Soupi Toupisan an
Gen yon gwo sekrè nan kè ou san ou pa janm rann ou kont de sa, paske ou ap viv nan yon mond kote pa gen limyè k ap klere. Mechan an rache kè ou ak lespri w nan menw. Fènwa bouche je yo; ou pa kapab wè solèy la nan syèl la, ou pa kapab wè zetwal k ap briye a nan syèl lannuit lan. Pawòl twonpè bouche zòrèy ou; ou pa kapab tande vwa Jewova k ap gwonde tankou loray la, ou pa kapab tande bri pakèt dlo k ap koule soti nan twòn nan. Ou pèdi tout sa ki pou ou de dwa, ou pèdi tout sa Toupisan an te ba ou. Ou antre nan yon lanmè soufrans ki san limit, san okenn fòs pou sove ou epi san okenn espwa pou siviv, ou sèlman ap lite epi w ap kouri toupatou... Apati moman sa a, ou te kondane pou Mechan an fè ou soufri, ou elwanye de benediksyon Toupisan an, ou elwanye de pwovizyon Toupisan an, epi ou pran yon chemen san retou. Apèn si yon milyon apèl ka reveye kè ou ak lespri ou. W ap dòmi pwofondeman nan men Mechan an, li fin atire ou antre nan yon domèn san limit kote pa gen direksyon ni ni pano. Depi lè sa a, ou te pèdi inosans ak vi pwòp ou te genyen nan kòmansman an, epi ou te kòmanse evite swen Toupisan an. Mechan an ap dirije tout bagay konsènan ou depi anndan kè ou, epi li tounen lavi ou. Ou pa pè li ankò, ou pa evite li ni gen dout sou li ankò; okontrè, ou trete li tankou dye ki nan kè ou. Ou kòmanse venere li epi rann li omaj; ou menm ak li vin pa ka separe tankou kò ak lonbray, epi youn pwomèt lòt pou nou viv epi mouri ansanm. Ou pa konnen absoliman anyen sou kote ou soti vrèman, poukisa ou te fèt, ni poukisa ou ap mouri. Ou konsidere Toupisan an tankou yon etranje; ou pa konnen orijin Li, alewè pou ou ta konnen tout sa Li te fè pou ou. Ou gade tout sa ki soti nan Li avèk ostilite; ou pa konn apresye l, epi ou pa konnen valè li. Ou ap mache kòtakòt avèk mechan an, depi jou ou te resevwa pwovizyon Toupisan an yo. Ou te mache ansanm avèk mechan an pandan plizyè milye ane anba van ak lapli, ou mete tèt ou ansanm avèk li pou «fè fas ak» Bondye ki te sous lavi ou nan tan lontan an. Ou pa konn repanti, alewè pou ou ta konnen ou sou pwen peri. Ou bliye mechan an te tante ou epi fè ou soufri; ou bliye kòmansman ou yo. Konsa, etap pa etap, mechan an blese ou gravman, jouk rive jodi a. Kè ou ak lespri ou angoudi epi yo pouri. Ou sispann plenyen konsènan traka mond imen an; ou sispann kwè mond imen an enjis; alewè pou ou ta sousye si Toupisan an egziste. Sa se paske, depi lontan, ou te konsidere Mechan an tankou vrè papa ou, epi ou pa kapab separe avèk li. Sa a se «sekrè» ki anndan kè ou la.
Lè douvanjou rive, yon zetwal dimaten kòmanse briye nan lès. Sa a se yon zetwal ki pa t janm la anvan, epi li klere syèl silansye ki plen zetwal la epi li relimen limyè ki te etenn nan kè moun yo. Limyè sa yo fè moun yo pa santi yo poukò yo ankò; yo klere ou, epi yo klere lòt moun. Epoutan, ou menm sèl rete ap dòmi pwofondeman nan fènwa lannuit la. Ou pa tande okenn bri epi ou pa wè okenn limyè; ou pa konnen yon nouvo syèl ak yon nouvo tè parèt, ni yon nouvo epòk kòmanse, paske papa ou di ou: «Pitit mwen, pa leve, li bonè toujou. Tan an frèt, kidonk pa al deyò, dekwa pou nepe ak lans pa pete je ou.» Se sèlman egzòtasyon papa ou yo ou fè konfyans, paske ou kwè se sèlman papa ou ki gen rezon, piske papa ou pi gran pase ou epi li vrèman renmen ou. Kalite egzòtasyon sa yo ansanm ak kalite lanmou sa a fè ou pa kwè ankò nan lejand ki di gen limyè nan mond imen an; ou pa sousye ankò si laverite egziste toujou nan mond sa a; ou pa gen espwa ankò pou Toupisan an sove ou, men ou annik rete satisfè ak sitiyasyon kounye a; ou pa tann ankò pou limyè a rive; ou pa egzamine orizon an ankò pou wè si Toupisan ki nan lejand lan ap vini. Pou ou menm, tout sa ki bèl pa kapab reprann lavi oswa egziste. Nan je ou, demen limanite a, avni limanite a, disparèt epi li efase nèt. Ou agrape rad papa ou avèk tout fòs ou, ou dispoze andire difikilte ansanm avèk li, ou pè anpil pou ou pa pèdi konpayon vwayaj ou a epi pou ou pa pèdi «direksyon» vwayaj ou ki mennen byen lwen an. Mond imen sa a ki nan konfizyon pwodui yon «ou» apre yon lòt, yo chak pèsevere avèk detèminasyon nan yon wòl diferan nan mond sa a, epi yo refize bay legen menm si sa ta koute yo lavi yo. Li pwodui yon «gèrye» apre yon lòt ki pa pè lanmò ditou. Anplis toujou, li pwodui pakèt apre pakèt moun angoudi epi paralize ki pa konnen poukisa yo te kreye yo. Je Toupisan an ap obsève chak moun ki aflije pwofondman. Sa Li tande se rèl moun k ap soufri yo, sa Li wè se jan moun ki aflije yo sanwont, epi sa Li santi se jan limanite santi li san sekou ak jan li pè anpil pandan l ap pèdi gras sali a. Limanite rejte swen Li, li pran pwòp chemen pa l, li eseye chape anba je Li k ap egzamine l, epi li pito goute tout amètim lanmè fon an kòtakòt ak ènmi an. Lòm pa tande soupi Toupisan an ankò; epi men Toupisan an pa dispoze karese limanite mizerab sa a ankò. Fwa apre fwa Li reprann yo, epi fwa apre fwa Li pèdi yo ankò, se konsa travay L ap fè a ap repete. Apati moman sa a, Li santi Li fatige, Li santi Li bouke ak sa, e konsa Li kanpe travay Li t ap fè a epi Li sispann mache nan mitan lòm... Lòm pa rann li kont okenn chanjman sa yo ditou, li inyore ale vini, tristès ansanm ak melankoli Toupisan an.
Tout bagay nan mond sa a sibi yon pakèt chanjman nan yon batje, anndan panse Toupisan an epi anba je Li. Bagay limanite pa t janm tande pale de yo rive toudenkou, tandiske bagay limanite te posede depi lontan glise ale san li pa rann li kont. Pèsonn pa kapab konprann kote Toupisan an ye, alewè pou yon moun ta santi transandans ansanm ak grandè fòs lavi Toupisan an. Li transandan lefètke Li kapab santi sa lòm pa kapab pèsevwa. Li gran lefètke Li se Sila a limanite abandone a epoutan Li sove limanite. Li konnen sans lavi ak lanmò, epi anplis, Li konnen ki kalite lwa egzistans limanite ki te kreye a dwe swiv. Li se fondman egzistans imen, epi Li se Redanmtè ki resisite limanite ankò a. Li fè kè ki kontan yo vin tris epi Li fè kè ki tris yo vin kontan, poutèt travay Li, epi poutèt plan Li.
Limanite, ki te elwanye de lavi Toupisan an bay la, pa konnen objektif egzistans li, men li pè lanmò kanmenm. Yo pa gen ni sipò ni èd, epoutan yo toujou pa vle fèmen je yo; yo fòse tèt yo pou yo soutni lachè yo, ki pa gen konsyans yon nanm, epi y ap mennen yon lavi san diyite nan mond sa a. Ou ap viv konsa, san espwa; lòt moun yo ap viv menm jan an, san objektif. Se sèlman Sila a ki sen nan lejand lan k ap sove moun k ap plenn anba afliksyon epi ki anvi Li vini ak tout fòs yo. Depi lontan, kwayans sa a poko reyalize pou moun ki manke konsyans yo. Malgre sa, yo toujou anvi l anpil. Toupisan an gen mizèrikòd pou moun sa yo ki soufri pwofondman; anmenmtan, Li santi repiyans pou moun sa yo ki pa gen okenn konsyans ditou, paske Li oblije tann pandan yon tan byen long anvan Li kapab resevwa yon repons nan men moun yo. Li vle chèche, chèche kè ou epi chèche lespri ou, pou Li ba ou dlo epi ba ou manje, yon fason pou ou reveye, pou ou pa swaf ankò epi pou ou pa grangou ankò. Lè ou fatige epi lè ou santi yon ti kras nan dezolasyon mond sa a, pa santi ou pèdi, pa kriye. Bondye Toupisan—Moun k ap veye a—ap akeyi ou kèlkeswa lè ou rive. L ap veye bò kote ou. L ap tann pou ou vire tounen, L ap tann jou ou reprann memwa ou toudenkou a: lè ou rann ou kont se nan Bondye ou soti, epi ou pa konnen ki lè ou te pèdi direksyon ou, ou pa konnen ki lè ou te pèdi konesans sou wout la, epi ou pa konnen ki lè ou te vin gen yon «papa»; lè ou rann ou kont pi plis toujou Toupisan an te toujou ap veye, L ap tann la depi lontan anpil anpil pou ou retounen. Li gen yon anvi ki fò anpil; L ap tann yon repons, men Li pa jwenn repons. Veye L ap veye a pa gen pri, epi se pou byen kè imen an ansanm ak lespri imen an. Petèt pa gen yon lè ki fikse pou Li sispann veye, oswa petèt Li deja sispann veye. Men ou ta dwe konnen egzakteman ki kote kè ou ak lespri ou ye kounye a.
28 Me 2003