Chapit 16

Mwen tèlman gen bagay Mwen swete di lòm, tèlman gen bagay Mwen dwe di li. Men, kapasite lòm genyen pou li aksepte a twò fèb; lòm pa kapab fin byen konprann pawòl Mwen yo an rapò ak sa Mwen bay, epi li konprann yon sèl aspè sèlman, alòske li pa konnen lòt la ditou. Epoutan, Mwen pa touye lòm poutèt enpuisans li, ni Mwen pa aflije poutèt feblès li. Mwen sèlman fè travay Mwen, epi Mwen pale jan Mwen te toujou konn fè l, menm lè lòm pa konprann entansyon Mwen yo; lè jou a va rive, moun yo ap konnen Mwen nan fon kè yo, epi y ap sonje Mwen nan panse yo. Lè Mwen kite tè sa a se menm moman an M ap monte sou twòn ki nan kè lòm nan, sa vle di, se lè sa a tout moun ap konnen Mwen. Se konsa sa ap ye tou lè pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an egzèse pouvwa kòm wa sou tè a. Moun ki konnen Mwen yo ap tounen poto mitan wayòm Mwen an san mank, epi pèsonn lòt eksepte yo menm p ap kalifye pou egzèse pouvwa kòm wa nan wayòm Mwen an. Tout moun ki konnen Mwen yo posede sa Mwen ye a, epi yo kapab viv Mwen nan mitan tout limanite. Mwen pa okipe nan ki nivo lòm konnen Mwen: Pèsonn pa kapab anpeche travay Mwen an nan okenn fason. Lòm pa kapab ofri Mwen okenn èd epi li pa kapab fè anyen pou Mwen. Lòm kapab sèlman swiv direksyon Mwen nan limyè Mwen an, epi chèche volonte Mwen nan limyè sa a. Jodi a, moun yo gen kalifikasyon, epi yo kwè yo kapab mache ak awogans devan Mwen, ri epi fè blag avèk Mwen san okenn jèn, epi fonksyone avèk Mwen kòm egal ak yo. Malgre sa, lòm toujou pa konnen Mwen, epi li kwè nou sanble nan nati nou, li kwè nou toulede se chè ak san, epi nou toulede ap viv nan mond imen an. Li gen twò piti krentif pou Mwen nan kè l; li pè Mwen lè li devan Mwen, men li pa kapab sèvi Mwen devan Lespri a. Se kòmsi, pou lòm, Lespri a pa egziste ditou. Kòm rezilta, pa gen okenn moun ki janm konnen Lespri a; nan enkanasyon Mwen an, moun yo wè sèlman yon kò ki fèt ak chè ak san, epi yo pa wè Lespri Bondye a. Èske entansyon Mwen yo kapab vrèman akonpli nan yon fason konsa? Moun yo se ekspè nan twonpe Mwen; sanble Satan te ba yo yon fòmasyon espesyal pou yo ka twonpe Mwen sèlman. Epoutan, Satan pa twouble Mwen. Mwen ap toujou itilize sajès Mwen pou konkeri tout limanite nèt epi pou venk sila a ki te kowonp tout limanite a, yon fason pou wayòm Mwen an kapab tabli sou tè a.

Nan mitan lòm, gen moun ki te eseye detèmine gwosè zetwal yo, oswa grandè lespas la. Epoutan, rechèch yo pa janm bay bon rezilta, epi tout sa yo kapab fè se bese tèt ak dekourajman epi fini nan echèk. Lè Mwen leve je Mwen gade pami pakèt moun yo epi Mwen obsève jan lòm aji nan echèk li yo, Mwen pa wè pèsonn ki gen yon konviksyon total konsènan Mwen—yo tout dezobeyisan epi wòklò. Ala anbisyon lòm debòde! Lè tout fas labim nan te twoub, Mwen te kòmanse goute amètim monn lan nan mitan lòm. Lespri Mwen vwayaje toupatou nan monn lan epi Li egzamine an pwofondè kè yon pakèt moun yo pa ka konte, epoutan tou, se konsa Mwen konkeri limanite nan chè Mwen ki enkane a. Lòm pa wè Mwen, paske li avèg; lòm pa konnen Mwen, paske li vin angoudi; lòm opoze ak Mwen, paske li rebèl; lòm vin koube byen ba devan Mwen, paske Mwen te konkeri li; lòm vin renmen Mwen, paske Mwen merite lanmou lòm natirèlman; lòm viv Mwen epi Mwen parèt aklè nan li, paske gwo pouvwa Mwen ak sajès Mwen fòme li pou li vin ann akò ak entansyon Mwen yo. Mwen gen yon plas nan kè lòm, men Mwen pa janm resevwa nan men lòm lanmou pou Mwen ki abite nan lespri li a. Se vre gen bagay nan lespri lòm li renmen pase tout lòt bagay, men Mwen pa fè pati bagay sa yo, e se poutèt sa lanmou lòm tankou yon bil savon: Lè van an soufle, li pete epi li disparèt, yo pa janm wè l ankò. Mwen te toujou menm jan an e Mwen pa janm chanje nan atitid Mwen anvè lòm. Èske gen yon moun nan limanite ki ta kapab fè menm bagay la? Nan je lòm, moun pa ka manyen Mwen epi Mwen envizib menm jan ak lè a, e se sa k fè pifò moun chèche sèlman nan syèl san limit la, oswa sou lanmè k ap fè gwo vag la, oswa sou lak ki kalm nan, oswa nan pawòl ak doktrin ki vid yo. Pa gen yon sèl moun ki konnen esans limanite, alewè pou ta gen youn ki kapab pale sou mistè ki nan Mwen an, e se poutèt sa Mwen pa mande pou lòm atenn pi wo nivo li imajine Mwen egzije nan men li a.

Nan mitan pawòl Mwen yo, mòn yo tonbe, dlo yo koule nan sans kontrè, lòm vin soumèt, epi lak yo kòmanse koule san rete. Malgre lanmè move yo ap monte avèk kòlè nan direksyon syèl la, nan mitan pawòl Mwen yo, lanmè sa yo vin kalm tankou sifas yon lak. Men Mwen annik fè yon ti mouvman, epi gwo van tanpèt yo disparèt tousuit epi yo deplase lwen Mwen, epi mond imen an retounen trankil tousuit. Men, lè Mwen dechaje kòlè Mwen, mòn yo fann tousuit, tè a kòmanse tranble tousuit, dlo seche tousuit, epi dezas frape lòm tousuit. Poutèt kòlè Mwen, Mwen pa okipe rèl lòm yo, Mwen pa bay okenn èd pou reponn ak kri li yo, paske kòlè Mwen ap monte. Lè Mwen nan mitan syèl yo, zetwal yo pa janm panike poutèt prezans Mwen. Okontrè, yo mete tout kè yo ak fòs yo nan travay y ap fè pou Mwen, e se konsa Mwen mete plis limyè nan yo epi Mwen fè yo briye pi fò, yon fason pou yo ranmase plis glwa pou Mwen. Plis syèl la klere, se plis mond ki anba a fè nwa. Tèlman gen moun ki plenyen dèske aranjman Mwen yo pa apwopriye, tèlman gen anpil moun ki kite Mwen pou yo fè pwòp wayòm pa yo, yon wayòm yo itilize pou yo trayi Mwen, epi chanje sitiyasyon fènwa a. Epoutan, kiyès ki reyalize sa nan detèminasyon yo? Epi kiyès ki reyisi nan detèminasyon yo? Kiyès ki kapab chanje sa Mwen te ranje ak men Mwen an? Lè prentan gaye sou tè a, Mwen voye limyè nan monn nan an kachèt epi an silans, yon fason pou toudenkou, lòm ka santi yon frechè nan lè ki sou tè a. Epoutan, nan moman sa a menm, Mwen bouche je lòm, dekwa pou li wè sèlman yon bwouya ki kouvri tè a, epi tout moun ak tout bagay vin pa klè. Sèl sa moun yo kapab fè se fè yon gwo soupi epi panse, “Poukisa limyè a te dire sèlman yon ti moman? Poukisa Bondye bay lòm sèlman bwouya ak fènwa?” Nan mitan desepsyon moun yo, bwouya a disparèt nan yon batje, men lè yo wè yon ti limyè k ap briye, Mwen lage yon gwo lapli sou yo, epi tenpan yo eklate anba gwo kout loray pandan y ap dòmi. Piske panik anvayi yo, yo pa gen tan pou yo chèche abri, epi gwo lapli a anglouti yo. Nan yon batje, tout bagay ki anba syèl la lave byen pwòp nan mitan gwo kòlè Mwen. Moun yo pa plenyen ankò poutèt kòmansman gwo lapli a, epi yo tout vin gen yon kè ki gen krentif. Poutèt gwo lapli sa a ki tonbe toudenkou, dlo ki sot nan syèl la neye gwo majorite moun yo, e yo tounen kadav nan dlo a. Mwen egzamine tout tè a an pwofondè e Mwen wè anpil moun veyatif, anpil moun ap repanti, anpil moun ap chèche sous dlo yo nan ti bato, anpil moun ap koube byen ba devan Mwen pou mande Mwen padon, anpil moun wè limyè a, anpil moun wè figi Mwen, anpil moun gen kouraj pou yo viv, epi tout monn nan transfòme. Aprè gwo lapli sa a, tout bagay retounen jan yo te ye nan panse Mwen, epi yo pa rebèl ankò. Yon ti tan aprè, tout tè a ranpli ak bri moun k ap ri, gen yon atmosfè louwanj toupatou sou tè a, epi pa gen okenn kote ki pa gen glwa Mwen. Sajès Mwen toupatou sou tè a, epi nan tout linivè a nèt. Nan mitan tout bagay gen fwi sajès Mwen yo, chèdèv sajès Mwen yo ap miltipliye nan mitan pakèt moun yo pa ka konte yo, tèlman yo anpil; tout bagay menm jan ak tout sa nan wayòm Mwen an, epi tout moun abite nan repo anba syèl Mwen yo tankou mouton nan patiraj Mwen yo. Mwen deplase anlè tèt pakèt moun yo epi Mwen ap gade toupatou. Pa gen anyen ki janm parèt vye, epi pa gen okenn moun ki janm rete menm jan yo te ye anvan an. Mwen repoze sou twòn nan, Mwen chita byen alèz anlè tout linivè a, epi Mwen totalman satisfè, paske tout bagay reprann sentete yo, epi Mwen kapab abite anpè nan Siyon yon lòt fwa ankò, epi moun sou tè a kapab viv ak travay nan lapè ak satisfaksyon anba direksyon Mwen ankò. Anba kontwòl Mwen, pèp Mwen an ki tèlman anpil yo pa ka konte l la ap jere tout bagay. Yo reprann entèlijans ak aparans yo te genyen anvan an; yo pa kouvri ak pousyè ankò, men, nan wayòm Mwen an, yo sen menm jan ak pyè jad, yo chak gen yon figi tankou figi sila a ki sen ki nan kè lòm nan, paske wayòm Mwen an tabli nan mitan lòm.

14 Mas 1992

Anvan: Chapit 12

Apre: Chapit 20

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger