Chapit 20
Richès ki nan kay Mwen yo se pa bagay yo ka konte, e yo depase sa moun ka konprann, poutan lòm pa janm vin jwenn Mwen pou l jwi yo. Lòm pa kapab pran plezi poukont li, ni pwoteje tèt li ak pwòp fòs pa li; olye de sa, li toujou mete konfyans li nan lòt moun. Pami tout moun Mwen wè yo, pa gen youn ki janm pran inisyativ chèche Mwen dirèkteman. Yo tout vin devan Mwen paske lòt moun ankouraje yo fè sa, yo suiv majorite a, epi yo pa vle peye pri a ni konsakre tan pou anrichi lavi yo. Se poutèt sa, pami lèzòm, pa gen youn ki janm viv nan reyalite a, e tout moun ap mennen yon lavi ki san sans. Akoz abitid ak koutim lòm genyen depi lontan, sant tè a anvayi tout kò yo. Kòm rezilta, lòm vin angoudi, li pa sansib pou dezolasyon monn lan, epi li pito okipe tèt li ap chèche pwòp plezi li nan monn sa a ki tounen glas. Lavi lòm pa gen menm yon ti kras chalè, ni okenn tras imanite oswa limyè—poutan li toujou satisfè tèt li, li kite tout lavi li pase san valè, ap kouri adwat agoch san l pa reyalize anyen. Nan yon bat je, jou lanmò a pwoche, epi lòm sibi yon lanmò ki anmè. Nan monn sa a, li pa janm reyalize anyen ni jwenn anyen—li vini an prese, epi li ale an prese. Selon sa Mwen wè, pa gen pèsonn ki janm pote anyen vini ni pote anyen ale, e se poutèt sa lòm santi monn nan enjis. Poutan, pa gen youn ki vle prese kite l. Yo sèlman ap tann jou kote pwomès Mwen an ap soti nan syèl la pou l rive toudenkou nan mitan lèzòm, pou pèmèt yo wè chemen lavi etènèl la yon lòt fwa ankò, nan moman yo pèdi a. Konsa, lòm fikse je li sou tout sa Mwen fè ak sou chak mouvman Mwen, pou li wè si Mwen vrèman kenbe pwomès Mwen te fè li a. Lè li nan mitan tribilasyon, lè li nan doulè ekstrèm, oswa lè eprèv sènen li epi li prèske tonbe, lèzòm modi jou li te fèt la pou li ka chape pi vit anba danje sa a epi ale yon lòt kote ki ideyal. Men, lè eprèv yo fin pase, lòm ranpli ak lajwa. Li selebre jou li te fèt sou tè a epi li mande pou Mwen beni jou nesans li a; lè sa rive, lòm pa pale ankò de sèman li te fè anvan yo, paske li pè anpil pou lanmò pa vin sou li yon dezyèm fwa. Lè Mwen leve monn nan ak men Mwen, moun yo danse ak lajwa, yo pa nan lapenn ankò, epi yo tout depann de Mwen. Lè Mwen kouvri figi Mwen ak men Mwen epi Mwen peze moun yo anba tè a, tousuit yo santi souf yo kout, epi yo apèn kapab siviv. Yo tout rele Mwen byen fò, yo pè anpil pou Mwen pa detwi yo, paske yo tout vle wè jou kote Mwen jwenn glwa a. Lòm konsidere jou Mwen an kòm baz ki soutni egzistans li, e se sèlman paske moun yo anvi wè jou kote glwa Mwen ap vini an ki fè limanite kontinye egziste jis jodi a. Moun ki fèt pandan dènye jou yo se moun ki gen kont chans yo paske yo ka wè tout glwa Mwen. Se benediksyon sa a Mwen dekrete ak pawòl Mwen yo.
Pandan tout epòk yo, anpil moun kite monn sa a ak desepsyon, ak regrè dèske yo oblije kite l, epi anpil lòt vini ladan l ak espwa epi lafwa. Mwen fè aranjman pou anpil moun vini, epi Mwen voye anpil lòt ale. Yon kantite moun san konte pase nan men Mwen. Yo te jete anpil lespri kote mò yo ye a, anpil te viv nan yon kò, epi anpil te mouri e yo te refèt ankò sou tè a. Poutan, pa gen youn ladan yo ki janm gen okazyon jwi benediksyon wayòm nan jodi a. Mwen sitèlman bay lòm anpil, poutan li jwenn yon ti kras; akoz atak fòs Satan yo, li pa kapab jwi tout richès Mwen yo. Li sèlman gen chans voye je gade yo, men li pa janm kapab jwi yo nèt. Lòm pa janm dekouvri depo trezò ki nan kò fizik li a pou li ka resevwa richès syèl la, e konsa li pèdi benediksyon Mwen ba li yo. Èske se pa lespri lòm menm ki ògàn ki konekte li ak Lespri Mwen? Poukisa lòm pa janm sèvi ak lespri li pou antre an kontak avè M? Poukisa li pwoche bò kote M nan lachè, poutan li pa kapab fè sa nan lespri? Èske vrè figi Mwen se lachè? Poukisa lòm pa konnen esans Mwen? Èske vrèman pa janm gen okenn tras Mwen nan lespri lòm? Èske Mwen disparèt nèt nan lespri lòm? Si lòm pa antre nan monn espirityèl la, kijan li ka konprann entansyon Mwen yo? Èske je lòm gen yon bagay ladan yo ki ka pèse mond espirityèl la dirèkteman? Se anpil fwa wi Mwen rele lòm ak Lespri Mwen, poutan li aji kòmsi se pike Mwen pike li, li gade Mwen byen lwen, li pè anpil pou Mwen pa mennen li nan yon lòt monn. Se anpil fwa Mwen poze lòm kesyon nan lespri li, poutan li pa rann li kont ditou, li pè anpil pou Mwen pa antre lakay li epi pwofite okazyon an pou Mwen pran tout sa li genyen. Se konsa li fèmen M deyò, li kite M anfas yon pòt frèt ki fèmen byen di. Se anpil fwa lòm tonbe epi Mwen sove li, poutan, kou je l klè, li kite Mwen, epi, san bonte ak lanmou Mwen pa touche li, li gade M yon jan mefyan; Mwen pa janm rive mete chalè nan kè lòm. Lòm se yon bèt san emosyon ki gen san frèt. Menmsi gen chalè nan bra Mwen, sa pa janm touche li pwofondman. Lòm tankou yon sovaj k ap viv nan mòn. Li pa janm bay tout tandrès Mwen montre pou limanite a valè. Li pa vle pwoche bò kote M; li pito rete nan mitan mòn yo, kote li sibi menas bèt sovaj yo—poutan li toujou pa vle vin pran refij nan Mwen. Mwen pa fòse pèsonn: Mwen sèlman fè travay Mwen. Jou a gen pou rive kote lòm ap naje soti nan mitan gwo oseyan an pou vin bò kote M, pou li ka jwi tout richès ki sou tè a epi chape anba danje pou lanmè a vale li.
Ofiramezi pawòl Mwen yo ap konplete, wayòm nan pran fòm pezape sou tè a, epi lòm retounen pezape nan yon eta nòmal, se konsa wayòm ki nan kè Mwen an etabli sou tè a. Nan wayòm nan, tout moun ki fè pati pèp Bondye a reprann lavi moun nòmal. Sezon fredi ak glas la disparèt, epi yon monn ki gen vil kote sezon prentan dire tout ane a pran plas li. Lòm pa ekspoze ankò ak dezolasyon monn lòm nan, ni li pa tranble anba fredi monn lòm nan ankò. Moun pa goumen youn ak lòt, peyi pa fè lagè youn kont lòt, pa gen masak ankò ni san k ap koule akoz masak; tout tè yo ranpli ak lajwa, epi toupatou gen anpil chalè nan mitan moun yo. Mwen mache toupatou nan monn nan, Mwen pran plezi Mwen anlè a sou twòn Mwen, epi Mwen viv nan mitan zetwal yo. Zanj yo ofri Mwen nouvo chan ak nouvo dans. Feblès yo pa fè dlo nan je koule nan je yo ankò. Mwen pa tande bwi zanj yo ap kriye devan Mwen ankò, epi pèsonn pa konfye Mwen lapenn yo ankò. Jodi a, nou tout ap viv devan Mwen; demen, nou tout pral viv nan wayòm Mwen an. Èske se pa pi gwo benediksyon Mwen bay lòm nan? Grasa pri nou peye jodi a, nou pral eritye benediksyon k ap vini yo epi nou pral viv nan limyè glorye Mwen an. Èske nou toujou pa vle antre an kontak ak esans Lespri Mwen? Èske nou toujou vle detwi tèt nou? Moun yo dispoze chèche jwenn pwomès yo ka wè yo, menmsi yo dire yon ti tan sèlman, poutan pa gen youn ki vle aksepte pwomès demen yo, menmsi yo pral dire pou letènite. Bagay lòm ka wè yo se bagay Mwen pral detwi nèt, epi bagay lòm pa ka touche yo se bagay Mwen pral reyalize yo. Se diferans sa a ki genyen ant Bondye ak lòm.
Lòm fè kalkil pou li konnen kilè jou Mwen an ap rive, poutan pa gen moun ki janm konnen dat egzak la; konsa, lòm ka sèlman viv ak lespri li friz. Paske aspirasyon lòm yo fè eko nan syèl san limit la epi yo disparèt, vire tounen lòm pèdi espwa, jouk li tonbe nan sitiyasyon li ye jodi a. Objektif sa Mwen di yo se pa pou fè lòm chèche konnen dat, ni pouse li detwi tèt li akoz dezespwa li. Mwen vle fè lòm eritye pwomès Mwen an, epi Mwen vle pou moun toupatou sou latè patisipe nan pwomès Mwen an. Sa Mwen vle se kreyati vivan ki plen lavi, se pa kadav ki tranpe nan lanmò. Piske Mwen chita bò tab wayòm nan, Mwen pral bay tout moun sou latè lòd pou yo resevwa enspeksyon Mwen. Mwen pa pèmèt okenn bagay enpi rete devan Mwen. Mwen pa tolere pou okenn lòm antre tèt li nan travay Mwen; tout moun ki antre tèt yo nan travay Mwen, yo mete yo nan kacho, epi, apre yo fin lage yo, yo toujou sibi dife k ap boule sou tè a nan mitan dezas yo. Lè Mwen nan chè enkane Mwen, nenpòt moun ki eseye diskite travay Mwen ak chè Mwen ap fè Mwen gen degoutans pou li. Se anpil fwa Mwen fè tout moun sonje Mwen pa gen fanmi sou tè a, epi nenpòt moun ki konsidere Mwen kòm egal ak li epi ki rale Mwen nan nivo lachè pou l ka sonje tan li te pase avè M, se moun sa k ap peri. Se sa Mwen dekrete. Nan domèn sa yo, Mwen pa nan sitirans ditou ak lòm. Tout moun ki antre tèt yo nan travay Mwen epi ki ofri Mwen konsèy, Mwen chatye yo, epi yo p ap janm jwenn padon nan men M. Si Mwen pa pale klè, lòm p ap janm reprann bonsans li, epi, san li pa rann li kont, li pral tonbe anba chatiman Mwen—paske lòm pa konnen Mwen nan chè Mwen!
20 Mas 1992