Travay Simaye Levanjil la se Travay pou Sove Lòm Li Ye Tou

Tout moun bezwen konprann objektif travay Mwen sou tè a, sa vle di, kisa Mwen vle jwenn finalman, ak ki nivo Mwen dwe rive nan travay sa a anvan li kapab fini. Si, aprè moun yo fin mache avèk Mwen jouk jounen jodi a, yo toujou pa konprann kisa travay Mwen an ye tout bon, èske yo pa t ap mache avèk Mwen pou gremesi? Si moun yo ap suiv Mwen, yo ta dwe konnen entansyon Mwen. Depi plizyè milye ane, Mwen ap travay sou tè a, e jouk jounen jodi a, Mwen kontinye akonpli travay Mwen nan menm fason an. Malgre travay Mwen gen anpil pwojè ladan l, objektif li pa janm chanje; menm lè Mwen gen anpil jijman ak chatiman anvè lòm, pa egzanp, tout sa Mwen fè se toujou pou sove yo, pou fè levanjil Mwen an gaye pi byen, epi pou elaji travay Mwen nan mitan tout nasyon Payen yo, yon fwa lòm fin vin pafè. Se poutèt sa, jodi a, nan yon moman kote anpil moun deja vin desi anpil, Mwen toujou kontinye travay Mwen; Mwen kontinye fè travay Mwen dwe fè pou jije ak pini lòm. Malgre li klè lòm bouke ak sa Mwen di yo, e li pa gen okenn anvi pou li enterese nan travay Mwen, Mwen toujou ap kontinye fè travay ki tonbe sou responsablite pa Mwen, paske objektif travay Mwen an pa chanje, e plan orijinal Mwen an pap kraze. Objektif jijman Mwen se pou pèmèt lòm soumèt li pi byen devan Mwen, epi objektif chatiman Mwen se pou pèmèt lòm rive fè chanjman pi byen. Malgre tout sa Mwen fè se pou enterè jesyon Mwen, Mwen pa janm fè okenn travay ki pa t pote benefis pou lòm, paske Mwen vle fè tout nasyon ki andeyò Izrayèl yo soumèt yo menm jan ak Izrayelit yo, pou fè yo tounen vrè èt imen, yon fason pou Mwen kapab gen pye Mwen poze nan peyi ki andeyò Izrayèl yo. Se sa ki jesyon Mwen; se travay Mwen nan mitan nasyon Payen yo. Menm kounye a, gen anpil moun ki toujou pa konprann jesyon Mwen, paske yo pa enterese nan bagay sa yo; okontrè, se pwòp avni ak pwòp destinasyon pa yo ki enterese yo. Kèlkeswa sa Mwen di, moun yo rete endiferan a travay Mwen ap fè a; olye de sa, yo konsantre tout kè yo sou destinasyon yo pral genyen nan lavni. Si bagay yo kontinye konsa, kijan travay Mwen ap ka fè simaye? Kijan levanjil Mwen an ap kapab preche nan tout mond lan? Nou tout dwe konnen lè travay Mwen an ap simaye, Mwen pral gaye nou tou, epi Mwen pral frape nou menm jan Jewova te frape chak nan tribi Izrayèl yo. Tout bagay sa yo pral fèt pou levanjil Mwen an kapab gaye sou tout tè a, pou travay Mwen an kapab pwopaje nan mitan nasyon Payen yo, konsa non Mwen kapab jwenn gwo onè nan mitan granmoun kou timoun, epi pou pèp tout ras ak tout nasyon kapab louwe non sen Mwen an nan bouch yo. Nan dènye epòk sa a, kite non Mwen vin gen anpil glwa nan mitan nasyon Payen yo; kite moun nan nasyon Payen yo wè zèv Mwen yo, pou zèv sa yo fè yo rele Mwen Toupisan an; epi kite pawòl Mwen yo rive reyalize san pran tan. Mwen pral fè tout moun konnen se pa sèlman Bondye Izrayelit yo Mwen ye, men Mwen se Bondye moun tout nasyon Payen yo tou, menm nasyon sa Mwen te modi yo. Mwen pral fè tout moun wè se Mwen ki Bondye tout kreyati ki egziste yo. Se sa ki pi gwo travay Mwen an, se objektif plan travay Mwen an pou dènye jou yo, e se sèl travay Mwen gen entansyon reyalize nan dènye jou yo.

Se sèlman nan dènye jou yo travay Mwen t ap dirije depi plizyè milye ane a vin parèt klè devan lòm. Se sèlman kounye a Mwen revele tout mistè ki nan jesyon Mwen an bay lòm, epi lòm vin konnen objektif travay Mwen an; anplis de sa, li vin konprann tout mistè Mwen yo. Mwen deja di lòm tout sa ki konsène destinasyon ki enterese li a. Mwen deja devwale devan lòm tout mistè Mwen yo, mistè ki te kache pandan plis pase 5,900 ane. Kiyès Jewova ye? Kiyès Mesi a ye? Kiyès Jezi ye? Nou tout dwe konnen tout bagay sa yo. Non sa yo se pwen kapital nan travay Mwen an. Èske nou te konprann sa? Ki jan yo dwe pwoklame non sen Mwen an? Ki jan yo dwe preche non Mwen nan mitan nasyon ki te rele Mwen sou youn oswa lòt nan non Mwen yo? Travay Mwen an ap gaye, e Mwen pral fè tout travay sa a simaye nan mitan tout nasyon, san okenn eksepsyon. Piske se nan mitan nou Mwen te fè travay Mwen an, Mwen pral frape nou menm jan Jewova te frape bèje ki te nan kay David la ann Izrayèl, sa k ap fè nou gaye nan mitan tout nasyon yo. Paske nan dènye jou yo, Mwen pral kraze chak peyi an miyèt moso, epi Mwen pral fè moun ki ladan yo dispèse epi repati nan mitan divès tribi ak nasyon. Lè Mwen retounen ankò, tout peyi yo ap deja separe daprè limit flanm dife Mwen yo te fikse. Nan moman sa a, Mwen pral parèt ankò devan limanite tankou solèy k ap boule ak chalè li, epi Mwen pral montre tèt Mwen aklè devan yo sou fòm Sen an, yon fòm yo pa t janm wè anvan, pandan M ap mache nan mitan pakèt nasyon yo, menm jan Mwen menm, Jewova, te konn mache yon fwa nan mitan divès tribi Juif yo. Depi lè sa a, Mwen pral dirije lavi limanite sou tè a, e yo pral wè glwa Mwen byen wo pase yo tout bon, epi yon poto nyaj nan syèl la k ap gide yo nan lavi yo, paske Mwen pral parèt nan kote ki sen yo. Lè sa a, lòm pral wè jou jistis Mwen an, epi li pral wè aparisyon glwa Mwen. Se lè sa a Mwen pral gouvènen kòm Wa sou tout tè a epi Mwen pral mennen anpil pitit Mwen yo antre nan laglwa. Moun yo pral koube byen ba toupatou sou tè a, epi tabènak Mwen an pral byen tabli nan mitan limanite, bati sou wòch travay Mwen ap fè jodi a. Moun yo pral sèvi Mwen tou nan tanp lan. Lotèl la, ki kouvri ak bagay sal ak bagay ki bay degoutans, pral kraze an miyèt moso, epi Mwen pral rebati li yon lòt fwa. Ti mouton ki fèk fèt ak ti bèf ki fèk fèt pral anpile sou lotèl sakre sa a. Mwen pral kraze tanp ki la jodi a, epi san dout Mwen pral bati yon nouvo tanp. Tanp ki kanpe kounye a, ki plen moun ki bay degoutans, pral tonbe, epi tanp Mwen pral bati a pral plen ak sèvitè ki devwe pou Mwen. Yo pral leve kanpe ankò pou yo sèvi Mwen, pou yo fè glwa tanp Mwen an. Nou tout pral wè jou kote Mwen pral resevwa anpil glwa, ansanm ak jou kote Mwen pral kraze tanp lan epi bati yon nouvo tanp kanmenm. Nou pral wè tou jou kote tabènak Mwen an pral vini nan mitan limanite. Menm jan Mwen pral kraze tanp lan, se konsa Mwen pral fè tabènak Mwen an vini nan mitan limanite, menm jan yo pral wè Mwen desann. Aprè Mwen fin kraze chak peyi, Mwen pral rasanble yo ankò, epi depi lè sa a Mwen pral bati tanp Mwen an epi tabli lotèl Mwen an, pou tout moun kapab ofri sakrifis ban Mwen, sèvi Mwen nan tanp Mwen an, epi montre devouman yo anvè travay M ap fè nan mitan nasyon Payen yo. Yo pral tankou Izrayelit jodi a, abiye ak rad prèt yo ak bèl kouwòn ki gen glwa Mwen, Jewova, nan mitan yo, epi majeste Mwen ap avèk yo nan syèl la anlè yo. Travay Mwen nan mitan nasyon Payen yo pral menm jan an tou. Menm jan travay Mwen te ye ann Izrayèl la, se konsa travay Mwen ap ye nan mitan nasyon Payen yo, paske Mwen pral gaye travay Mwen ann Izrayèl la epi elaji li nan mitan nasyon Payen yo.

Kounye a se moman kote Lespri Mwen ap fè yon gwo travay, e se moman kote Mwen kòmanse travay Mwen nan mitan nasyon Payen yo. Anplis de sa, se moman kote Mwen klase tout kreyati ki egziste yo, Mwen mete chak kreyati nan kategori ki koresponn ak yo, yon fason pou travay Mwen an ka avanse pi vit epi pou li ka bay rezilta. Se poutèt sa, sa Mwen toujou mande ou se pou ou bay tout oumenm nan tout travay Mwen an, e pi plis toujou, pou ou disène aklè epi konprann avèk presizyon tout travay Mwen fè sou ou, epi pou ou mete tout fòs ou ladan l, pou travay Mwen an kapab bay pi gwo rezilta. Men sa ou dwe konprann. Sispann goumen youn ak lòt pou nou chèche pran avantaj youn sou lòt; sispann chèche yon plan sekou pou si bagay yo pa mache jan ou vle a, oswa chèche konfò pou kò ou, konsa pou ou pa retade travay Mwen an epi antrave bèl avni ou an. M Olye aksyon sa yo pwoteje ou, se sèlman destriksyon yo ka pote pou ou. Èske sa pa t ap yon aksyon moun ki san konprann? Sa ou lage kò ou ladan l jodi a se menm bagay sa k ap detwi avni ou, tandiske doulè ou andire jodi a se menm bagay la k ap pwoteje ou. Ou dwe byen konsyan sou bagay sa yo, yon fason pou ou pa tonbe nan tantasyon kote w ap wè li difisil pou ou soti ladan li, epi pou ou pa antre san reflechi nan yon bwouya epè kote ou pap janm kapab jwenn solèy la ankò. Lè bwouya epè a fin disparèt, w ap wè ou nan mitan gwo jou jijman an. Lè sa a, jou Mwen an ap pwoche anpil pou limanite. Kijan ou pral chape anba jijman Mwen an? Kijan w ap kapab sipòte chalè solèy k ap boule a? Lè Mwen vide abondans Mwen sou lòm, li pa apresye l ni sere l nan kè li, men li voye l jete nan yon kote pèsonn pa pral remake . Lè jou Mwen an va desann sou lòm, li pap kapab jwenn abondans Mwen ankò, ni li pap kapab jwenn pawòl verite ki te gen anpil doulè ladan yo, pawòl Mwen te di yo depi lontan. A: At that timei pral plenyen epi kriye, paske li pèdi limyè ki te klere l la epi li tonbe nan fènwa. Sa nou wè jodi a se sèlman epe byen file ki soti nan bouch Mwen; nou poko wè baton ki nan men Mwen an, ni flanm dife Mwen sèvi pou boule lòm. Se poutèt sa nou toujou gen ògèy epi nou manke metriz devan Mwen, e se poutèt sa nou toujou ap goumen avè Mwen nan pwòp kay Mwen, pandan n ap sèvi ak lang lòm pou nou diskite sou sa Mwen menm Mwen te pale ak bouch Mwen. Lòm pa pè Mwen, e jouk jounen jodi a, li kontinye mete tèt li nan opozisyon ak Mwen, san li pa santi okenn krent ditou. Nou gen lang ak dan moun ki mechan nan bouch nou. Pawòl ak aksyon nou yo sanble ak pawòl ak aksyon sèpan an ki te twonpe Èv pou l fè peche. Nou rann youn lòt mal pou mal, je pou je, dan pou dan, epi nou lite devan Mwen pou nou pran pozisyon, renome ak avantaj pou tèt pa nou, men nou pa konnen se an kachèt Mwen ap gade pawòl ak aksyon nou yo. Anvan menm nou parèt devan je Mwen, Mwen deja sonde fon kè nou. Lòm toujou vle chape anba men Mwen epi evite je Mwen k ap egzamine li, men Mwen pa janm evite pawòl oswa aksyon li yo. Okontrè, Mwen pèmèt pawòl ak aksyon sa yo antre anba je Mwen pa esprè, yon fason pou Mwen ka pini enjistis lòm epi egzekite jijman sou rebelyon li. Se poutèt sa, pawòl ak aksyon lòm fè an kachèt toujou rete devan twòn jijman Mwen an, e jijman Mwen pa janm kite lòm, paske rebelyon li yo twòp. Travay Mwen se boule epi pirifye tout pawòl ak aksyon lòm ki te di ak ki te fèt nan prezans Lespri Mwen. Konsa, lè Mwen kite tè a, moun yo ap toujou rete fidèl ak Mwen, e y ap toujou kapab aji anvè travay Mwen an menm jan sèvitè Mwen yo ki sen sèvi Mwen, konsa travay Mwen sou tè a ap kapab kontinye jouk jou travay la va fini.

Nòt anba paj:

a. tèks original la pagen fraz “Nan fason sa a.”

Anvan: Se Sèlman lè Ou Pase Anba Doulè Zeprèv W Ap Ka Konnen Jan Bondye Bèl

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger