Chapit 3

Piske yo rele nou pèp Mwen, bagay yo pa jan yo te ye anvan an ankò; nou ta dwe koute pawòl Lespri Mwen yo avèk atansyon epi soumèt devan yo, epi suiv travay Mwen pye pou pye; nou pa dwe separe Lespri Mwen ak chè Mwen, paske Nou se youn nan esans Nou, e, pa nati, Nou pa divize. Nenpòt moun ki ta separe Lespri a ak moun nan, epi ki konsantre swa sou moun nan, swa sou Lespri a, ap sibi pèt, epi sèl sa l ap kapab fè se bwè nan pwòp gode anmè li, e pa gen anyen ankò pou di sou sa. Se sèlman moun ki kapab konsidere Lespri a ak moun nan kòm yon sèl antite ki pa ka separe ki gen ase konesans sou Mwen; lavi ki anndan yo a ap chanje tikras pa tikras. Pou pwochen etap travay Mwen an kapab dewoule san pwoblèm e san antrav, Mwen sèvi ak rafinman pa mwayen pawòl pou mete tout moun ki nan kay Mwen yo aleprèv, epi Mwen sèvi ak metòd travay pou mete moun k ap suiv Mwen yo aleprèv. Nan sikonstans sa yo, nou ka di yo tout pèdi espwa; antanke moun, pa gen youn nan yo ki pa nan yon eta negatif ak pasif, kòmsi tout espas ki antoure yo a te chanje. Gen moun k ap joure Syèl la ak tè a; gen lòt, nan desepsyon yo, ki pran kouraj yo ak de men epi ki aksepte eprèv pawòl Mwen yo; gen lòt ki leve je yo nan syèl la epi ki pouse gwo soupi, ak je yo plen dlo, kòmsi yo te boulvèse anpil poutèt lanmò twò bonè yon tibebe ki fèk fèt; gen lòt ki menm santi se yon wont pou yo viv konsa, epi yo priye Bondye pou L pran yo ale byen vit; gen kèk ki pase tout jounen an ak lespri yo bwouye, kòmsi yo te fèk tonbe malad grav epi yo poko reprann tout bon sans yo; gen kèk ki ale an silans apre yo fin plenyen; epi gen kèk toujou ki fè lwanj Mwen nan plas pa yo, menmsi yo rete yon ti jan negatif. Jodi a, lè tout bagay parèt aklè, Mwen pa bezwen pale ankò de sa ki pase; sa ki pi enpòtan se pou nou toujou kapab fidèl nèt ale nan pozisyon Mwen ban nou jodi a, pou tout sa nou fè jwenn apwobasyon Mwen, epi pou tout sa nou di soti nan ekleraj ak limyè Mwen, epi finalman, pou sa nou viv la reflete imaj Mwen, e pou li se manifestasyon Mwen nèt ale.

Pawòl Mwen yo soti epi yo eksprime nenpòt ki lè, nenpòt ki kote; menm jan an tou, nou ta dwe konnen tèt nou devan Mwen toutan. Paske, apre tou, jodi a pa tankou sa ki te vin anvan, epi sa pa mache ankò pou ou annik vle yon bagay pou ou kapab reyalize l. Okontrè, anba direksyon pawòl Mwen yo, ou dwe kapab metrize kò ou; ou dwe pran pawòl Mwen yo kòm sipò prensipal ou, epi ou pa dwe aji san reflechi. Tout chemen ki mennen legliz la nan pratik reyèl ka jwenn nan pawòl Mwen yo. Moun ki pa aji selon pawòl Mwen yo komèt yon ofans dirèk kont Lespri Mwen, epi Mwen pral detwi yo nèt. Piske bagay yo rive nan sitiyasyon yo ye jodi a, nou pa bezwen santi twòp lapenn ak regrè pou zèv ak aksyon nou te fè nan tan pase. Grandè kè Mwen san limit tankou lanmè yo ak syèl la—ki jan pou kapasite lòm ak konesans li genyen sou Mwen pa ta klè pou Mwen menm jan ak do pwòp men Mwen? Ki moun pami lèzòm ki pa nan men Mwen? Èske ou panse Mwen pa konnen anyen sou wotè espirityèl ou genyen, kòmsi Mwen pa konnen anyen sou sa? Sa enposib! Konsa, lè tout moun rive nan pi gwo dezespwa yo, lè yo pa kapab tann ankò epi yo vle rekòmanse sou yon lòt baz, lè yo vle mande Mwen sa k ap pase, lè gen moun ki lage kò yo nan debòch epi gen lòt ki vin gen lide revòlte, lè gen lòt toujou k ap sèvi fidèlman, Mwen kòmanse dezyèm pati tan jijman an: pirifye pèp Mwen an epi jije l. Sa vle di tou Mwen kòmanse fòme pèp Mwen an ofisyèlman, pou nou kapab nonsèlman rann yon bèl temwayaj pou Mwen, men, plis toujou, ranpòte yon bèl viktwa nan batay pou Mwen nan pozisyon nou okipe antanke pèp Mwen.

Pèp Mwen an ta dwe toujou ap veye pou l pa pran nan riz Satan yo, epi veye pòtay kay Mwen an pou Mwen; nou ta dwe kapab soutni youn lòt epi bay youn lòt sa nou bezwen, pou nou pa tonbe nan pyèj Satan, paske lè sa a li ta twò ta pou nou regrèt. Poukisa M ap fòme nou avèk tout ijans sa a? Poukisa Mwen fè nou konnen sa k ap pase toutbon nan mond espirityèl la? Poukisa Mwen raple nou bagay sa yo epi Mwen egzòte nou san rete? Èske nou janm reflechi sou sa? Èske nou janm medite sou sa jiskaske li vin klè pou nou? Kidonk, nou dwe nonsèlman kapab vin pi maton lè nou bati sou fondasyon tan pase a, men, plis toujou, nou dwe chase bagay ki pa pwòp ki anndan nou yo anba direksyon pawòl jodi a, kite chak pawòl Mwen pran rasin epi fleri nan lespri nou, epi, sa ki pi enpòtan toujou, pou li bay plis fwi. Se paske sa Mwen mande a se pa bèl flè klere ki pouse an kantite, men se fwi an abondans, fwi ki pa gate. Èske nou konprann vrè sans pawòl Mwen yo? Menmsi flè ki nan yon sèr yo anpil tankou zetwal yo pa ka konte, epi yo atire tout foul moun k ap admire yo a, yon fwa yo fennen, yo vin delabre menm jan ak riz Satan yo, epi pèsonn pa enterese nan yo ankò. Men, tout moun van bat ak solèy boule k ap rann temwayaj pou Mwen yo, menmsi flè yo pa bèl, yo pral bay fwi yon fwa flè yo fin fennen, paske se sa Mwen egzije nan men yo. Lè Mwen di pawòl sa yo, nan ki mezi nou konprann yo? Yon fwa flè yo fin fennen epi yo bay fwi, epi lè tout fwi sa yo kapab sèvi pou ban Mwen plezi, M ap fini tout travay Mwen sou tè a, epi M ap kòmanse jwi fwi sajès Mwen!

22 Fevriye 1992

Anvan: Chapit 104

Apre: Sou lavi Pyè

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger