Tout moun chèche Mwen nan mitan doulè, epi konte sou Mwen nan mitan eprèv; nan moman lapè yo jwi Mwen, lè yo an danje yo nye Mwen, lè yo okipe yo bliye Mwen, epi nan tan lib yo, yo fè kèk efò ki fèt pou lafòm pou yo aji avèk Mwen. Epoutan pèsonn pa janm renmen Mwen pandan tout lavi li. Mwen swete pou moun yo sensè devan Mwen. Mwen pa mande pou yo ban Mwen anyen, men sèlman pou yo tout pran Mwen oserye, pou, olye yo sèvi ak pawòl dous pou twonpe Mwen, yo pèmèt Mwen jwenn senserite yo an retou. Eklèsisman Mwen, limyè Mwen ak efò ak sakrifis Mwen prezan nan tout moun; epoutan, verite sou tout sa lòm fè ak fason yo twonpe Mwen prezan tou nan tout moun. Se kòmsi tandans lòm genyen pou l twonpe Mwen te nan li depi vant manman l; se kòmsi l te posede konpetans espesyal pou fè riz depi l fèt. Anplis de sa, li pa janm kite moun dekouvri sa l ap fè a; pèsonn pa janm rive dekouvri rasin konpetans li genyen nan fè riz sa yo. Kòm rezilta, lòm ap viv nan mitan twonpri san l pa rann li kont, epi se kòmsi l padone tèt li, kòmsi se Bondye ki te fè sa rive, olye li rekonèt se li menm ki fè espre twonpe Mwen. Èske se pa sa menm ki rasin fason lòm ap twonpe Mwen an? Èske se pa konplo l sa a? Mwen pa janm kite fo pawòl dous lòm yo twouble Mwen, paske Mwen te dekouvri vrè nati l depi lontan. Kiyès ki konnen valè salte ki gen nan san li, epi ki valè pwazon Satan ki gen anndan mwèl li? Pwazon sa a ap ogmante chak jou; lòm vin abitye avè l, li pa santi ditou afliksyon Satan yo, e konsa li pa gen nan tèt li pou l chèche dekouvri “ki jan pou viv an sante”.

Lè lòm rete lwen Mwen, epi lè l ap tante Mwen, Mwen kache tèt Mwen pou li nan mitan nwaj yo. Kòm rezilta, li pa kapab jwenn okenn tras Mwen, epi li viv sèlman anba men mechan yo, l ap fè tout sa yo mande l. Lè lòm toupre Mwen, Mwen parèt devan li epi Mwen pa kache vizaj Mwen pou li, epi nan moman sa a, lòm wè bèl vizaj Mwen ki plen bonte. Toudenkou lespri l vin klè, epi yon lanmou pou Mwen leve natirèlman anndan l. Nan kè li, li santi yon dousè ki pa gen parèy, epi li mande tèt li kijan l te fè pa konnen egzistans Mwen nan linivè a. Konsa lòm vin gen yon pi gwo sans konsènan bèlte Mwen, e anplis, konsènan jan Mwen presye. Kòm rezilta, li swete pa janm kite Mwen ankò, men okontrè li wè Mwen tankou limyè k ap fè l siviv la, epi, tèlman l pè anpil pou Mwen pa kite l, li anbrase Mwen byen sere. Zèl lòm pa touche Mwen, men Mwen ba l “mizèrikòd” akòz lanmou li. Nan moman sa a, lamenm lòm ap viv nan mitan eprèv Mwen yo. Vizaj Mwen disparèt sot nan kè l, epi lapoula li santi lavi l vid, epi panse li vire sou chape poul li. Nan moman sa a, kè lòm parèt aklè. Li pa anbrase Mwen akòz dispozisyon Mwen, men li mande pou Mwen pwoteje li akòz lanmou Mwen. Epoutan lè lanmou Mwen frape lòm an retou, lapoula li chanje lide; li chire alyans li te fè avèk Mwen an epi li libere tèt li anba jijman Mwen an, li pa vle gade bèl vizaj Mwen ki plen bonte a ankò ditou, e konsa li chanje opinyon l sou Mwen, epi li di Mwen pa janm sove lòm. Èske vrè lanmou pa gen anyen ladan l apa mizèrikòd? Èske se sèlman lè lòm ap viv anba limyè Mwen k ap klere a li renmen Mwen? Li reflechi sou sa ki te pase yè, epi l ap viv jodi a—èske se pa sa kondisyon imen an ye? Èske nou reyèlman ap toujou konsa demen? Sa Mwen vle, se pou lòm anvi Mwen anpil jis nan fon kè l, se pa yon dezi pou l satisfè Mwen ak bagay moun ka wè sou deyò.

21 Mas 1992

Anvan: Chapit 20

Apre: Chapit 22

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger