Chapit 83

Nou pa konnen Mwen se Bondye Toupisan an, ni nou pa konnen tout evènman ak tout bagay nan men Mwen! Kisa sa vle di se Mwen ki etabli epi akonpli tout bagay? Benediksyon oswa malè chak moun depann de sa Mwen akonpli ak aksyon Mwen yo. Kisa lòm ka akonpli? Kisa lòm ka akonpli nan reflechi sèlman? Nan epòk final sa a, nan epòk adiltè sa a, nan monn fènwa sa a ke Satan kòwonpi nan yon sèten degre, èske se pa yon ti ponyen moun sèlman ki ka ann akò ak entansyon Mwen yo? Kit se jodi a, yè oswa nan pa twò lontan, se Mwen ki detèmine lavi tout moun. Kit yo resevwa benediksyon oswa malè frape yo, kit Mwen renmen yo oswa Mwen rayi yo, se Mwen ki te byen detèmine tout bagay, yon sèl kou. Kiyès pami nou ki oze deklare ke se li menm ki deside chak pa li fè, epi se li menm ki gen kontwòl desten li? Kiyès ki oze di sa? Kiyès ki oze gen awogans epi aji san okenn limit konsa? Kiyès ki pa pè Mwen? Kiyès ki pa obeyi M nan kè yo? Kiyès ki oze aji jan li vle, san reflechi? M ap chatye yo menm kote a, epi Mwen p ap gen okenn mizèrikòd pou limanite ankò, ni Mwen p ap bay okenn lòt sali. Fwa sa a—sa vle di moman nou te aksepte non Mwen an—se dènye fwa M ap pran pasyans avèk limanite. Sa vle di, Mwen chwazi yon pati nan limanite e Mwen fè yo jwenn yon bon valè nan gras Mwen, menm si benediksyon yo ka pa etènèl; kidonk, menm si ou pa predestine pou w beni pou letènite, sa pa vle di yo maltrete w, epi ou miyò lontan pase moun malè frape yo dirèkteman.

Vrèmanvre, jijman Mwen deja rive nan pi wo nivo li, epi li rive nan yon nivo li potko janm rive anvan sa. Jijman Mwen tonbe sou chak grenn moun, epi kounye a se yon jijman ki chaje ak kòlè. Nan tan lontan, se te yon jijman ki te majestye, men kounye a li diferan anpil. Nan tan lontan, moun yo pa t konn santi okenn laperèz ditou toutotan yo pa t fè fas ak jijman Mwen; men kounye a, kou yo tande yon sèl grenn pawòl, yo tranble kou fèy bwa tèlman yo pè. Gen moun ki menm pè pou Mwen pa ouvri bouch Mwen. Depi yo annik tande vwa Mwen, lè Mwen kòmanse pale, yo tèlman pè yo pa konn sa pou yo fè. Nan moman sa a, tout sa yo swete se rantre nan yon twou anba tè epi rete kache nan kwen ki pi fè nwa yo. Moun konsa pa ka sove paske yo posede pa movèzespri. Lè Mwen jije gwo dragon wouj la, ansyen sèpan an, yo vin timid e yo menm pè pou lòt moun pa wè yo; vrèmanvre, yo se desandan Satan, yo fèt nan fènwa.

Mwen te konn itilize mo “predestinasyon ak chwazi” souvan. Kisa yo vle di menm? Kijan Mwen predestine epi chwazi? Kisa sa vle di lè yon moun pa fè pati moun ki predestine epi chwazi yo? Kijan ou ka konprann sa? Bagay sa yo mande pou Mwen bay eksplikasyon ki klè, epi yo mande pou Mwen pale avèk ou dirèkteman. Si Mwen te revele bagay sa yo nan nou, moun ki gen lespri bouche yo t ap kwè ke lide sa a soti nan Satan, alòske se pa vre! Yo t ap sal non Mwen enjisteman! Kounye a, Mwen pral pale dirèkteman, Mwen p ap kache anyen: Lè Mwen te kreye tout bagay, Mwen te kreye bagay ki sèvi lèzòm yo an premye (flè, zèb, pyebwa, bwa, mòn, rivyè, lak, tè a ak oseyan an, tout kalite ensèk, zwazo ak bèt; gen kèk ladan yo ki la pou limanite manje, epi gen lòt ki la pou limanite gade). Mwen te kreye divès kalite sereyal pou limanite selon diferans ki genyen ant rejyon yo; se apre Mwen te fin kreye tout bagay sa yo Mwen te kòmanse kreye moun. Gen de kalite moun: Premye a se moun Mwen chwazi epi predestine yo; dezyèm nan gen kalib Satan, e Mwen te kreye kalite moun sa yo anvan Mwen te kreye monn nan, men kòm Satan te fin kowonpi yo nèt, Mwen te abandone yo. Apre sa, Mwen te kreye yon kalite moun Mwen te chwazi epi predestine, yo chak gen kalib Mwen nan diferan degre; kidonk, moun Mwen chwazi jodi a gen kalib Mwen nan diferan degre. Malgre Satan te kowonpi yo, Mwen chwazi yo kanmenm; chak etap fè pati plan jesyon Mwen an. Rezon ki fè moun onèt yo gen pouvwa nan wayòm nan se paske Mwen te planifye sa davans. Moun ki kwochi yo ak twonpè yo p ap janm ka onèt, paske yo fèt nan Satan epi Satan posede yo; yo se sèvitè Satan e yo anba lòd li depi nan kòmansman rive nan fen. Men, objektif tout bagay sa yo se akonpli volonte Mwen. Mwen te eksplike sa byen klè pou nou pa bezwen nan devine. Moun Mwen pèfeksyone yo, Mwen pral pran swen yo epi pwoteje yo; kanta pou moun Mwen rayi yo, kou sèvis yo fini, yo dwe soti kote Mwen ye a. Lè Mwen pale de moun sa yo, Mwen vin an kòlè; depi yo annik mansyone yo, Mwen vrèman anvi regle kont avèk yo menm kote a. Malgre sa, Mwen kontwole aksyon Mwen yo; Mwen aji epi Mwen pale avèk moderasyon. Mwen ka chavire monn nan nan yon moman kòlè, men M ap epanye moun Mwen predestine yo; apre kòlè Mwen fin bese, Mwen ka leve monn nan. Sa vle di, Mwen kontwole tout bagay. Lè Mwen wè monn nan vin kòwonpi nan pwen pou Mwen pa ka gade l ankò, M ap detwi l san pèdi tan. Èske Mwen pa ta ka fè sa ak yon sèl grenn pawòl?

Mwen se Bondye pratik la menm; Mwen pa fè siy ni mèvèy sinatirèl − men travay mèvèye Mwen yo toupatou. Chemen ki devan an pral vin pi klere toujou, nan yon nivo ki san parèy. Chak etap Mwen revele ba nou montre nou chemen an, e se plan jesyon Mwen. Sa vle di, revelasyon sa yo ap vin pi plis toujou epi y ap vin pi klè alavni. Menm nan Wayòm Milenè a − nan pa twò lontan − nou dwe kontinye avanse pandan n ap swiv revelasyon Mwen yo ak pa Mwen yo. Tout bagay deja fikse epi tout bagay deja prepare; benediksyon etènèl ap tann nou pami moun ki beni yo, tandiske yon chatiman etènèl ap tann moun malè gen pou frape yo. Mistè Mwen yo twòp pou nou; pawòl ki pi senp pou Mwen yo se yo ki pi difisil pou nou. Se poutèt sa, Mwen pale plis toujou, paske nou pa konprann anpil bagay epi nou bezwen Mwen eksplike nou chak grenn mo. Men pa enkyete nou twòp; Mwen pral pale avèk nou ann akò ak travay Mwen.

Anvan: Chapit 82

Apre: Chapit 84

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger