Y Ap Pini Mechan Yo San Mank

Egzamine tèt nou pou nou wè si nou pratike dwati nan bagay n ap fè yo, epi si aksyon nou ansanm ak tout zèv n ap fè yo kapab reziste egzamen apwofondi Bondye: Sa a se prensip moun ki kwè nan Bondye yo dwe swiv lè y ap aji. Y ap rele nou moun ki dwat paske nou kapab satisfè Bondye, epi y ap rele nou moun ki dwat paske nou aksepte swen ak pwoteksyon Bondye. Nan je Bondye, moun ki aksepte swen, pwoteksyon ak pèfeksyon Bondye, epi Li vin genyen yo Li, yo tout se moun ki dwat, e yo tout se moun Bondye konsidere kòm moun ki presye. Plis nou aksepte pawòl Bondye bay yo nan moman sa a, se plis n ap kapab konprann epi byen sezi entansyon Bondye yo, epi se plis n ap kapab viv pawòl Bondye yo e satisfè egzijans Li yo. Sa a se manda Bondye konfye nou, epi se sa nou tout ta dwe kapab akonpli. Si nou sèvi ak konsepsyon nou yo pou mezire Bondye epi fikse limit pou Bondye, kòmsi Bondye te yon estati ajil ki pa chanje, kote nou fèmen Bondye konplètman nan Bib la epi nou fikse Li anndan yon domèn travay ki byen presi, lè sa a, sa pwouve nou te kondane Bondye. Paske Jwif yo nan epòk Ansyen Testaman an te konsidere Bondye tankou yon zidòl ki gen yon fòm fiks yo te kenbe nan kè yo, kòmsi se sèlman Mesi a yo te kapab rele Bondye, epi se sèlman Li menm yo te rele Mesi a ki te ka Bondye, epi paske moun yo te trete Bondye kòm yon estati ajil (ki pa gen lavi) pou yo mete sou lotèl epi adore Li, yo te kloure Jezi epòk sa a sou kwa a, yo te kondane L amò — konsa yo te kondane Jezi ki te inosan an amò. Bondye te inosan, poutan lòm te refize epaye Li, epi yo te pèsiste pou yo te kondane Li amò, e se konsa yo te kloure Jezi sou kwa a. Lòm toujou kwè Bondye pa chanje, epi li fikse limit Li sou baz yon sèl liv, Bib la, kòmsi lòm gen yon konpreyansyon total sou jesyon Bondye, kòmsi tout sa Bondye fè nan limit sa lòm ka konprann. Limanite ekstrèmman absid, ekstrèmman awogan, epi tout moun gen talan pou yo fè gwo diskou. Kèlkeswa jan konesans ou genyen sou Bondye a ta elve, Mwen toujou ap di ou se yon moun ki pa konnen Bondye, ke ou se yon moun ki reziste kont Bondye pi plis, epi ou se yon moun ki te kondane Bondye, paske ou pa kapab soumèt ou anba travay Bondye a ditou, epi mache nan chemen pou Bondye rann ou pafè a. Poukisa Bondye pa janm satisfè ak aksyon lòm? Se paske lòm pa janm konnen Bondye, li gen twòp konsepsyon, epi konesans li genyen sou Bondye a pa koresponn ak reyalite a ditou, men li baze sou fòmil ak repetisyon, e li annik kopye li mekanikman epi aplike l avèk anpil rijidite. Se poutèt sa, lè Bondye vini sou tè a jodi a, Bondye kloure sou kwa a yon fwa pa lòm. Ala limanite mechan! Konplo ak mannèv yo, youn k ap rache bagay nan men lòt, youn k ap pran bagay nan men lòt, konpetisyon pou popilarite ak avantaj pèsonèl, masak youn fè sou lòt — kilè sa ap janm fini? Malgre plizyè santèn milye pawòl Bondye te pwononse yo, pa gen pèsonn ki vin nan bon sans li. Moun ap aji poutèt fanmi yo, poutèt pitit yo, travay yo, pèspektiv avni yo, pozisyon yo, fo glwa, ak lajan, poutèt manje, rad, ak lachè. Men, èske gen yon moun ki vrèman aji poutèt Bondye? Menm pami moun ki aji poutèt Bondye yo, gen sèlman kèk grenn moun ki konnen Bondye. Konbyen moun ki pa aji poutèt pwòp enterè pa yo? Konbyen moun ki pa oprime lòt moun oswa mete lòt moun sou kote pou yo kapab pwoteje pwòp pozisyon pa yo? Se poutèt sa, yo te kondane Bondye amò pa fòs yon pakèt fwa nou pa ka konte, epi yon pakèt jij mechan ki pa ka konte te kondane Bondye epi yo te kloure L sou kwa a yon fwa ankò. Konbyen moun yo kapab rele moun ki dwat paske yo aji poutèt Bondye toutbonvre?

Èske li tèlman fasil pou Bondye rann yon moun pafè devan Li pou tounen yon moun ki sen oswa yon moun ki dwat? Deklarasyon sa se yon verite: «pa gen moun ki dwat sou tè sa a, moun ki dwat yo pa nan mond sa a.» Lè nou vin devan Bondye, konsidere sa nou gen sou nou; konsidere chak pawòl nou ak zèv nou, chak aksyon nou ak chak mouvman nou, chak panse nou ak chak lide nou, e menm rèv n ap fè chak jou — tout bagay sa yo se pou pwòp tèt pa nou. Èske se pa sa ki vrè sitiyasyon an? «Dwati» pa vle di fè lacharite pou lòt moun, sa pa vle di renmen pwochen nou tankou pwòp tèt nou, epi sa pa vle di evite kont ak diskisyon, volè ak zam oswa pran sa ki pa pou nou. Dwati vle di pran manda Bondye ba nou an kòm responsablite nou epi konsidere soumisyon anba òkestrasyon ak aranjman Bondye yo kòm vokasyon nou ki soti nan syèl la, kèlkeswa lè a oswa kote a, menm jan Seyè Jezi te fè nan tout sa Li te akonpli yo. Sa a se dwati Bondye te pale de li a. Sa ki fè yo te kapab konsidere Lòt kòm yon moun ki dwat, se paske li te sove de zanj Bondye te voye yo san li pa t konsidere pwòp avantaj ak pèt pa li; yo ka sèlman di sa li te fè nan moman sa a ta ka konsidere kòm yon aksyon dwat, men yo pa ka rele li yon moun ki dwat. Se paske Lòt te wè Bondye ki te fè li te bay de pitit fi l yo an echanj pou zanj yo, men se pa tout sa l te konn fè nan tan lontan ki te reprezante dwati. E se poutèt sa Mwen di «pa gen moun ki dwat sou tè sa a.» Pami moun ki nan kouran rekiperasyon an, pa gen pèsonn yo ka rele yon moun ki dwat. Kèlkeswa jan aksyon ou yo bon, kèlkeswa jan ou glorifye non Bondye devan lèzòm, kote ou pa ni frape ni joure lòt moun, ni ou pa devalize epi piye lòt moun, yo toujou pa kapab rele ou moun ki dwat, paske sa a se yon bagay yon moun nòmal kapab genyen. Sa ki esansyèl kounye a se lefètke ou pa konnen Bondye. Yo kapab sèlman di se kounye a menm ou fèk akeri yon ti limanite nòmal, men ou pa genyen eleman dwati Bondye te pale a. Se poutèt sa, aksyon ou ak sa ou fè yo pa kapab pwouve ou konnen Bondye.

Anvan sa, lè Bondye te nan syèl la, lòm te konn trete Bondye yon fason sipèfisyèl nan aksyon li yo. Jodi a, Bondye pase yon nonb ane yo pa di nou pami moun yo — epi pa gen pèsonn ki konn sa. Epoutan lòm toujou ap trete Bondye yon fason sipèfisyèl nan aksyon li yo. Èske sa pa montre fason lòm panse a devan dèyè twòp? Sa sanble ak ka Jida: Anvan Jezi te vini, Jida te konn bay manti pou l twonpe frè ak sè l yo, epi apre Jezi te vini, li te toujou pa chanje; li pa t konnen Jezi ditou, epi alafen li te trayi Jezi. Èske se pa t paske li pa t konnen Bondye? Si, jodi a, nou toujou pa konnen Bondye, lè sa a nou menm tou n ap tounen Jida, epi sa k ap swiv la se yon repetisyon trajedi kote yo te kloure Jezi sou kwa a nan Epòk Lagras la sa gen demil an. Èske nou pa kwè sa? Se yon reyalite! Kounye a, majorite moun yo nan kalite kondisyon sa a. Petèt li yon ti jan twò bonè pou di sa, men tout moun sa yo se pèsonaj k ap jwe wòl Jida. Mwen p ap pale san fondman, men Mwen baze sou reyalite a — epi ou pa ka pa konvenki de sa. Malgre anpil moun pran pòz yo gen imilite, kè yo ranpli sèlman ak yon flak dlo mouri ansanm ak yon kanal dlo santi. Kounye a gen twòp moun konsa nan legliz la, epi nou panse Mwen pa okouran sa ditou. Jodi a, Lespri Mwen kanpe pou Mwen, epi Li rann temwayaj pou Mwen. Èske ou panse Mwen pa konn anyen? Èske nou panse Mwen pa konprann anyen nan ti konplo ki anndan kè nou yo ansanm ak bagay nou kenbe anndan kè nou yo? Èske Bondye tèlman fasil pou moun manipile pou nou ta ka trete L jan nou vle? Nan tan lontan, Mwen te pè pou nou pa vin santi nou kontrenn, se poutèt sa Mwen te kontinye ban nou libète nou, men nou pa t apresye jantiyès yo te montre nou an, epi lè yo ba nou yon pous nou pran yon mèt. Mande alantou nou pami nou menm: Mwen prèske pa janm netwaye pèsonn, epi Mwen pa repiyande pèsonn alalejè — epoutan Mwen klè anpil sou entansyon lòm yo ak konsepsyon lòm yo tou. Èske ou panse Bondye Li menm, sila Bondye ap temwaye pou Li a, se yon moun egare ki pa konprann anyen? Nan ka sa a, Mwen di ou avèg nèt! Mwen p ap ekspoze ou; an nou wè jis nan ki pwen ou ka vin kòwonpi. An nou wè si se ti konplo entèlijan ou yo k ap kapab sove ou, oswa si se lè w fè tout sa w kapab pou renmen Bondye k ap kapab sove ou. Jodi a, Mwen p ap kondane ou; an nou wè kijan Bondye ap pini ou lè lè Li rive. Mwen pa gen tan pou vye koze san sans avèk ou kounye a, epi Mwen pa dispoze retade pi gwo travay Mwen an sèlman poutèt ou menm. Yon vè tankou w pa diy pou tan sa t ap pran Bondye pou L netwaye ou a; an nou wè jis nan ki pwen ou ka lage kò w nan debòch. Moun konsa pa pouswiv konesans sou Bondye menm yon ti kras, ni yo pa gen yon ti miyèt lanmou pou Bondye nan kè yo, epoutan yo toujou swete pou Bondye rele yo moun ki dwat — èske sa se pa yon blag? Paske finalman gen yon ti ponyen moun ki onèt, Mwen ap annik konsantre sou kontinye bay lòm lavi. Mwen ap senpleman byen fè sa Mwen ta dwe ap fè kounye a, epi alavni Mwen ap pini chak moun selon sa yo te fè. Mwen di tout sa ki gen pou di, paske sa a se egzakteman travay Mwen fè a. Mwen fè sèlman sa Mwen ta dwe fè, epi Mwen pa fè sa Mwen pa ta dwe fè. Malgre sa, Mwen espere nou egzamine tèt nou plis: Egzakteman ki valè nan konesans ou genyen sou Bondye a ki koresponn ak verite a? Èske ou se yon moun ki te kloure Bondye sou kwa a yon lòt fwa ankò? Dènye pawòl Mwen yo se: Malè pou moun ki kloure Bondye sou kwa a.

Anvan: Pwomès pou Sila yo Ki Byen Devlope

Apre: Kijan pou w antre nan yon sitiyasyon nòmal

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger