Chapit 21
Travay Sentespri a fè nou antre yon lòt fwa ankò nan yon nouvo syèl ak yon nouvo tè. tout bagay pral renouvle, tout bagay nan men Mwen, epi tout bagay ap kòmanse yon lòt fwa ankò avèk tout fòs! si nou jije sa daprè fason lèzòm panse, li enposib pou nou konprann li oswa eksplike li, men se egzakteman Mwen menm k ap travay, se ladan li sajès mwen ye. Se pou tèt sa nou ta dwe senpleman lage tout lide ak pwennvi pa nou yo, manje ak bwè senpleman, soumèt tèt nou nan mitan tout bagay sa yo, epi pa gen okenn dout ditou. Piske se konsa M ap travay, M ap pote yon responsablite sakre. An reyalite, se pa yon kesyon de sa moun dwe fè; pito, se Bondye k ap fè bagay mirakile, k ap revele pisans Li ki san limit. Moun pa dwe vante tèt yo, sof si y ap vante Bondye. Sinon, ou pral sibi pèt. Bondye leve moun ki nan bezwen soti nan pousyè; moun ki ba yo pral leve. M ap sèvi ak sajès Mwen ki san limit pou dirije legliz inivèsèl la, pou dirije tout nasyon ak tout pèp moun Mwen chwazi yo byen, pou yo tout rete nan Mwen, epi pou nou tout soumèt nou devan Mwen nan legliz la. Moun ki pa t soumèt yo anvan dwe soumèt yo devan Mwen kounye a; nou tout dwe soumèt youn ak lòt, pran pasyans youn ak lòt, ini nan lavi youn ak lòt, renmen youn lòt, sèvi ak fòs youn lòt pou konpanse feblès pa nou, epi kolabore pou sèvi Mwen. Se konsa legliz la ap bati, epi Satan pap jwenn okenn okazyon pou l eksplwate. Se sèlman lè sa a plan jesyon Mwen an pap manke pou l akonpli. Kite Mwen ba nou yon lòt rapèl isit la. Pa kite move lide parèt nan nou akoz yon moun konsa te aji yon fason konsa oswa te fè yon bagay konsa, sa fè kondisyon espirityèl ou vin pi mal. Jan Mwen wè sa, se yon bagay ki pa ta dwe vrèman rive, e li pa vo anyen. Èske Moun nou kwè nan Li a se pa Bondye? Se pa yon moun. Fonksyon yo diferan, men gen yon sèl kò. Chak moun pami nou dwe ranpli pwòp fonksyon pa li, rete nan plas pa li, fè tout sa li kapab, bay limyè selon kantite chalè li genyen, epi chèche vin gen matirite nan lavi. Se konsa M ap satisfè.
Nou bezwen sèlman rete trankil devan Mwen, pase anpil tan ap pale ak Mwen epi kominike avèk Mwen. Lè gen bagay nou pa konprann, chèche plis enfòmasyon, prezante priyè nou yo devan Mwen, epi tann moman Mwen fikse a. Gade tout bagay aklè nan lespri nou. Pa aji san reflechi, pou nou pa evite pran move direksyon. Se sèlman konsa n ap ka jwenn bonjan rezilta nan manje ak bwè pawòl Mwen yo. Manje ak bwè pawòl Mwen yo souvan, medite sou sa Mwen di nou, bay pratik pawòl Mwen yo anpil enpòtans, epi viv reyalite pawòl Mwen yo. Se sa ki pi enpòtan Pwosesis konstriksyon legliz la se menm pwosesis ak kwasans lavi a tou.Si lavi nou sispann grandi, nou pa kapab vin bati. Si w konte sou sa ki natirèl, sou lachè, sou zèl, sou kontribisyon, oswa sou kalifikasyon w, kèlkeswa jan bagay sa yo bon, nou pa kapab vin bati. Ou dwe viv daprè pawòl lavi yo, viv nan ekleraj ak limyè Sentespri a bay, konnen vrè kondisyon ou, epi vin yon moun ki chanje. Ou dwe gen menm konpreyansyon nan lespri a, resevwa nouvo ekleraj, epi rive suiv nouvo limyè a. Ou dwe kapab pwoche bò kote M epi kominike avèk Mwen san rete. Ou dwe kapab baze aksyon ou nan lavi chak jou sou pawòl Mwen yo, jere tout kalite moun, evènman ak bagay yon fason ki kòrèk selon pawòl Mwen yo, pran pawòl Mwen yo kòm prensip pou konduit ou nan lavi ou ak nan aksyon ou, epi vivselon dispozisyon Mwen.
Si nou vle konprann entansyon Mwen yo epi pran yo an konsiderasyon, nou dwe bay pawòl Mwen yo anpil enpòtans. Pa fè anyen san reflechi. Tout sa Mwen pa apwouve pote dezas. Se sèlman sa Mwen apwouve ki pote benediksyon. Mwen pale, epi sa fèt; Mwen bay lòd, epi sa etabli. Kèlkeswa sa Mwen pa bay pèmisyon pou nou fè, nou pa dwe fè l ditou, pou Mwen pa vin fache avèk nou; paske lè sa a, li pral twò ta pou nou regrèt!