«Sovè» a Gen Lontan Depi Li Retounen Sou yon «Nyaj Blan»

Pandan plizyè milenè, lòm te swete anpil pou li wè Sovè a k ap desann. Lòm te toujou swete wè Jezi Sovè a ki sou yon nyaj blan e k ap desann an pèsonn nan mitan moun ki te anvi wè Li anpil epi ki t ap tann Li pandan plizyè milye ane yo. Lòm te swete anpil tou pou Sovè a retounen epi reyini avèk li; sa vle di, li te swete pou Jezi Sovè a, ki te separe avèk lòm pandan plizyè milye ane, retounen pou Li kapab fè travay redanmsyon Li te fè nan mitan Jwif yo yon lòt fwa ankò, pou Li gen mizerikòd pou lòm, pou Li renmen lòm, epi pou Li padone peche lòm e pote peche lòm yo sou do Li, e menm pou Li pote chak grenn transgresyon lòm fè yo sou do Li epi sove lòm anba peche. Sa lòm swete se pou Jezi Sovè a rete menm jan ak anvan—yon Sovè ki bèl, ki fè moun renmen Li, epi ki merite anpil respè, ki pa janm fache avèk lòm, e ki pa janm repwoche lòm, men ki padone epi ki pran chak grenn peche lòm yo sou tèt Li, epi, ki pral menm mouri sou kwa a pou lòm menm jan Li te fè anvan. Depi lè Jezi te ale a, disip ki t ap swiv Li yo, ansanm ak tout sen ki te rachte nan non Li yo, te toujou anvi wè Li anpil epi yo t ap tann Li nan fason sa a. Tout moun gras Jezi Kris la te rachte pandan Epòk Lagras la te toujou swete wè Jezi Sovè a desann nan mitan moun yo sou yon nyaj blan epi parèt devan yon kantite moun yo pa ka konte nan yon jou gwo rejwisans nan dènye jou yo. Natirèlman, se menm espwa sa a tout moun ki aksepte non Jezi Sovè a jodi a genyen tou. Tout moun nan linivè a ki konnen gras sali Jezi Sovè a t ap «tann avèk anpil enpasyans» pou Jezi Kris desann toudenkou pou Li kapab «akonpli» sa Jezi te di lè Li te sou tè a: «Mwen ap rive menm jan Mwen te ale a.» Tout moun kwè sa: Aprè krisifiksyon ak rezirèksyon an, Jezi te monte sou yon nyaj blan pou Li tounen nan plas Li sou bò dwat Trèwo a nan syèl la, epi nan menm fason an, Jezi ap monte sou yon nyaj blan ankò (nyaj sa a fè referans ak nyaj Jezi te monte lè Li te tounen nan syèl la) l ap gen aparans Jwif yo epi l ap abiye ak rad Jwif yo, pou Li desann nan mitan èt imen yo ki t ap tann Li avèk anpil anvi pandan plizyè milye ane yo, epi aprè Li fin parèt devan yo, Li pral ba yo manje, epi Li pral vide dlo ki bay lavi pou yo, epi Li pral viv nan mitan moun, plen ak gras epi plen ak bonte plen ak lanmou, plen ak vi epi vivan, elatriye—tout sa yo se bagay moun yo kwè selon konsepsyon yo. Poutan, Jezi Sovè a pa t fè sa; sa Li te fè a te egzakteman kontrè ak konsepsyon lòm yo. Li pa t desann nan mitan moun ki te anvi wè retou Li a anpil yo, epi Li pa t parèt devan yon kantite moun yo pa ka konte pandan Li te sou nyaj blan an. Li gen lontan depi Li desann, men lòm pa konnen Li, lòm toujou pa rann li kont de sa, epi li sèlman ap tann Li san okenn objektif. Lòm pa menm konnen Li gen lontan depi Li desann sou yon «nyaj blan» (nyaj blan ki se Lespri Li, pawòl Li yo, tout dispozisyon Li ak tout sa Li ye) nan mitan yon gwoup venkè Li pral fòme pandan dènye jou yo! Kòman lòm ta ka konnen, menmsi Jezi, Sovè sen an, plen bonte ak lanmou epi Li plen ak lanmou pou lòm, Li pa t ap janm kapab travay nan «tanp» sa yo ki chaje ak salte epi kote gwoup lespri enpi abite a? Malgre tout moun t ap tann desant Li, kòman Li ta ka parèt devan moun k ap manje chè moun ki pa dwat yo, k ap bwè san moun ki pa dwat yo, e k ap mete rad moun ki pa dwat yo, moun ki kwè nan Li epoutan ki pa konnen Li epi ki toujou ap ba Li presyon sou Li pou pran nan men Li ? Lòm sèlman konnen Jezi Sovè a plen ak bonte plen ak lanmou epi Li plen ak mizèrikòd, epi Li se ofrann pou peche a ki chaje ak redanmsyon. Sepandan, lòm pa gen okenn lide Li se Bondye Li menm, ki ranpli ak dwati, majeste, kòlè, ak jijman, ki gen otorite, epi ki chaje ak diyite. Se poutèt sa, menm si tout moun ap tann ak anpil anvi e yo swaf retou Redanmtè a, epi menm si priyè yo touche «Syèl la», Jezi Sovè a pa parèt devan moun ki kwè nan Li men ki pa konnen Li yo.

«Jewova» se non Mwen te pran pandan travay Mwen an Izrayèl, epi li vle di Bondye Izrayelit yo (pèp Bondye chwazi a) ki kapab gen mizèrikòd pou lòm, ki kapab modi lòm, epi ki kapab gide lavi lòm tou; Bondye ki posede gwo pouvwa epi ki chaje ak sajès la. «Jezi» se Emanyèl, ki vle di ofrann pou peche a ki plen ak bonte plen ak lanmou, ki plen ak mizèrikòd, epi ki rachte lòm. Se Li menm ki te fè travay Epòk Lagras la, epi se Li menm ki reprezante Epòk Lagras la, epi Li kapab reprezante sèlman yon pati nan travay plan jesyon an. Sa vle di, se sèl Jewova ki Bondye pèp Izrayèl Bondye chwazi a, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, Bondye Moyiz la, ak Bondye tout moun Izrayèl yo. Konsa, tout Izrayelit nan epòk sa a, san wete pèp Jwif la, te adore Jewova. Yo te fè ofrann bèt ba Li sou lotèl la epi yo te sèvi Li nan tanp lan ak rad prèt sou yo. Sa yo te espere se te reyaparisyon Jewova. Se sèl Jezi ki Redanmtè limanite, epi ki se ofrann pou peche ki te rachte limanite anba peche. Sa vle di, non Jezi te soti nan Epòk Lagras la epi li te vin egziste akoz travay redanmsyon an nan Epòk Lagras la. Non Jezi a te vin egziste pou l te pèmèt moun nan Epòk Lagras yo fèt yon lòt fwa ankò epi jwenn redanmsyon, e li se yon non patikilye pou redanmsyon tout limanite. Konsa, non «Jezi» a reprezante travay redanmsyon an, epi li reprezante Epòk Lagras la. Non «Jewova» a se yon non patikilye pou pèp Izrayèl la ki anba lalwa. Nan chak epòk ak nan chak etap travay, non Mwen pa san fondman, men li gen yon siyifikasyon reprezantatif: Chak non reprezante yon epòk. «Jewova» reprezante Epòk Lalwa a epi se tit onorifik pèp Izrayèl la te konn itilize pou rele Bondye yo te adore a. «Jezi» reprezante Epòk Lagras la, epi se non Bondye tout moun ki te rachte pandan Epòk Lagras la. Si lòm toujou swete anpil pou l wè desant Jezi Sovè a pandan dènye jou yo, epi si li toujou atann pou Li desann nan imaj Li te genyen an Jide a, lè sa a tout plan jesyon sis mil ane a t ap rete kanpe nan Epòk Redanmsyon an, epi li pa t ap kapab avanse ankò. Anplis, dènye jou yo pa t ap janm rive, epi epòk la pa t ap janm fini. Sa se paske «Jezi Sovè a» la sèlman pou redanmsyon limanite ansanm ak sali limanite. Mwen te pran non «Jezi» sèlman pou tout moun ki fè peche yo nan Epòk Lagras la; Mwen pa t pran non sa a nan objektif pou Mwen mete yon fen nan tout limanite. Malgre Jewova, Jezi, ansanm ak Mesi a, yo tout reprezante Lespri Mwen, non sa yo reprezante diferan epòk nan plan jesyon Mwen an sèlman, epi yo pa reprezante Mwen nan totalite Mwen. Non lòm ki sou tè a rele Mwen yo pa kapab eksprime tout dispozisyon Mwen nèt ak tout sa Mwen ye. Yo se senpleman diferan non yo rele Mwen pandan epòk ki diferan. E konsa, lè epòk final la—dènye epòk la—rive, non Mwen ap chanje ankò. Yo p ap rele Mwen Jewova, yo p ap rele Mwen Jezi, alewè pou yo ta rele Mwen Mesi a—y ap rele Mwen Bondye ki gen anpil pouvwa epi ki toupisan an Li menm, epi sou non sa a Mwen ap mete fen nan tout epòk la. Yon lè yo te rele Mwen Jewova, yon lòt lè tou lòm te konnen Mwen kòm Mesi a, epi yon lè lòm te renmen Mwen, li te gen anpil respè pou Mwen epi li te rele Mwen Jezi Sovè a. Jodi a, Mwen pa Jewova oswa Jezi lòm te konnen nan tan pase yo ankò. Okontrè, Mwen se Bondye ki retounen nan dènye jou yo epi ki ap mete fen nan epòk la; Mwen se Bondye Li menm ki leve nan dènye bout tè a, ki chaje ak dispozisyon konplè Mwen, epi ki plen ak otorite, onè, ansanm ak glwa. Lòm pa janm an kontak avèk Mwen, li pa janm konnen Mwen, epi li te toujou inyore dispozisyon Mwen. Soti depi nan kreyasyon monn nan rive jodi a, pa gen yon moun ki wè Mwen. Sa se Bondye ki parèt devan lòm nan dènye jou yo men ki kache nan mitan lòm tou, ki plen ak vi e ki vivan nan mitan lòm, tankou solèy k ap briye byen fò epi tankou yon flanm dife, ki ranpli ak pouvwa epi ki debòde ak otorite. Pa gen yon sèl moun oswa yon sèl bagay ki p ap jije pa pawòl Mwen yo, epi pa gen yon sèl moun oswa yon sèl bagay ki p ap pirifye atravè dife k ap boule a. Finalman, yon kantite nasyon moun pa ka konte pral beni poutèt pawòl Mwen yo, epi yo pral kraze an miyèt moso tou poutèt pawòl Mwen yo. Nan fason sa a, tout moun nan dènye jou yo ap wè Mwen se Sovè a ki retounen, epi Mwen se Bondye Toupisan, ki konkeri tout limanite. Epi tout moun ap wè, yon lè, Mwen te yon ofrann pou peche pou lòm, men nan dènye jou yo Mwen vin tounen flanm solèy k ap briye byen fò ki boule tout bagay, ansanm ak Solèy dwati ki revele tout bagay. Sa a se travay Mwen nan dènye jou yo. Rezon ki fè Mwen pran non sa a epi Mwen pote dispozisyon sa a se jisteman pou tout moun kapab wè Mwen se Bondye ki dwat la, solèy k ap briye byen fò a, ansanm ak yon flanm dife, epi tou pou tout moun kapab adore Mwen, sèl vrè Bondye a, e pou yo kapab wè vrè vizaj Mwen: Mwen pa sèlman Bondye Izrayelit yo, epi Mwen pa sèlman Redanmtè a, okontrè Mwen se Bondye tout kreyati toupatou nan syèl yo, sou tè a ak nan lanmè yo.

Si Sovè dènye jou yo ta desann epi yo ta rele Li Jezi toujou, epi Li ta fèt yon lòt fwa ankò an Jide epi Li ta fè travay Li an Jide, lè sa a sa t ap pwouve Mwen te kreye pèp Izrayèl la sèlman epi Mwen te rachte pèp Izrayèl la sèlman, e Mwen pa gen anyen pou Mwen wè avèk moun lòt nasyon yo. Èske sa pa t ap kontredi pawòl Mwen yo kote Mwen di «Mwen se Seyè a ki te kreye syèl yo, tè a ak tout bagay»? Rezon ki fè Mwen te kite Jide epi M ap fè travay Mwen nan mitan moun lòt nasyon yo se paske Mwen pa Bondye pèp Izrayèl la sèlman, men Mwen se Bondye tout kreyati yo. Rezon ki fè Mwen parèt nan mitan moun lòt nasyon yo pandan dènye jou yo se paske Mwen pa sèlman Jewova, Bondye pèp Izrayèl la, men plis pase sa, Mwen se Kreyatè tout moun Mwen chwazi pami moun lòt nasyon yo. Mwen pa t kreye Izrayèl, kreye Ejip, epi kreye Liban sèlman, men Mwen te kreye tout lòt nasyon ki pi lwen pase Izrayèl yo tou. Se poutèt sa, Mwen se Seyè tout kreyati Bondye yo. Se jis ke Mwen te itilize Izrayèl kòm pwen depa travay Mwen, Mwen te itilize Jide ak Galile kòm pwen fò pou travay redanmsyon Mwen an, epi Mwen itilize yon lòt nasyon kòm baz pou Mwen kapab mete fen nan tout epòk la nèt. Mwen te fè de etap travay nan Izrayèl (de etap travay sa yo se Epòk Lalwa a ak Epòk Lagras la), epi M ap reyalize de lòt etap travay ankò (Epòk Lagras la ak Epòk Wayòm nan) nan tè ki pi lwen pase Izrayèl yo. Nan mitan lòt nasyon yo, Mwen pral fè travay konkèt la, e konsa M ap mete fen nan epòk la. Si moun yo toujou rele Mwen Jezi Kris, men yo pa konnen Mwen inogire yon nouvo epòk pandan dènye jou yo epi Mwen antre nan nouvo travay, epi si yo rete ap tann desant Jezi Sovè a tankou moun ki obsede, lè sa a Mwen pral konsidere tout moun sa yo kòm moun ki pa kwè nan Mwen; yo se moun ki pa konnen Mwen, epi yo se moun ki pran pòz kwayan yo tou. Kòman moun konsa te ka temwen desant «Jezi Sovè a» ki sot nan syèl la? Sa y ap tann nan se pa desant Mwen, men se desant Wa Jwif yo. Yo pa espere Mwen kapab konplètman detwi ansyen monn sal sa a, men olye de sa yo espere Jezi ap desann ankò epi rachte yo—sa vle di, yo espere Jezi ap rachte tout limanite yon lòt fwa ankò anba tè sal ki pa dwat sa a. Kòman moun konsa te ka vin èt imen ki pèmèt travay Mwen pou dènye jou yo akonpli a? Sa lòm vle a pa kapab akonpli swè Mwen yo epi li pa kapab akonpli travay Mwen, paske lòm admire oswa sonje avèk afeksyon travay Mwen te fè anvan an sèlman, li pa gen okenn lide Mwen se Bondye Li menm ki toujou nouvo epi ki pa janm ansyen a, epi li sèlman konnen Mwen se Jewova, epi Mwen se Jezi, san li pa gen okenn lide Mwen se Sila dènye jou yo ki ap mete fen nan limanite a. Sa lòm espere a ak sa lòm konnen an soti nan pwòp konsepsyon li, epi se senpleman sa li wè avèk je fizik li yo. Sa pa kadre ak travay M ap fè a, men li an dezakò avè l. Si travay Mwen an te fèt selon lide lòm yo, lè sa a kilè li t ap fini? Kilè limanite t ap antre nan repo? E kòman Mwen t ap kapab antre nan setyèm jou a, jou Saba a? Mwen travay selon plan Mwen epi selon objektif Mwen—pa selon plan lòm.

Anvan: Okenn Moun ki Fèt Avèk Lachè ak San pa Kapab Chape Jou Kolè a

Apre: Travay Simaye Levanjil la se Travay pou Sove Lòm Li Ye Tou

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger