Tout moun ki pa konnen Bondye se moun ki reziste kont Bondye
Byen konprann objektif travay Bondye a, rezilta travay Li fèt pou l genyen sou moun, ak ki sa egzakteman entansyon Li yo ye pou moun, se sa chak moun k ap swiv Bondye dwe rive atenn. Konesans sou travay Bondye a se egzakteman sa tout moun manke jodi a. Sa Bondye fè sou moun, tout travay Bondye, ak kisa egzakteman entansyon Bondye yo te ye, soti nan kreyasyon mond lan rive jis kounye a—moun yo pa kapte epi yo pa konprann bagay sa yo. Se yon mank ki egziste pa sèlman nan tout mond relijye a, men sitou pami tout moun ki kwè nan Bondye yo. Lè jou a rive kote ou vrèman wè Bondye, ou apresye sajès Li, ou wè tout zèv Bondye fè, epi ou konnen sa Bondye ye ak sa Li genyen—lè ou wè abondans Li, sajès Li, mèvèy Li, ak tout travay Li fè sou moun—se lè sa a sèlman w ap kapab di ou reyisi vre nan kwayans ou nan Bondye. Lè yo di Bondye anglobe tout bagay epi Li rich anpil nan abondans, nan ki fason egzakteman Li anglobe tout bagay, epi nan ki fason Li rich anpil nan abondans? Si ou pa konprann sa, lè sa a yo pa kapab konsidere ou kòm yon moun ki kwè nan Bondye. Poukisa Mwen di moun ki nan mond relijye a se pa moun ki kwè nan Bondye, men se malfektè, ki nan menm kategori ak dyab yo? Lè Mwen di yo se malfektè, se paske yo pa konprann entansyon Bondye yo epi yo pa kapab wè sajès Li. Bondye pa janm fè travay Li parèt aklè pou yo. Yo tout avèg, epi yo pa kapab wè zèv Bondye yo. Bondye abandone yo, epi yo pa gen swen ak pwoteksyon Li ditou, alewè pou travay Sentespri a. Moun ki pa gen travay Bondye yo, yo tout se malfektè ak moun ki reziste kont Bondye. Rezistans kont Bondye y ap pale a fè referans ak moun ki pa konnen Bondye yo; li fè referans ak moun ki rekonèt Bondye nan bouch yo men ki pa konnen Li; li fè referans ak moun k ap swiv Bondye men ki pa soumèt devan Li; epi li fè referans ak moun k ap jwi gras Li men ki pa kapab rete fèm nan temwayaj yo pou Li. Si yon moun pa konprann objektif travay Bondye a epi li pa konprann travay Bondye fè sou moun, li pa kapab ann akò ak entansyon Bondye yo, epi li pa kapab rete fèm nan temwayaj li pou Bondye. Rezon ki fè moun reziste kont Bondye soti, sou yon bò, nan dispozisyon kowonpi yo genyen; sou lòt bò a, se paske yo pa konnen Bondye epi yo pa konprann prensip Li swiv lè L ap travay yo oswa ki sa entansyon Li yo ye pou moun. De aspè sa yo, lè yo mete yo ansanm, fòme istwa rezistans lòm kont Bondye a. Moun ki fèk vin kwè nan Bondye yo reziste kont Li paske lòm gen yon nati ki reziste kont Bondye; pou moun ki gen anpil ane depi y ap kwè nan Bondye yo, yo reziste kont Bondye paske yo pa konnen Li, e anplis yo gen dispozisyon kowonpi. Nan epòk anvan Bondye te enkane a, kritè pou mezire si yon moun te reziste kont Bondye te baze sou si yo te respekte dekrè Bondye te tabli nan syèl la. Nan Epòk Lalwa a, pa egzanp, nenpòt moun ki pa t respekte lwa Jewova yo t ap reziste kont Bondye; nenpòt moun ki te vòlè ofrann pou Jewova yo, oswa ki te reziste kont moun Jewova te gade avèk favè yo, t ap reziste kont Bondye epi yo t ap touye yo ak kout wòch; nenpòt moun ki pa t onore paran yo, oswa ki te frape epi joure lòt moun, t ap dezobeyi lwa yo, epi tout moun ki pa t respekte lwa Jewova yo te moun ki te reziste kont Li. Bagay yo te diferan nan Epòk Lagras la, kote tout moun ki te reziste kont Jezi se te moun ki te reziste kont Bondye, epi tout moun ki pa t soumèt devan pawòl Jezi te pwononse yo se te moun ki te reziste kont Bondye. Definisyon epòk sa a pou «reziste kont Bondye» te pi egzak e pi pratik. Anvan Bondye te enkane, kritè pou mezire si yon moun te reziste kont Bondye te baze sou si yo te adore epi admire Bondye envizib ki nan syèl la. Definisyon epòk sa a pou «reziste kont Bondye» pa t tèlman pratik, paske moun pa t kapab wè Bondye, epi yo pa t konnen ki jan egzakteman imaj Bondye te ye oswa kòman egzakteman Li te travay epi pale. Moun pa t gen okenn konsepsyon ditou sou Bondye, epi yo te kwè nan Bondye nan yon fason ki vag, paske Bondye pa t ko parèt devan lòm. Se poutèt sa, kèlkeswa jan moun te kwè nan Bondye dapre imajinasyon yo, Bondye pa t kondane yo ni fè egzijans ki twò wo pou yo, paske yo pa t kapab wè Bondye ditou. Lè Bondye vin enkane epi Li travay pami moun, tout moun wè Li epi tande pawòl Li yo, epi yo wè zèv Bondye yo nan lachè, lè sa a konsepsyon tout moun eklate tankou blad. Kanta pou moun ki wè Bondye k ap parèt nan lachè, yo p ap kondane yo si yo soumèt devan Li ak tout entansyon yo, alòske moun ki fè espre reziste kont Li y ap karakterize yo kòm moun ki reziste kont Bondye. Moun sa yo se antikris, ènmi ki fè espre reziste kont Bondye. Moun ki kenbe konsepsyon sou Bondye men ki toujou dispoze soumèt devan Li p ap kondane. Bondye kondane moun sou baz entansyon yo ak bagay yo fè, se pa pou panse yo ak lide yo. Si Li te kondane moun selon panse yo ak lide yo, lè sa a pa gen yon sèl moun ki t ap kapab chape anba men Bondye ki plen kòlè yo. Moun ki fè espre reziste kont Bondye enkane a ap jwenn pinisyon pou rebelyon yo. Rezistans moun sa yo soti nan konsepsyon yo kenbe sou Bondye, sa ki mennen yo fè bagay k ap twouble travay Bondye a. Tout moun sa yo fè espre reziste epi yo eseye detwi travay Bondye a. Yo pa senpleman gen konsepsyon sou Bondye—yo patisipe tou nan aktivite k ap twouble travay Li a, e se poutèt sa yo kondane yo. Moun ki pa fè espre twouble travay Bondye a p ap kondane kòm pechè, paske yo kapab soumèt ak tout entansyon yo epi yo pa fè bagay k ap lakòz deranjman ak twoub. Kalite moun sa yo p ap kondane. Sepandan, lè yon moun fin fè eksperyans travay Bondye a pandan anpil ane alòske li toujou gen konsepsyon sou Li epi li pa kapab konnen travay Bondye enkane a, epi yo toujou ranpli ak konsepsyon sou Bondye e yo pa kapab konnen Li kèlkeswa konbyen ane y ap fè eksperyans travay Li, kè yo plen ak konsepsyon sou Li menm si yo pa fòseman fè anyen ki lakòz deranjman—epi, byenke konsepsyon sa yo gendwa pa parèt aklè, moun sa a pa ede travay Bondye a ditou, li pa kapab preche levanjil pou Bondye ni rete fèm nan temwayaj yo pou Li—sa vle di yo se yon moun ki pa vo anyen epi yon enbesil. Paske yo pa konnen Bondye, e anplis yo pa kapab ditou renonse ak konsepsyon yo sou Li, yo kondane. Moun ka di sa konsa: Se yon bagay nòmal pou moun ki fèk kòmanse kwè nan Bondye yo gen konsepsyon sou Li oswa pou yo pa konnen Li, men si yon moun gen anpil ane depi l ap kwè nan Bondye epi li fè anpil eksperyans nan travay Li a, poutan li toujou gen konsepsyon sou Li, sa pa nòmal, epi sa pi anòmal toujou si yo pa gen okenn konesans sou Bondye. Paske sa a se pa yon eta nòmal, yo kondane yo. Moun anòmal sa yo, yo tout initil; se yo menm ki reziste kont Bondye pi plis epi ki jwi gras Bondye a pou granmesi. Y ap elimine tout kalite moun sa yo alafen!
Moun ki pa konprann objektif travay Bondye a se moun ki reziste kont Bondye. Moun ki konprann objektif travay Bondye a epoutan ki pa chèche satisfè Li se moun ki reziste kont Bondye plis toujou. Moun k ap li Labib nan gwo legliz yo, yo resite Labib tout lajounen, men pa gen youn ladan yo ki konprann objektif travay Bondye a, pa gen youn ladan yo ki kapab konnen Bondye, epi alewè pou youn ladan yo ta ann akò ak entansyon Bondye yo. Yo tout se moun ki pa vo anyen epi ki meprizab, yo tout se moun ki kanpe byen wo pou fè «Bondye» moral, yo tout se moun k ap aji anba banyè Bondye epoutan ki fè espre reziste kont Bondye, epi yo tout se moun ki pote etikèt moun ki kwè nan Bondye epoutan k ap manje chè lòm epi k ap bwè san lòm. Kalite moun sa yo, yo tout se dyab mechan k ap devore nanm lòm; yo tout se chèf demon ki fè espre twouble moun pou yo pa pran bon chemen an; epi yo tout se wòch ki fè moun bite e ki anpeche moun chèche Bondye. Byenke yo tout «byen djanm fizikman», kòman patizan yo ta fè konnen an reyalite yo se antikris k ap mennen moun reziste kont Bondye? Kòman patizan yo ta fè konnen an reyalite yo se dyab vivan ki konsakre pou devore nanm lòm? Moun ki kwè yo nòb nan prezans Bondye se yo ki pi ba pami tout moun, alòske moun ki panse yo ba se yo menm ki pi nòb. Tout moun ki pretann yo konnen travay Bondye a, epi ki kapab pwoklame travay Li bay lòt moun san okenn restriksyon pandan yo fikse je yo sou Li a, se yo menm ki pi inyoran pami tout moun. Kalite moun sa yo, yo tout se moun ki pa gen okenn temwayaj pou Bondye, epi yo tout se moun ki awogan epi ki ògeye. Moun ki kwè yo pa konnen ase sou Bondye men ki an reyalite gen eksperyans pratik ak konesans pratik sou Bondye, se yo menm Bondye renmen pi plis. Se sèlman kalite moun sa yo ki vrèman gen temwayaj, e se yo Bondye vrèman kapab pèfeksyone. Moun ki pa konprann entansyon Bondye yo se moun ki reziste kont Bondye. Moun ki konprann entansyon Bondye yo epoutan ki pa pratike laverite se moun ki reziste kont Bondye. Moun ki manje ak bwè pawòl Bondye yo, epoutan ki ale kont esans pawòl Bondye yo, se moun ki reziste kont Bondye. Moun ki gen konsepsyon sou Bondye enkane a, e anplis ki fè espre rebele, se moun ki reziste kont Bondye. Moun k ap jije Bondye se moun ki reziste kont Bondye. Epi tout moun ki pa kapab konnen Bondye epi ki pa kapab rann temwayaj pou Li se moun ki reziste kont Bondye. Kidonk, Mwen egzòte nou: Si nou vrèman gen lafwa pou nou mache nan chemen sa a, enben kontinye swiv. Men, si nou pa kapab evite reziste kont Bondye, lè sa a li t ap pi bon pou nou rale kò nou anvan li twò ta, otreman bagay yo vrèman p ap bon pou nou ditou, paske nati nou tou senpleman twò kowonpi. Nou pa gen okenn lwayote, nou pa gen okenn soumisyon, nou pa gen yon kè ki swaf dwati ak laverite, epi nou pa gen okenn lanmou pou Bondye. Moun ka di eta nou devan Bondye se yon dezas nèt. Nou pa kapab respekte sa nou dwe respekte a, nou pa kapab di sa nou dwe di a, nou pa kapab mete an pratik sa nou dwe mete an pratik la, epi nou pa kapab ranpli fonksyon nou dwe ranpli a; nou pa gen lwayote nou dwe genyen an, konsyans nou dwe genyen an, soumisyon nou dwe genyen an, ni detèminasyon nou dwe genyen an; nou pa andire soufrans nou te dwe andire a, epi nou pa gen lafwa nou dwe genyen an nonplis. Nou pa vo anyen ditou. Èske nou pa wont pou n kontinye viv? Mwen konseye nou pito nou fèmen je nou nan repo etènèl la pi bonè olye n kite sa pou pita, konsa n ap evite Bondye gen tèt chaje pou nou epi soufri poutèt nou. Nou kwè nan Bondye epoutan nou pa konprann entansyon Li yo; nou manje ak bwè pawòl Bondye yo epoutan nou pa kapab konfòme nou ak egzijans Bondye genyen pou moun. Nou kwè nan Bondye epoutan nou pa konnen Li, epi n ap viv san yon objektif pou nou pouswiv, san okenn valè ni okenn sans ditou. Nou se moun epoutan nou pa gen okenn konsyans, entegrite, ni kredibilite menm yon ti kras—èske nou toujou kapab rele tèt nou moun? Nou kwè nan Bondye epoutan nou twonpe Li; nou menm konvwate lajan Bondye epi nou manje ofrann yo fè pou Li yo. Epoutan alafen nou toujou pa montre okenn konsiderasyon menm yon ti kras pou santiman Bondye yo ni menm yon ti kras konsyans anvè Li. Nou pa menm kapab satisfè yon ti egzijans Bondye fè. Èske nou toujou kapab rele tèt nou moun? Nou manje manje Bondye ban nou an, nou respire oksijèn Li ban nou an, epi nou jwi gras Li, men alafen nou pa gen okenn konesans sou Bondye menm yon ti kras. Okontrè, nou tounen moun ki pa vo anyen k ap reziste kont Bondye. Èske sa pa fè nou tounen bèt ki pa menm kapab konpare ak yon chen? Pami zannimo yo, èske genyen ki pi malveyan pase nou?
Pastè ak ansyen sa yo k ap kanpe byen wo pou fè moun moral se moun ki reziste kont Bondye; yo tout se alye Satan. Kanta pou nou menm k ap fè lòt moun moral san nou pa kanpe byen wo, èske nou pa reziste kont Bondye plis toujou? Èske nou pa fè konplo ak Satan plis toujou? Moun ki pa konprann objektif travay Bondye a pa konnen kijan pou yo ann akò ak entansyon Bondye yo. Èske se konsa sa ta ye tou pou moun ki konprann objektif travay Li a? Travay Bondye pa janm gen erè ladan l; okontrè, pwoblèm nan chita nan pouswit moun yo. Èske moun dejenere sa yo ki fè espre reziste kont Bondye pa pi mechan epi pi malveyan toujou pase pastè ak ansyen sa yo? Gen anpil moun ki reziste kont Bondye, men pami yo tou gen anpil eta diferan nan fason yo reziste kont Bondye. Menm jan gen divès kalite moun ki kwè yo, se konsa tou gen divès kalite moun ki reziste kont Bondye, youn pa sanble ak lòt. Pa gen youn pami moun ki pa rive rekonèt aklè objektif travay Bondye a ki ka sove. Kèlkeswa jan yon moun gendwa te reziste kont Bondye nan tan pase, lè yo rive konprann objektif travay Bondye a epi yo kapab fè efò pou yo satisfè Bondye, Bondye ap efase tout ansyen peche yo nèt. Toutotan yon moun kapab chèche epi pratike laverite, Bondye p ap sonje tout sa yo te fè. Anplis, Bondye ap karakterize yo kòm yon moun ki dwat paske yo kapab pratike laverite. Sa a se dwati Bondye. Anvan yon moun wè Bondye oswa fè eksperyans nan travay Li a, kèlkeswa jan yo te trete Bondye, Li pa sonje sa. Sepandan, yonfwa yon moun wè Bondye epi fè eksperyans nan travay Li a, Bondye ap ekri tout zèv yo ak aksyon yo nan «achiv yo», paske yo wè Bondye epi yo viv nan mitan travay Li.
Lè yon moun vrèman wè sa Bondye genyen ak sa Li ye, lè l kontanple sipremasi Bondye, epi lè l vrèman vin konnen travay Bondye a—e, anplis, lè ansyen dispozisyon li a chanje—l ap debarase nèt anba dispozisyon rebèl li genyen an ki reziste kont Bondye a. Moun ka di sa konsa: Tout moun te reziste kont Bondye, epi tout moun te rebele kont Bondye. Sepandan, si ou kapab soumèt ak tout entansyon w devan Bondye enkane a, epi apati moman sa a ou satisfè kè Bondye ak lwayote ou, ou pratike laverite ou dwe pratike a, ou fè devwa ou dwe fè a, epi ou respekte règleman ou dwe respekte yo, lè sa a ou se yon moun ki dispoze debarase anba rebelyon w lan pou satisfè Bondye epi yon moun Bondye kapab pèfeksyone. Si ou fè tèt di pou w pèsiste nan move chemen ou yo, san ou pa gen okenn remò nan kè ou, epi ou kontinye nan konduit rebèl ou a san ou pa gen okenn entansyon menm yon ti kras pou w kopere ak Bondye epi satisfè Li, lè sa a yon moun ki tèt di epi ki pa ka korije tankou ou, y ap deziyen l kòm moun pou yo pini, epi y ap deziyen l kòm moun Bondye p ap pèfeksyone. Si sa rive, w ap tounen ènmi Bondye jodi a epi ènmi Bondye demen tou, epi w ap kontinye rete ènmi Bondye jou apre sa a—w ap toujou rete yon moun ki reziste kont Bondye, yon ènmi Bondye. Kòman Bondye ta ka kite w ale lè sa a? Moun gen yon nati ki reziste kont Bondye, men yo pa dwe fè espre chèche «sekrè» ki genyen nan reziste kont Bondye paske li difisil anpil pou yon moun chanje nati li. Si ou ta eseye fè sa, li t ap pi bon pou ou rale kò ou anvan li twò ta, dekwa pou chatiman w lan alavni pa vin pi rèd, epi dekwa pou nati bèt ou genyen an pa eklate pou l vin enposib pou kontwole, epi pou Bondye pa fini ak kò chanèl ou a alafen. Ou kwè nan Bondye pou w jwenn benediksyon; men si alafen okontrè ou jwenn malè, kwayans ou an pa t ap vrèman vo lapenn. Mwen egzòte nou, pito nou fè yon lòt plan. Èske li pa t ap pi bon pou nou fè nenpòt lòt bagay olye nou kwè nan Bondye? Èske nou vrèman kwè se sèl chemen sa a ki genyen pou nou? Èske nou pa t ap kontinye siviv menm san nou pa chèche laverite? Poukisa pou nou mete tèt nou kont Bondye konsa?