Rete San Chanjman nan Dispozisyon Se Tounen Lènmi Bondye
Apre plizyè milye ane anba koripsyon, tout moun vin angoudi epi lespri yo vin lou; yo tout tounen demon mechan k ap opoze ak Bondye, jis nan pwen kote yo ekri rebelyon yo kont Bondye nan achiv istorik yo, epi kote menm moun yo tèt yo pa kapab bay yon kontrandi konplè sou konpòtman rebèl yo—paske Satan kowonp yo pwofondman, epi Satan egare yo nan pwen kote yo pa konnen ki kote pou yo vire. Menm jodi a, moun yo toujou ap trayi Bondye. Lè yo wè Bondye, yo trayi Li, epi lè yo pa kapab wè Bondye, se konsa tou yo trayi Li. Gen menm moun ki, malgre yo te temwen malediksyon ak kòlè Bondye, toujou ap trayi Li. Se poutèt sa Mwen di rezon lòm pèdi fonksyon orijinal li, epi konsyans lòm tou pèdi fonksyon orijinal li. Nan je Mwen, tout moun se bèt ki abiye tankou moun e se sèpan ki gen venen. Kèlkeswa jan yo eseye pran pòz fè moun gen pitye pou yo devan je Mwen, Mwen p ap janm gen mizèrikòd pou yo, paske yo pa gen okenn konpreyansyon ditou sou diferans ki genyen ant blan ak nwa, epi pa gen youn nan yo ki konprann diferans ant laverite ak sa ki pa laverite. Rezon yo tèlman angoudi, epoutan yo toujou vle jwenn benediksyon; imanite yo tèlman meprizab, epoutan yo toujou vle kenbe pouvwa kòm wa. Avèk yon rezon konsa, ki moun yo ta kapab dirije kòm wa? Ki jan yo ta kapab chita sou twòn avèk kalite imanite sa a? Moun yo vrèman san wont! Yo se mizerab ki kwè yo plis pase sa yo ye vre! Mwen konseye nou menm ki swete jwenn benediksyon pou nou chèche yon glas dabò pou nou gade pwòp vizaj lèd nou an. Èske ou gen kapasite pou ou ta yon wa? Èske ou gen fòm vizaj yon moun ki ta kapab resevwa benediksyon? Pa gen menm yon ti kras chanjman nan dispozisyon ou epi ou pa rive mete okenn laverite an pratik, epoutan ou toujou ap swete yon bèl demen. Sa se bay tèt ou manti nèt! Lòm, ki te fèt nan yon tè ki sal konsa, sosyete a enfekte l nan yon pwen ki grav, etik feyodal yo kondisyone l, epi li resevwa edikasyon nan «enstitisyon edikasyon siperyè». Panse ki an reta yo, moralite kowonpi a, fason degradan yo wè lavi a, filozofi meprizab pou jere zafè mond lan, egzistans ki pa gen okenn valè ditou a, ansanm ak koutim ba yo ak lavi y ap mennen chak jou a—tout bagay sa yo ap anvayi kè lòm nan yon fason ki grav, e yo blese epi atake konsyans li nan yon fason ki grav. Konsa, lòm vin pi lwen Bondye chak jou, epi li vin pi opoze ak Li. Dispozisyon lòm vin pi san pitye de jou an jou, epi pa gen yon sèl moun ki renonse ak anyen pou Bondye volontèman, pa gen yon sèl moun ki soumèt devan Bondye volontèman, alevwa pou ta gen yon sèl moun ki chèche aparisyon Bondye volontèman. Okontrè, lòm ap chèche plezi jan kè l vle anba anpriz Satan, epi l ap kowonp lachè l nan labou a san okenn kontwòl. Lòm, k ap viv nan fènwa, pa gen okenn dezi pou pratike laverite menm lè li tande li, epi li pa gen tandans pou l chèche menm lè li wè Bondye gentan parèt. Ki jan pou yon limanite ki deprave konsa ta kapab gen okenn plas pou sali? Ki jan pou yon limanite ki pouri konsa ta kapab viv nan limyè a?
Chanje dispozisyon lòm dwe kòmanse ak konesans sou esans li epi atravè chanjman nan panse l, nati l, ak eta mantal li—atravè chanjman fondamantal. Se sèlman konsa y ap rive fè vrè chanjman nan dispozisyon lòm. Koz prensipal ki fè dispozisyon kowonpi yo leve nan lòm se jan Satan egare l, kowonp li, ak pwazonnen l. Satan mare lòm epi li kontwole l, epi panse l, moralite l, klèvwayans li, ak rezon l, yo tout andomaje grav akòz Satan. Se egzakteman paske Satan kowonp bagay fondamantal lòm yo, epi yo pa sanble ditou ak jan Bondye te kreye yo okòmansman an, ki fè lòm opoze ak Bondye epi li pa kapab aksepte laverite. Konsa, pou kapab gen chanjman nan dispozisyon lòm, premye bagay ki dwe fèt se chanje konesans li sou Bondye ansanm ak konesans li sou laverite sou plan panse l, klèvwayans li, ak rezon l. Moun ki te fèt nan peyi ki pi kowonpi pase tout lòt peyi yo pi inyoran toujou sou sa Bondye ye, oswa sa sa vle di pou yo kwè nan Bondye. Plis moun yo kowonpi, se mwens yo konnen egzistans Bondye, epi se pi fèb rezon yo ak klèvwayans yo ye. Koz prensipal opozisyon ak rebelyon lòm kont Bondye se jan Satan kowonp li. Poutèt koripsyon Satan an, konsyans lòm vin angoudi, moralite l kowonpi, panse li yo dejenere, epi li gen yon eta mantal ki an reta. Anvan Satan te kowonp li, okòmansman lòm te soumèt devan Bondye epi li te soumèt devan pawòl Li yo apre li te tande yo. Okòmansman li te gen bon rezon ak bon konsyans, epi yon imanite nòmal. Apre Satan te kowonp lòm, rezon li, konsyans li, ak imanite li te gen okòmansman an, yo tout te vin angoudi epi Satan te gate yo. Konsa, li pèdi soumisyon l ak lanmou l pou Bondye. Rezon lòm vin anòmal, dispozisyon li vin menm jan ak dispozisyon yon bèt, epi rebelyon li kont Bondye ap ogmante san rete epi li vin pi grav. Epoutan lòm toujou pa ni konnen sa ni konprann sa, epi l ap jis opoze ak rebele san rete. Revelasyon dispozisyon lòm yo se ekspresyon rezon li, klèvwayans li, ak konsyans li. Paske rezon li ak klèvwayans li pa bon, epi konsyans li vin angoudi nèt ale, dispozisyon li rebèl kont Bondye. Si rezon lòm ak klèvwayans li pa kapab chanje, lè sa a pa menm gen mwayen pale de chanjman nan dispozisyon li, ni pou l koresponn ak entansyon Bondye. Si rezon lòm pa bon, lè sa a li pa kapab sèvi Bondye epi li pa bon pou Bondye sèvi avè l. «Kapasite nòmal pou rezone» vle di soumèt devan Bondye epi gen lwayote pou Li, anvi Bondye anpil, gen yon atitid ki absoli anvè Bondye, epi gen yon konsyans anvè Bondye. Sa vle di fè yon sèl kè ak yon sèl lespri anvè Bondye, epi pa fè espre opoze ak Bondye. Lè yon moun gen rezon ki anòmal, se pa konsa. Apre Satan te kowonp lòm, lòm vin gen konsepsyon sou Bondye, epi li pa gen okenn lwayote pou Bondye ni li pa anvi Li anpil, alewè pou n ta pale de yon konsyans anvè Bondye. Lòm fè espre opoze ak Bondye epi li jije Li, e anplis, li joure Li byen fò dèyè do Li. Lòm jije Bondye dèyè do Li, pandan l konnen trè byen se Li ki Bondye; lòm pa gen okenn entansyon ditou pou li soumèt devan Bondye, men l ap sèlman kontinye fè egzijans ak demann ba Li. Kalite moun sa yo—moun ki gen rezon anòmal yo—toujou pa kapab rekonèt pwòp konpòtman meprizab yo oswa regrèt zak rebelyon yo. Si moun yo kapab konnen pwòp tèt yo, lè sa a yo reprann yon ti pati nan rezon yo; plis moun yo ap rebele kont Bondye epoutan yo pa konnen pwòp tèt yo, se mwens rezon yo bon.
Revelasyon dispozisyon kowonpi lòm nan pa gen lòt rasin pase konsyans angoudi lòm, nati malveyan li, ak rezon l ki pa bon; si konsyans ak rezon lòm kapab vin nòmal ankò, lè sa a l ap tounen yon moun ki bon pou Bondye sèvi avè l devan Li. Se senpleman paske konsyans lòm te toujou angoudi, epi paske rezon lòm pa t janm bon e l ap vin pi angoudi chak jou, ki fè zak rebelyon lòm kont Bondye yo ap miltipliye, nan pwen kote li te menm kloure Jezi sou kwa a epi li fèmen pòt li sou lachè Bondye enkane a nan dènye jou yo, epi li kondane lachè Bondye a, e li konsidere lachè Bondye a kòm yon bagay ki ba. Si lòm te gen sèlman yon ti kras imanite, li pa t ap tèlman kriyèl nan fason li trete lachè Bondye enkane a; si l te gen sèlman yon ti kras rezon, li pa t ap tèlman fewòs nan fason l trete lachè Bondye enkane a; si l te gen sèlman yon ti kras konsyans, li pa t ap «remèsye» Bondye enkane a nan fason sa a. Lòm ap viv nan epòk kote Bondye tounen moun nan, epoutan li pa di Bondye mèsi dèske Li ba li yon bon opòtinite konsa, okontrè li modi arive Bondye a, oswa li inyore totalman reyalite enkanasyon Bondye a, kote l parèt opoze avè l epi gen repiyans pou li. Kèlkeswa fason lòm trete arive Bondye a, Bondye toujou ap fè travay Li san Li pa janm fatige—menm si lòm pa t akeyi Li menm yon ti kras, epi l ap plede fè demann ba Li. Dispozisyon lòm vin malveyan nèt ale, rezon li vin angoudi nèt ale, epi mechan an pilonnen konsyans li nèt e depi lontan li pa konsyans orijinal lòm te genyen an ankò. Lòm pa sèlman engra anvè Bondye enkane a dèske Li bay limanite anpil lavi konsa ak anpil lagras konsa, men li menm gen rayisman pou Bondye poutèt laverite Li ba li a; paske lòm pa enterese nan laverite, li gen rayisman pou Bondye. Non sèlman lòm pa kapab bay lavi l pou Bondye enkane a, men okontrè li eseye rale avantaj nan men Li, epi li mande ranbousman ki plizyè douzèn fwa pi gwo pase sa lòm te bay Bondye. Se konsa konsyans ak rezon lòm ye, epoutan li toujou panse sa se pa anyen ki grav, li toujou kwè li te depanse twòp pou Bondye, epi Bondye pa ba li ase. Gen moun ki, apre yo fin ban Mwen yon bòl dlo, lonje men yo epi mande pou Mwen peye yo pou de bòl lèt, oswa, apre yo fin ban Mwen yon chanm pou yon nwit, mande pou Mwen peye frè lojman ki plizyè fwa pi chè. Avèk yon imanite konsa ak yon konsyans konsa, ki jan nou ta kapab toujou swete genyen lavi? Ala mizerab meprizab nou ye! Kalite imanite sa a nan lòm ak kalite konsyans sa a nan lòm se sa ki lakòz Bondye enkane a ap pwonmennen sou tout tè a, san pyès kote pou Li jwenn abri. San pale de lefèt ke Bondye enkane a fè anpil travay konsa, menm si Li pa t ap fè okenn travay ditou, moun ki vrèman posede konsyans ak imanite ta dwe adore Li epi sèvi Li ak tout kè yo. Se sa moun ki gen bon rezon ta dwe fè, epi sa se devwa lòm. Pifò moun menm bay kondisyon lè y ap sèvi Bondye. Sa pa enterese yo si Li se Bondye oswa yon moun, epi yo sèlman pale de pwòp kondisyon pa yo, epi yo sèlman chèche satisfè pwòp dezi yo. Lè nou fè manje pou Mwen, nou mande frè sèvis, lè nou fè kous pou Mwen, nou mande frè deplasman, lè nou travay pou Mwen nou mande frè travay, lè nou lave rad Mwen nou mande frè lesiv, lè nou bay legliz la sa l bezwen nou mande frè rekiperasyon kò, lè nou pale nou mande frè oratè, lè nou bay liv nou mande frè distribisyon, epi lè nou ekri nou mande frè redaksyon. Moun Mwen te taye yo menm mande konpansasyon nan men Mwen, alòske sa yo te voye lakay yo mande reparasyon pou domaj ki fèt sou non yo; moun ki pa marye yo mande yon dòt, oswa konpansasyon pou jenès yo ki pèdi; moun ki touye yon poul mande frè bouche, moun ki fri manje mande frè pou fri manje, epi moun ki fè soup mande peman pou sa tou… Sa a se imanite nòb e pisan nou an, epi sa yo se aksyon konsyans cho nou an ap dikte. Kote rezon nou? Kote imanite nou? Kite Mwen di nou! Si nou kontinye konsa, M ap sispann travay nan mitan nou. Mwen p ap travay nan mitan yon bann bèt ki abiye tankou moun, Mwen p ap soufri konsa pou yon gwoup moun ki gen bèl figi men ki gen kè bèt sovaj, Mwen p ap andire pou yon bann zannimo konsa ki pa gen pyès posiblite pou jwenn sali ditou. Jou Mwen vire do Mwen bay nou an se jou nou ap mouri a, se jou fènwa ap tonbe sou nou an, epi se jou limyè a ap abandone nou an. Kite Mwen di nou! Mwen p ap janm gen bonte pou yon gwoup tankou gwoup nou an, yon gwoup ki pi ba menm pase zannimo! Gen limit nan pawòl ak aksyon Mwen, epi avèk imanite ak konsyans nou jan yo ye a, Mwen p ap fè okenn travay ankò, paske nou manke konsyans twòp, nou fè Mwen soufri twòp, epi konpòtman meprizab nou an degoute Mwen twòp. Moun konsa ki manke imanite ak konsyans p ap janm gen yon chans pou jwenn sali; Mwen pa t ap janm sove moun ki san kè epi engra konsa. Lè jou Mwen an rive, M ap fè flanm dife Mwen k ap boule a tonbe pou tout letènite sou pitit rebelyon yo ki te pwovoke gwo kòlè Mwen an, M ap mete pinisyon etènèl Mwen sou zannimo sa yo ki te konn joure Mwen byen fò epi ki te abandone Mwen an, M ap boule pou toutan ak dife kòlè Mwen an pitit rebelyon yo ki te konn manje epi viv ansanm ak Mwen men ki pa t kwè nan Mwen yo, ki te ensilte epi trayi Mwen yo. M ap fè tout sa ki te pwovoke kòlè Mwen yo pase anba pinisyon Mwen, M ap vide tout kòlè Mwen nèt sou bèt sa yo ki te konn swete kanpe bò kote Mwen kòm egal ak Mwen epoutan ki pa t janm adore ni soumèt devan Mwen; baton Mwen frape lòm avè l la pral tonbe sou zannimo sa yo ki te konn jwi swen Mwen epi ki te konn jwi mistè Mwen te pale yo, e ki te konn eseye pran jwisans materyèl nan men Mwen. Mwen p ap padone pèsonn k ap goumen pou pozisyon Mwen an; Mwen p ap epaye okenn nan moun sa yo k ap eseye rache manje ak rad nan men Mwen. Pou kounye a, nou toujou an sekirite epi nou kontinye depase limit nan demann nou fè Mwen yo. Lè jou kòlè a rive, nou p ap fè Mwen okenn demann ankò; nan moman sa a, M ap kite nou «jwi» pwòp tèt nou jan kè nou vle, M ap fòse vizaj nou antre nan tè a, epi nou p ap janm kapab leve ankò! Yon jou kanmenm, M ap «ranbouse» dèt sa a ba nou—epi Mwen espere nou tann avèk pasyans arive jou sa a.
Si èt imen meprizab sa yo kapab vrèman renonse ak dezi demezire yo genyen yo epi tounen vin jwenn Bondye, lè sa a yo toujou gen yon chans pou jwenn sali; si lòm vrèman gen yon kè ki anvi Bondye anpil, lè sa a Bondye p ap abandone li. Lòm pa rive genyen Bondye, se pa paske Bondye gen santiman lachè, oswa paske Bondye pa vle pou lòm genyen Li, men se paske lòm pa vle genyen Bondye, epi paske lòm pa gen yon kè k ap chèche Bondye avèk ijans. Ki jan pou yon moun k ap chèche Bondye toutbon ta ka jwenn malediksyon Bondye? Ki jan pou yon moun ki gen bon rezon ansanm ak yon konsyans sansib ta ka jwenn malediksyon Bondye? Ki jan pou yon moun ki adore epi sèvi Bondye toutbon ta ka boule anba dife kòlè Li? Ki jan pou yo ta ka choute deyò lakay Bondye yon moun ki dispoze soumèt devan Bondye? Ki jan pou yon moun ki santi li p ap janm kapab renmen Bondye ase ta ka viv anba pinisyon Bondye? Ki jan pou yon moun ki dispoze kite tout bagay pou Bondye ta ka rete san anyen nan men li? Lòm pa vle chèche Bondye, li pa vle depanse byen li pou Bondye, epi li pa vle devwe tout efò lavi l pou Bondye; okontrè, li di Bondye ale twò lwen, e gen twòp bagay nan Bondye ki pa kadre ak konsepsyon lòm. Avèk yon imanite konsa, menm si nou pa t epaye okenn nan efò nou yo, nou toujou pa t ap kapab jwenn apwobasyon Bondye, san pale de lefèt ke nou pa chèche Bondye. Èske nou pa konnen nou se machandiz ki gen defo nan limanite? Èske nou pa konnen pa gen okenn imanite ki pi ba pase imanite pa nou an? Èske nou pa konnen kòman lòt moun yo rele nou pou yo «onore» nou? Moun ki vrèman renmen Bondye yo rele nou papa lou a, manman lou a, pitit gason lou a, epi pitit pitit gason lou a; nou se desandan lou a, nou se pèp lou a, epi nou ta dwe konnen pwòp idantite nou e pa janm bliye sa. Pa panse nou se yon pèsonaj siperyè: Nou se gwoup moun ki pa moun ki pi fewòs nan tout limanite. Èske nou pa konnen anyen nan tout sa? Èske nou konnen ki gwo risk Mwen pran lè Mwen fè travay nan mitan nou? Si rezon nou pa kapab vin nòmal ankò, epi konsyans nou pa kapab travay nòmalman, lè sa a nou p ap janm libere anba non «lou» a, nou p ap janm chape anba jou malediksyon an e nou p ap janm chape anba jou pinisyon nou an. Nou fèt enferyè, yon bagay ki pa gen okenn valè ditou. Nou se yon bann lou grangou nan nati nou, nou se yon pil dechè ak fatra, epi, kontrèman ak nou, Mwen pa travay sou nou nan entansyon pou Mwen jwenn avantaj pèsonèl, men pito akòz bezwen ki genyen nan travay la. Si nou kontinye rebèl nan fason sa a, lè sa a M ap sispann travay Mwen an, epi Mwen p ap janm travay sou nou ankò; okontrè, M ap transfere travay Mwen an bay yon gwoup Mwen renmen, epi konsa M ap kite nou pou toutan, paske Mwen pa vle wè moun ki se lènmi Mwen. Konsa, èske nou swete konpatib ak Mwen, oswa tounen lènmi Mwen?